Liv yo ak Leson yo
Chapit 14: Òganizasyon Prètriz la


Chapit 14

Òganizasyon Prètriz la

Imaj
Three priests (one kneeling, two standing) while the sacrament is being blessed.

Prètriz la sou tè a jodi a

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo gouvène pa Prètriz la. Prètriz la, ki toujou asosye avèk travay Bondye, “te kontinye nan legliz Bondye a nan tout jenerasyon yo, epi li san kòmansman jou ni finisman ane yo” (D&A 84:17). Li sou tè a jodi a. Gason jèn ak granmoun batize antre nan Legliz la, epi lè yo jije yo diy yo òdone yo nan prètriz la. Yo ba yo otorite pou aji pou Senyè a ak pou fè travay li sou tè a.

De pati nan Prètriz la

  • Kijan Prètriz Aawon ak Mèlkisedèk yo jwenn non yo?

Prètriz la divize an de pati: Prètriz Mèlkisedèk ak Prètriz Aawon (gade D&A 107:1). “Yo rele premye a Prètriz Mèlkisedèk … paske Mèlkisedèk te tèlman yon gran prèt ekstraòdinè.

“Anvan epòk li a li te rele Prètriz Sen an, dapre lòd Pitit Gason Bondye a.

“Men, pa respè oubyen reverans pou non Èt Siprèm nan, pou evite repetisyon non li twò souvan, yo, legliz la ki nan ansyen tan an, te rele prètriz sa a dapre non Mèlkisedèk, oubyen Prètriz Mèlkisedèk la” (D&A 107:2–4; italic nan original la).

Prètriz ki pi piti a depann de Prètriz sa a. Li rele Prètriz Aawon paske yo te konfere li bay Aawon ak pitit gason l yo atravè tout jenerasyon yo. Moun ki detni Prètriz Aawon yo gen otorite pou administre òdonans eksteryè Sentsèn ak batèm yo. (Gade D&A 20:46; 107:13–14, 20.)

Moun ki detni Prètriz Mèlkisedèk yo gen pouvwa ak otorite pou dirije Legliz la ak dirije predikasyon levanjil la nan tout pati nan mond lan. Yo administre tout travay espirityèl Legliz la (gade D&A 84:19–22; 107:8). Yo dirije travay ki fèt nan tanp yo; yo prezide sou pawas, branch, pye, ak misyon. Pwofèt Senyè a chwazi a, Prezidan Legliz la, se gran prèt k ap prezide sou Prètriz Mèlkisedèk la (gade D&A 107:65–67).

Kle yo nan Prètriz la

  • Ki diferans ki genyen ant prètriz la ak kle prètriz yo? Ki dirijan prètriz ki resevwa kle?

Gen yon diferans ant òdone nan yon ofis nan Prètriz la ak resevwa kle Prètriz yo. Prezidan Joseph F. Smith te anseye:

“Prètriz la an jeneral se otorite yo bay lòm pou aji pou Bondye. Chak moun ki òdone nan yon degre nan Prètriz la gen otorite sa a ke yo delege ba li.

“Men li nesesè pou chak aksyon ki akonpli pa otorite sa a akonpli nan bon moman an ak nan bon kote a, nan bon fason an, ak nan bon bon lòd la. Pouvwa pou dirije tach sa yo konstitye kle Prètriz yo. Gen yon sèl moun ki alafwa kenbe tout kle yo nèt, se pwofèt ak prezidan legliz la. Li gen dwa delege yon pati nan pouvwa sa a bay yon lòt moun, nan ka sa a moun sa a gen kle travay patikilye sa a. Konsa, prezidan yon tanp, prezidan yon pye, evèk yon pawas, prezidan yon misyon, prezidan yon kowòm, yo chak detni kle travay ki akonpli nan kò oswa domèn patikilye sa a. Prètriz li a pa ogmante pa tach espesyal; … pa egzanp, prezidan yon kowòm ansyen pa gen plis Prètriz pase nenpòt lòt manm yo nan kowòm sa a. Men li gen pouvwa pou dirije travay ofisyèl ki akonpli nan … kowòm nan, oubyen nou ka di, li gen kle pou pati sa a nan travay sa a” (Enseignements des présidents de l’église: Joseph F. Smith [1998], 141; italik nan original la).

  • Nan ki fason kle Prètriz yo pwoteje Legliz la?

Ofis ak responsablite Prètriz Aawon yo

  • Nan ki fason detantè Prètriz Aawon yo sèvi?

Lè yo konfere yon gason oswa yon tigason Prètriz Aawon an, li òdone nan yon ofis nan prètriz sa a. Ofis nan Prètriz Aawon yo se dyak, enstriktè, prèt, ak evèk. Chak ofis gen devwa ak responsablite. Chak kowòm prezide pa yon prezidan kowòm, ki anseye manm yo devwa yo epi mande yo pou ranpli tach yo.

Kèk gason antre nan Legliz la oubyen vin aktif apre yo fin pase laj abityèl pou resevwa ofis yo nan prètriz sa a. Yo abityèlman òdone nan yon ofis nan Prètriz Aawon an epi yo ka byen vit vin òdone nan lòt ofis yo si yo rete diy.

Dyak

Yon jènjan ki batize ak konfime kòm manm Legliz la epi ki diy kapab òdone nan ofis dyak lè l gen 12 an. Dyak yo abityèlman gen tach pou distribye Sentsèn bay manm Legliz yo, kenbe bilding Legliz yo ak depandans yo nan bon eta, aji kòm mesaje dirijan Prètriz yo, ak akonpli tach espesyal tankou ranmase ofrann jèn.

Enstriktè

Yon jènjan ki diy kapab òdone kòm enstriktè lè l gen 14 an oubyen pi gran. Enstriktè yo gen tout devwa, dwa, ak pouvwa ofis dyak yo plis lòt. Enstriktè nan Prètriz Aawon yo dwe ede manm Legliz yo viv kòmandman yo (gade D&A 20:53–59). Pou ede ranpli responsablite sa a, yo abityèlman asiyen pou sèvi kòm enstriktè nan fwaye. Yo vizite kay manm Legliz yo epi ankouraje yo pou yo viv prensip levanjil yo. Yo kòmande yo pou yo anseye verite levanjil yo apati ekriti yo (gade D&A 42:12). Enstriktè yo prepare pen an ak dlo a pou sèvis Sentsèn nan tou.

Prèt

Yon jènjan diy kapab òdone kòm prèt lè l gen 16 an oswa pi gran. Prèt yo gen tout devwa, dwa, ak pouvwa ofis dyak ak enstriktè yo plis kèk lòt. (gade D&A 20:46–51). Yon prèt kapab batize. Li ka administre Sentsèn tou. Li ka òdone lòt prèt, enstriktè, ak dyak. Yon prèt kapab dirije reyinyon yo si pa gen okenn detantè Prètriz Mèlkisedèk ki prezan. Li dwe preche moun bò kote li levanjil la.

Evèk

Yon evèk òdone epi mete apa pou prezide sou Prètriz Aawon an nan yon pawas. Li se prezidan kowòm prèt yo (gade D&A 107:87–88). Lè l ap aji nan ofis Prètriz Aawon an, evèk la okipe l dabò de bagay tanporèl yo, tankou jere finans ak rejis ak direksyon swen pou bay pòv yo ak moun ki nan bezwen yo (gade D&A 107:68).

Yon evèk òdone kòm gran prèt tou pou l kapab prezide sou tout manm yo nan pawas la (gade D&A 107:71–73; 68:15). Yon evèk se yon jij nan Izrayèl (gade D&A 107:74) epi li entèvyouve manm yo pou rekòmandasyon tanp, òdinasyon nan Prètriz, ak lòt bezwen. Li gen dwa a don disèneman.

  • Èske w konn resevwa benediksyon atravè sèvis detantè Prètriz Aawon yo?

Ofis ak responsablite Prètriz Mèlkisedèk la

  • Nan ki fason detantè Prètriz Mèlkisedèk yo sèvi?

Ofis Prètriz Mèlkisedèk yo se ansyen, gran prèt, patriyach, Swasanndis, ak Apot.

Ansyen

Ansyen yo aple pou yo anseye, entèprete, egzòte, batize, ak veye sou Legliz la (gade D&A 20:42). Tout detantè Prètriz Mèlkisedèk yo se ansyen. Yo gen otorite pou konfere don Sentespri a pa enpozisyon men (gade D&A 20:43). Ansyen yo dwe dirije reyinyon Legliz yo selon jan Sentespri a enspire yo (gade D&A 20:45; 46:2). Ansyen yo ka administre malad yo (gade D&A 42:44) ak beni timoun piti yo (gade D&A 20:70). Ansyen yo ka prezide sou reyinyon Legliz yo lè pa gen gran prèt ki prezan (D&A 107:11).

Gran Prèt

Yon gran prèt resevwa otorite pou ofisye nan Legliz la ak administre bagay espirityèl yo (gade D&A 107:10, 12). Li ka ofisye nan tout lòt ofis ki pi piti yo tou (gade D&A 68:19). Prezidan pye, prezidan misyon, manm gran konsèy, evèk, ak lòt dirijan Legliz yo òdone kòm gran prèt.

Patriyach

Patriyach yo òdone pa Otorite Jeneral yo, oubyen pa prezidan pye lè yo otorize pa Konsèy Douz yo, pou bay manm Legliz yo benediksyon patriyakal. Benediksyon sa yo ba nou kèk konpreyansyon sou apèl nou sou tè a. Yo se pawòl Senyè a pou nou pèsonèlman. Patriyach yo òdone kòm gran prèt tou. (Gade D&A 107:39–56.)

Swasanndis

Swasanndis yo se temwen espesyal Jezikri pou mond lan epi yo ede nan bati ak jere Legliz la sou direksyon Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo (gade D&A 107:25, 34, 38, 93–97).

Apot

Yon Apot se yon temwen espesyal non Jezikri nan tout mond lan (gade D&A 107:23). Apot yo administre zafè Legliz yo nan tout mond lan. Moun ki òdone nan ofis Apot yo nan Prètriz Mèlkisedèk la abityèlman mete apa kòm manm Kolèj Douz Apot yo. Yo ba yo chak tout kle wayòm Bondye a sou tè a, men se sèlman Apot ki pi ansyen an, ki se Prezidan Legliz la, ki egzèse tout kle yo aktivman. Lòt yo aji sou direksyon li.

  • Èske ou konn beni atravè sèvis detantè Prètriz Mèlkisedèk yo?

Kowòm Prètriz Aawon yo

Senyè a te bay enstriksyon pou detantè Prètriz yo òganize an kolèj. Yon kolèj oswa kowòm se yon gwoup frè ki detni menm ofis nan Prètriz la.

Gen twa kowòm nan Prètriz Aawon an:

  1. Kowòm dyak yo, ki ka atenn jiska 12 dyak (gade D&A 107:85). Prezidans kowòm dyak la aple pa evèk la ki chwazi li pami manm kowòm yo.

  2. Kowòm enstriktè yo, ki ka atenn jiska 24 enstriktè (gade D&A 107:86). Prezidans kowòm enstriktè yo aple pa evèk la ki chwazi li pami manm kowòm yo.

  3. Kowòm prèt yo, ki ka atenn jiska 48 prèt (gade D&A 107:87–88). Li prezide pa evèk pawas la kote kowòm nan ye a. Evèk la se yon gran prèt epi konsa li menm tou li apatni ak kowòm gran prèt yo.

Lè kantite ki endike pou yon kowòm nan depase, kowòm nan dwe divize.

Kolèj Prètriz Mèlkisedèk yo

Nan nivo jeneral Legliz la, manm Premye Prezidans yo fòme yon kolèj, menmjan ak Douz Apot yo tou. Swasanndis yo òganize an kolèj tou.

Nan nivo lokal Legliz la—nan pawas ak branch ak pye ak distri—detantè prètriz Mèlkisedèk yo òganize an kowòm sa yo:

Kowòm ansyen

Chak kowòm ansyen “tabli pou ofisye ki sou plas; sepandan, yo kapab vwayaje, malgre yo te òdone kòm ofisye ki sou plas nan legliz mwen an” (D&A 124:137). Yo fè pifò nan travay yo tou pre kote yo abite a. Kowòm nan ka rive jiska 96 ansyen, prezide pa yon prezidans kowòm. Lè kantite sa a depase, kowòm nan dwe divize.

Kolèj Gran Prèt yo

Chak kolèj konpoze pa tout gran prèt ki abite andedan limit yon pye, enkli patriyach ak evèk. Prezidan pye a ak konseye l yo se prezidans kolèj sa a. Gran prèt nan yon pawas òganize an gwoup avèk yon dirijan gwoup.

Enpòtans kolèj Prètriz yo

  • Nan ki fason kolèj Prètriz yo ede fòtifye moun envidiyèlman ak fanmi yo?

Lè l òdone nan prètriz la, yon gason oswa yon tigason otomatikman vin manm yon kowòm prètriz. Pandan tout lavi li, yo atann ke l fè pati yon kowòm prètriz selon ofis li (gade Boyd K. Packer, “What Every Elder Should Know—and Every Sister as Well: A Primer on Principles of Priesthood Government,” Ensign, Fev. 1993, 9).

Si yon kowòm Prètriz ap fonksyone kòrèkteman, manm kowòm sa a ap ankouraje, beni, entegre, epi dirijan yo ap anseye yo levanjil la. Menmsi yo releve yon gason nan apèl li nan Legliz la, tankou enstriktè, prezidan kowòm, evèk, manm gran konsèy, oswa prezidan pye, li kontinye apatni a kowòm ni. Lefèt ke w manm nan yon kolèj Prètriz la dwe konsidere kòm yon privilèj sakre.

Oksilyè yo nan Prètriz la

  • Nan ki fason oksilyè yo nan Prètriz la ede fòtifye moun yo endividyèlman ak fanmi yo?

Tout òganizasyon nan Legliz la travay sou direksyon dirijan Prètriz yo epi ede yo akonpli travay Senyè a. Pa egzanp, prezidans òganizasyon Sosyete Sekou, Jènfi, Jènjan, Primè, ak Lekòldidimanch nan yon pawas sèvi sou direksyon episkopa a. Òganizasyon sa yo rele oksilyè prètriz la.

  • Ki wòl ou genyen pèsonèlman nan ede kolèj prètriz yo ak oksilyè yo reyisi?

Ekriti adisyonèl

Enprime