Liv yo ak Leson yo
Chapit 28: Sèvis


Chapit 28

Sèvis

Imaj
Jesus Christ with the twelve apostles. Christ (depicted wearing a white robe with a yellow sash), is kneeling before one of the apostles as He washes the feet of that apostle. The other eleven apostles are gathered around a table (having just completed the last supper). They are watching Christ. (John 13:1-20)

Kijan nou ka sèvi

  • Panse sou fason moun te sèvi ou menm ak manm fanmi ou.

Jezi te di: “Mwen menm mwen nan mitan nou antanke moun k ap sèvi nou” (Luke 22:27). Antanke vrè disip Jezi, nou menm tou nou dwe sèvi lòt moun.

Sèvis se ede lòt moun ki bezwen èd. Nou sèvi kretyènman lè nou devlope amou sensè pou Sovè a ak lanmou ak sousi pou moun li ba nou opòtinite ak direksyon pou sèvi yo. Lanmou plis pase yon santiman; lè nou renmen lòt moun, nou anvi ede yo.

Nou tout dwe dispoze pou sèvi, kèlkeswa revni nou, laj nou, oswa pozisyon sosyal nou. Gen moun ki panse ke se sèlman moun pòv ak moun ki pa genyen nou dwe rann sèvis. Gen lòt moun ki panse ke yo dwe rann sèlman moun rich sèvis. Men Jezi te anseye yon lòt fason. Lè manman de disip li yo te mande li pou onore pitit gason yo nan wayòm ni an, Jezi te reponn: “Si youn nan nou ta vle gran, se pou l sèvi nou; e tout moun ki ta renmen chèf nan pami nou, se pou l sèvitè nou” (Matye 20:26–27).

Gen anpil fason pou sèvi. Nou ka ede lòt moun ekonomikman, sosyalman, fizikman, ak espirityèlman. Pa egzanp, nou ka pataje manje oswa lòt bagay bay moun ki bezwen yo. Nou ka ede moun ki nan bezwen nan fè yon ofrann jèn jenere. Nou ka vin zanmi yon moun ki fèk vini. Nou ka plante yon jaden pou yon granmoun oubyen pran swen yon moun ki malad. Nou ka anseye levanjil la bay yon moun ki bezwen laverite ak rekonfòte yon moun ki nan lapenn.

Nou ka fè ti aksyon sèvis ak gwo sèvis. Nou pa dwe janm manke ede yon moun sou pretèks ke nou pa kapab fè gran choz. Yon vèv te rakonte istwa de timoun ki te vin frape nan pòt li yon ti tan apre l te vin abite nan yon nouvo vil. Timoun yo te pote yon panye manje avèk yon nòt ki te ekri: “Si w bezwen nou pou al achte nenpòt bagay, rele nou.” Vèv la te kontan pa ti zak jantiyès sa a e li p at janm bliye li.

Men, pafwa nou dwe sakrifye anpil pou sèvi yon moun. Sovè a te bay lavi li nan sèvi nou.

  • Panse avèk moun nan fanmi nou oswa nan kominote nou ki nan bezwen ekonomikman, sosyalman, fizikman, oswa espirityèlman. Medite sou sa nou kapab fè pou sèvi yo.

Poukisa Sovè a vle nou sèvi lòt moun

  • Poukisa Senyè a vle nou sèvi lòt moun?

Se nan sèvi gason ak fi ak ti gason ak tifi ke nou fè travay Bondye a. Prezidan Spencer W. Kimball te eksplike: “Bondye remake nou, epi l ap veye sou nou. Men li abityèlman fè sa atravè yon lòt moun ki reponn bezwen nou” (Enseignements des présidents de l’église: Spencer W. Kimball [2006], 82).

Pandan tout lavi nou, nou tout bezwen èd lòt moun. Lè nou te piti, paran nou te nouri nou, abiye nou, ak pran swen nou. San swen sa a nou t ap mouri. Lè nou te grandi, lòt moun te anseye nou talan ak aptitid. Anpil nan nou te bezwen swen nan yon maladi oswa lajan nan yon moman kriz finansye. Gen nan nou ki mande Bondye pou beni moun k ap soufri epi apresa yo pa fè anyen pou yo. Nou dwe sonje ke Bondye travay pa lentèmedyè nou.

Lè nou youn ede lòt, n ap sèvi Bondye. Wa Benjamen, yon gwo wa nan epòk Liv Mòmon an, te anseye pèp li a prensip sa a pa fason li te viv. Li te sèvi yo pandan tout lavi li, epi li te chèche jwenn pwòp fason pou l te viv olye li te kite pèp la okipe li. Nan yon diskou enspire, li te eksplike poukisa li te renmen sèvi, li te di:

“Lè n ap sèvi pwochen nou yo, se sèlman nan sèvi Bondye nou ye …

“E si mwen menm nou te rele wa nou, m travay pou m sèvi nou, èske nou menm, nou pa ta dwe travay pou youn ede lòt?” (Mozya 2:17–18).

  • Kisa nou ka fè pou nou pare pou reponn ak bezwen lòt moun?

Nou resevwa benediksyon atravè sèvis

  • Ki benediksyon nou resevwa atravè sèvi lòt moun?

Lè nou sèvi lòt moun nou jwenn benediksyon enpòtan. Atravè sèvis nou ogmante kapasite nou pou renmen. Nou vin mwens egoyis. Lè nou panse avèk pwoblèm lòt moun, pwòp pwoblèm pa nou yo parèt diminye. Nou dwe sèvi lòt moun pou n ka gen lavi etènèl. Bondye te di ke moun ki viv avèk li dwe renmen ak sèvi pitit li yo (gade Matye 25:34–40).

Lè nou egzamine lavi moun k ap sèvi pwochen yo avèk jenewozite yo, nou ka wè ke yo jwenn plis pase yo bay. Yon moun konsa sete yon Sen Dènye Jou ki te rele Pòl ki te pèdi de janm ni nan yon aksidan. Gen kèk moun ki te ka vin plen amètim ak dezevre, men Pòl te chwazi pou l te panse ak lòt moun olye sa. Li te aprann yon metye epi li te fè ase lajan pou l te achte yon kay. Nan kay sa a, li menm ak madanm ni te fè plas pou timoun abandone epi ki pa t gen kay pou yo rete. Gen kèk ki te andikape anpil. Jiskaske l te mouri 20 an apre, li te sèvi timoun sa yo ak lòt. Anretou yo te renmen l anpil, epi panse li te detounen de janm enfim li yo. Li te rapwoche de Senyè a.

Prezidan Spencer W. Kimball te di: “Nou vin pi enpòtan lè nou sèvi lòt moun—anfèt, li pi fasil pou n ‘twouve’ tèt nou paske gen sitèlman anpil plis bagay pou nou jwenn!” (Enseignements des présidents de l’église: Spencer W. Kimball, 85–86).

Opòtinite pou sèvi

Kèk nan nou sèvi sèlman moun yo renmen konpayi yo e yo evite tout lòt moun. Men, Jezi kòmande nou pou nou renmen ak sèvi tout moun. Gen anpil opòtinite pou sèvi (gade Mozya 4:15–19).

Nou ka sèvi manm fanmi nou. Mari nou ak madanm nou dwe konsyan youn pou bezwen lòt. Paran yo dwe sèvi pitit yo non sèlman nan nouri yo ak abiye yo men nan anseye yo ak jwe avèk yo ak travay avèk yo tou. Timoun yo kapab sèvi nan ede nan travay nan kay la ak ede frè yo ak sè yo.

Mari ak madanm dwe youn sèvi ak ede lòt. Yo chak ka ede lòt pran swen pitit yo, e youn ka sipòte lòt nan enterè ak pousuit endividyèl yo. Yon manman ak yon papa ka fè sakrifis pou voye yon timoun nan misyon. Yon pi gran tigason ka rekonfòte yon ti sè ki pè fènwa oubyen ede l aprann li. Pwofèt nou yo di nou ke yon fanmi se inite ki pi enpòtan nan sosyete a. Nou dwe sèvi fanmi nou byen (gade Mozya 4:14–15).

Nou gen anpil opòtinite pou sèvi pwochen nou, zanmi nou, ak menm etranje. Si yon pwochen gen difikilte pou fè rekòt anvan yon loraj, nou ka ede l. Si yon manman malad, nou ka veye pitit li yo pou li oubyen ede l nan travay nan kay la. Si yon jènjan chite ale lwen legliz la, nou ka mennen l retounen. Si y ap ridikilize yon timoun, nou ka vin zanmi li epi pèsyade lòt timoun yo pou yo vin janti. Nou pa bezwen konnen moun n ap sèvi yo. Nou dwe chèche mwayen pou sèvi otan pitit Papa nou ki nan Syèl la nou kapab.

Si nou gen talan espesyal, nou dwe itilize yo pou sèvi lòt moun. Bondye ba nou talan ak kapasite pou ede amelyore lavi lòt moun.

Nou gen opòtinite pou sèvi nan Legliz la. Objektif òganizasyon Legliz la se pou ba nou opòtinite pou nou youn ede lòt. Manm Legliz yo sèvi nan fè travay misyonè, aksepte tach pou dirije, vizite lòt manm, anseye klas, ak fè lòt travay legliz la. Nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo pa gen klèje pwofesyonèl, konsa manm layik yo dwe fè tout aktivite yo nan Legliz la.

  • Kijan nou ka bay ase tan pou fanmi nou, menm avèk pil opòtinite pou rann sèvis nan Legliz la ak nan kominote a?

Jezikri se egzanp pafè a nan sèvis

  • Ki kèk nan istwa ou pi remen nan ekriti yo kote Sovè a tabli yon egzanp sèvis?

Sovè a banou egzanp sèvis pafè a. Li te eksplike ke li pa t vini sou tè a pou yo sèvi li men pou l sèvi epi pou bay lavi li pou nou (gade Matye 20:28).

Jezikri renmen nou tout plis pase nou ka konprann. Lè l te sou tè a li te sèvi pòv yo, inyoran an, pechè a, moun ki rejte a. Li te anseye levanjil la bay tout moun ki te koute, li te nouri foul moun grangou ki te vin pou koute li, li te geri malad, leve moun mouri.

Li se Kreyatè tè a epi l se Sovè nou, poutan li te fè anpil aksyon sèvis avèk imilite. Jis anvan Krisifiksyon l lan li te reyini avèk disip li yo. Apre l te fin anseye yo, li te pran yon kivèt dlo ak yon sèvyèt epi li te lave pye yo (gade Jan 13:4–10; gade foto a nan chapit sa a tou). Nan epòk sa yo lave pye yon vizitè sete yon siy onè e sa te abityèlman fèt pa yon sèvant. Jezi te fè li kòm egzanp lanmou ak sèvis. Lè nou dispoze pou sèvi lòt moun nan espri lanmou, nou vin plis menmjan ak Kris la.

  • Kisa nou ka aprann nan egzanp sèvis Sovè a?

Ekriti adisyonèl

Enprime