Liv yo ak Leson yo
Chapit 42: Rasanbleman Kay Izrayèl la


Chapit 42

Rasanbleman Kay Izrayèl la

Imaj
The Old Testament prophet Israel (Jacob) with his sons gathered around him. One of the sons (Joseph) is kneeling before his father. Israel has his hand on the son's head as he prepares to give him a priesthood blessing.

Kay Izrayèl la se pèp alyans Bondye a

  • Ki responsablite pèp alyans Bondye a genyen anvè nasyon yo nan mond lan?

Jakòb sete yon gwo pwofèt ki te viv dè santèn ane anvan epòk Kris la. Paske Jakòb te fidèl, Senyè a te ba li non espesyal Izrayèl, ki vle di: “yon moun ki triyonfe” oswa “kite Bondye triyonfe” (Bible Dictionary, “Israel,” 708). Jakòb te gen douz pitit gason. Pitit gason sa yo ak fanmi yo te vin koni kòm douz tribi Izrayèl, oswa Izrayelit (gade Jenèz 49:28).

Jakòb sete yon pitit pitit Abraram. Senyè a te fè yon alyans etènèl avèk Abraram ke l te renouvle avèk Izaak ak Jakòb ak pitit yo (gade chapti 15 nan liv sa a; gade èd vizyèl nan chapit sa a ki dekri Jakòb k ap beni pitit gason l yo tou.) Bondye te pwomèt Izrayelit yo ke yo t ap pèp alyans li osi lontan yo te obeyi kòmandman l yo (gade Detewonòm 28:9–10). Yo t ap yon bendiksyon pou tout nasyon nan mond lan nan pote levanjil la ak prètriz la ba yo (gade Abraram 2:9–11). Konsa, yo t ap kenbe alyans yo te fè avèk Senyè a epi li menm li t ap kenbe pa l la avèk yo.

Kay Izrayèl la te dispèse

Ankò epi ankò pwofèt Senyè yo te avèti Kay Izrayèl la sou sa k t ap rive si yo te fè mechanste. Moyiz te pwofetize: Epi Senyè a pral dispèse ou pami tout pèp, soti nan yon kwen latè a al nan yon lòt” (Detewonòm 28:64).

Malgre avètisman sa a, Izrayelit yo te toujou ap kraze kòmandman Bondye yo. Yo te goumen antre yo epi yo te divize an de wayòm: Wayòm Nò a, ke yo te rele wayòm Izrayèl, ak Wayòm Sid la ke yo te rele wayòm Jida. Dis tribi Izrayèl yo te viv nan Wayòm Nò a. Pandan yon gè yo te konkeri pa enmi yo epi yo te mennen yo an kaptivite. Nan apre gen kèk ki te retounen nan peyi Nò yo epi yo te vin pèdi pou rès mond lan.

Apeprè 100 ane apre yo te kaptire Wayòm Nò a, yo te konkeri Wayòm Sid la. Kapital la, Jerizalèm, te detwi an 586 A.K., epi anpil nan de tribi Izrayèl yo k te rete yo te tonbe nan kaptivite. Nan apre, kèk manm nan lòt tribi sa yo te retounen epi yo te rebati jerizalèm Jis anvan Jerizalèm te detwi a, Leyi ak fanmi li, ki te manm kay Izrayèl la, te kite vil la epi yo te vini nan kontinan ameriken an.

Apre tan Kris la, Jerizalèm te detwi ankò, fwa sa a pa sòlda Women yo. Juif yo te dispèse sou tout mond lan. Jodi a Izrayelit yo nan tout peyi nan mond lan. Anpil nan moun sa yo pa konnen ke yo se desandan ansyen Kay Izrayèl la.

  • Ki benefis ki vin jwenn pitti Bondye yo paske pèp alyans li a te dispèse sou tout tè a?

Kay Izrayèl la dwe rasanble

  • Poukisa Senyè a vle pèp li a rasanble?

  • Kijan kay Izrayèl la pral rasanble?

Senyè a te pwomèt ke pèp alyans li a t ap fini pa rasanble yon jou: “Mwen pral rasanble rès twoupo m nan soti nan tout peyi kote m te dispèse yo” (Jeremi 23:3).

Bondye rasanble pitit li atravè travay misyonè. Antanke moun ki gen yon konesans Jezikri, ki resevwa òdonans sali yo epi ki respekte alyans asosye avèk yo, yo vin “pitit alyans lan” (3 Nefi 20:26). Li gen rezon enpòtan k fè l ap rasanble pitit li yo. Li rasanble yo pou yo kapab aprann ansèyman levanjil yo epi prepare yo pou rankontre Sovè a lè l vini ankò. Li rasanble yo pou yo ka bati tanp epi akonpli òdonans sakre pou zansèt yo ki deja mouri san yo pa t jwenn opòtinite sa a. Li rasanble yo pou youn ka fòtifye lòt epi pou yo ini nan levanjil la, pou yo jwenn pwoteksyon kont enfliyans mal yo nan mond lan. Li rasanble yo tou pou yo ka prepare tèt yo pou pataje levanjil la avèk lòt moun.

Pwofèt Moyiz, ki te parèt nan Tanp Kirtland nan, te bay Joseph Smith pouvwa ak otorite pou dirije travay rasanbleman Izrayèl la (gade D&A 110:11). Soti nan moman sa a, chak pwofèt detni kle pou rasanble kay Izrayèl la, epi rasanbleman sa a se yon pati enpòtan nan travay Legliz la. Pèp alyans lan ap rasanble kounyeya amezi y ap aksepte levanjil retabli a epi sèvi Bondye Abraam, Izaak, ak Jakòb la (gade Detewonòm 30:1–5).

Izrayelit yo rasanble espirityèlman toudabò epi fizikman apre. Yo rasanble espirityèlman lè yo antre nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo epi fè ak kenbe alyans sakre. Rasanbleman espirityèl sa a te kòmanse pandan tan Pwofèt Joseph Smith la epi li kontinye jodi a nan tout mond lan. Konvèti yo nan Legliz la se Izrayelit oubyen pa san oubyen pa adopsyon. Yo apatni ak fanmi Abraram ak Jakòb (gade Abraham 2:9–11; Galat 3:26–29).

Preaidan Joseph Fielding Smith te di: “Gen anpil nasyon ki reprezante nan … Legliz la. Yo vini paske Lespri Senyè a repoze sou yo; … paske yo resevwa espri rasanbleman an, yo kite tout bagay pou levanjil la” (Doctrines of Salvation, comp. Bruce R. McConkie, 3 vols. [1954–56], 3:256; italik nan orijinal la)

Rasanbleman fizik Izrayèl la vle di pèp alyans lan pral “rasanble nan peyi eritaj yo, epi yo pral etabli nan pwòp tè pwomiz yo” (2 Nefi 9:2).Tribi Efrayim ak Manase yo pral rasanble nan kontinan ameriken an. Tribi Jida a ap retounen nan vil Jerizalèm ak zòn alantou yo. Dis tribi pèdi yo ap resevwa benediksyon pwomiz yo nan men tribi Efrayim nan (gade D&A 133:26–34).

Lè legliz la te premye fwa etabli a, yo te mande Sen yo pou yo te rasanble Ohio, apresa Missouri, apresa nan Vale Salt Lake la. Men, jodia, pwofèt modèn yo anseye nou ke manm Legliz yo dwe bati wayòm Bondye a nan pwòp peyi yo. Èldè Russell M. Nelson te di: “Chwa pou vin jwenn Kris la se pa yon zafè lokasyon fizik; se yon zafè angajman endividyèl. Moun yo kapab ‘vin konnen Senyè a’ [3 Nefi 20:13] san yo pa kite peyi yo. Se vre ke, nan premye jou legliz la, konvèsyon te souvan vle di imigrasyon tou. Men kounyeya rasanbleman an fèt nan chak nasyon. … Lye rasanbleman pou Sen Brezilyen yo se nan Brezil; lye rasanbleman pou Sen Nijeryen yo se nan Nijerya; lye rasanbleman Sen Koreyen yo se nan Kore; elatriye. Siyon se ‘moun ki gen kè pi.’ [D&A 97:21.] Siyon se kèlkeswa kote Sen yo ye” (nan Conference Report, Oct. 2006, 85; oubyen Ensign, Nov. 2006, 81).

Rasanbleman fizik Izrayèl la pap fini anvan Dezyèm Vini Sovè a ak nan tout Milenyòm nan (gade Joseph Smith—Matye 1:37). Apresa pwomès Senyè a ap akonpli:

“Se poutèt sa, yon jou va rive, kote yo pa pral di ankò: Senyè a vivan, li menm ki te fè pitit Izrayèl yo soti nan peyi Lejip;

“Men, yo va di: Senyè a vivan, li menm ki te fè pitit Izrayèl yo soti kite peyi nan Nò yo ak tout lòt peyi kote li te gaye yo; wi, m ap mennen yo tounen nan peyi mwen te bay zansèt yo a” (Jeremi 16:14–15).

  • Nan ki fason ou te rasanble espirityèlman antanke youn nan pèp alyans Senyè a?

  • Nan ki fason ou te patisipe nan rasanbleman pou lòt moun?

Ekriti adisyonèl

Enprime