Devosyon Nwèl
Kris, Sovè Nou an, Fèt


Kris, Sovè Nou an, Fèt

Devosyon Nwèl 2023 Premye Prezidans lan

Dimanche 3 Desanm 2023

Chè frè m ak sè m yo, Jwaye Nowèl!

Nou rekonesan dèske nou reyini avèk chè Premye Prezidans nou an nan devosyon Nwèl sa a. Kèlkeswa kote ou ye nan sezon fèt sa a, se pou w santi lanmou Bondye nan selebrasyon Jezikri kòm sant Nwèl la.

Nwèl se yon tan mizik, odè ak savè, antisipasyon ak jenewozite. Yon tan rasanbleman, keseswa n ap viv pre oubyen lwen.

Souvan, Nwèl vin tounen Nwèl lè nou diskrètman pote lajwa Nwèl la bay lòt moun. Anpil fanmi aji kòm Tonton Nwèl. Anpil moun klere mond lan avèk limyè Jezikri.

Yon souvni Nwèl yon moun raple l se yon souvni Nwèl ki renouvle. Atravè tan yo, souvni Nwèl yo vin tounen tradisyon, ki ka apwofondi lanmou nou pou Jezikri—Mouton Bondye a, Papa Etènèl la, Sovè Mond lan.1

Si w gen souvni ak tradisyon Nwèl prefere, se pou w savoure yo ak lajwa nan sezon sa a. Si w kontinye ap dekouvri tradisyon Nwèl, se pou yo apwofondi lanmou w pou Jezikri epi beni ou chak ane.

Kite m pataje twa tradisyon Nwèl fanmi Gong pi renmen.

Premyèman, chak ane, Sè Gong avèk mwen renmen al regade dekorasyon Nwèl nou yo ki rakonte istwa fanmi nou.

Lè nou te yon jèn koup marye, Sè Gong avèk mwen te nan inivèsite an Angletè. Nou t ap viv nan yon ti apatman avèk yon bidjè etidyan ki te sere anpil. Nou te konte santim nou yo anvan nou te achte yon ti abdenwèl ke menm Charlie Brown t ap santi l tris pou nou.

Toujou kreyativ, Sè Gong te itilize pens pou lesiv pou l te fè ti dekorasyon sòlda Britanik pou abdenwèl nou an. Li te bay chak yon chapo koton nwa avèk yon souri.

Pandan 43 ane, sòlda Britanik ki te fèt avèk pens pou lesiv yo toujou dekore abdenwèl nou an. Sa raple nou premye Nwèl nou lè nou te fèk marye a—lwen lakay nou—ak chak Nwèl ki te vin apre yo.

Fanmi pitit gason nou an te fabrike “pèsonaj” avèk pens sa yo. Yo dekri misyonè toupatou nan mond lan. Èske nou ka wè souri yo? Abiman entènasyonal yo? Non ki sou badj yo? Yo di m ke yo te fè youn ladan yo pou l sanble avèk mwen.

Dekorasyon Nwèl nou yo renouvle bèl souvni sou zanmi ak eksperyans nan plizyè kote. Defile souvni Nwèl jwaye ak melanje sa yo fè nou souri chak ane.

Pwofèt Alma temwaye ke tè a k ap avanse sou fòm regilye a demontre ke gen yon Bondye. Nwèl make yon peryòd espesifik sou solèy la k ap fè wotasyon tè a an 365¼. Pandan wotasyon anyèl sa a ap retounen nou nan yon sezon Nwèl chak ane, mwen panse a sa ekriven E. B. White te ekri apwopo “L anneau du temps (Bag Tan an).”2

Li sigjere ke se sèlman avèk eksperyans nou ka konprann ke “tan an pa vrèman deplase nan yon sèk ditou.” Bag tan an ka sanble l “pafètman fòme, enchanjab, previzib, san kòmansman ni fen.” Men se sèlman lè nou jèn ke nou imajine nou kapab fè yon sèk konplè epi fini pandan ke nou p ap pi aje ke lè nou te kòmanse a.

Pou mwenmenm, lè Nwèl rive yon fwa ankò epi mwen yon tijan rete menm moun nan, men poutan yon tijan diferan, sa endike kijan tan (ak lespas) ka an menm tan kwonolojik lineyè ak sikilè. Kijan yon “wout etwat e kwense”3 ak “yon sèl wonn etènèl” ka deskripsyon konplemantè sou reyalite yon alyans ki santre nan yon tibebe Kris ki fèt nan Betleyèm.

Nan fason sa a, pou mwen, yon pati nan maji Nwèl la sèke li se yon timoun ak yon adilt an menm tan. Nou rejwi antanke adilt nan sa ki kounyea ap fè lajwa timoun nou te ye yon fwa a. Epi, nou rejwi avèk yon timoun lè nou kreye ak rekreye souvni ak tradisyon yo ansanm.

Yon dezyèm tradisyon Nwèl favori fanmi Gong genyen se ekspoze krèch oswa nativite—reprezantasyon nesans timoun sen ki se Kris la.

Èske nou pa renmen fason nativite yo konsantre sou Jezikri, pou envite nou pou nou fè menm jan an tou? Jan yon misyonè ki fèk retounen te di, “Anvan misyon m, Jezikri te fè pati lavi m. Kounyea, Li se lavi mwen.”

Krèch yo vini nan tout kalite gwosè ak prezantasyon imajinab, yo fèt apati tout materyèl imajinab, soti nan tout kalite andwa imajinab. Chak krèch temwaye de Jezikri ak benediksyon Li pou tout nasyon, fanmi, lang, ak pèp.

Nou renmen ke pitit Bondye yo toupatou dekri tibebe Jezi, Mari, Joseph, wa maj yo, bèje yo, ak bèt yo avèk dekò, karakteristik, ak detay ki familye ak idantifyab. Krèch yo raple nou tout ke Bondye renmen tout pitit Li yo; nou ka wè lanmou Bondye nan prezantasyon krèch ak nativite nou yo kèlkeswa kote yo soti.

Yon twazyèm tradisyon fanmi Gong prefere, anplis de li resi nan ekriti yo sou nesans Sovè a, se li A Christmas Carol (Yon Kantik Nwèl) Charles Dickens lan fò, an fanmi.

Si m ta mete yon chapo ak yon foula, èske w ka imajine m, pou jis yon moman, tankou Ebeneezer Scrooge nan Yon Kantik Nwèl

Kèk ane, fanmi nou konn li A Christmas Carol (Yon kantik Nwèl) la depi nan kòmansman rive nan fen. Nou bwè chokola cho nou avèk sik wouj epi nou ri lè yo fè referans a “bifin Norfolk” ak “evêque fumant” an. Nou gen frison lè fantom Jacob Marley a ap sekwe chenn li yo. Nou rekonfòte lè espri Nwèl Pase, Prezan, ak Fiti yo ede Ebeneezer Scrooge vin yon nouvo moun nan.

Kèk ane, fanmi nou li yon vèsyon kout sou A Christmas Carol (Yon kantik Nwèl)la, ki te abreje pa bèlfi nou an ak pitit gason nou an pou adapte a yon dire atansyon pi limite pou manm fanmi an ki pi jèn yo.

Epi kèk ane, avèk souri ak bòn imè, fanmi nou li vèsyon otokolan A Christmas Carol (Yon kantik Nwèl)la. Li gen de liy sèlman: “Bah, mansonj” ak “Ke Bondye beni nou tout.”

Charles Dickens te kòmanse ekri A Christmas Carol (Yon Kantik Nwèl) la an Oktòb epi fini l nan kòmansman Desanm 1843—yon peryòd sis semèn sèlman. Premye edisyon 6.000 egzanplè a te pibliye nan Londres jou 19 Desanm 1843 a. Rive lavèy Nwèl, tout te vann.

Moun ki ap dokimante kontèks A Christmas Carol (Yon Kantik Nwèl) yo eksplike ke Charles Dickens te ekri l nan yon epòk kote Angletè Viktoryen an t ap rekonsidere siyifikasyon Nwèl la. Ki wòl yon sezon Nwèl, Abdenwèl, souwè Nwèl, reyinyon familyal pou Nwèl, kat Nwèl, e menm chan Nwèl ta ka genyen oubyen ta dwe jwe nan sosyete a?

Nan yon epòk kote anpil moun te santi yo te destabilize, izole, ak solitè, A Christmas Carol (Yon kantik Nwèl) Dickens lan te reponn a yon pwofon dezi pou amitye, lanmou, ak ankraj nan vèti kretyen yo, tou kòm Ebenezer Scrooge te jwenn lapè ak egrizon nan pase, prezan, ak fiti l la.

Tankou lè sa a ak kounyea, vrè siyifikasyon Nwèl la rapwoche nou pi pre Jezikri, ki fèt kòm yon tibebe nan yon etab. Li konnen selon lachè kijan pou L pote nou sekou avèk zantray Li plen mizèrikòd. Lèsa tankou kounyea, Nwèl selebre apatenans a alyans, kominyon, ak kominote nan Jezikri epi youn anvè lòt.

Kite m poze yon kesyon A Christmas Carol diferan. Poukisa, lè nou fè referans a Scrooge, nou panse toudabò a yon vye granmoun mizerab, yon moun ki ap moke Nwèl kòm yon gwo mansonj?

Poukisa nou pa plis rekonèt nouvo Scrooge la? Nouvo Scrooge la, enb e rekonesan, ki jenerezman voye pi bèl kodenn lan kòm yon sipriz Nwèl? Nouvo Scrooge la, ki rekonsilye avèk neve jwaye l la, Freddie? Nouvo Scrooge la, ki ogmante salè Bob Cratchit epi ki sousye pou Tiny Tim?

Kite moun ki septik yo fè mokri. Nouvo Scrooge la “te fè tout, e enfiniman pi plis.” Li te vin yon bon moun ak yon bon zanmi, bon menmjan ansyen mond lan te konnen an.

Donk poukisa nou pa sonje Mesye Scrooge sa a? Èske gen moun bò kote nou, petèt noumenm, ki ta ka vin yon moun diferan si sèlman nou ta sispann klase yo oubyen konsidere yo kòm ansyen moun yo te ye a?

Okenn moun e okenn fanmi pa pafè. Nou chak gen feblès ak defo—bagay nou swete nou ta fè pi byen. Nwèl sa a, petèt nou ka resevwa—epi ofri—kado presye Jezikri yo, chanjman ak repantans, padon ak oubli, youn pou lòt ak pou tèt pa nou.

An nou fè lapè avèk ane pase a. Annou abandone angwàs ak entèferans emosyonèl, dezakò ak nuizans, ki ankonbre lavi nou yo. Se pou nou chak akòde lòt nouvo posiblite nou yo olye nou fikse sou limitasyon pase nou yo. An nou bay nouvo Scrooge ki nan nou chak la yon chans pou l chanje.

Sovè nou an te vini pou Nwèl pou libere kaptif yo—e pa sèlman sa ki nan prizon yo. Li ka libere nou anba fantom pase nou yo epi demare nou anba chenn ak regrè pou peche nou ak peche lòt moun. Li ka rachte egoyis ki santre sou noumenm nan atravè yon renesans nan Li.

“Paske jodi a nou gen yon Sovè … ki fenk fèt, ki se Kris la, Senyè a.”5

Konsa, Jwaye Nwèl!

Mwen swete pou tradisyon ak souvni Nwèl nou yo pote lajwa ak klate.

Se pou nou rejwi nan Jezikri, pou Nwèl la ak chak jou.

Mwen temwaye e rann temwayaj jwayezman konsènan Jezikri, nan non sakre ak sen Li, Jezikri, amèn.

Enprime