Liv yo ak Leson yo
Entwodiksyon


Entwodiksyon

Yon gid pou etid ak yon manyèl pou enstriktè

Prensip Levanjil la te ekri pou l vin alafwa yon gid etid pèsonèl ak yon manyèl pou enstriktè. Pandan w ap etidye li, an chèchan Lespri Senyè a, ou ka ogmante konpreyansyon ou ak temwayaj ou konsènan Bondye Papa a, Jezikri ak Ekspyasyon l la, ak Retablisman levanjil la. Ou ka jwenn repons pou kesyon lavi yo, ou ka akeri yon asirans sou objektif ou ak valè pèsonèl ou, epi ou ka fè fas ak pwoblèm pèsonèl ak familyal yo ak lafwa.

Enstriksyon pou anseye nan Legliz la ak lakay

Responsablite enstriktè se yon gwo responsablite ki enkli anpil opòtinite pou fòtifye lòt moun ak veye ke yo “nouri avèk bon pawòl Bondye a” (Mowoni 6:4). W ap anseye efikasman si ou suiv prensip sa yo:

  • Renmen moun w ap anseye yo.

  • Anseye pa Lespri.

  • Anseye doktrin nan.

  • Envite aprantisaj dilijan.

Renmen moun w ap anseye yo

Lè w montre lanmou pou moun w ap anseye yo, yo vin pi pare pou resevwa Lespri Senyè a. Yo vin pi kontan aprann ak pi ouvè avèk ou menm ak lòt moun. Eseye vin konnen moun w ap anseye yo, epi fè yo konnen ou sensèman sousye pou yo. Se pou ou montre sansiblite pou pwoblèm moun ki gen bezwen espesyal yo. Kreye yon anviwonman konfòtab nan klas ou pou patisipan yo kapab santi yo alèz pou mande w èd pou nenpòt kesyon yo genyen sou prensip levanjil yo ak sou fason pou yo aplike yo.

Lespri Senyè a ap prezan lè lanmou ak inite egziste. Senyè a di: “Men m ap ban nou yon kòmandman nouvo: se pou nou youn renmen lòt. Wi, se pou nou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an” (Jan 13:34).

Pou plis bagay sou sijè sa a, gade Ansèyman, pa gen pi gwo apèl, paj 31–39.

Anseye pa Lespri

Bagay ki pi enpòtan w ap janm anseye se doktrin Kris yo jan yo revele atravè ekriti yo epi pa pwofèt modèn yo ak jan yo konfime pa Sentespri a. Pou w ka fè sa efikasman, ou bezwen gen Lespri Senyè a. Senyè a di: “N ap resevwa Lespri a avèk priyè ki fèt avèk lafwa; epi si nou pa resevwa Lespri a nou pa dwe anseye” (D&A 42:14; gade tou D&A 50:13–22). Sentespri a se vrè enstriktè a, konsa li enpòtan pou w kreye yon anviwonman kote Lespri Senyè a kapab prezan.

Pou plis bagay sou sijè sa a, gade Ansèyman, pa gen pi gwo apèl, paj 41–48.

Anseye doktrin nan

Anvan ou anseye yon chapit, etidye l byen etidye pou w kapab asire ke w konprann doktrin nan. Etidye ekriti adisyonèl yo ki nan fen chapit la tou. W ap anseye avèk pi plis senserite ak pouvwa lè ansèyman yo ki nan chapit la enfliyanse ou pèsonèlman. Pa janm fè sipozisyon osijè doktrin Legliz la lè w pa konn repons lan klèman. Anseye sèlman sa ki sipòte pa ekriti yo, pawòl pwofèt ak apot dènye jou yo, ak Sentespri a (gade D&A 42:12–14; 52:9).

Si ou aple pou anseye yon kowòm oswa yon klas k ap itilize liv sa a, pa itilize lòt materyèl pou ranplase l, kèlkeswa jan yo kapab enteresan. Rete nan ekriti yo ak pawòl ki nan liv la. Si sa apwopriye, itilize eksperyans pèsonèl ak atik nan revi Legliz yo pou kore leson an.

Pou plis bagay sou sijè sa a, gade Ansèyman, pa gen pi gwo apèl, paj 50–59.

Envite aprantisaj dilijan

Lè w ap anseye, ede lòt moun yo wè kijan prensip levanjil yo aplike nan lavi chak jou. Ankouraje diskisyon sou fason prensip sa yo kapab afekte santiman nou sou Bondye, sou tèt nou, fanmi nou, ak pwochen nou. Ankouraje patisipan yo pou yo viv selon prensip yo.

Eseye angaje pi plid moun posib nan leson yo. Ou ka fè sa nan envite yo pou yo li, reponn kesyon, oubyen pataje eksperyans, men fè sa sèlman lè ou si ke sa pap anbarase yo. Ou gen dwa bay patisipan yo tach espesyal pandan w ap prepare leson yo. Montre sansiblite pou bezwen ak santiman lòt moun yo. Ou kapab pale anprive avèk kèk moun anvan yon leson pou mande kijan yo santi yo sou patisipe nan klas la.

Pou plis bagay sou sijè sa a, gade Ansèyman, pa gen pi gwo apèl, paj 61–74.

Èd adisyonèl pou enstriktè yo

Chak chapit nan liv sa a gen youn oubyen de nòt pou enstriktè yo. Nòt sa yo gen ide ki kapab ede ou nan efò ou pou renmen moun w ap anseye yo, pou anseye pa Lespri a, pou anseye doktrin nan, ak pou envite aprantisaj dilijan pami moun w ap anseye yo.

Enprime