Liv yo ak Leson yo
Chapit 12: Ekspyasyon an


Chapit 12

Ekspyasyon an

Imaj
Jesus Christ depicted leaning on a rock in the Garden of Gethsemane. The image depicts the Atonement of Christ.

Ekspyasyon an nesesè pou Sali nou

  • Poukisa Ekspyasyon an nesesè pou Sali nou?

Jezikri “te vin nan mond lan … pou mond lan te kapab krisifye l, epi pou l pote peche mond lan, epi pou l sanktifye mond lan, epi pou l netwaye l anba tout enjistis” (D&A 76:41–42).Gwo sakrifis li te fè pou peye pou peche nou yo ak pou simonte lanmò a rele Ekspyasyon. Se evenman ki pi enpòtan ki janm rive nan istwa limanite: “Reyèlman li nesesè pou ekspyasyon an te fèt; paske dapre gwo plan Bondye Etènèl la, yon ekspyasyon dwe fèt; san sa, tout mond lan t ap peri kanmèm; … wi, tout moun tonbe epi yo pèdi, epi yo dwe peri si se pa t pou ekspyasyon an ki te dwe fèt” (Alma 34:9).

Chit Adan an te pote de kalite lanmò nan mond lan: lanmò fizik ak lanmò espirityèl. Lanmò fizik se separasyon kò a avèk lespri a. Lanmò espirityèl se separasyon avèk Bondye. Si de kalite lanmò sa yo pa t simonte pa Ekspyasyon Jezikri a, yo t ap mennen de konsekans sa yo: kò nou ak espri nou t ap separe ajamè, epi nou pa t ap kapab viv avèk Papa nou ki nan Syèl la ankò (gade 2 Nefi 9:7–9).

Men, nan sajès li, Papa nou ki nan Syèl la prepare yon plan mèveye ak mizèrikòdye pou sove nou anba lanmò fizik ak espirityèl. Li te planifye pou yon Sovè te vini pou peye pou peche nou yo epi rachte nou anba lanmò. Akoz peche nou yo ak feblès kò mòtèl nou yo, nou pa t ap kapab rachte tèt nou (gade Alma 34:10–12). Moun ki te ap vin Sovè nou an t ap bezwen san peche epi li t ap bezwen gen pouvwa pou simonte lanmò.

Jezikri sete sèl moun ki te ka peye pou peche nou yo

  • Poukisa Jezikri sete sèl moun ki te ka peye pou peche nou yo?

Gen plizyè rezon ki fè ke Jezikri sete sèl moun ki te ka vin Sovè nou. Youn nan rezon yo sèke Papa nou ki nan Syèl la te chwazi li pou l te Sovè a. Li sete Sèl Pitit Gason Literal Bondye epi konsa li te gen pouvwa sou lanmò. Jezi te eksplike: “Mwen bay lavi m, pou m ka resevwa l ankò. Pèsonn pa ka wete lavi m, se mwen menm ki bay li paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m bay li, mwen gen pouvwa pou m resevwa l ankò” (Jan 10:17–18).

Jezi te kalifye pou l te Sovè nou tou paske li se sèl moun ki te janm viv sou tè a san l pa t fè peche. Sa te rann ni diy pou sakrifye pou peye pou peche lòt yo.

Kris la te soufri epi li te mouri pou ekspye peche nou yo

  • Lè w ap li seksyon sa a, imajine ou menm nan Jaden Jetsemane a oubyen sou kwa a antanke yon temwen soufrans Jezikri.

Sovè a te peye pou peche nou yo nan soufri nan Jetsemane ak nan bay lavi li sou kwa a. Li enposib pou nou totalman konprann kijan li te soufri pou tout peche nou yo. Nan Jaden Jetsemane a, pwa peche nou yo te lakoz li te santi sitèlman doulè ke l te senyen nan tout two swè kò li (gade D&A 19:18–19). Nan apre, pandan l te sou kwa a, Jezi te soufri yon lanmò atwòs pa youn nan metòd ki pi kriyèl lòm konnen.

Ala renmen Jezi renmen nou, pou l soufri kalite agoni espirityèl ak fizik sa a pou nou! Ala gran amou Papa nou ki nan Syèl la gran pou l rive voye Sèl Pitit Literal li a pou soufri ak mouri pou rès pitit li yo. “Paske Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p ap pèdi lavi yo. Okontrè ya gen lavi ki p ap janm fini an” (Jan 3:16).

Ekspyasyon an ak Rezirèksyon an pote rezirèksyon pou tout moun

Nan twazyèm jou apre Krisifiksyon l lan, Kris la te reprann kò li ankò epi li te vin premye moun ki te resisite. Lè zanmi l yo t al chèche li, zanj yo ki t ap veye tonm ni an te di yo: “Li pa isit la; paske li leve vivan jan l te di a” (Matye 28:6). Lespri li te reantre nan kò li, pou l pa janm separe avèk li ankò.

Konsa, Kris la te venk lanmò fizik. Gras avèk Ekspyasyon l lan, tout moun ki fèt sou tè a ap resisite (gade 1 Korentyen 15:21–22). Menmjan Jezi te resisite a, espri nou apral reyini avèk kò nou ankò, “pou yo kapab pa janm mouri ankò … , pou yo pa janm separe ankò” (Alma 11:45). Kondisyon sa a rele imòtalite. Tout moun ki te viv ap resisite, “ni gran moun ak jèn moun, ni esklav ak lib, ni gason ak fi, ni mechan ak jis” (Alma 11:44).

  • Nan ki fason konesans ou sou Rezirèksyon an te ede ou?

Ekspyasyon an rann posib pou moun ki gen lafwa nan Kris yo sove anba peche yo

  • Panse sou fason parabòl la nan seksyon sa a ede nou konprann Ekspyasyon an. Kiyès moun yo nan parabòl la reprezante nan lavi nou?

Ekspyasyon Sovè a rann posib pou nou venk lanmò espirityèl. Menmsi tout limanite ap resisite, se sèlman moun ki aksepte Ekspyasyon yo k apral sove anba lanmò espirityèl (gade Atik Lafwa 1:3).

Nou aksepte Ekspyasyon Kris la lè nou plase lafwa nou nan li. Atravè lafwa sa a, nou repanti pou peche nou yo, nou batize, nou resevwa Sentespri a, epi nou obeyi kòmandman l yo. Nou vin disip fidèl Jezikri. Nou padone epi nou pwòpte soti nan peche epi nou prepare pou n retounen al viv avèk Papa nou ki nan Syèl la pou tout tan.

Sovè a di nou: “Paske gade, mwen menm Bondye, m te soufri bagay sa yo pou tout moun, pou yo pa soufri … tankou m” (D&A 19:16–17). Kris la te fè pati pa l la pou ekspye pou peche nou yo. Pou nou fè Ekspyasyon an totalman efikas nan lavi nou, nou dwe efòse nou pou n obeyi li epi repanti pou peche nou yo.

Prezidan Boyd K. Packer nan Konsèy Douz Apot yo te bay ilistrasyon sa a pou montre kijan Ekspyasyon Kris la rann posib pou nou sove anba peche si nou fè pati pa nou an.

“Kite m rakonte nou yon istwa—yon parabòl.

“Yon fwa, te gen yon mesye ki te anvi yon bagay anpil anpil. Sa te parèt pi enpòtan pou li pase tout lòt bagay nan lavi li. Pou l te ka reyalize dezi sa a, li te fè yon gwo dèt.

“Yo te mete l angad kont yon gwo dèt konsa, e patikilyèman kont moun ki t ap prete l kòb la. Men sa te parèt pi enpòtan pou li pou l te fè sa l te vle fè a epi pou l gen sa l te anvi genyen an lamenm. Li te si ke l t ap kapab peye pita.

“Konsa li te siyen kontra a.Li t ap fin peye l nèt yon jou kanmèm. Sa pa t tèlman preyokipe li, paske dat pou l te peye a te sanble l lwen anpil. Li te gen sa l te vle a kounyeya, e se sa k te parèt enpòtan pou li.

“Pretè a te toujou nan tèt li, e li te fè kèk peman senbolik tanzantan, an pansan ke petèt jou règleman kont la pa t ap janm reyèlman rive.

“Men jan sa toujou fèt, jou a te rive, epi kontra a te fini. Dèt la pa t fin peye. Pretè a te parèt epi li te mande pou peye l tout kòb la.

“Se sèlman lè sa a li te reyalize ke pretè a te gen non sèlman pouvwa pou reprann tout sa li te posede, men li te gen pouvwa pou te fè mete l nan prizon tou.

Li te di: “‘Mwen pa ka peye ou, paske mwen pa gen mwayen pou fè sa.’

Pretè a te di: “‘Enben, nou pral aplike sa ki nan kontra a, n ap pran byen ou, epi ou pral nan prizon. Ou te dakò pou sa. Sete chwa ou. Ou te siyen kontra a, e kounyeya nou dwe aplike li.’

Mesye k te dwe a te sipliye: “‘Èske w pa ka ban m yon ti tan ankò oubyen anile dèt la? Chèche yon mwayen pou fè m kenbe sa m genyen yo epi pa al nan prizon. Siman ou kwè nan mizèrikòd? Èske w pap gen mizèrikòd pou mwen?’

“Pretè a te reponn: ‘Mizèrikòd pa toujou ale yon sèl bò. Se ou menm sèlman l ap pwofite. Si m gen mizèrikòd pou ou, m ap rete san touche. Se jistis mwen mande. Èske ou kwè nan jistis?’

“Mesye a te reponn ‘Mwen te kwè nan jistis lè m te siyen kontra a.’ ‘Li te pou mwen lè sa a, paske mwen te panse ke l t ap pwoteje mwen. Mwen pa t bezwen mizèrikòd lè sa a, ni m pa t panse ke m t ap janm bezwen li. Mwen te panse, jistis t ap sèvi nou toulède.’

“Pretè a te reponn ‘Se jistis ki mande pou ou peye kontra a oubyen sibi konsekans la.’ ‘Sa se lalwa. Ou te dakò avèk li e se konsa l dwe ye. Mizèrikòd pa ka depouye jistis.’

“Epi sete konsa: youn t ap mande pou aplike jistis, lòt la t ap mande mizèrikòd. Youn nan yo pa t kapab genyen san l pa t deranje lòt la.

“Pretè a te di: ‘Si w pa anile dèt la pap gen mizèrikòd.’

“Lòt la te reponn ‘Si m fè sa, pap gen jistis.’

“Aparaman, de lwa yo pa t kapab satisfè an menm tan. Sete de ideyal etènèl ki te parèt an kontradiksyon youn ak lòt. Èske li enposib pou jistis totalman satisfè, ak mizèrikòd tou?

“Gen yon mwayen! Lwa jistis la kapab totalman satisfè epi mizèrikòd kapab totalman akòde—men sa mande yon lòt moun. E se konsa sa te fèt fwa sa a.

“Moun ki te fè dèt la te gen yon zanmi. Li te vini pou ede. Li te konnen moun ki te prete a byen. Li te konnen ke l pa t wè lwen. Li te konsidere l ensanse paske l te mete tèt li nan yon sitiyasyon konsa. Men, li te vle ede li paske l te renmen li. Li te kanpe nan mitan yo, li te afwonte pretè a, epi l te fè l òf sa a.

“‘M ap peye dèt la si ou libere mesye a anba kontra l la pou l kapab kenbe byen l yo epi pou l pa ale nan prizon.

“Pandan pretè a t ap panse sou òf la, medyatè a te ajoute: ‘Ou te mande jistis. Si l pa ka peye ou, mwen menm m ap fè sa. Ou pral trete avèk jistis e ou pa ka mande plis. Sa pa t ap jis.’

“Epi se konsa pretè a te dakò.

“Medyatè a te vire gade moun ki te prete a. ‘Si m peye dèt ou a, èske w ap aksepte mwen kòm pretè ou?’

“Li te reponn ‘O wi, wi.’ ‘Ou sove m anba prizon e ou montre mizèrikòd pou mwen.’

“Byenfetè a te reponn: ‘Enben, ou pral peye dèt ou gen pou mwen an e mwen pral fikse kondisyon yo. Li pa pral fasil, men li pap enposib. M pral ba w yon mwayen. Ou pap bezwen al nan prizon.’

“Epi sete konsa yo te peye pretè a tout kòb li. Yo te trete l avèk jistis. Okenn kontra pa t kraze.

“Moun ki te gen dèt la, bò kote pa li, te resevwa mizèrikòd. Tou de lwa yo te satisfè. Paske te gen yon medyatè, jistis te reklame pati pa l la totalman, epi mizèrikòd te satisfè totalman” (nan Conference Report, Avr. 1977, 79–80; oubyen Ensign, Me 1977, 54–55).

Peche nou yo se dèt espirityèl nou. San Jezikri, ki se Sovè nou ak Medyatè nou, nou tout t ap gen pou peye pou peche nou yo kote nou t ap soufri lanmò espirityèl. Men gras avèk li, si nou respekte kondisyon l yo, ki se repanti ak respekte kòmandman l yo, nou kapab retounen al viv avèk Papa nou ki nan Syèl la.

Sa mèveye ke Kris la ba nou yon mwayen pou nou kapab geri anba peche nou yo. Li te di:

“Gade, m te vini nan mond lan … pou m sove mond lan anba peche. “Se poutèt sa, tout moun ki repanti e ki vin jwenn mwen tankou yon timoun piti, m ap resevwa l; paske se pou moun konsa wayòm Bondye a ye. Gade, se pou moun konsa m te bay lavi m, e m te repran lavi m ankò; se poutèt sa, repanti, vin jwenn mwen, tout kwen tè a, epi vin sove” (3 Nefi 9:21–22).

  • Medite sou kijan ou kapab montre gratitid pou don Ekspyasyon an.

Ekriti adisyonèl

Enprime