Liv yo ak Leson yo
Chapit 39: Lwa chastete a


Chapit 39

Lwa chastete a

Imaj
Holding hands of a newly married couple.

Yon nòt pou paran yo

Chapit sa a gen kèk pati ki depase matirite jèn timoun. Li ta pi bon pou nou tann jiskaske timoun yo gran ase pou yo konprann relasyon seksyèl ak pwokreyasyon anvan nou anseye yo pati sa yo nan chapit la. Dirijan Legliz nou yo deklare ke paran yo gen responsablite pou anseye pitit yo sou pwokreyasyon (fason moun ansent ak pote pitit ak fè pitit). Paran yo dwe anseye yo lwa chastete a tou, ke yo eksplike nan chapit sa a.

Paran yo ka kòmanse anseye pitit yo pou yo gen bon atitid anvè kò yo lè timoun yo ankò jèn. Pale avèk timoun yo sensèman men avèk reverans pandan n ap itilize tèm kòrèk yo pou site pati kò yo ak fonksyon yo ap ede yo grandi san yo pa anbarase initilman osijè kò yo.

Timoun yo plen kiryozite tou natirèlman. Yo anvi konnen kijan kò yo travay. Yo vle konnen ki kote tibebe yo soti. Si paran yo reponn tout kesyon sa yo imedyatman epi klèman pou timoun yo ka konprann, timoun yo ap kontinye vin poze paran yo kesyon. Men, si paran yo reponn kesyon yo yon fason ki fè timoun yo santi yo anbarase, oswa rejte, oswa pa satisfè, se sèten ke yo pral jwenn yon lòt moun pou poze kesyon yo e petèt yo ka jwenn ide ki pa kòrèk ak atitid ki pa bon.

Sepandan, li pa saj ni nesesè pou n di timoun yo tout bagay yon sèl kou. Paran yo bezwen ba yo sèlman enfòmasyon yo mande epi sa yo ka konprann. Pandan y ap reponn kesyon sa yo, paran yo kapab anseye timoun yo enpòtans ki genyen pou respekte kò yo ak kò lòt moun. Paran yo dwe anseye timoun yo pou yo abiye avèk modesti. Yo dwe korije ide fo ak langaj vilgè timoun yo aprann nan men lòt moun.

Rive nan tan pou timoun yo atenn matirite, paran yo dwe deja pale avèk yo sou pwokreyasyon avèk franchiz. Timoun yo dwe konprann ke pouvwa sa yo bon e se Senyè a ki ba nou yo. Li atann pou nou itilize yo andedan limit ke li ba nou.

Timoun piti yo vin sou tè a pi ak inosan soti kot Papa nou ki nan Syèl la. Si paran yo priye pou yo jwenn gidans, Senyè a ap enspire yo pou yo anseye pitit yo nan moman konvnab la nan fason konvnab la.

Pouvwa pwokreyasyon an

  • Poukisa paran yo dwe anseye pitit yo sou pwokreyasyon ak chastete? Kijan yo ka fè sa nan fason apwopriye?

Bondye te kòmande pou chak kreyati vivan repwodui selon pwòp espès li (gade Jenèz 1:22). Repwodiksyon an sete yon pati nan plan an pou ke tout fòm lavi te kapab kontinye egziste sou tè a.

Apresa li te mete Adan ak Èv sou tè a. Yo te diferan avèk lòt kreyasyon l yo paske yo sete pitit lespri li. Nan Jaden Edenn nan, li te ini Adan ak Èv ansanm nan maryaj epi li te kòmande yo pou yo te miltipliye ak ranpli tè a (gade Jenèz 1:28). Sepandan, yo te gen pou gouvène lavi yo pa lwa moral olye de enstenk.

Bondye te vle pou pitit lespri l yo fèt nan fanmi pou yo te ka byen pran swen yo ak byen anseye yo. Menmjan ak Adan ak Èv, nou dwe bay pitit lespri sa yo kò fizik. Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo deklare: “Nou deklare mwayen pou kreye lavi mòtèl sou latè a se yon bagay Bondye tabli” (“Fanmi: Yon deklarasyon pou mond lan,” Ensign, Nov. 1995, 102). Bondye kòmande nou pou gen relasyon seksyèl sèlman nan lyen maryaj ant yon gason ak yon fi. Kòmandman sa a rele lwa chastete.

Lwa chastete a

  • Kisa lwa chastete a ye?

Nou dwe gen relasyon seksyèl sèlman avèk konjwen nou avèk ki nou marye legalman. Okenn moun, gason ou fi, pa dwe gen relasyon seksyèl anvan maryaj. Apre maryaj, relasyon seksyèl otorize sèlman avèk konjwen nou.

Senyè a te di Izrayelit yo: “Nou pa dwe fè adiltè” (Egzòd 20:14). Izrayelit ki te kraze kòmandman sa yo te pini sevèman. Senyè a repete kòmandman sa a nan dènye jou yo (gade D&A 42:24).

Yo anseye nou ke lwa chastete a ale pi lwen pase rapò seksyèl. Premye Prezidans lan te mete jèn yo angad kont lòt peche seksyèl yo:

“Anvan maryaj, pa fè anyen pou eksite emosyon puisan yo ki dwe eksprime sèlman nan maryaj yo. Pa patisipe nan bo pasyone, nan kouche youn sou lòt, oubyen touche pati prive, sakre kò yon lòt moun, avèk ou san rad. Pa kite okenn moun fè bagay sa yo avèk ou. Pa soulve emosyon nan pwòp kò ou” (Pou fòs jèn yo [bwochi, 2001], 27).

Menmjan ak lòt vyolasyon kont lwa chastete yo, konpòtman omoseksyèl se yon peche grav. Pwofèt dènye jou yo pale sou danje konpòtman omoseksyèl ak sou sousi Legliz la genyen pou moun ki ka gen kalite tandans sa yo. Prezidan Gordon B. Hinckley te di:

“Toudabò, maryaj ant yon gason ak yon fi se yon bagay Bondye òdone. Nou kwè ke maryaj kapab etènèl atravè egzèsis pouvwa prètriz etènèl la nan kay Senyè a.

“Moun toujou ap mande pozisyon nou sou moun sa yo ki konsidere tèt yo swadizan pede ak lesbyèn yo. Repons mwen sèke nou renmen yo antanke pitit gason ak pitit fi Bondye. Yo gen dwa gen kèk tandans ki fò epi ki ka difisil pou kontwole. Anpil moun konn gen panchan yon kalite oswa yon lòt tanzantan. Si yo pa aji selon panchan sa yo, lè sa a, yo kapab avanse menmjan avèk tout lòt manm Legliz yo. Si yo vyole lwa chastete a ak prensip moral Legliz yo, enben, yo oblije pase pa disiplin Legliz la, menmjan ak tout lòt moun.

“Nou vle ede moun sa yo, pou fòtifye yo, pou ba yo asistans avèk pwoblèm yo epi pou ede yo avèk difikilte yo genyen yo. Men, nou pa kapab kanpe konsa ap gade yo si yo enplike nan aktivite ki imoral, si yo eseye soutni ak defann ak viv yon sitiyasyon ke yo swadizan rele maryaj menm sèks. Pèmèt yon bagay konsa se t ap pran alalejè fondansyon trè serye ak trè sakre a ki se maryaj ki òdone pa Bondye a ak vrè objektif li, ki se elve fanmi” (nan Conference Report, Oct. 1998, 91; oswa Ensign, Nov. 1998, 71).

Satan vle nou kraze lwa chastete a

  • Ki kèk fason Satan tante moun pou yo kraze lwa chastete a?

Plan Satan se twonpe otan moun nan pami nou ke l kapab pou anpeche nou retounen al viv avèk Papa nou ki nan Syèl la. Youn nan bagay ki pi nuizib li ka fè se pouse nou pou n kraze lwa chastete a. Li rize epi l puisan. Li ta renmen nou kwè ke sa pa yon peche si nou kraze lwa sa a. Li deja twonpe anpil moun. Nou dwe pwoteje tèt nou kot move enfliyans li yo.

Satan atake prensip modesti yo. Li vle nou kwè ke paske kò imen an bèl, se yon bagay pou nou montre ak ekspoze. Papa nou ki nan Syèl la vle nou kouvri kò nou pou nou pa ankouraje panse ki pa pwòp nan lespri lòt moun.

Satan non sèlman ankouraje nou pou nou abiye yon fason endesan, men li ankouraje nou pou nou gen panse imoral ak enkòrèk tou. Li fè sa avèk foto, fim, istwa, blag, mizik, ak dans ki sigjere aksyon imoral. Lwa chastete a mande ke panse nou osibyen aksyon nou dwe rete pi. Alma te anseye ke lè Bondye pral jije nou, “panse nou yo ap kondane nou; e nan eta terib sa a, nou p ap pèmèt nou leve tèt nou devan Bondye nou an” (Alma 12:14).

Jezi te anseye: “Nou tande kijan nan tan lontan yo te di: Piga ou janm fè adiltè:

“Men mwen menm, men sa m ap di nou: Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l nan kè l” (Matye 5:27–28).

Prezidan Gordon B. Hinckley te avèti: “N ap viv nan yon mond ki gen tantasyon terib. Pònografi, avèk pil salte l yo, vide sou tè a tankou yon vag orib, k ap anglouti. Li se pwazon. Pa gade li ni li l. L ap detwi nou si nou fè sa. L ap retire respè tèt nou nan men nou. L ap retire kapasite nou pou apresye bote lavi yo. L ap rale nou desann mennen nan yon labou move panse ak posibman move aksyon. Rete lwen bagay sa a. Kouri pou li tankou yon maladi degoutan, paske li osi mòtèl. Rete vètye nan pase ak nan aksyon. Bondye plante nan nou, pou yon bi, yon bezwen divin ki ka fasilman konvèti vin mal ak rezilta destriktif. Lè nou jèn, nou pa dwe gen mennaj. Lè nou rive nan laj kote n ap panse ak maryaj, lè sa a, li tan pou nou vin gen mennaj. Men nou menm tigason yo ki nan segondè nou pa bezwen sa, ni tifi yo tou” (nan Conference Report, Okt. 1997, 71–72; oubyen Ensign, Nov. 1997, 51).

Satan tante nou pafwa atravè emosyon nou. Li konnen lè nou santi nou poukont nou, lè nou gen konfizyon, oubyen deprime. Li chwazi moman feblès sa a pou tante nou pou kraze lwa chastete a. Papa nou ki nan Syèl la ka ba nou fòs pou travèse eprèv sa yo san yo pa blese nou.

Ekriti yo pale nou de yon jenòm trè jis ki te rele Joseph ke mèt li, Pwotifa, te gen gwo konfyans nan li. Pwotifa te bay Joseph kòmande tout sa l te genyen. Madanm Pwotifa te anvi genyen Joseph epi li te tante l pou komèt adiltè avèk li. Men Joseph te reziste anba li epi li te kouri pou li. (Gade Jenèz 39:1–18.)

Pòl te anseye: “Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li; li p ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ba nou fòs pou nou ka sipòte l, pou nou ka soti anba li” (1 Korentyen 10:13). Alma te eksplike ke nou pap janm “tante plis pase [nou] kapab sipòte” si nou “imilye [tèt nou] devan Senyè a, pou nou rele non li, pou nou veye e pou nou priye tout tan” (Alma 13:28).

  • Nan ki fason modesti ak chastete gen rapò youn ak lòt? Kijan paran yo ka anseye pitit yo pou yo gen modesti nan abiye, nan langaj, ak konpòtman?

  • Kijan nou ka goumen kont etandi ak enfliyans pònografi?

  • Ki pwomès Senyè a ba nou pou ede nou simonte tantasyon Satan yo?

Kraze lwa chastete a se yon bagay ekstrèmman grav

Pwofèt Alma te aflije paske youn nan pitit gason l yo te kraze lwa chastete a. Alma te di pitit gason li Koryanton: “Èske w pa konnen, pitit gason m nan, bagay sa yo se abominasyon devan je Senyè a; wi, se peche ki pi abominab pase tout lòt peche, eksepte koule san inosan, oubyen nye Sentespri a?” (Alma 39:5). Mank chastete vini apre touye moun nan pami peche grav yo.

Si yon gason ak yon fi kraze lwa chastete epi yo fè yon pitit, yo gen dwa tante komèt yon lòt peche abominab ki rele: avòtman. Pa gen rezon ki jistifye avòtman. Dirijan legliz yo di ke gen kèk sikonstans eksepsyonèl ki ka jistifye yon avòtman, tankou lè gwosès la se rezilta ensès oswa vyòl, lè otorite medikal konpetan jije ke lavi oubyen sante manman an andanje grav, oubyen lè otorite medikal rekonèt ke fetus la gen domaj grav ki pap pèmèt timoun nan siviv apre nesans. Men menm sikonstans sa yo pa otomatikman jistifye yon avòtman. Moun k ap fè fas ak sikonstans sa yo dwe konsidere avòtman sèlman apre yo fin konsilte dirijan Legliz lokal yo epi resevwa yon konfimasyon atravè priyè sensè.

“Lè yon gason ak yon fi fè yon pitit san yo pa marye, yo dwe fè tout efò posib pou ankouraje yo pou yo marye. Lè li pwobab ke yon maryaj pa ka reyisi poutèt koz laj oswa lòt sikonstans, yo dwe konseye paran ki pa marye yo pou yo bay timoun nan pou adopsyon pa lentèmedyè LDS Family Services (Sèvis Familyal Sen Dènye Jou yo) pou asire ke timoun nan sele nan tanp avèk paran ki diy” (lèt Premye Prezidans, 26 Jen, 2002, ak 19 Jiyè 2002).

Pou Papa nou ki nan Syèl la, li ekstrèman enpòtan pou pitit li yo obeyi lwa chastete a. Manm legliz ki kraze lwa chastete yo oubyen ki enfliyanse lòt moun pou yo fè sa dwe pase pa konsèy disiplinè Legliz la.

Moun ki kraze lwa chastete yo kapab jwenn padon

Moun ki kraze lwa chastete yo kapab jwenn lapè. Senyè a di nou: “Si mechan an sispann fè peche li te konn fè yo pou li mache dapre lòd mwen yo, … tout tout peche li te komèt yo, yo pap mansyone yo ankò, y ap bliye yo” (Ezekyèl 18:21–22). Lapè vini sèlman atravè padon.

Prezidan Kimball te di: “Pou tout padon gen yon kondisyon. … Jèn nan, priyè yo, imilite a dwe egal oubyen pi gran pase peche a. Dwe gen yon kè brize ak yon lespri kontri. … Dwe gen kriye ak yon chanjman sensè nan kè. Fòk gen konviksyon peche a, abandone mal la, konfese erè a bay otorite ofisyèlman konstitiye pa Senyè a” (Le miracle du pardon [1969], 353).

Pou anpil moun, konfesyon se pati ki pi difil nan repantans lan. Nou dwe konfese non sèlman bay Senyè a men tou bay moun nou ofanse a, tankou mari oubyen madanm, epi bay otorite konsène a nan prètriz la. Dirijan prètriz la (evèk la oubyen prezidan pye a) apral jije sitiyasyon nou nan legliz la. Senyè a te di Alma: “Nenpòt moun ki transgrese kont mwen … si l konfese peche l devan w ak devan m, epi repanti avèk yon kè sensè, ou dwe padone l e m ap padone l tou.” (Mozya 26:29).

Men Prezidan Kimaball te avèti: “Menmsi yo pwomèt nou padon anpil konsa, pa gen okenn pwomès ni endikasyon padon pou yon moun ki pa totalman repanti. … Nou pap ka twò ensiste lè nou raple moun yo ke yo pa ka peche epi jwenn padon epi peche ankò epi atann ke y ap jwenn yon padon repete” (Le miracle du pardon, 353, 360). Moun ki resevwa padon yo epi ki repete menm peche a ankò yo responsab ansyen peche yo (gade D&A 82:7; Etè 2:15).

Moun ki kenbe lwa chastete yo beni grandman

  • Ki benediksyon nou resevwa lè nou kenbe lwa chastete a?

Lè nou obeyi lwa chastete a, nou ka viv san kilpablite ak lawont. Lavi nou ak lavi pitit nou beni lè nou kenbe tèt nou pi ak san tach devan Senyè a. Timoun yo ka gade egzanp nou epi suiv tras nou.

Ekriti adisyonèl

Enprime