Devosyon Nwèl
Pi Gwo Kado Nwèl la


Pi Gwo Kado Nwèl la

Devosyon Nwèl 2022 Premye Prezidans lan

Dimanch 4 Desanm 2022

“Apre sa, zanj yo kite bèje yo, yo retounen nan syèl la. Lè sa a, bèje yo te pale youn ak lòt, yo te di: “Ann ale lavil Bètleyèm pou n al wè gwo evènman sa a Senyè a fè nou konnen an.

Konsa, yo kouri ale epi yo te jwenn Mari ak Jozèf ansanm ak ti bebe a ki te kouche nan bwat an planch kote bèt yo te konn manje a.”1

Vèsè ekriti senp sa yo Lik te ekri nan Nouvo Testaman an pwodui nan lespri nou imaj sou evenman diven nesans Jezikri a ke y ap selebre toupatou nan mond lan jodi a.

Nan peyi natal nou Pòtigal, tradisyon pou rekreye evenman biblik sa a kote nou prepare sèn Nativite a se yon tradisyon moun renmen anpil. W ap jwenn krèch nativite toupatou nan peyi a nan divès kote pandan sezon Nwèl la—yon tradisyon ke nou jwenn nan anpil fwaye tou. Souvan enstalasyon yon krèch enplike efò pou nou jwenn bab panyòl ki fre, zèb sèch, wòch, ak lòt materyèl natirèl pou nou ka kreye yon dekò otantik pou krèch la.

Tradisyon fè krèch pou Nwèl la se yon aktivite nou te renmen fè anpil avèk paran nou lè nou te timoun ak lè nou te jèn epi avèk pitit nou yo pandan nou vin granmoun noumenm. Fè krèch Nwèl la sete youn nan aktivite prefere m pandan sezon sa a nan ane a.

Nou te konn mete tout ti pèsonaj nou te konn itilize pou nou bati krèch la ak tout lòt bagay ki te sèvi pou fè krèch la nan yon bwat an bwa. Souvan, nou te konn ajoute foto pwòp vilaj nou an tou an minyati. Chak ane, nan chak sezon Nwèl, te gen de lòt ti pèsonaj oubyen eleman ki te vin ajoute sou koleksyon an. Te gen ti pèsonaj ki te reprezante moun nan vilaj la, kay yo, fèmye yo ak zannimo yo, moulen avan ak moulen adlo ak lòt eleman pou te imite mòn yo ak vale yo, pye bwa yo, ak jaden yo. Nou te sèvi avèk ti mòso miwa pou nou te imite rivyè yo ak kouran dlo yo. Pafwa, nou te konn ajoute pon tou. Epi, natirèlman, nan mitan tout bagay sa yo te gen pèsonaj ki te pi enpòtan yo, sa yo dekri nan ekriti sakre yo: yon twoupo mouton ak “gadò mouton ki t ap pase nuit lan deyò ap veye mouton yo”;2 zanj lan di yo pou yo pa pè epi li te anonse yo nesans Sovè a, ki te pote “bon nouvèl … ki pral fè tout pèp la kontan anpil”;3 pèsonaj Mari ak Josèf yo te plase byen an evidans toutotou krèch la. 4 Apresa te gen etwal la, ekriti yo di ki te pote gwo lajwa pou wa maj yo epi ki te gide yo nan vwayaj yo pou yo t al jwenn Jezi a.5

Tout moun nan fanmi an te responsab pou enstale krèch la. Pandan plizyè jou e menm plizyè semèn, ti kal pa ti kal, yo te kreye krèch la epi rasanble ansanm avèk tout pati yo nan bon plas yo.

Pandan tout sezon an, nou te konn admire sèn Nativite a epi nou te konn sonje evenman yo dekri nan liv Matye ak Lik yo ki fè selebrasyon an si enpòtan konsa a. Gen istwa yo te rakonte sou lafwa Mari; sou vwayaj Jozèf ak Mari pou yo te sòti “nan peyi Galile, nan yon bouk yo te rele Nazarèt … moute, ale nan Jide, nan lavil David yo rele Betleyèmn”6; ak sou soufrans yo pou yo te jwenn yon kote pou yo te rete.

Men finalman, jou Nwèl la te rive, epi yo te plase ti bebe Jezi a nan krèch la, epi konvèsasyon yo te vire sou enpòtans Jezikri nan lavi nou ak kisa Li te fè pou nou7 ak jan Li se pi gwo kado pami tout kado yo.

Chante Nwèl sa a rezime santiman ak espri fèt la:

“O Pitit tandrès Mari a!

O ti Pitit sen e jis!

Bèse nan krèch la

Nan jou diven premye Nwèl sa a!

Espwa moun tout laj ak tout ras

Santre sou vizaj reyonan W lan!

O Pitit ki gen yon glwa ki ranpli tout tè a!

O ti Pitit ki ne nan sikonstans enb lan!

Bèje yo, ki te gide sòti byen lwen,

Te kanpe ap adore anba etwal la,

Epi nèg save yo te mete yo ajenou

Epi yo te rann Ou omaj!

O Pitit ke zanj yo chante lwanj pou li a!

O ti Pitit, tibebe Wa nou an!

Ala yon pomad pou tout maladi soulaje

Nan je klè, je klere sa yo ki ranpli avèk limyè a!

Ou se kado presye noumenm, mòtèl yo, resevwa

Pou nou ka gen eritaj nan Syèl la!”8

Senyè a Limenm te rann temwayaj konsènan kado Li ban nou an: “Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouray lemonn deja pèdi devan mwen.”9

“Paske Bondye sitèlman renmen lèzòm, li te bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan Li pap pèdi lavi yo. Okontrè y a gen lavi ki p ap janm fini an.”10

Ala yon kado ekstrawòdinè; ala yon gwo kado!

“Sezon Nwèl la se yon tan pou nou reflechi ak aji sou benediksyon ak opòtinite nou genyen gras ak nesans, lavi, Ekspyasyon, ak Rezirèksyon Sovè nou an, Jezikri.”11

Mwen panse a jan nou beni paske nou jwenn lapè ak espwa, menm nan mitan difikikite ak eprèv;12 benediksyon gidans syèl la nan tan triyonf kòm nan tan dezespwa;13 benediksyon yon pi gwo pèspektiv ak yon gwo bi, paske nou konnen epi nou kwè ke gen plis apre eksperyans mòtèl sa a;14 benediksyon rekonesans menm lè nou gen mwens pou soutni bezwen nou yo; benediksyon rekonfò lè nou santi nou poukont nou;15 ak benediksyon pou nou kapab bay menm lè nou pa gen anpil.

Nou gen benediksyon sa yo ak anpil lòt gras a Jezikri! Wi, gras a ti bebe Jezi sa a mwen t ap tann avèk enpasyans pou m te plase nan krèch la jou Nwèl la nan sèn Nativite nou an! Limenm, ki se pi gwo kado nou an, te ba nou benediksyon ki si presye sa yo akoz lavi Li, egzanp Li, ansèyman L yo, ak sakrifis Li a.

Epi mwen mande: Èske nou pa ta dwe, pran tou pa nou, pou nou itilize benediksyon sa yo pou nou soulaje fado lòt moun, ede yo ak ankouraje yo pou yo konekte avèk lespri sezon sen sa a, ak selebre bon nouvèl yo te anonse bèje yo pandan premye Nwèl sa a?

Kris la ka transfòme Nwèl nou pou fè l yon bagay ki plis pase riban jantiyès ak afeksyon epi vlope selebrasyon nou yo avèk charite, ki se “amou pur Kris la [ki] dire pou tout tan.”16 “Menmsi santiman nou yo ale vini, lanmou Li pou nou pa ale vini.”17 Lanmou Li kontinye atravè ane a e pandan tout lavi nou.

Si nou konsantre plis sou Kris la pandan Nwèl la, sa ap ba nou yon mezi lanmou Li ki gen plis siyifikasyon nan lavi nou ak yon pi gwo kapasite pou nou renmen ak sèvi lòt moun.

Lè nou kenbe lespri Nwèl la, se Lespri Kris la nou kenbe. Nan sezon sa a, se pou nou konsantre nou sou Jezikri, Limyè Mond lan, epi se pou nou kite pwòp limyè pa nou klere sezon sa a nan pataje lanmou nou, konpasyon nou ak sèvis nou avèk lòt moun.

Paske Li te vini, egzistans nou gen sans. Paske Li te vini, gen lespwa. Li se Sovè Mond lan, epi Li se pi gwo kado nou; mwen rann temwayaj mwen sou sa. Nan non Jezikri, amèn.

Enprime