Devosyon Nwèl
“Vini, Annou Adore Li”


“Vini, Annou Adore Li”

Devosyon Nwèl 2023 Premye Prezidans lan

Dimanch, Desanmb 3,2023

Chè frè m ak sè m yo, se yon lajwa pou nou kòmanse yon lòt sezon Nwèl lè n ap komemore nesans Sovè ak Redanmtè nou an, Senyè a, Jezikri.

Se yon evènman sakre chak fwa yon timoun fèt. Gade reyaksyon youn nan pitit pitit pitit nou yo pandan li kenbe ti frè l la pou premye fwa.

[videyo]

Sa pa etonan ke nan nuit ki pi sakre sa a, sa gen plis pase 2000 an, toupre ti vil Betleyèm nan, lame selès yo te chante ak kè kontan! Yon zanj te anseye bèje yo verite mayifik sa a:

“Gade, m pote pou ou bon nouvèl ki gen gwo lajwa, ki pral pou tout moun.

“Paske jodi a nan lavil David la nou gen yon Sovè ki fèk fèt, ki se Kris la Senyè a.”1

Epi kounyeya, chè frè m ak sè m yo, “Vini, An nou Adore Li.”2

Menmjan ak apil nan nou, Nwèl chanje pou mwen amezi ane yo ap pase. Souvni anfans mwen yo grave sou tapi gwo Depresyon nan ane 1930 yo. Lajan te ra. Kado yo te patikilyèman presye.

Paran mwen te rann Nwèl majik pou mwenmenm ak frè m ak sè m yo. Chak ane fanmi nou te konn “reprezante Tonton Nwèl” pou yon lòt fanmi. Nou te prepare kado ki te apwopriye epi nou te delivre yo lavèy Nwèl. Pandan nou t ap kondi kite lakay yo, men yo ki t ap ajite ak dlo nan je yo te pote pou nou vrè lajwa ki genyen nan bay kado a.

Mwen te renmen mizik Nwèl lè sa a—e mwen toujou renmen yo. Chak ane, Sè Nelson avèk mwen renmen koute ak chante ansanm mizik MesiHandel la. Mwen renmen siyifikasyon mo ebre Alelouyaa. Li literalman vle di “glwa pou Senyè a, Bondye Jewova.”3 Pawòl yo chante nan gwo prezantasyon mizikal sa a pa sèlman aplike pou nesans Senyè a men pou rèy milenè L la tou:

Paske yon tibebe fèt pou nou,

Yo te ban nou yon Pitit Gason:

Epi gouvènman an pral chita sou zepòl li:

Yo pral rele li Mèveye, Konseye,

Bondye tou puisan an,

Papa Etènèl la.

Prens Lapè a.4

Se lè m te yon jèn adilt ke mwen te kòmanse jwenn yon temwayaj pwofon konsènan Bondye Papa a ak Pitit Gason Byenneme L la, Jezikri. Mwen te vin konnen pou tèt pa mwen ke manman Jezikri sete vyèj Mari, ki sete yon “veso presye e chwazi”.5 Mwen te konnen ke Li vrèman se Pitit gason Bondye6 epi pèsonaj santral tout istwa limanite a.

Jis reflechi sou grandè enkonpreyansib bagay Jezikri te akonpli—tout selon volonte Papa Li! Jezi te deja yon Bondye lè L te deside vini sou tè a pou L te akonpli eksplwa ki pi enpòtan pou nou chak la. Yon eksplwa ki literalman yon sovtaj e ki change lavi. Yon eksplwa ke okenn nan nou pa t ap ka fè poukont nou.

Senyè a “[te] Soufri lapenn, afliksyon, ak tout kalite tantasyon”7 pou l kapab konnen “daprè kò fizik la kouman pou l pote [pèp li a] sekou dapre enfimite [yo].”8

Pandan mwa ki sot pase yo, mwen te aprann anpil plis sou doulè ak enfliyans rafine L yo. Kè m atire sou Sovè a pandan m t ap eseye imajine dimasyon soufrans Li yo. Espri mòtèl mwen an tou senpleman pa ka konprann kijan li te pran sou tèt li tout lapenn, tout peche, tout touman, ak tout afliksyon pou tout moun ke te janm viv!

Nan zak konpasyon pi siprèm sa a ki defye konpreyansyon oswa deskripsyon mòtèl la, Sovè a te soumèt tèt Li anba yon agoni espirityèl ak fizik san parèy.

Nou plen reverans pou Bebe Betleyèm nan presizeman paske nan apre Li te ofri sakrifis enkonpreyansib ak enfini an nan Jaden Jetsemane a ak sou kwa Kalvè a. Ofrann sa a rachte nou chak lè nou chwazi repanti epi suiv Li. Apresa, kòm aksyon ki pi siprèm Li sou tè a, Li te leve soti nan tonbo a nan twazyèm jou a, kote L akòde chak nan nou benediksyon san parèy rezirèksyon ak lavi apre lanmò a.

Nan sezon sa a, souvan nou kontan chante oswa di, “Nou swete w yon jwaye Nwèl.” Chè frè m ak sè m yo, dezi kè m pou chak nan nou aswè a gen plizyè eleman ladan l. Aktyèlman, se pa dezi pa m pou ou; se priyè m pou ou nan tan sakre Nwèl sa a.

Premyèman, m priye pou w santi lanmou pwofon e etènèl Sovè nou an genyen pou ou a pèsonèlman. Jezikri te konnen w depi nan mond premòtèl la. Li konnen w epi L wè ou kounye a. Li wè lajwa ou ak lapenn ou. Li te fè eksperyans chak nan yo.

Li gen yon konpasyon pafè pou lit ou yo epi Li rejwi chak fwa ou avanse nan lajistis, nan bon tan ak nan move tan.

Mwen priye pou w jwenn pwòp temwayaj pèsonèl ou ke Jezikri se Pitit Gason Bondye a, ke Li ranpli ak pouvwa diven, epi gras ak gwo sakrifis ekspyatwa L la, ou pa p janm bezwen santi ke w dwe fè fas a pwoblèm difisil lavi yo poukont ou. Pandan w ap onètman mande, chèche, epi frape,9 w ap gen aksè konstan a pouvwa Li pou ede ou, pou fòtifye ou, ak pou geri ou.10

Mwen priye pou w totalman pwofite de avantaj Ekspyasyon Sovè a nan repanti chak jou, fè lavi w vin pi pwòp, epi chèche gidans nan syèl la nan tout sa w ap fè. Nan lòt mo, mwen priye pou ou fè eksperyans kè kontan nan toujou panse a bagay selès.

Mwen priye tou pou w itilize sezon fèt sa a pou w kòmanse yon sezon pi gwo adorasyon pèsonèl. Rekòmanse etidye ansèyman yo ak Ekspyasyon Jezikri a. Pa gen moun sou tè a ki renmen ou jan Li renmen w lan. Pa gen moun isit la ki konprann ou pi byen oubyen ki vrèman konnen lapenn ou ak feblès ou. Pa gen moun sou tè a ki gen pouvwa Jezikri genyen an. Pa gen moun isit la ki plis anvi pou w vin tout sa ou ka devni. Pa gen moun ki plede avèk Papa a pou ou pase jan Li fè sa.

Senyè a Jezikri se Sovè nou ak Redanmtè nou. Li se Pitit Gason Bondye a, Sen Izrayèl la. Li se Sila Bondye te chwazi a.11 Sou direksyon Papa a, Li se Kreyatè tout sa ki te kreye.12 Jezikri se te Gran Jewova, Bondye Ansyen Testaman an.13 Li te Emanyèl yo te pwomèt la.14 Li se gwo Egzanp nou15 ak Avoka nou devan Papa a.16 Gras ak levanjil retabli L la, tout benediksyon prètriz Li yo disponib pou tout limanite si yo vin jwenn Li epi vin pèfeksyone yo nan Li.

Frè m ak sè m yo, annou viv nan lespri “ alelouya ” a, epi toujou fè lwanj pou Senyè Bondye Jewova a. Nan bèl sezon Nwèl sa a, vini, an nou adore Li, Kris la Senyè a!

Mwen konnen Bondye vivan! Jezi se Kris la! Sa a se Legliz Li. Li ap dirije Retablisman kontinyèl levanjil Li a. Konsènan sa mwen temwanye, nan non sakre Jezikri, amèn.

Enprime