Liv yo ak Leson yo
Chapit 35: Obeyisans


Chapit 35

Obeyisans

Imaj
An angel appearing to Adam and Eve as they prepare to offer a lamb as a burnt offering. The illustration depicts the angel explaining to Adam and Eve that the animal sacrifice was symbolic of the sacrifice to be made by Jesus Christ.

Nou dwe obeyi volontèman

  • Ki diferans sa fè lè nou obeyi volontèman olye nou obeyi nan fòse?

Lè Jezi te sou tè a, yon doktè lalwa te poze l yon kesyon?

“Mèt, ki kòmandman ki pi konsekan nan lalwa a?

“Jezi te reponn ni, Se pou ou renmen Senyè a, Bondye ou, avèk tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tou lide ou.

“Se kòmandman sa a ki pi gwo.

“Men dezyèm nan ki gen menm enpòtans avèk li, Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.

“De kòmandman sa yo se fondasyon tout sa ki nan lalwa a ak sa pwofèt yo di” (Matye 22:36–40).

Apati ekriti sa yo nou aprann kijan li enpòtan pou nou renmen Senyè a ak pwochen nou. Men ki fason nou montre amou nou pou Senyè a?

Jezi te reponn kesyon sa a kote l te di: “Moun ki aksepte kòmandman m yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m va renmen moun ki renmen mwen” (Jan 14:21).

Nou chak dwe mande tèt nou poukisa nou obeyi kòmandman Bondye yo. Èske se poutèt nou pè pinisyon? Èske se paske nou anvi rekonpanse paske nou viv yon bon lavi? Èske se paske nou renmen Bondye ak Jezikri epi nou vle sèvi yo?

Li pi bon pou n obeyi kòmandman yo paske nou pè pou yo pa pini nou olye nou pa obeyi yo ditou. Men, n ap gen plis kè kontan si nou obeyi Bondye paske nou renmen li e nou vle obeyi li. Lè nou obeyi an tout libète, li ka beni nou an tout libète. Li di: “Mwen menm Senyè a, … m pran plezi pou onore moun ki sèvi m nan lajistis ak verite jiska lafen” (D&A 76:5). Obeyisans ede nou pwogrese epi vin tankou Papa nou ki nan Syèl la tou. Men moun ki pa fè anyen san yo pa kòmande yo epi ki apre sa respekte kòmandman yo nan fòse ap pèdi rekonpans yo (gade D&A 58:26–29).

  • Kijan nou ka ogmante dezi nou pou obeyi?

Nou ka obeyi san nou pa konprann pou ki rezon

  • Poukisa nou pa bezwen toujou konprann bi Senyè a pou nou obeyisan?

Lè nou respekte kòmandman Bondye yo, nou prepare tèt nou pou lavi etènèl ak egzaltasyon. Pafwa nou pa konn rezon yon kòmandman byen detèmine. Men, nou montre lafwa nou ak konfyans nou nan Bondye lè nou obeyi li san nou pa konn poukisa.

Yo te kòmande Adan ak Èv pou yo te ofri Bondye sakrifis. Yon jou yon zanj te parèt devan Adan epi l te mande l poukisa li te ofri sakrifis. Adan te reponn ke li pa t konn pou ki rezon. Li te fè sa paske Senyè a te kòmande l pou l fè l. (Gade Moyiz 5:5–6 ak foto a nan chapit sa a.)

Lè sa a, zanj lan te anseye Adan levanjil la epi li te pale l de Sovè a ki te gen pou vini an. Sentespri a te desann sou Adan, epi Adan te pwofetize konsènan abitan latè yo rive jiska dènye jenerasyon an. (Gade Moyiz 5:7–10; D&A 107:56.) Adan te jwenn konesans gwo benediksyon sa yo paske li te obeyisan.

Bondye ap prepare yon mwayen

Liv Mòmon an di nou ke Nefi ak gran frè l yo te resevwa yon tach vrèman difisil nan men Senyè a (gade 1 Nefi 3:1–6). Frè Nefi yo te plenyen, yo te di ke Senyè a te mande yo yon bagay ki twò difisil pou yo. Men Nefi te di: “M prale e m ap fè bagay Senyè a te kòmande yo, paske m konnen Senyè a pa bay pitit lèzòm okenn kòmandman sa li pa prepare yon mwayen pou yo kapab akonpli bagay li kòmande yo.” (1 Nefi 3:7). Lè nou twouve l difisil pou obeyi yon kòmandman Senyè a, nou dwe sonje pawòl Nefi yo.

  • Kilè Senyè a prepare yon fason pou nou pou n obeyi li?

Okenn kòmandman pa twò piti ni twò gran pou obeyi

Pafwa nou panse ke yon kòmandman pa twò enpòtan. Ekriti yo pale nou de yon moun ki te rele Naaman ki te panse konsa. Naaman te gen yon move maladi epi li te vwayaje soti Siri pou ale Izrayèl pou l te mande pwofèt Elize pou geri li. Naaman sete yon mesye enpòtan nan peyi li, konsa li te ofanse lè Elize pa t vin akeyi li an pèsòn men li te voye sèvitè li pito. Naaman te pi ofanse toujou lè l te resevwa mesaj Elize a: lave kò li sèt fwa nan rivyè Jouden an. Li te mande: “Èske dlo nan rivyè Damas yo pa pi bon pase nenpòt dlo nan rivyè Izrayèl yo? Mwen ta benyen ladan yo tou, mwen ta geri?” Li te vire do l ale byen move. Men sèvitè l la te mande li: “Si pwofèt la te mande ou yon bagay pi difisil, èske ou pa t ap fè l? poukisa koulyeya ou pa al lave kò ou pou ou ka geri jan li di ou la?” Nanaman te ase saj pou l te konprann ke li te enpòtan pou obeyi pwofèt Bondye a, menmsi sa te parèt yon bagay tou piti. Konsa li t al lave kò li nan Jouden an epi li te geri. (Gade 2 Wa 5:1–14.)

Pafwa nou ka panse ke yon kòmandman twò difisil pou nou obeyi. Menmjan ak frè Nefi yo, nou ka di: “Se yon bagay difisil Bondye mande nou an.” Men, tankou Nefi, nou ka sèten ke Bondye pap ba nou okenn kòmandman san li pa prepare yon mwayen pou nou pou n obeyi li.

Sa te “yon bagay difisil” lè Senyè a te kòmande Abraram pou l te ofri pitit gason li Izaak kòm sakrifis la (gade Jenèz 22:1–13; gade chapit 26 nan liv sa a tou). Pandan anpil ane byen long, Abraram te tann nesans Izaak, pitit gason Bondye te pwomèt li a. Kòman pou l ta fè pèdi pitit gason l nan yon fason konsa? Kòmandman sa a dwe te ekstrèman difisil pou Abraram. Men, li te chwazi pou obeyi Bondye.

Nou menm tou nou dwe dispoze pou fè tout sa Bondye mande nou. Pwofèt Joseph Smith te di: “M fè bagay sa a vin yon règ pou mwen: Lè Senyè a kòmande, fè li” (Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith [2007], 160). Sa kapab règ pa nou tou.

  • Kilè ou te resevwa benediksyon pou obeyisans ou pou kòmandman ki te parèt piti?

Jezikri te obeyi Papa li

  • Ki egzanp ki vini nan lespri ou lè w panse ak Jezikri k ap obeyi Papa li?

Jezikri sete egzanp siblim obeyisans anvè Papa nou ki nan Syèl la. Li te di: “Se pa pou fè volonte pa m mwen desann sot nan syèl la, men se pou fè volonte moun ki voye m nan” (Jan 6:38). Li pase tout lavi li ap obeyi Papa li; poutan, sa pa t toujou fasil pou li. Li te jwenn tantasyon nan tout sans, menmjan ak tout moun mòtèl (gade Ebre 4:15). Nan Jaden Jetsemane a, li te priye, li te di: “O Papa mwen, si sa te ka fèt, wete gode soufrans sa a devan je mwen; men, se volonte pa ou ki pou fèt, pa sa mwen vle a” (Matye 26:39).

Paske Jezi te fè volonte Papa li nan tout bagay, li te rann sali posib pou nou tou.

  • Nan ki fason sonje egzanp Sovè a ede nou rete obeyisan?

Rezilta obeyisans ak dezobeyisans

  • Ki konsekans ki genyen nan obeyi oubyen dezobeyi kòmandman Senyè a yo?

Wayòm syèl la gouvène pa lwa, e lè nou resevwa nenpòt benediksyon nan men Bondye se nan obeyisans lalwa sa a kote benediksyon an tabli a (gade D&A 130:20–21; 132:5). Senyè a di nou ke pa obeyisans nou ak dilijans nou nou ka akeri konesans ak entèlijans (gade D&A 130:18–19). Nou ka grandi espirityèlman tou (gade Jeremi 7:23–24). Yon lòtbò, dezobeyisans pote dezagreman epi li fè nou pèdi benediksyon. “Senyè a di konsa: Kisa m ta ye, si m pa ta kenbe pwomès m te fè? M kòmande epi lèzòm pa obeyi; m revoke epi yo pa resevwa benediksyon an. Epi yo di nan kè yo: Se pa travay Senyè a, paske pwomès li yo pa akonpli” (D&A 58:31–33).

Lè nou respekte kòmandman Bondye yo, li akonpli pwomès li, jan Wa Benjamen te di pèp li a: “Li mande pou nou fè sa li kòmande nou; e si nou fè sa, li beni nou imedyatman” (Mozya 2:24).

Moun ki obeyi jwenn lavi etènèl

Senyè a konseye nou: “Si ou respekte kòmandman m yo epi si ou pèsevere jiska lafen, w ap gen lavi etènèl, ki se pi gwo nan tout kado Bondye yo” (D&A 14:7).

Senyè a dekri lòt benediksyon y ap akòde moun ki obeyi li nan lajistis ak laverite jiska lafen:

“Paske Senyè a di—Mwen menm, Senyè a, m gen mizèrikòd epi m fè lagras pou moun ki krenn mwen epi m pran plezi pou onore moun ki sèvi m nan lajistis ak verite jiska lafen

“Rekonpans yo pral gran epi laglwa yo pral etènèl.

“Epi m ap revele yo tout mistè, wi tout mistè kache yo ki nan wayòm mwen an depi nan tan lontan, ak nan tan k ap vini yo, m ap fè yo konnen bon plezi m ak volonte m konsènan tout bagay ki gen rapò avèk wayòm mwen an.

“Wi, y ap konnen menm mèvèy letènite yo, epi m ap montre yo bagay ki pral vini, menm bagay anpil jenerasyon.

“Epi lasajès yo pral gwo, epi konpreyansyon yo pral touche syèl la. …

“Paske Lespri m pral klere yo, epi avèk pouvwa m, m ap fè yo konnen sekrè volonte m—wi, bagay sa yo menm je moun pa wè, ni zòrèy pa tande, ni tou ki pa t ko antre nan kè lòm” (D&A 76:5–10).

  • Kisa fraz “pèsevere jiska lafen” an vle di pou ou?

  • Kisa nou ka fè pou n rete vrè nan prensip levanjil yo menm lè sa pa popilè pou nou fè? Kijan nou ka ede timoun yo ak jèn yo rete vrè nan levanjil la?

Ektiti adisyonèl

Enprime