Liv yo ak Leson yo
Chapit 5: Kreyasyon an


Chapit 5

Kreyasyon an

Imaj
The Earth as seen from space.

Plan Bondye pou nou

  • Poukisa nou te bezwen vin sou tè a?

Lè nou t ap viv antanke pitit espri avèk paran selès nou yo, Papa nou ki nan Syèl la te pale nou de plan li te gen pou nou pou n te kapab vin menmjan avèk li a. Nou te pouse kri lajwa lè nou te tande plan l lan (gade Jòb 38:7). Nou te prese pou n vin fè nouvo eksperyans. Pou bagay sa yo te kapab rive, nou te bezwen kite prezans Papa nou pou n vin resevwa yon kò mòtèl. Nou te bezwen yon lòt kote pou n viv kote nou t ap kapab prepare pou n vin menmjan avèk li. Yo te rele nouvo lakay nou an tè.

  • Poukisa ou panse nou te pouse kri lajwa lè nou te aprann plan Sali a?

Jezi te kreye tè a

Jezikri te kreye mond sa a ak tout bagay ki ladan li. Li te kreye anpil lòt mond tou. Li te fè sa pa pouvwa Prètriz la, sou direksyon Papa nou ki nan Syèl la. Bondye Papa a te di: “Epi m te kreye pakèt mond moun pa kapab konte; … epi m te kreye yo pa lantremiz Pitit Gason an, ki se Sèl Pitit Literal mwen an” (Moyiz 1:33). Nou gen lòt temwayaj konsènan verite sa a tou. Joseph Smith ak Sidney Rigdon te wè Jezikri nan yon vizyon. Yo temwaye: “pa mwayen li, epi nan li mond yo te egziste epi yo te kreye, epi abitan ki nan mond yo se pitit gason ak pitit fi Bondye” (D&A 76:24).

Pwosesis kreyasyon an

  • Ki bi kreyasyon an?

Tè a ak tout sa ki ladan te kreye espirityèlman anvan yo te kreye fizikman (gade Moyiz 3:5). Lè l t ap planifye pou kreye tè fizik la, Kris la te di moun ki te avèk li yo: “N ap desann, paske gen espas anba a, … epi nou pral fè yon tè pou sila yo [pitit espri Papa nou ki nan syèl yo] abite” (Abraram 3:24).

Sou direksyon Papa a, Kris la te fòme epi òganize tè a. Li te separe limyè avèk fènwa a pou fè jou ak nuit. Li te fòme solèy, lalin, ak zetwal. Li te separe dlo yo avèk tè sèch la pou fè lanmè, rivyè, ak lak. Li te fè tè a bèl ak pwodiktif. Li te fè zèb, pyebwa, flè, ak lòt plant tout kalite. Plant sa yo te gen grenn ki t ap fè nouvo plant kapab grandi. Apresa li te kreye bèt yo—pwason, betay, ensèk, ak zwazo tout kalite. Bèt sa yo te gen kapasite pou repwodui pwòp espès pa yo.

Kounyeya tè a te pare pou pi gwo kreyasyon nan pami tout la—lòm. Espri nou ta p resevwa kò lachè ak san pou yo kapab viv sou tè a. “Epi, mwen menm Bondye, m te di Sèl Pitit Literal mwen an, ki te avèk mwen depi nan kòmansman an: Annou fè lòm dapre imaj nou, dapre resanblans nou; epi sa te fèt” (Moyiz 2:26). Epi sete konsa premye gason an, Adan, ak premye fi a, Èv, te fòme epi te resevwa kò ki te sanble avèk pa paran selès nou yo. “Bondye kreye moun, li fè l pòtre avèk li; li te kreye yo gason ak fi” (Jenèz 1:27). Lè Senyè a te fini kreyasyon l yo, li te kontan epi li te konnen ke travay li a te bon, epi li te repoze pandan yon tan.

Kreyasyon Bondye yo demontre lanmou li

  • Nan ki fason kreyasyon Bondye yo demontre ke li renmen nou?

N ap viv aktyèlman nan bèl mond sa a. Panse avèk solèy la, ki banou chalè ak limyè. Panse avèk lapli a, ki fè plant yo pouse epi ki netwaye ak rafrechi mond lan. Panse ak kijan sa bon pou n tande yon zwazo k ap chante oswa yon zanmi k ap ri. Panse ak kijan kò nou mèveye—kijan nou ka travay ak jwe ak repoze. Lè nou konsidere tout kreyasyon sa yo, nou kòmanse konprann konbyen Jezikri ak Papa nou ki nan Syèl la se moun saj, puisan, ak eman. Yo montre anpil amou pou nou nan fason yo founi nou tout sa nou bezwen.

Plant yo ak bèt yo te kreye pou pote lajwa pou nou tou. Senyè a te di: “Wi, tout bagay ki soti nan tè a, nan sezon yo, fèt pou benefis ak itilite lòm, pou fè je moun plezi ak pou fè kè moun kontan; wi, pou manje ak rad, pou gou ak lodè, pou fòtifye kò a epi pou bay nanm nan lavi” (D&A 59:18–19). Menmsi kreyasyon Bondye yo anpil, li konnen yo epi li renmen yo tout. Li te di: “Tout bagay konte pou mwen, paske yo pou mwen epi m konnen yo” (Moyiz 1:35).

  • Ki kèk bagay ou apresye osijè kreyasyon Bondye yo?

Ekriti adisyonèl

Enprime