Liv yo ak Leson yo
Chapit 22: Don Lespri yo


Chapit 22

Don Lespri yo

Imaj
Two elder missionaries in Korea talking to a young man. They are standing on a sidewalk.

Don Lespri yo

  • Ki don espirityèl Senyè a ba nou?

Apre batèm, yo te mete men sou tèt nou chak pou n te resevwa don Sentespri a. Si nou fidèl, nou ka genyen enfliyans li kontinyèlman avèk nou. Atravè li, nou chak kapab jwenn benediksyon kèk pouvwa espirityèl yo rele don Lespri yo. Don sa yo akòde a moun ki fidèl anvè Kris la. “Tout don sa yo soti nan Bondye, pou benefis pitit Bondye yo” (D&A 46:26). Yo ede nou konnen ak anseye verite levanjil yo. Yo ede nou beni lòt moun. Y ap gide nou retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la. Pou itilize don sa yo avèk sajès, nou bezwen konnen sa yo ye, kijan nou ka devlope yo, ak ki fason pou n rekonèt imitasyon Satan fè de yo.

Ekriti yo mansyone plizyè don Lespri a. Don sa yo bay a manm vrè Legliz la chak fwa l sou tè a (gade Mak 16:16–18). Don Lespri yo gen ladan yo:

Don lang (D&A 46:24)

Pafwa li nesesè pou prezante levanjil la nan yon lang ki pa lang pa nou. Lè sa rive, Senyè a kapab beni nou avèk kapasite pou pale lang sa a. Anpil misyonè resevwa don lang (gade imaj nan chapit sa a) Pa egzanp, Èldè Alonzo A. Hinckley sete yon misyonè nan Oland ki pa t twò konprann ni pale lang Olandè a malgre li te priye ak etidye anpil. Pandan l te retounen nan yon kay li te vizite deja anvan sa, yon madanm te louvri pòt la epi li te pale avèk li byen fache an Olandè. Li te sezi wè ke l te ka konprann chak mo. Li te santi yon gwo dezi pou rann madanm nan temwayaj li an Olandè. Li te kòmanse pale, epi pawòl yo te sòti byen klè an Olandè. Men lè l te retounen al montre prezidan misyon li ke l te ka pale Olandè, sa te enposib. Anpil manm fidèl jwenn benediksyon don lang. (Gade Joseph Fielding Smith, Answers to Gospel Questions, comp. Joseph Fielding Smith Jr., 5 vols. [1957–66], 2:32–33.)

Don entèpretasyon lang (D&A 46:25)

Don sa a akòde pafwa a moun ki pa konprann yon lang epi ki bezwen resevwa yon mesaj enpòtan nan men Bondye. Pa egzanp, Prezidan David O. McKay te gen yon gwo dezi pou kominike avèk Sen nan Nouvèl Zelann yo san yon entèprèt. Li te di yo ke l te espere ke Senyè a beni yo pou yo te ka konprann ni. Li te pale an Anglè. Mesaj li a te dire 40 minit. Pandan l t ap pale a, lè l te wè ekspresyon ki te nan figi yo ak dlo ki te nan je yo, li te konprann ke yo t ap resevwa mesaj li a. (Gade Answers to Gospel Questions, 2:30–31.)

Don tradiksyon (D&A 5:4)

Si dirijan Legliz yo aple nou pou tradui pawòl Senyè a, nou ka resevwa yon don pou tradui ki depase kapasite natirèl nou. Menmjan ak tout don yo, nou dwe viv diy, etidye anpil, epi priye pou n resevwa li. Lè nou fè bagay sa yo, Senyè a ap fè nou santi yon chalè andedan pou nou ka konnen tradiksyon an kòrèk (gade D&A 9:8–9). Joseph Smith te gen don tradiksyon lè l te tradui Liv Mòmon an. Li te ka jwenn don sa a sèlman lè l te an akò avèk Lespri a.

Don Sajès (D&A 46:17)

Kè nan nou resevwa kapasite pou konprann moun ak prensip levanjil yo jan yo aplike nan lavi nou. Yo di nou:

“Si nenpòt nan pami nou manke lasajès, se pou l mande Bondye, ki bay tout moun liberalman, epi san repwòch; epi l ap ba li l.

“Men se pou l mande ak lafwa, san doute. Paske moun ki doute li tankou vag lanmè van an ap boulvèse.

“Paske yon moun konsa pap resevwa anyen nan men Senyè a” (Jak 1:5–7).

Senyè a te di: “Pa chèche richès, men chèche lasajès, epi gade, mistè Bondye yo ap louvri devan nou” (D&A 6:7).

Don konesans (D&A 46:18)

Tout moun ki vin menmjan avèk Papa nou ki nan Syèl la ap finalman konnen tout bagay. Se Sentespri a ki revele nou konesans Bondye ak lwa l yo (gade D&A 121:26). Li enposib pou yon moun sove nan inyorans (gade D&A 131:6).

“Si yon moun jwenn plis konesans ak entèlijans nan lavi sa a nan dilijans ak obeyisans pase yon lòt moun, l ap gen pi gwo avantaj nan mond k ap vini an” (D&A 130:19). Senyè a kòmande nou pou nou aprann otan nou kapab sou travay li a. Li vle nou aprann konsènan bagay ki nan syèl la ak sou tè a, bagay ki te egziste oswa ki dwe rive pwochènman, bagay ki lakay nou ak nan peyi etranje (gade D&A 88:78–79). Men, gen moun ki eseye akeri konesans pa pwòp mwayen pa yo sèlman. Yo pa mande èd Sentespri a. Yo se moun ki toujou ap chèche konnen men yo pa janm ka rive konnen verite a (gade 2 Timote 3:7). Lè nou resevwa konesans pa revelasyon nan men Sentespri a, Lespri li pale avèk entelijans nou epi ak kè nou (gade D&A 6:15, 22–24; 8:2; 9:7–9).

Don pou anseye sajès ak konesans (Mowoni 10:9–10)

Gen moun ki gen don espesyal pou eksplike ak temwaye verite levanjil yo. Don sa a kapab itilize lè n ap anseye nan yon klas. Li ka itilize pa paran pou anseye pitit yo. Don sa a ede nou enstwi lòt moun tou pou yo kapab konprann levanjil la.

Don pou konnen ke Jezikri se Pitit Gason Bondye (D&A 46:13)

Sa sete don yo te bay pwofèt yo ak apot yo ki te aple kòm temwen espesyal Jezikri yo. Sepandan, lòt moun ka resevwa don sa a tou. Chak moun ka resevwa yon temwayaj pa enspirasyon Sentespri a. Prezidan David O. McKay te anseye: “Senyè a di nan Doktrin ak Alyans yo ke, Sentespri a bay kèk moun don pou yo konnen Jezikri se Pitit Gason Bondye a, epi yo te krisifye li pou peche mond lan [gade D&A 46:13]. Mwen fè referans ak moun ki kanpe fèm sou wòch revelasyon yo nan temwayaj ke yo rann bay mond lan” (Enseignements des présidents de l’église: David O. McKay [2003], 166).

Don pou kwè nan temwayaj lòt moun (D&A 46:14)

Pa pouvwa Sentespri a nou kapab konnen tout bagay se verite. Si nou bezwen konnen si yon lòt moun ap di laverite, nou dwe mande Bondye avèk lafwa. Si bagay n ap priye pou li a se verite, Senyè a ap pote lapè nan panse nou (gade D&A 6:22–23). Nan fason sa a nou kapab konnen lè yon lòt moun, menm pwofèt la, resevwa yon revelasyon. Nefi te mande Senyè a pou fè l wè, tande, ak konnen si rèv papa l la sete verite (gade 1 Nefi 10:17–19).

Don pwofesi (D&A 46:22)

Moun ki resevwa vrè revelasyon konsènan lepase, leprezan, ak lefiti yo gen don pwofesi. Pwofèt yo gen don sa a, men nou menm tou nou kapab genyen li pou ede nou dirije pwòp lavi nou (gade 1 Korentyen 14:39). Nou ka resevwa revelasyon nan men Bondye pou tèt nou ak pou apèl nou, men jamè pou Legliz la ak dirijan l yo. Sa kontrè ak lòd syèl la pou yon moun resevwa revelasyon pou yon moun ki gen plis otorite. Si nou vrèman gen don pwofesi, nou pap resevwa okenn revelasyon ki pa ann akò avèk sa Senyè a di nan ekriti yo.

Don gerizon (D&A 46:19–20)

Gen moun ki gen lafwa pou geri e gen lòt moun ki gen lafwa pou moun geri yo. Nou tout kapab egzèse lafwa pou n jwenn gerizon lè nou malad (gade D&A 42:48). Anpil moun ki detni prètriz la gen don pou geri malad. Gen lòt ki resevwa konesans sou fason pou geri maladi.

Don pou fè mirak (D&A 46:21)

Senyè a beni anpil moun plizyè fwa nan fason mirakile. Lè pyonye Utah yo te plante premye semans yo, yon pil sotrèl te prèske detwi rekòt yo a. Pyonye yo te priye pou Senyè a te ka sove rekòt yo a, epi li te voye mwèt ki te devore tout sotrèl yo. Lè nou bezwen èd epi nou mande ak lafwa, si se pou byen nou, Senyè a fè mirak pou nou (gade Matye 17:20; D&A 24:13–14).

Don lafwa (Mowoni 10:11)

Frè Jarèd la te gen gwo lafwa. Poutèt lafwa li, li te resevwa lòt don. Lafwa li te si gran ke Sovè a te parèt devan li (gade Etè 3:9–15). San lafwa, nou pa ka resevwa okenn lòt don. Mowoni pwomèt: “Nenpòt moun ki kwè nan Kris la, ki pa doute anyen, nenpòt sa li mande Papa a nan non Kris la, l ap resevwa l” (Mòmon 9:21). Nou dwe chèche ogmante lafwa nou, dekouvri don nou yo, epi itilize yo.

Gen moun ki manke lafwa epi yo nye egzistans don Lespri sa yo. Mowoni di yo:

“Yon fwa ankò, m ap pale avèk nou menm ki nye revelasyon Bondye yo, e ki di yo pase, pa gen revelasyon, ni pwofesi, ni don, ni gerizon, ni don lang, ni entèpretasyon lang;

“Gade, m ap di nou, moun ki nye bagay sa yo, pa konnen levanjil Kris la; wi, li pa t li ekriti yo; si l te li yo, li pa konprann yo” (Mòmon 9:7–8).

  • Poukisa Senyè a ba nou don espirityèl?

Nou ka devlope don nou yo

  • Kijan nou ka “chèche … pi bon do yo sensèman”? (D&A 46:8).

Senyè a te di: “Paske, tout moun pa resevwa tout don; paske, gen anpil don, epi Lespri Bondye bay chak moun yon don. Kèk moun resevwa youn, epi kèk lòt moun resevwa yon lòt, pou tout moun kapab pwogrese.” (D&A 46:11–12).

Pou devlope don nou yo, nou dwe konnen ki don nou genyen. Nou rive fè sa pa lapriyè ak jèn. Nou dwe chèche pi bon don yo (gade D&A 46:8). Pafwa benediksyon patriyakal nou ap ede nou konnen ki don nou genyen.

Nou dwe obeyisan epi fidèl pou nou resevwa don nou yo. Epi apre nou dwe itilize don sa yo pou fè travay Senyè a. Yo pa ba nou yo pou satisfè kiryozite nou ni pou pwouve nou yon bagay paske nou manke lafwa. Apwopo don espirityèl yo, Senyè a di: “Nou resevwa yo pou benefis moun ki renmen m epi ki respekte kòmandman m yo, ak pou moun k ap chèche fè sa” (D&A 46:9).

  • Panse ak kèk don espirityèl ki ta kapab fòtifye ou pèsonèlman oubyen ki ta ka ede w sèvi Senyè a ak lòt moun. Kisa w pral fè pou chèche don sa yo?

Satan imite don Lespri yo

  • Kijan nou ka disène ant vrè don Lespri yo ak imitasyon Satan yo?

Satan kapab imite don lang, pwofesi, vizyon, gerizon, ak lòt mirak. Moyiz te oblije lite avèk imitasyon Satan nan lakou Farawon an (gade Egzòd 7:8–22). Satan ta renmen nou kwè nan fo pwofèt, fo gerisè, ak moun k ap fè fo mirak. Yo gen dwa parèt sitèlman vrè ke sèl mwayen pou konnen se mande Bondye don disèneman. Dyab la li menm kapab parèt kòm yon zanj limyè (gade 2 Nefi 9:9).

Satan vle anpeche nou wè laverite ak anpeche nou chèche vrè don Lespri yo. Medyòm yo, astwològ yo, vwayan yo, ak chòche yo enspire pa Satan menmsi yo pretann ke y ap suiv Bondye. Zèv yo abominab nan je Senyè a (gade Ezayi 47:12–14; Detewonòm 18:9–10). Nou dwe evite tout asosyasyon avèk pouvwa Satan.

Nou dwe pridan avèk don Lespri nou yo

  • Kijan nou ka respekte karaktè sakre don espirityèl yo?

Senyè a di: “Men, m ba yo yon kòmandman, pou yo pa fè lwanj pou tèt pa yo nan bagay sa yo, ni tou pou yo pa pale yo devan mond lan; paske nou resevwa bagay sa yo pou pwofi nou ak sali.” (D&A 84:73). Nou dwe sonje ke don espirityèl yo sakre (gade D&A 6:10).

Senyè a mande nou an retou, paske li ba nou don sa yo, nou dwe “bay Bondye remèsiman nan Lespri a pou nenpòt benediksyon li ba nou” (D&A 46:32).

Ekriti adisyonèl

Enprime