Liv yo ak Leson yo
Chapit 20: Batèm


Chapit 20

Batèm

Imaj
A Hispanic missionary baptizing a Hispanic man in a large font or pool.

Kòmandman pou batize a

  • Poukisa nou dwe batize?

Jodi a, menmjan ak nan tan Jezi a, gen kèk prensip ak òdonans levanjil nou dwe aprann ak obeyi. Yon prensip levanjil se yon vrè kwayans oswa ansèyman. Yon òdonans se yon rit oubyen yon seremoni. De premye prensip levanjil yo se lafwa nan Senyè Jezikri ak repantans. Batèm se premye òdonans levanjil la. Youn nan enstriksyon Senyè a te bay Apot li yo sete: “Ale, fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, ak Pitit la ak Sentespri a. Anseye yo pou yo obsève tout sa mwen te ba nou lòd fè” (Matye 28:19–20).

Nou dwe batize pou remisyon peche nou

Lè nou mete lafwa nou nan Jezikri, nou repanti, epi nou batize, peche nou yo padone gras ak Ekspyasyon Jezikri a. Nan ekriti yo nou aprann ke Jan Batis “te batize nan dezè a, li t ap preche batèm repantans pou remisyon peche” (Mak 1:4). Apot Pyè te anseye: “Repanti, epi youn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri pou Bondye padone tou peche nou yo” (Travay 2:38). Apre Pòl te fin konvèti, Ananyas te di li: “Leve, epi resevwa batèm, pou tout peche w yo ka lave” (Travay 22:16).

Nou dwe batize pou nou vin manm Legliz Jezikri a

“Tout moun ki imilye yo devan Bondye, epi ki vle batize … ki … vrèman repanti pou tout peche yo … yo dwe resevwa yo pa batèm nan legliz li a” (D&A 20:37).

Nou dwe batize anvan nou ka resevwa don Sentespri a

Senyè a di: “Si w retounen vin jwenn mwen, epi … w repanti pou tout transgresyon [peche] ou yo, epi w batize nan dlo menm, nan non Sèl Pitit Gason Literal mwen an, … w ap resevwa don Sentespri a” (Moyiz 6:52).

Nou dwe batize pou montre obeyisans nou

Jezikri te san peche, men li te batize. Li te di batèm te nesesè “pou akonpli tout jistis” (Matye 3:15). Pwofèt Nefi te eksplike ke Senyè a te di li: “Swiv mwen, e fè bagay nou te wè m fè yo … avèk tout kè nou, san fè ipokrizi, ni foub devan Bondye, men avèk yon entansyon reyèl, si nou repanti nan peche nou yo, si nou temwaye devan Papa a pou fè konnen nou vle pran non Kris la sou tèt nou, pa mwayen batèm” (2 Nefi 31:12–13).

Nou dwe batize pou n antre nan wayòm selès la

Jezi te di: “Nenpòt moun ki kwè nan mwen, epi ki batize … ap eritye wayòm Bondye a. Epi nenpòt moun ki pa kwè nan mwen, ap kondane” (3 Nefi 11:33–34). Batèm se pòt pou nou antre nan chemen ki mennen nan wayòm selès la (gade 2 Nefi 31:17–18).

Fason kòrèk pou batèm nan

  • Kijan nou dwe batize?

Gen yon sèl fason kòrèk pou batèm. Jezi te revele Pwofèt Joseph Smith ke yon moun ki gen otorite prètriz nesesè pou batize a “dwe desann nan dlo a avèk moun ki prezante tèt li pou batèm nan. … Apre sa li dwe plonje l anba dlo a, epi soti l nan dlo a” (D&A 20:73–74). Imèsyon (plonje nan dlo) a nesesè. Apot Pòl te anseye ke plonje anba dlo a epi soti nan dlo a ankò a se senbòl lanmò, antèman, ak rezirèksyon. Apre batèm nan nou kòmanse yon lavi nouvèl. Pòl te di:

“Èske nou pa konn sa, nou tout ki resevwa batèm pou n te fè youn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè youn avè l nan lanmò li?

“Se sa k fè, avèk batèm nou an, nou te antere ansanm avè l, nou te mouri ansanm avè l tou. Men, menmjan Papa a te fè l leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.

“Menmjan nou fè youn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou na fè youn avè li, paske na leve soti vivan nan lanmò tankou l tou” (Women 6:3–5).

Batèm pa imèsyon pa yon moun ki gen otorite nesesè a se sèl fason akseptab pou yon moun batize.

  • Poukisa otorite pou akonpli yon batèm enpòtan?

  • Nan ki fason batèm pa imèsyon an se menmjan avèk antèman ak Rezirèksyon Sovè a?

Batèm nan laj responsablite

  • Kiyès ki dwe batize?

Tout moun ki atenn laj yuitan epi ki responsab aksyon li dwe batize. Gen kèk legliz ki anseye ke timoun piti yo dwe batize. Sa pa konfòm avèk ansèyman Sovè a te bay yo. Lè Jezi te pale de timoun piti yo, li te di: “Wayòm syèl la se pou moun ki tankou yo” (Matye 19:14).

Pwofèt Mòmon te di ke se yon zak ki grav devan Bondye, pou timoun piti yo ta batize, paske yo pa kapab peche. Menmjan tou, batèm pa nesesè pou moun ki andikape mantal yo paske yo pa kapab disène ant byen ak mal (gade Mowoni 8:9–22).

Tout lòt moun dwe batize. Nou dwe resevwa òdonans batèm nan epi rete fidèl nan alyans nou te fè yo nan moman sa a.

  • Kisa w ka di yon zanmi ki panse ke timoun piti yo bezwen batize?

Nou fè alyans lè nou batize

Anpil ekriti anseye sou batèm. Nan youn nan ekriti sa yo, Pwofèt Alma te anseye ke lafwa ak repantans se etap ki prepare nou pou batèm. Li te anseye ke lè nou batize nou fè yon alyans avèk Senyè a. Nou pwomèt pou n fè kèk bagay, epi Bondye pwomèt pou beni nou an retou.

Alma te eksplike ke nou dwe gen dezi pou yo rele nou pèp Bondye a. Nou dwe dispoze pou youn ede ak rekonfòte lòt. Nou dwe kanpe kòm temwen Bondye tout tan epi nan tout bagay ak nan tout kote. Si nou fè bagay sa yo epi nou batize, Bondye ap padone nou peche nou yo. Alma te di moun ki te kwè nan ansèyman l yo sou levanjil la:

“Gade, men dlo Mòmon yo.… Kounyeya etandone nou vle antre nan twoupo Bondye a, pou nou pote non pèp li a, … kisa ki anpeche nou batize nan non Senyè a, kòm yon temwayaj devan l pou nou montre l nou te fè alyans avèk li, n ap sèvi l e n ap respekte kòmandman l yo, pou l kapab vide Lespri l sou nou avèk plis abondans?” (Mozya 18:8, 10). Moun yo te bat bravo ak kontantman epi yo te di ke dezi yo sete pou yo te batize. Alma te batize yo nan Dlo Mòmon yo. (Gade Mozya 18:7–17.)

Alma te anseye ke lè nou batize nou fè alyans avèk Senyè a pou:

  1. Antre nan twoupo Bondye a.

  2. Youn ede pote fado lòt.

  3. Kanpe kòm temwen Bondye tout tan epi nan tout kote.

  4. Sèvi Bondye epi respekte kòmandman l yo.

Lè nou batize epi nou kenbe alyans batèm nou yo, Senyè a pwomèt pou:

  1. Padone peche nou yo (gade Travay 2:38; D&A 49:13).

  2. Devèse Lespri li sou nou avèk plis abondans (gade Mozya 18:10).

  3. Ba nou gidans ak èd Sentespri a chak jou (gade Travay 2:38; D&A 20:77).

  4. Fè nou leve nan Premye Rezirèksyon an (gade Mozya 18:9).

  5. Ba nou lavi etènèl (gade Mozya 18:9).

  • Kisa ou panse sa vle di pou youn pote fado lòt? pou kanpe kòm yon temwen Bondye tout tan ak nan tout kote?

Batèm bay yon nouvo kòmansman

Avèk batèm nou kòmanse yon lavi nouvèl. Se poutèt sa nou rele li yon renesans. Jezi te di si nou pa fèt ankò nan dlo ak nan Sentespri a, nou pa ka antre nan wayòm Bondye a (gade Jan 3:3–5). Yo te eksplike Adan prensip sa a klèman:

“Toutotan nou fèt nan mond lan avèk dlo, ak san, ak lespri a m te fè a, epi konsa pousyè a vin tounen yon nanm vivan, se konsa ou dwe fèt ankò nan wayòm Bondye a, avèk dlo, epi avèk Lespri a, epi pou nou lave avèk san, san Sèl Pitit Literal mwen an menm” (Moyiz 6:59).

Apot Pòl te di ke apre batèm nou nou dwe kòmanse yon nouvo lavi: “Se sa k fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avèk li; … konsa tou nou menm nou dwe mennen yon lòt lavi” (Women 6:4). Youn nan pi gwo benediksyon batèm sèke li ba nou posiblite yon nouvo depa sou wout nou pou ale nan lavi etènèl la.

  • Nan ki fason batèm ou sete yon nouvo depa?

Ekriti adisyonèl

Enprime