Liv yo ak Leson yo
Chapit 7: Sentespri a


Chapit 7

Sentespri a

Adan ak Èv te resevwa Sentespri a

  • Poukisa Adan ak Èv te bezwen gidans Sentespri a?

Apre Adan ak Èv te fin kite Jaden Edenn nan, yo te kòmanse travay latè epi yo te fè lòt travay pou yo te ka viv. Yo te fè anpil pitit, epi pitit gason yo ak pitit fi yo te marye tou epi yo te vin gen pitit (gade Moyiz 5:1–3). Konsa, pitit espri Papa nou ki nan Syèl la yo te kòmanse kite prezans li pou vini sou tè a jan yo te pwomèt yo a (gade Abraram 3:24–25). Lè yo te vin sou tè a, yo te retire souvni fwaye selès yo a nan tèt yo. Men Papa nou pa t prive yo de enfliyans li. Li te voye Sentespri a pou rekonfòte ak ede ak gide tout pitit espri l yo.

Adan ak Èv te rele Papa nou ki nan Syèl la nan lapriyè. Li te pale avèk yo epi li te ba yo kòmandman, ke yo te obeyi. Epi yon zanj Senyè a te vini epi li te anseye Adan ak Èv plan sali a. Senyè a te voye Sentespri a pou temwaye de Papa a ak Pitit Gason an ak pou anseye Adan ak Èv levanjil la. (Gade Moyiz 5:4–9.)

Pa pouvwa Sentespri a, Adan te “kòmanse pwofetize konsènan tout fanmi sou tè a, li te di konsa: Se pou non Bondye beni, paske poutèt transgresyon m nan, je m louvri, epi m ap gen lajwa nan lavi sa a, epi ankò nan kò fizik la, m pral wè Bondye” (Moyiz 5:10). Akoz temwayaj Sentespri a te rann Èv, li te di: “Si se pa t transgresyon nou an, nou pa t ap janm gen desandan, epi nou pa t ap janm konnen byen ak mal, ak lajwa redanmsyon nou an, ak lavi etènèl Bondye bay tout moun ki obeyisan yo” (Moyiz 5:11).

  • Nan ki fason bezwen nou pou gidans nan men Sentespri a sanble avèk pa Adan ak Èv la?

Kalite Sentespri a

  • Nan ki sa Sentespri a diferan avèk Papa a ak Pitit Gason an? Poukisa diferans sa a enpòtan pou nou?

Sentespri a se yon manm Divinite a (gade 1 Jan 5:7; D&A 20:28). Li se yon “pèsonaj lespri” (D&A 130:22). Se nan yon sèl kote li kapab ye alafwa, men, nou kapab santi enfliyans li toutpatou nan menm tan an.

Papa nou ki nan Syèl la, Jezikri, ak Sentespri a rele Divinite a. Yo gen menm bi. Yo chak gen yon tach enpòtan nan plan Sali a. Papa nou ki nan Syèl la se Papa nou ak gouvènè nou. Jezikri se Sovè nou. Sentespri a se revelatè a ak temwen tout verite.

Sentespri a se mesaje Papa nou ki nan Syèl la, e li se yon don espesyal nou resevwa (gade chapit 21 nan liv sa a).

Misyon Sentespri a

  • Ki kèk verite Sentespri a revele nou?

Misyon Sentespri a se pou rann temwayaj de Papa a ak Pitit Gason an ansanm ak verite tout bagay.

Sentespri a ap rann nou temwayaj ke Jezi se Sovè nou ak Redanmtè nou (gade 3 Nefi 28:11; D&A 20:27). L ap revele nou ke Papa nou ki nan Syèl la se Papa espri nou. L ap ede nou konprann ke nou kapab egzalte menmjan ak Papa nou ki nan Syèl la. (Gade Women 8:16–17.) Pwofèt Senyè yo te pwomèt: “Epi pa pouvwa Sentespri a nou kapab konnen verite nan tout bagay” (Mowoni 10:5).

San Sentespri a, nou pa t ap janm konnen ke Jezi se Kris la. Apot Pòl te ekri: “Okenn moun pa kapab konnen ke Jezi se Senyè a, si se pa pa pouvwa Sentespri a” (1 Korentyen 12:3). Sovè a li menm te di: “Lavi etènèl, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl vrè Bondye a, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri” (Jan 17:3). Se pa pouvwa Sentespri a ke nou rive konprann ak viv levanjil Jezikri a.

Fòs konviksyon Sentespri a sitèlman gran ke nou pa kapab doute ke sa l revele nou an se verite. Prezidan Joseph Fielding Smith te di:

“Lè yon moun resevwa manifestasyon Sentespri a, sa kite yon enpresyon pèmanan nan nanm ni, yon enpresyon ki pa ka efase fasilman. Se Lespri ki pale avèk lespri a, epi mache avèk yon gwo fòs konviksyon. Manifestasyon yon zanj, oswa menm Pitit Bondye a an pèsòn, t ap enpresyone je a ak lespri a, epi li t ap fini pa efase, men enpresyon Sentespri a ankre pwofondeman nan nanm nan epi li pi difisil pou efase” (Repons pou kesyon levanjil yo, comp. Joseph Fielding Smith Jr., 5 vols.[1957–66], 2:151).

Prezidan Smith te di tou: “Gras ak Sentespri a, verite a asimile nan tout fib ak nannan kò a pou n pa janm bliye l” (Doctrines of Salvation, comp. Bruce R. McConkie, 3 vols. [1954–56], 1:48).

Antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou dwe rann tèt nou diy pou n resevwa mesaje ak temwen espesyal sa a konsènan Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri a.

  • Panse sou kilè Sentespri a te ede ou grandi temwayaj ou. Si sa apwopriye, pataje kèk nan eksperyans sa yo avèk manm klas yo oswa manm fanmi yo.

Ekriti adisyonèl

Enprime