Chapit 34
Devlope talan nou
Nou tout gen talan ak aptitid diferan
Nou tout gen don, talan, ak aptitid Papa nou ki nan syèl la ba nou. Lè nou te fèt, nou te pote don, talan, ak aptitid sa yo avèk nou (gade chapit 2 nan liv sa a).
Pwofèt Moyiz sete yon gran dirijan, men li te bezwen Aawon, frè li, pou ede l kòm pòtpawòl (gade Egzòd 4:14–16). Gen kèk nan nou ki se dirijan, menmjan ak Moyiz, oubyen bon oratè tankou Aawon. Gen nan nou ki ka chante byen oubyen jwe yon enstriman. Gen nan nou ki ka bon nan espò oubyen ki gen aptitid pou kapab travay byen avèk men nou. Nou ka wè gen talan tankou konprann lòt moun, pasyans, bon jan, oubyen kapasite pou anseye lòt moun.
-
Èske ou benefisye de talan lòt moun?
Nou dwe itilize ak devlope talan nou
-
Kijan nou ka devlope talan nou?
Nou gen yon responsablite pou devlope talan yo ba nou yo. Pafwa nou panse nou pa gen anpil talan oubyen ke lòt moun gen plis aptitid pase nou. Pafwa nou pa itilize talan nou paske nou pè pou nou pa echwe oubyen pou yo pa kritike nou. Nou pa dwe kache talan nou yo. Nou dwe itilize yo. Lè sa a, lòt moun va wè bon zèv nou epi ya glorifye Papa nou ki nan Syèl la (gade Matye 5:16).
Gen kèk bagay nou dwe fè pou devlope talan nou. Premyèman, nou dwe dekouvri talan nou. Nou dwe egzamine tèt nou pou chèche konn fòs nou ak aptitid nou. Fanmi nou ak zanmi nou kapab ede nou fè sa. Nou dwe mande Papa nou ki nan Syèl la pou ede nou rekonèt talan nou tou.
Dezyèmman, nou dwe dispoze pou pase tan ap fè efò pou devlope talan n ap chèche a.
Twazyèmman, nou dwe gen lafwa ke Papa nou ki nan Syèl la ap ede nou, epi nou dwe gen lafwa nan tèt nou.
Katriyèmman, nou dwe aprann konpetans nesesè yo pou nou devlope talan nou yo. Nou dwe fè sa nan pran yon klas, mande yon zanmi pou anseye nou, oubyen li yon liv.
Senkyèmman, nou dwe fè pratik itilize talan nou an. Chak talan mande efò ak travay pou l devlope. Metriz yon talan mande travay pou genyen li.
Sizyèmman, nou dwe pataje talan nou avèk lòt moun. Se lè nou itilize talan nou yo devlope (gade Matye 25:29).
Tout etap sa yo vin pi fasil si nou priye epi chèche èd Senyè a. Li vle nou devlope talan nou yo, e l ap ede nou.
Nou ka devlope talan nou malgre feblès nou yo
-
Nan ki fason nou ka devlope talan nou yo malgre feblès nou?
Paske nou mòtèl epi nan eta dechi, nou gen feblès. Avèk èd Senyè a, nou kapab simonte feblès nou ak nati dechi nou (gade Etè 12:27, 37). Beethoven te konpoze pi gwo mizik li yo pandan l te soud. Enòk te simonte lantè li te genyen nan pale epi l te vin yon gwo enstriktè (gade Moyiz 6:26–47).
Gen kèk gwo atlèt ki te oblije simonte andikap anvan yo te reyisi devlope talan yo. Shelly Mann sete yon egzanp konsa. “Nan laj senkan li te fè maladi polyo. … Paran li te mennen l nan pisin chak jou avèk espwa ke dlo a t ap ede l leve bra li pandan l t ap eseye pou itilize yo ankò. Lè l te reyisi leve yon bra soti nan dlo a pa pwòp fòs li, li te kriye ak lajwa. Apresa li te fikse bi pou naje nan tout lajè pisin nan, epi nan tout longè li, epi pou l te fè sa plizyè fwa. Li te kontinye eseye, naje, andire, jou apre jou, jiskaske li te pran meday lò [Olenpik] la pou naj papiyon—youn nan kategori naje ki pi difisil nan tout yo” (Marvin J. Ashton, nan Conference Report, Avr. 1975, 127; oswa Ensign, Me 1975.
Heber J. Grant te simonte anpil nan feblès li pou l te fè yo vin tounen talan. Li te gen pawòl sa yo kòm deviz: “Sa nou pèsiste fè vin pi fasil pou nou fè; non pa paske nati bagay la chanje, men paske pouvwa nou pou fè li ogmante” (nan Enseignements des présidents de l’église: Heber J. Grant [2002], 35).
Senyè a ap beni nou si nou itilize talan nou yo avèk sajès
Prezidan Joseph F. Smith te di: “Chak pitit gason ak pitit fi Bondye te resevwa yon talan, epi yo chak ap estrikteman responsab pou bon oswa move itilizasyon yo fè avèk li” (Gospel Doctrine, 5th ed. [1939], 370). Yon talan se tankou yon entandans (responsablite nan wayòm Bondye a). Parabòl talan an di nou ke lè nou sèvi byen nan entandans nou, n ap resevwa pi gwo responsablite. Si nou pa sèvi byen, y ap finalman retire entandans la nan men nou. (Gade Matye 25:14–30.)
Yo di nou tou nan ekriti yo ke nou pral jije selon zèv nou (gade Matye 16:27). Lè nou devlope ak itilize talan nou pou lòt moun, nou akonpli bon zèv.
Senyè a kontan lè nou itilize talan nou avèk sajès. L ap beni nou si nou itilize talan nou pou benefis lòt moun ak pou bati wayòm ni an isit la sou tè a. Kèk nan benediksyon nou resevwa se lajwa ak lanmou lè nou sèvi frè n ak sè nou yo isit la sou tè a. Nou aprann metrize tèt nou tou. Tout bagay sa yo nesesè si nou vle diy pou n al viv avèk Papa nou ki nan Syèl la ankò.
-
Ki kèk egzanp moun ki gen talan ou konnen ki te manyifye paske yo te itilize yo avèk sajès? (Panse ak moun ou konnen oubyen moun nan ekriti yo oubyen nan istwa legliz la.)
Ekriti adisyonèl
-
Jak 1:17 (don yo soti nan Bondye)
-
D&A 46:8–11; 1 Timote 4:14 (chèche ak devlope don)
-
2 Korentyen 12:9 (bagay fèb yo vin fò)
-
Revelasyon 20:13; 1 Nefi 15:33; D&A 19:3 (jije pa zèv nou yo)
-
Ebre 13:21 (fè bon zèv)