Liv yo ak Leson yo
Chapit 21: Don Sentespri a


Chapit 21

Don Sentespri a

Imaj
A young girl being confirmed. Two men are standing behind her with their hands on her head.

Sentespri a

Nan chapit 7 la nou te aprann ke Sentespri a se yon manm Divinite a. Li se “yon pèsonaj Lespri” (D&A 130:22). Li pa gen yon kò lachè ak zo. Enfliyans li kapab tout kote alafwa. Misyon li se pou rann temwayaj konsènan Papa a ak Pitit Gason an ak tout verite. Epitou, Sentespri a pirifye nou, oubyen sanktifye nou, pou prepare nou pou n demere nan prezans Bondye. Sentespri a pirifye kè nou pou nou kapab pa gen dezi pou fè mal ankò.

Gen yon diferans ant Sentespri a ak don Sentespri a. Nan chapit sa a nou pral aprann sa don Sentespri a ye ak ki fason nou ka resevwa gwo don sa a nan men Bondye.

Don Sentespri a

  • Ki diferans ki genyen ant Sentespri a ak don Sentespri a?

Don Sentespri a se yon privilèj—yo fè moun ki mete lafwa yo nan Jezikri, ki batize, ki konfime kòm manm Legliz la—pou resevwa direksyon ak enspirasyon konstan nan men Sentespri a.

Joseph Smith te di ke nou kwè nou benefisye don Sentespri a kounyeya nan menm mezi avèk tan pa premye Apot yo. Nou kwè nan don sa a nan tout plenitid li, nan tou pisans li, grandè li, ak glwa li. (Gade Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith [2007], 97–98.)

Yon moun kapab gide tanporèman pa Sentespri a san l pa resevwa don Sentespri a (gade D&A 130:23). Sepandan, gidans sa a pa p kontinye si moun nan pa batize epi resevwa don Sentespri a pa enpozisyon men. Nou li nan Travay 10 ke Kònèy, sòlda Women an, te resevwa enspirasyon nan men Sentespri a pou l te ka konnen ke levanjil Jezikri a te vrè. Men Kònèy pa t resevwa don Sentespri a pazavan l te fin batize. Pwofèt Joseph Smith te anseye ke si Kònèy pa t resevwa batèm ak don Sentespri a, Sentespri a t ap kite li (gade Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith, 97).

Jodi a, anpil moun ki pa manm Legliz la aprann pa pouvwa Sentespri a ke Liv Mòmon an vrè (gade Mowoni 10:4–5). Men temwayaj sa a kite yo si yo pa resevwa don Sentespri a. Yo pa resevwa asirans kontinyèl ke moun ki gen don Sentespri a ap jwi yo.

Resevwa don Sentespri a

  • Kisa nou dwe fè pou resevwa konpayi konstan Sentespri a?

Lè moun yo fin batize, yo konfime kòm manm Legliz la epi yo resevwa don Sentespri a pa enpozisyon men. Senyè a te di: “Epi nenpòt moun ki gen lafwa, ou dwe konfime l nan legliz mwen an, pa enpozisyon men, epi m ap mete don Sentespri a sou yo.” (D&A 33:15).

Chak ansyen ki diy nan legliz la, si l otorize, kapab bay yon lòt moun don Sentespri a. Sepandan, pa gen anyen ki garanti ke moun nan ap resevwa enspirasyon ak gidans nan men Sentespri a jis paske ansyen yo te mete men sou tèt li. Chak moun dwe “resevwa Sentespri a.” Ki vle di Sentespri a pral avèk nou sèlman si nou fidèl ak si nou gen dezi pou n jwenn èd nan men mesaje selès sa a.

Pou nou diy pou resevwa èd Sentespri a, nou dwe efòse nou pou n sensèman obeyi kòmandman Bondye yo. Nou dwe kenbe panse nou ak aksyon nou pwòp.

Rekonèt enfliyans Sentespri a

Sentespri a abityèlman kominike avèk nou dousman. Yo souvan fè referans ak enfliyans li antanke yon “ti vwa dous” (gade 1 Wa 19:9–12; Elaman 5:30; D&A 85:6). Prezidan Boyd K. Packer te eksplike: “Sentespri a pale avèk yon ti vwa ke nou santi plis pade nou tande. … Pandan ke nou pale de ‘koute’ enspirasyon Lespri a, pi souvan moun dekri yon enspirasyon espirityèl kote yo di, ‘M te santi ….’” Li kontinye: “Vwa Lespri sa a pale dousman, pandan l ap enspire nou sa pou nou fè oswa sa pou nou di, oubyen li ka avèti nou oswa mete nou angad” (nan Conference Report, Okt. 1994, 77; oswa Ensign, Nov. 1994, 60).

Youn nan pi gwo don Bondye yo

  • Ki benediksyon nou ka resevwa atravè don Sentespri a?

Don Sentespri a se youn nan pi gwo don Bondye ba nou. Pa lentèmedyè Sentespri a nou kapab konnen ke Bondye vivan, ke Jezi se Kris la, epi Legliz li a te retabli sou tè a. Nou kapab benefisye enspirasyon Sentespri a pou montre nou tout sa nou dwe fè (gade 2 Nefi 32:5). Sentespri a sanktifye nou pou prepare nou pou prezans Bondye. Nou kapab benefisye don Lespri yo (gade chapit 22 nan liv sa a.) Gwo don sa a Papa nou ki nan Syèl la ba nou an pote lapè nan kè nou ak yon konpreyansyon sou bagay Bondye yo (gade 1 Korentyen 2:9–12).

  • Poukisa don Sentespri a se youn nan pi gwo don Bondye ba nou?

Ekriti adisyonèl

Enprime