Devosyon Nwèl
Sonje, Sonje


Sonje, Sonje

Devosyon Nwèl 2023 Premye Prezidans lan

Dimanch, 3 Desanm 2023

Kote m abite a, kòmanse depi mwa Novanm, lanati ki antoure m nan sanble li kòmanse rantre nan yon ti somèy. Dans fèy vèt yo, van ki te konn soufle ak ti chante mwen te konn tande nan prentan ak nan mwa ete yo, ranplase pou fè plas a pyebwa ki san fèy ak bri fèy sèch ki ap kraze anba pye m. Gete zwazo yo ranplanse pa silans, epi bon odè petal yo ak tout plant ki fleri yo sanble disparèt nan lè a. Tout bagay ki nan lanati ke m asosye avèk lavi a fè yon retrèt pou yon tan, epi nan tout silans ak nan tout etandi ki rete a—pandan ane a ap fini epi jis anvan mwen bliye pou m kenbe lajwa mwen—kado Nwèl la rive.

Epi nan kwen pa m nan bèl mond Bondye a, mwen sonje. Mwen sonje pou m pote atansyon a pyebwa ki toujou rete vèt yo, k ap voye sant bwa yo, yon sant epis, yon sant tè. Mwen sonje pou m chèche flè yo ak ti fwi wouj fonse yo oubyen fwi blan yo e pou m koute kantik Nwèl familye ki rantre nan kè nou ak nan kay adorasyon yo, ki pwoklame “oh, quel bonheur,” pandan m ap chache senbòl Nwèl ki avèk mwen di “chantons, chantons pour lui” a e ki envite m pou m sonjea.

Youn nan mèvèy sezon sa a sèke tout mond Kretyen an, e anpil moun odela fwontyè nou yo, sanble yo pase peryòd sa a ap fè esprè pou yo chèche ranpli lavi yo avèk anblèm pou ede yo sonje nan tan Nwèl la.

Nwèl se yon pon nou travèse pou mennen nou al nan nouvo ane a. Epi pandan n ap travèse l, li envite nou pou nou konsidere mirak “Bondye ki la pou tout tan an, se Li Menm ki kreye tout latè a,”1 se Li ki te fèt nan sikonstans enb nan vil David la epi ki te “vlope nan kouchèt, ki kouche nan yon ganmèl kote yo bay bèt manje.”2 Pandan n ap fè pelerinaj nou an, petèt nou ka fè vizyon sou tèt noukòm wa maj ak rèn save tan modèn, ki ap petèt chèche zetwal ki sou tèt pyebwa vèt ak bèl limyè k ap briye toutotou nou epi “pou n pa manke kontan”3devan siy ki plase devan nou yo pou gide nou ak dirije nou nan vwayaj nou vè Jezikri a, Li Menm ki se “limyè k ap klere tout moun ki sou latè.”4 Si nou pran sant yon epis ki nan lè a pandan sezon sa a, petèt se pou raple nou pou nou pote kado bay “Pitit Bondye vivan an”5—pa “lò, ak lansan, ak lami”6 men yon sakrifis adorasyon ki se “yon kè brize ak yon lespri kontri.”7 E pou sila nan pami nou yo ki renmen ak pran swen timoun, petèt nou sanble plis avèk gadò mounton tan modèn ki ap “veye mouton yo,”8 ki ap tande zanj Senyè a voye sou tè a pou envite nou pou nou “pa pè”, paske yo pote direksyon pou mennen nou jwenn Sovè a.9 Èske nou pa sonje pou n chichote “bòn nouvèl ki pral fè tout pèp la kontan” nan zorèy timoun nou yo kòm yon temwayaj? Pou ke lè, avèk mèvèy timoun yo, yo wè koulè wouj, ak koulè vèt, koulè lò ak koulè blan yo, ki se koulè Nwèl, y ap kapab sonje sakrifis ekspyatwa pur ak pafè Redanmtè yo a, Jezikri, ki ofri yo kado sali a ak nouvo lavi etènèl la.

Nwèl pèmèt nou pran yon chemen espirityèl pou ale Bètleyèm pou nou ka jwenn yon temwayaj pou tèt pa nou sou Sovè a, Jezikri, epi apresa, pou nou pote temwayaj sa a an avan avèk lang delye avèk pye ak men ki pare pou “fè konnen l”10 ak rann temwayaj de tout sa nou rive konnen osijè Li. Nou kapab fè pelerinaj sa a anvè Sovè a nan sonje.

Bondye ba nou kado memwa pou nou pa bliye Moun ki Baytout bagay la, pou nou kapab rive santi lanmou san limit Li genyen pou nou e pou nou renmen Li an retou. Ansyen pwofèt Mowoni, te ekzòte nou pou nou sonje ke “tout bon don soti nan men Kris la.”11 Sovè nou an pa bay don selon mond lan bay li a—don ki tanporèl, limite, epi ki gen tandans pou yo fè ewozyon lè tan pase. Jezikri ofri don ki dirab, menm don ki esansyèl, ki enkli:

  • Don Lespri yo, tankou konesans, sajès, temwayaj, ak lafwa.12

  • Don Sentespri a.

  • Don lavi etènèl la.

Epi, pandan n ap reflechi atravè tout yon lavi sou tout “bon bagay” keseswa piti oubyen gwo ki vini nan lavi nou, èske nou pa kapab wè men Senyè a k ap sekouri nou, ranfòse nou, ak pote nou sekou?

Byenke pafwa panse nou ak kè nou ka elwanye ak diminye nan prezans Li, konsistans Li asire nou ke Senyè a pa bliye nou—ni nan tan Nwèl, ni nenpòt lòt tan. Senyè a pwoklame ke non nou ekri nan pla men Li.13 Li toujou kenbe pwomès Li. Li sonje alyans Li te fè avèk nou ak avèk paran nou yo. Li tande epi Li sonje priyè nou devan Pè Selès nou an, keseswa nou mete nou ajenou oubyen nou sipliye L andedan plaka nou oubyen nou fè priyè nou nan kè nou. Jan Prezidan Russel M. Nelson te anseye a, Li sonje pou li “antre nan lavi moun ki kwè nan Li.”14 Li sonje pou L padone nou chak fwa nou repanti. Li sonje pou L pale avèk nou atravè ekriti yo ak pwofèt yo pou ede nou toujou jwenn chemen pou nou retounen lakay nou an—keseswa nou pèdi ale byen lwen ak keseswa depi konbyen tan nou pèdi. Epi Li sonje pou L voye Sentespri Li a pou kontinye lite avèk nou lè n ap fè efò pou nou kenbe promès sakre pou nou “toujou sonje l”15la.

Prezidan Spencer W. Kimball te anseye: “Lè w chèche jwenn mo ki pi enpòtan nan diksyonè a, … mo a se petèt sonje Paske nou tout fè alyans … pi gwo bezwen nou se pou n sonje. Se poutèt sa nou chak ale nan reyinyon sentsèn chak Saba—pou nou pran sentsèn nan epi pou nou tande prèt yo priye pou nou ‘toujou sonje l, epi pou [nou] respekte kòmandman l yo ke li te ba [nou].’ … Sonje se mo a. Sonje se pwrogram nan.”16

Lè nou Sonje Bondye, sa enspire nou pou nou deklanche pouvwa elan espirityèl nou epi sa envite nou pou nou aji nan fason diven. Konsidere ansèyman sa yo ke Prezidan Nelson envite nou pou n sonje:

  • “Kite Bondye gen priyorite nan lavi nou” epi “ba L yon bon pati nan tan nou.”

  • “Chèche mirak epi atann mirak.”

  • “Mete fen a konfli nan lavi … nou”17 epi vin patizan lapè.18

Sezon Nwèl la ka yon opòtinite pou nou aji sou envitasyon sa yo epi liberalman tire pwofi nan tandans natirèl nou pou nou sonje pou n panse a Jezikri plis toujou, pou nou reflechi sou mirak nesans Li a, epi aji ak resanti avèk plis fòs ankò sou yon gwo santiman fratènite avèk lòt pitit Bondye yo. Nou souvan rekonèt ke anblèm ki pèmèt nou sonje yo se karakteristik sezon Nwèl la lè nou:

  • Sonje pou nou swete zanmi nou, fanmi nou, ak etranje yo jwaye Nwèl.

  • Sonje pou nou bay kado kòm yon ekspresyon lanmou.

  • Sonje pou nou gen jenewozite pou tout moun ki nan bezwen epi byen akeyi moun ki rantre lakay nou.

  • Sonje pou nou mete aksan sou enpòtans ki genyen nan rasanble fanmi nou ak sou tradisyon ki fè sezon Nwèl la diferan ak distenktif.

Pou anpil moun nan sezon sa a nan ane a, lanmou pwofon nou pou nou prepare menm manje yo, rakonte menm istwa familyal yo, ak dekore abdenwèl yo avèk menm dekorasyon yo chak ane a se aktivite enpòtan ki presève dezi natirèl nou pou nou sonje eksperyans ki enpòtan pou nou yo. Repa espesyal yo, kèk istwa, ak dekorasyon Nwèl yo kapab sèvi kòm souvni pou tout souvni nou kolekte yo. Menm dezi fòtifye nou genyen pou nou vin plis charitab la nan sezon sa a nan ane a, kapab atire atansyon sou entansyon nou pou nou sonje pou nou rekonesan. Kalite lanmou espesyal sa a ki antoure nou lè Nwèl rive a se an menm tan tou yon opòtinite ki plase devan nou pou santre aspirasyon nou ak aksyon nou sou Jezikri: “Sonje, sonje se sou wòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a, nou dwe bati fondasyon nou.”19 Sonje ke lè fen ane a ap pwoche epi n ap pran chemen pou n travèse pon an pou nou ale nan nouvèl ane a—kòm gason ak fi ki saj, kòm gadò mouton—se atravè fòs ponyèt Senyè a20 ke nou fè sa.

Konsa, kèlkeswa kote n ap viv nan mond lan, sonje pou nou pote atansyon a tout senbòl ki envite nou pou nou chèche Kris la. Nan tou sa nou mete aksan nan sezon sa a nan ane a, avèk chak souwè nou prezante, pou chak moun ki vin nan lespri nou, annou pa bliye sonje vrè Moun ki Bayla—Limenm ki pa janm bliye nou epi ki ba nou pouvwa pou nou sonje Li atravè Lespri L la, nan sezon Nwèl la ak pou tout tan an. Li pote “lajwa pou mond lan” epi Li envite kè nou pou “prepare plas”21 pou resevwa Wa nou an. Li se fondasyon asire chemen nou pran pou n vwayaje a. Li se Limyè Mond lan e Piti Gason Bondye vivan an. Mwen temwaye sa nan non sakre Li, non Jezikri, amèn.

Enprime