Liv yo ak Leson yo
Chapit 47: Egzaltasyon


Chapit 47

Egzaltasyon

Imaj
Two planets orbiting in a sky where clouds show swirlling movement.

Plan pou pwogresyon nou

Lè nou t ap viv avèk Papa nou ki nan Syèl la, li te eksplike yon plan pou pwogresyon nou. Nou te ka vin menm jan avèk li, èt egzalte. Plan an te mande pou nou te separe avèk li pou nou vin sou tè a. Separasyon sa a te nesesè pou pwouve si nou t ap obeyi kòmandman Papa nou yo menm si nou pa t nan prezans li ankò. Plan an te prevwa ke lè lavi nou sou tè a te fini, nou ta pral jije epi rekonpanse selon degre lafwa nou ak obeyisans nou.

Nan ekriti yo nou aprann ke gen twa wayòm laglwa nan syèl la. Apot pòl te mansyone ke l te konnen yon moun ki te ‘transpòte jis nan twazyèm syèl la” (2 Korentyen 12:2). Pòl te site de wayòm nan syèl la: wayòm selès ak terès (gade 1 Korentyen 15:40–42). Selès la se pi wo a, epi terès la se dezyèm nan. Atravè revelasyon modèn yo nou aprann ke twazyèm wayòm laglwa a se wayòm telès la (gade D&A 76:81 Nou aprann ke gen twa syèl oswa degre tou andedan wayòm selès la (gade D&A 131:1).

Egzaltasyon

  • Kisa egzaltasyon ye?

Egzaltasyon se lavi etènèl, kalite lavi Bondye ap viv la. Li ap viv nan gwo laglwa. Li pafè. Li posede tout konesans ak tout sajès. Li se Papa pitit lespri yo. Li se yon kreyatè. Nou ka vin menmjan avèk Papa nou ki nan Syèl la. Sa se egzaltasyon.

Si nou montre nou fidèl anvè Senyè a, nou pral viv nan degre ki pi wo a nan wayòm selès la. Nou pral vin egzalte, pou n viv avèk Papa nou ki nan Syèl la nan fanmi etènèl. Egzaltasyon se pi gran don Papa nou ki nan Syèl la ka bay Pitit li (gade D&A 14:7).

Benediksyon egzaltasyon yo

  • Ki benediksyon yo pral bay moun ki egzalte yo?

Papa nou ki nan Syèl la pafè, epi li glorifye l nan lefèt ke li posib pou pitit li yo vin menmjan avèk li. Travay li ak glwa li se “reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm” (Moyiz 1:39).

Moun ki resevwa egzaltasyon nan wayòm selès yo atravè lafwa nan Jezikri yo pral resevwa benediksyon espesyal. Senyè a pwomèt ke “Tout bagay pral pou yo” (D&A 76:59). Men kèk benediksyon y ap bay moun ki egzalte yo:

  1. Yo pral viv etènèlman nan prezans Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri (gade D&A 76:62).

  2. Yo pral vin bondye (gade D&A 132:20–23).

  3. Yo pral ini etènèlman avèk manm fanmi jis yo epi y ap kapab gen kwasans etènèl.

  4. Yo pral resevwa yon plenitid lajwa.

  5. Yo pral gen tout sa Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri genyen—tout pouvwa, glwa, dominasyon, ak konesans (gade D&A 132:19–20). Prezidan Joseph Fielding Smith te ekri: “Papa a pwomèt palentèmedyè Pitit Gason an ke tout sa l genyen li pral bay moun ki obeyi kòmandman yo li. Yo pral grandi nan konesans, sajès, ak pouvwa, yo prale gras an gras, jiskaske plenitid jou pafè a eblouyi yo” (Doctrines of Salvation, comp. Bruce R. McConkie, 3 vols. [1954–56], 2:36; italik nan orijinal la)

Kondisyon pou egzaltasyon

Moman pou nouprepare pou egzaltasyon an se jodi a (gade Alma 34:32–34). Prezidan Joseph Fielding Smith te di: “Pou nou jwenn egzaltasyon an nou dwe aksepte levanjil la ak tout alyans li yo; epi asime obligasyon Senyè a pwopoze yo; epi mache nan limyè ak konpryansyon verite a epi ‘viv pa tout pawòl ki soti nan bouch Bondye’” (Doctrines of Salvation, 2:43).

Pou nou egzalte, nou dwe toudabò plase lafwa nou nan Jezikri epi apresa andire nan lafwa sa a jiskalafen lavi nou. Lafwa nou nan li dwe fè nou repanti pou peche nou yo epi obeyi kòmandman l yo.

Li kòmande nou pou nou tout resevwa kèk òdonans:

  1. Nou dwe batize.

  2. Nou dwe resevwa enpozisyon men pou yo konfime nou kòm manm Legliz Jezikri a epi pou n resevwa Sentespri a.

  3. Frè yo dwe resevwa prètriz Mèlkisedèk la epi mayifye apèl yo nan prètriz la.

  4. Nou dwe resevwa dotasyon nan tanp.

  5. Nou dwe marye pou letènite, ni nan lavi sa a ni nan lavi apre a.

Anplis resevwa òdonans yo mande yo, Senyè a kòmande nou pou nou :

  1. Renmen Bondye ak pwochen nou.

  2. Respekte kòmandman yo.

  3. Repanti pou move aksyon nou yo

  4. Chèche zansèt nou yo ki mouri yo epi resevwa òdonans sali levanjil yo pou yo.

  5. Ale nan reyinyon Legliz yo osi regilyèman nou kapap pou renouvle alyans batèm nou nan pran Sentsèn.

  6. Renmen manm fanmi nou epi fòtifye yo nan fason Senyè a.

  7. Fè priyè familyal ak pèsonèl chak jou.

  8. Anseye lòt moun levanjil la an pawòl ak pa legzanp.

  9. Etidye ekriti yo.

  10. Koute ak obeyi pawòl enspire pwofèt Senyè yo.

Finalman, nou chak bezwen resevwa Senrespri a epi aprann suiv direksyon li nan lavi pèsonèl nou.

  • Nan ki fason òdonans ak alyans yo prepare nou pou egzaltasyon?

  • Nan ki fason lafwa nan Jezikri ede nou obeyi kòmandman yo?

  • Poukisa nou dwe aprann suiv direksyon Sentespri a pou vin egzalte?

Apre nou fin rete fidèl ak pèsevere jiskalafen

  • Sa k rive lè nou pèsevere jiskalafen antanke disip Kris la?

Senyè a di: “Si ou respekte kòmandman m yo epi ou pèsevere jiska lafen, w ap gen lavi etènèl, ki se pi gwo nan tout kado Bondye yo” (D&A 14:7). Prezidan Joseph Fielding Smith te di: “Si nou kontinye nan Bondye; ki se respekte kòmandman l yo, adore li epi viv verite l yo; tan an ap vini kote nou pral benyen nan plenitid verite li, ki ap vin plis an plis briyan jiska jou pafè a” (Doctrines of Salvation, 2:36).

Pwofèt Joseph Smith te anseye; “Lè n ap grenpe nan yon echèl, nou dwe kòmanse pa anba, epi monte mach pa mach, jiskaske nou rive anlè; epi se menm bagay avèk prensip levanjil yo—nou dwe kòmanse pa premye a, epi kontinye jiskaske nou aprann tout prensip egzaltasyon yo. Men sa ap pran anpil tan apre nou fin pase atravè vwal la [mouri] anvan nou vin aprann yo. Se pa tout bagay n ap konprann nan mond sa a; sa pral yon gwo travay pou n aprann sali nou ak egzaltasyono nou odela tonbo a” (Teachings of Présidents of the Church: Joseph Smith [2007], 268).

Joseph Smith te anseye: “Se premye prensip Levanjil la, pou konnen nati Bondye avèk sètitid. … Li te yon fwa yon moun tankou nou; … Bondye li menm, Papa nou tout la, te bite sou yon tè, menmjan Jezikri li menm te fè a” (Teachings of the Prophet Joseph Smith, sel. Joseph Fielding Smith [1976], 345–46).

Papa nou ki nan Syèl la konnen eprèv nou yo, feblès nou, ak peche nou. Li gen konpasyon ak mizèrikòd pou nou. Li vle nou reyisi menmjan ak li.

Imajine lajwa nou chak pral genyen lè nou retounen al jwenn papa nou ki nan Syèl la si nou kapab di: “Papa, m te viv selon volonte ou. M te rete fidèl e m te respekte kòmandman w yo. Mwen kontan retounen lakay.” Epi lè sa an apral tande l di: “Se byen …; ou te fidèl nan ti travay ou, mwen pral konfye w anpil bagay; antre nan lajwa mèt ou” (Matye 25:23).

  • Repase Matye 25:23. Panse sou kijan ou t ap santi ou si w ta tande Senyè a di w pawòl sa yo.

Ekriti adisyonèl

Enprime