Liv yo ak Leson yo
Chapit 24: Jou Saba a


Chapit 24

Jou Saba a

Imaj
A congregation gathered in a chapel for sacrament meeting. They are singing a hymn.

Siyifikasyon Jou Saba a

  • Kisa Jou Saba a ye?

“Sonje jou saba a, pou sanktifye li” (Egzòd 20:8; gade tou D&A 68:29).

Mo Saba a soti nan yon mo ebre ki siyifi repo. Anvan Rezirèksyon Jezikri a, jou Saba a te komemore jou repo Bondye apre l te fini Kreyasyon an. Sete yon siy alyans ant Bondye ak pèp li a. Nou li nan liv Jenèz la ke Bondye te kreye syèl yo ak tè a an sis tan, ke l te rele jou: “Setyèm jou a Bondye te fini tout sa l t ap fè; epi li te repoze nan setyèm jou a, paske se jou sa a li te sispann travay apre l te fin kreye tout sa l t ap kreye a. Epi Bondye te beni setyèm jou a, epi l te sanktifye li” (Jenèz 2:2–3). Kounyeya, Saba a komemore Rezirèksyon Jezikri tou.

Jou Saba a se setyèm jou a menm. Se yon jou sen Bondye òdone pou nou repoze anba travay kotidyen nou pou nou kapab adore li.

Objektif Jou Saba a

  • Kijan w ka eksplike objektif jou Saba a pou yon moun ki pa konn anyen osijè Saba a?

Jezi te anseye ke jou Saba a te fèt pou benefis nou (gade Mak 2:27). Objektif Saba a se pou ba nou yon jou pa semèn kote panse nou ak aksyon nou dirije vè Bondye. Se pa yon jou pou nou senpleman repoze nan travay nou. Se yon jou sakre pou nou pase nan adorasyon ak reverans. Pandan n ap repoze nan aktivite chak jou nou yo, lespri nou libere pou n medite sou zafè espirityèl yo. Jou sa a, nou dwe renouvle alyans nou avèk Senyè a epi nouri nanm nou ak bagay Lespri yo.

  • Panse sou sa nou kapab fè pou kenbe objektif Saba a nan lespri nou pandan n ap prepare pou jou a chak semèn.

Istwa Saba a

Setyèm jou a te konsakre pa Bondye kòm yon Saba nan kòmansman tè a (gade Jenèz 2:2–3). Depi nan premye tan yo, tradisyon yon setyèm jou sakre te prezève nan pami anpil kalite pèp sou tè a. Bondye te renouvle yon kòmandman konsènan jou sa a pou Izrayelit yo, li te di: “Sonje jou saba a, pou nou sanktifye li” (Egzòd 20:8). Respè jou Saba a sete yon siy ki te montre ke Izrayelit yo sete pèp alyans li tou (gade Egzòd 31:12–13, 16; Ezayi 56:1–8; Jeremi 17:19–27).

Sepandan, kèk dirijan Jwif te etabli anpil lwa initil pou jere Saba a. Yo te dekrete sou ki distans yon moun te dwe mache, ki kalite ne pou l te mare kravat li, elatriye. Lè kèk dirijan Jwif te kritike Jezikri paske l te geri moun malad jou Saba a, Jezi te raple yo ke Saba a te fèt pou benefis lòm.

Nefit yo te obsève jou Saba a tou selon kòmandman Bondye yo (gade Jawòm 1:5).

Nan epòk pa nou an, Senyè a repete kòmandman l lan pou nou sonje jou Saba a epi sanktifye li (gade D&A 68:29).

Jou Senyè a

  • Poukisa Saba a te chanje soti setyèm jou a rive premye jou a?

Jiska Rezirèksyon l lan, Jezikri ak disip li yo te onore setyèm jou an antanke Saba. Apre Rezirèksyon l lan, Dimanch te sanktifye kòm jou Senyè a an souvni Rezirèksyon l lan jou sa a (gade Travay 20:7; 1 Korentyen 16:2). Apati moman sa a, disip li yo te suiv premye jou semèn nan kòm Saba yo. Nan toulède ka yo te gen sis jou travay ak youn pou repo ak devosyon.

Senyè a ba nou yon kòmandman dirèk nan epòk sa yo pou nou menm tou nou onore Dimanch, jou Senyè a, kòm jou Saba nou (gade D&A 59:12).

  • Nan ki fason souvni Rezirèksyon an ka enfliyanse adorasyon nou nan jou Saba a?

Sanktifye jou Saba a

  • Kisa sa vle di sanktifye jou Saba a?

Senyè a mande nou toudabò pou n sanktifye jou Saba a. Nan yon revelasyon li te bay Joseph Smith an 1831, Senyè a te kòmande Sen yo pou yo te ale nan kay priyè a pou nou ofri sakreman nou, pou nou repoze nou apre travay nou yo, ak pou nou bay Bondye ki Pi Wo a devosyon nou (gade D&A 59:9–12).

Dezyèmman, li mande nou pou nou repoze nan travay kotidyen nou an. Sa vle di nou pa dwe fè okenn travay ki ap anpeche nou konsantre nou sou bagay espirityèl yo. “Jou sa a, nou pa p fè okenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni moun k ap travay lakay nou, ni bèt nou” (Egzòd 20:10). Pwofèt nou yo te di nou ke nou pa dwe al achte nan magazen, ni al lachas, ni peche, ni ale nan aktivite spòtif oswa patisipe nan aktivite konsa jou sa a.

Sepandan, Prezidan Spencer W. Kimball te avèti nou ke, si nou senpleman rete san fè anyen pou jounen an nan Jou Saba a, nou pa sanktifye li. Saba a mande panse ak aksyon konstriktif. (Gade Enseignements des présidents de l’église: Spencer W. Kimball [2006], 170.)

Ki kalite bagay nou ka fè jou Saba a? Pwofèt Ezayi te sigjere ke nou nou ta dwe evite fè bagay k ap fè nou plezi epi nou dwe “fè Saba a yon plezi, pou sanktifye Letènèl” (Ezayi 58:13).

Nou dwe panse fè bagay ki jis nan jou Saba a. Pa egzanp, nou ka sanktifye jou Saba a lè nou ale nan reyinyon Legliz yo; li ekriti yo ak pawòl dirijan Legliz nou yo; vizite moun malad, moun ki granmoun, ak fanmi nou; koute mizik ki edifyan epi chante kantik; priye Papa nou ki nan Syèl la avèk lwanj ak remèsiman; akonpli sèvis Legliz; prepare rejis jeneyaloji ak istwa pèsonèl nou; rakonte istwa sou lafwa epi rann temwayaj nou bay manm fanmi nou epi pataje eksperyans espirityèl avèk yo; ekri lèt voye bay misyonè yo ak fanmi nou; jene nan yon bi presi; epi pase tan avèk pitit nou ak lòt moun nan fwaye nou.

Lè n ap deside ki lòt aktivite nou ka antreprann nan jou Saba a, nou gen dwa mande tèt nou: Èske l ap edifye mwen ak enspire mwen? Èske l montre respè pou Senyè a? Èske l dirije panse m vè li?

Nan kèk okazyon, nou gen dwa oblije travay jou Saba a. Nou dwe evite sa toutotan nou kapab, men lè l absoliman nesesè, nou dwe kenbe espri Saba a nan kè nou otan nou kapab.

  • Panse sou yon bagay nou kapab fè pou nou amelyore nan efò nou pou sanktifye jou Saba a. Si nou gen yon paran oswa yon gran paran, panse sou yon bagay nou kapab fè pou ede pitit nou yo oswa pitit pitit nou yo konprann siyifikasyon Saba a.

Benediksyon nan obsève Jou Saba a

  • Ki kèk benediksyon nou resevwa lè nou sanktifye jou Saba a?

Si nou onore jou Saba a, nou ka resevwa gwo benediksyon espirityèl ak tanporèl. Senyè a te di ke si nou sankfitye jou Saba a avèk kè kontan ak gratitid, n ap resevwa lajwa total. Li pwomèt:

“Tout tè a pou nou, … kit se pou manje oubyen pou rad, oubyen pou kay, oubyen pou pak, pou rak pyebwa, oubyen pou jaden, oubyen pou pye rezen yo;

“Wi, tout bagay ki soti nan tè a, nan sezon yo, fèt pou benefis ak itilize lòm, pou fè je moun plezi ak pou fè kè moun kontan;

“Wi, pou manje ak rad, pou gou ak lodè, pou fòtifye kò a epi pou bay nanm nan lavi” (D&A 59:16–19).

Ekriti adisyonèl

Enprime