Liv yo ak Leson yo
Chapit 46: Jijman Final la


Chapit 46

Jijman Final la

Imaj
Resurrected Christ with arms outstretched stands above a throng of people of all races and times, some prone, some standing. The people on the right side of Christ are in the attitude of worship. The people on the left side of Christ are in anguish. Scenes of ruin are in the foreground and background. The Washington D.C. temple is pictured in the upper left corner.

Jijman Bondye

  • Ki jijman diferan ki vini anvan Jijman Final la? Nan ki fason tout jijman sa yo anrapò youn ak lòt?

Yo souvan di nou nan ekriti yo ke jou a gen pou vini kote nou pral kanpe devan Bondye pou yo jije nou. Nou bezwen konprann kijan jijman an fèt pou nou kapab prepare nou pou evenman enpòtan sa a.

Ekriti yo di nou pral jije selon zèv nou: “Epi mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fotèy la; liv yo te louvri. Apresa yon lòt liv te louvri, ki se liv lavi a, epi yo te jije moun mouri yo dapre zèv yo dapre sa ki te ekri nan liv yo” (Revelasyon 20:12; gade tou D&A 76:111; 1 Nefi 15:32; Abraram 3:25–28). Nou pral jije “dapre santiman ki nan kè [nou]” (D&A 137:9; gade Alma 41:3

Isit la sou tè a yo souvan jije nou dapre diyite nou pou resevwa opòtinite andedan wayòm Bondye a. Lè nou batize yo jije nou diy pou resevwa òdonans sa a. Lè nou aple pou sèvi nan legliz la oubyen yo entèvyouve nou pou yon avansman nan prètriz la oswa pou yon rekòmandasyon tanp, yo jije nou.

Alma te anseye ke lè nou mouri espri nou pral gen resevwa yon eta bonè oubyen mizè (gade Alma 40:11–15). Sa a se yon jijman.

Pawòl nou, aksyon nou, ak panse nou ap itilize pou jije nou

  • Imajine y ap jije nou pou tout panse nou pawòl nou, ak aksyon nou.

Pwofèt Alma te temwaye, “Pawòl nou yo ap kondane nou, wi tout zèv nou yo ap kondane nou; … epi panse nou yo ap kondane nou” (Alma 12:14).

Senyè a di: “Nan jou jijman an, lèzòm pral rann kont pou tout pawòl initil yo pale. Paske pa pawòl ou ou pral jistifye, epi pa pawòl ou ou pral kondane” (Matye 12:36–37).

Lafwa nan Jezikri ede nou prepare pou Jijman Final la. Atravè fidelite nou anvè li antanke disip ak repantans pou tout peche nou yo, nou ka jwenn padon pou peche nou yo epi vin pi ak sen pou nou kapb demere nan prezans li. Si nou repanti pou peche nou yo, si nou detounen de tout panse ak aksyon pa pwòp nou yo, Sentespri a ap chanje kè nou pou nou pa janm gen dezi pou peche ankò (gade Mozya 5:2). Lè sa a, lè n ap jije, y ap twouve nou diy pou antre nan prezans Bondye.

  • Panse sou sa ou kapab fè pou amelyore panse ou, pawòl ou ak aksyon ou.

Nou pral jije dapre liv yo

  • Apati ki liv yo pral jije nou? Kimoun ki pral jije nou?

Pwofèt Joseph Smith te di ke mò yo pral jije selon liv yo te kenbe sou tè a. Nou pral jije dapre “liv lavi a” ke yo kenbe nan syèl la tou (gade D&A 128:6–8).

“Tout moun … dwe prezante devan ‘fotèy jijman Sen Ezrayèl la … epi yo dwe … jije dapre jijman sen Bondye a.’ (II Nefi 9:15.) Epi selon vizyon Jan an, ‘Liv yo te louvri, epi yon yo te louvri yon lòt liv, ki se liv lavi a, epi mò yo te jije selon sa ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo. ’ (Rev. 20:12.) ’Liv’ yo yo pale la yo fè referans ak ‘rejis [travay nou] ke nou kenbe sou tè a. … Liv lavi a se rejis yo kenbe nan syèl la.’ (Dok. ak Al. 128:7.)” (Enseignements des présidents de l’église: Harold B. Lee [2000], 226–27).

Gen yon lòt rejis yo pral itilize pou jije nou tou. Apot Pòl te anseye ke nou menm poukont nou nou se rejis lavi nou (gade Women 2:15). Kò nou ak espri nou gen istwa total chak bagay nou te fè. Prezidan John Taylor te anseye verite sa a: [Endividi] a rakonte istwa tèt li, epi li rann temwayaj kont tèt li. … Rejis sa a ekri pa lòm li menm nan tablèt pwòp konsyans li, dokiman sa a pa ka bay manti nan jou yo pral dewoule li devan Bondye ak zanj yo, ak moun ki pral chita kòm jij yo” (Deseret News, Mas. 8, 1865, 179).

Apot Jan te anseye ke “Papa a pa jije pèsonn, men li remèt tou jijman nan men Pitit Gason an” (Jan 5:22). Pitit Gason an li menm, pral rele lòt moun pou ede li nan Jijman an. Douz ki te avèk li yo nan ministè l la pral jije douz tribi Izrayèl yo (gade Matye 19:28; Luke 22:30). Douz disip Nefit yo pral jije Nefit yo ak Lamanit yo (gade 1 Nefi 12:9–10; Mòmon 3:18–19).

Eritye yon plas nan yon wayòm glwa

  • Nan ki fason fidelite nou pandan lavi nou sou tè a pral enfliyanse lavi nou nan letènite yo ?

Nan Jijman Final la nou pral afekte nan yon kote nan wayòm nou merite a. Ekriti yo anseye sou twa wayòm laglwa—wayòm selès la, wayòm terès la, ak wayòm telès la (gade D&A 88:20–32).

Nan Doktrin ak Alyans 76, Senyè a dekri fason nou ka chwazi pou viv lavi mòtèl nou. Li te eksplike ke chwa nou yo apral detèmine ki wayòm nou prale. Nan revelasyon sa a, nou aprann ke menm manm Legliz yo ap eritye diferan wayòm paske yo p ap fidèl ak vanyan egalman nan obeyi Kris la.

Men kalite lavi nou ka chwazi pou nou viv ak ki wayòm chwa nou yo pral fè nou jwenn.

Selès

“Se moun ki te resevwa temwayaj Jezi, epi ki kwè nan non li epi te batize, … pou ke nan respekte kòmandman yo yo ka lave ak pirifye anba peche yo, epi resevwa Sentespri a.” Moun sa yo se moun ki venk mond lan pa lafwa yo. Yo se moun jis epi vrè ke Sentespri a kapab sele benediksyon sou yo. (Gade D&A 76:51–53.) Tout moun ki eritye pi wo degre laglwa nan wayòm selès yo, ki vin bondye, dwe marye nan tanp pou letan ak letènite tou (gade D&A 131:1–4). Tout moun ki eritye wayòm selès yo pral viv avèk Papa nou ki nan Syèl la ansanm ak Jezikri pou tout tan (gade D&A 76:62).

Atravè travay nou fè nan tanp yo, tout moun ki te viv sou tè a kapab gen menm opòtinite egal pou resevwa plenitid levanjil la ak òdonans sali yo pou yo ka eritye yon plas nan degre ki pi wo a nan wayòm selès la.

Terès

Moun ki rejte levanjil la sou tè a men ki resevwa li apresa nan mond lespri a. Moun sa yo se moun onorab latè yo ki te viv avegle epi pa t jwenn levanjil Jezikri a akoz riz lèzòm. Se moun ki te resevwa levanjil la ak yon temwyaj sou Jezi tou men ki pa t vanyan. Y ap resevwa vizit Jezikri men pa Papa nou ki nan Syèl la. (Gade D&A 76:73–79.)

Telès

Moun sa yo pa aksepte levanjil la ni temwayaj konsènan Jezi ni sou tè a ni nan mond lespri a. Yo pral soufri pou peche yo nan lanfè jiska apre Milenyòm nan, kote yo pral resisite. “Moun sa yo se mantè yo, chòche yo, adiltè yo, fònikatè yo, ak tout moun ki renmen manti epi ki pratike bay manti.” Moun sa yo osi anpil ke zetwal yo nan syèl la ak sab bò lanmè. Y ap resevwa vizit Sentespri a men pa Papa a ni Pitit Gason an. (Gade D&A 76:81–88, 103–6, 109.)

Tenèb deyò a

Sa yo se moun ki te gen temwayaj konsènan Jezi pa mwayen Sentespri a epi ki te konnen pouvwa Senyè a men ki pèmèt Satan venk yo. Yo renye laverite epi yo defye pouvwa Senyè a. Pa gen padon pou yo, paske yo renye Sentespri a apre ke yo fin resevwa li. Yo pap gen yon wayòm glwa. Yo pral viv nan tenèb, touman, ak mizè etènèl avèk Satan ak zanj li yo pou jamè. (Gade D&A 76:28–35, 44–48.)

Nou dwe prepare nou kounyeya pou Jijman an

  • Kisa nou dwe fè pou nou pare pou Jijman Final la?

An reyalite, chak jou se yon jou jijman. Pawòl nou, panse nou, ak aksyon nou an akò avèk lwa selès, terès, oswa telès. Lafwa nou nan Jezikri, jan nou montre sa nan aksyon chak jou nou yo, pral detèmine ki wayòm nou pral eritye.

Nou gen levanjil retabli Jezikri a nan plenitid li. Levanjil la se lwa wayòm selès la. Tout òdonans prètriz nesesè pou pwogresyon nou yo te revele. Nou te antre nan dlo batèm yo epi nou te fè alyans pou n viv lavi tankou Kris. Si nou fidèl epi nou kenbe alyans nou te fè yo, Senyè a di nou kisa jijman nou pral ye. Li pral di nou: “Vini, ou menm ki resevwa benediksyon Papa m, vin pran posesyon wayòm ki prepare pou ou depi nan fondasyon mond lan” (Matye 25:34).

Ekriti adisyonèl

Enprime