Liv yo ak Leson yo
Chapit 44: Dezyèm Vini Jezikri a


Chapit 44

Dezyèm Vini Jezikri a

Imaj
The resurrected Jesus Christ (wearing white robes with a magenta sash) standing above a large gathering of clouds. Christ has His arms partially extended. The wounds in the hands of Christ are visible.

N ap tann Dezyèm Vini Sovè a

Pandan karant jou apre Rezirèksyon l lan, Jezi ak Apot li yo te reyini ansanm sou Montay Olivye a. Tan te rive pou Jezi te kite tè a. Li te akonpli tout travay li te gen pou l te fè nan epòk la. Li te dwe retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la jiskaske lè Dezyèm Vini an te rive.

Lè l te fin bay Apot li yo enstriksyon, Jezi te monte nan syèl la. Pandan Apot yo t ap gade syèl la, de zanj te parèt bò kote yo epi yo te di : “Moun Galile yo, poukisa nou kanpe ap gade syèl la konsa? menm Jezi sa a ki fèk sot nan mitan nou an pou monte nan syèl la, li gen pou l retounen menm jan nou wè l monte nan syèl la” (Travay 1:11).

Apati moman sa a jiska jou jodi a, disip Jezikri yo ap tann Dezyèm Vini an.

Kisa Jezi pral fè lè l vini ankò?

Lè Jezikri vini sou tè a ankò, la pral fè bagay sa yo:

  1. Li pral pirifye tè a. Lè Jezi vini ankò, li pral vini avèk puisans ak gwo laglwa. Nan moman sa a mechan yo pral detwi. Tout bagay ki kowonpi pral brile, epi tè a pral pirifye pa dife (gade D&A 101:24–25).

  2. Li pral jije pèp li a. Lè Jezi vini ankò, li pral jije nasyon yo epi li pral separe moun jis yo avèk mechan yo (gade Matye 25:31–46; gade chapit 46 nan liv sa a tou). Jan, Revelatè a, te ekri sou jijman sa a: “Mwen te wè yon bann fotèy, moun ki te chita sou fotèy yo te resevwa pouvwa pou rann jijman. An menm tan tou mwen te wè nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t ap bay temwayaj Jezi, ak pawòl Bondye a, … epi yo te viv epi gouvène avèk Kris la pandan mil ane.” Li te wè mechan yo tou “yo pa t leve soti vivan jiskaske mil ane a te fini” (Revelasyon 20:4–5; gade tou D&A 88:95–98).

  3. Li pral entwodui Milenyòm nan. Milenyòm nan se peryòd mil an an kote Jezi pral reye sou tè a. Moun jis yo pral anlve pou al rankontre Jezi lè l ap vini an (gade D&A 88:96). Vini l la ap kòmanse rèy milenè a. (Gade chapit 45 nan liv sa a.)

    Prezidan Brigham Youn te di:

    “Nan Milenyòm nan, lè wayòm Bondye a etabli sou tè a an puisans ak glwa ak pèfeksyon an, epi rèy mechanste ki te dire si lontan an kraze, Sen Bondye yo pral gen privilèj pou bati tanp yo, epi pou yo antre ladan yo, pou yo vin tounen, jan sa te ye, pilye tanp Bondye yo [gade Revelasyon 3:12], epi yo pral ofisye pou mò yo. Apresa nou pral wè zanmi nou yo leve, epi petèt kèk nan moun nou konnen. … Epi nou pral gen revelasyon pou konnen zansèt nou yo rive jis nan Papa nou Adan ak Manman nou Èv, epi na pral antre nan tanp Bondye yo pou n al ofisye pou yo. Epi apre [timoun] pral sele avèk [paran] yo jiskaske chenn nan vin yon chenn Prètriz pafè soti nan Adan rive nan sèn final la” (Enseignements des présidents de l’église: Brigham Young [1997], 333–34).

  4. La pral konplete Premye Rezirèksyon an Moun ki gen dwa pou leve nan rezirèksyon jis yo ap leve soti nan tonm yo. Yo pral anlve pou y al rankontre Sovè a lè l ap desann soti nan syèl la. (Gade D&A 88:97–98.)

    Lè Jezikri te leve soti nan lanmò a, gen lòt moun jis ki te mouri ki te resisite tou. Yo te parèt nan Jerizalèm ak nan kontinan Ameriken an tou. (Gade Matye 27:52–53; 3 Nefi 23:9–10.) Sa sete kòmansman Premye Rezirèksyon an. Gen moun ki te resisite depi lè sa a. Moun ki te deja resisite yo ak sa ki ap resisite yo nan moman l ap vini an apral eritye laglwa wayòm selès la (gade D&A 76:50–70).

    Apre rezirèksyon moun ki pral eritye laglwa selès yo, yon lòt gwoup pral resisite: moun ki pral resevwa laglwa terès yo. Lè tout moun sa yo fin resisite, Premye Rezirèksyon an ap total.

    Mechan ki ap viv nan tan Dezyèm Vini Senyè a pral detwi nan lachè yo. Yo menm tou, ansanm avèk mechan yo ki te deja mouri yo, yo pral gen pou tann jiska dènye rezirèksyon an. Tout rès mò yo ap leve pou rankontre Bondye. Yo pral eritye wayòm telès la oubyen yo pral chase al nan tenèb avèk Satan (gade D&A 76:32–33, 81–112).

  5. Li pral pran plas ki revni li antanke Wa syèl la ak tè a. Lè Jezi vini, li pral etabli gouvènman li sou tè a. Legliz la pral vin fè pati wayòm sa a. Li pral gouvène tout pèp sou tè a anpè pandan 1.000 ane.

    Lè Jezikri te vini sou tè a premye fwa a, li pa t vini an glwa. Li te fèt nan yon enb etab epi li te kouche nan yon ganmèl. Li pa t vini avèk gwo lame jan Jwif yo t ap tann Sovè yo a vini an. Men olyesa, li te vin di: “Renmen enmi nou, … fè byen pou moun ki rayi nou, epi priye pou moun k ap maltrete nou” (Matye 5:44). Yo te rejte li epi krisifye li. Men yo pap ka rejte li nan Dezyèm Vini l la: “paske tout zòrèy pral tande l, epi tout jenou pral pliye, epi tout lang pral konfese” ke Jezi se Kris la (D&A 88:104). Yo pral akeyi li antanke “Senyè tout Senyè, ak Wa tou wa” (Revelasyon 17:14). Li pral rele “Mèveye, Konseye, Bondye Puisan an, Papa etènèl la, Prens lapè a” (Ezayi 9:6).

  • Ki panse ak santiman ou genyen pandan w ap panse ak evenman Dezyèm Vini yo?

Kijan nou pral konnen lè vini Sovè a pwòch ?

Lè Jezikri te fèt, pa t gen anpil moun ki te konnen Sovè mond lan te vini. Lè l vini ankò, pap gen okenn dout sou kiyès li ye. Okenn moun pa konnen moman egzat Sovè a ap vini ankò a. “Pèsonn pa konnen lè a ni jou a, ni zanj yo ki nan syèl la, men Papa m sèlman” (Matye 24:36; gade tou D&A 49:7).

Senyè a te itilize yon parabòl pou l te bay yon ide sou lè l ap vini an:

“Kounyeya pran lesonsou pye fig la; Lè branch li kòmanse boujonnen, kou l pouse fèy, nou konnen lete sou nou:

“Se konsa tou, lè na wè bagay sa yo rive, nou mèt konnen mwen nan pa pòt la” (Mak 13:28–29).

Senyè a ba nou kèk siy pou fè nou konnen kilè vini l lan pwòch tou. Lè l te fin revele siy yo, li te avèti:

“Se poutèt sa, veye, paske nou pa konn kilè Senyè nou an ap vini. …

“… Se pou nou toujou pare, paske Pitit Gason an ap vini lè nou pa ta kwè” (Matye 24:42, 44).

Pou plis enfòmasyon sou kijan pou nou konnen Dezyèm Vini an pwòch, gade chapit 43 nan liv sa a.

Kijan nou ka pare lè Sovè a vini?

Pi bon fason nou ka prepare pou vini Sovè a se aksepte ansèyman levanjil yo epi enkli yo nan lavi nou. Nou dwe viv chak jou pi byen nou kapab, jan Jezi te anseye lè l te sou tè a. Nou ka koute direksyon pwofèt la epi suiv konsèy li. Nou ka viv diy pou resevwa Sentespri a kòm gid nou. Apresa n ap tann vini Sovè a avèk lajwa non pa avèk krent. Senyè a te di: “Pa pè, ti twoupo, wayòm nan pouou jistan m vini. Gade, m ap vini rapid rapid. Se sa menm. Amèn” (D&A 35:27).

  • Poukisa nou dwe sousye plis sou preparasyon nou olye sou tan egzat Dezyèm Vini an?

Ekriti adisyonèl

Enprime