Liv yo ak Leson yo
Chapit 16: Legliz Jezikri a nan ansyen tan yo


Chapit 16

Legliz Jezikri a nan ansyen tan yo

Imaj
Christ with the twelve men chosen by Him to be His Apostles. Christ has His hands upon the head of one of the men (who kneels before Him) as He ordains the man to be an Apostle. The other eleven Apostles are standing to the left and right of Christ.

Kèk karakteristik ki idantifye Legliz Jezikri a

“Nou kwè nan menm òganizasyon ki te egziste nan epòk Legliz Primitif la, ki vle di, apot, pwofèt, pastè, enstriktè, evanjelis, eksetera” (Atik Lafwa 1:6).

Jezi te etabli Legliz li a lè l te sou tè a. Li te rele Legliz Jezikri a (gade 3 Nefi 27:8), epi manm yo te rele Sen (gade Efèz 2:19–20).

Revelasyon

Lè Jezikri te tabli Legliz li a, li te enstwi ak dirije dirijan l yo pèsonèlman. Li menm, an retou, li te resevwa enstriksyon nan men Papa li ki nan Syèl la. (Gade Ebre 1:1–2.) Konsa Legliz Jezikri a te dirije pa Bondye e non pa pa lèzòm. Jezi te anseye disip li yo ke revelasyon sete “wòch” sou ki li t ap bati Legliz li a (gade Matye 16:16–18).

Anvan Jezi te monte nan syèl la apre rezirèksyon l lan, li te di Apot yo: “Mwen la avèk nou jiska lafen mond lan” (Matye 28:20). Fidèl ak pawòl sa a, li te kontinye gide yo soti nan syèl la. Li te voye Sentespri a kòm rekonfòtè ak revelatè pou yo (gade Lik 12:12; Jan 14:26). Li te pale avèk Pòl nan yon vizyon (gade Travay 9:3–6). Li te revele Pyè ke levanjil la te dwe anseye non sèlman bay Juif yo men bay tout mond lan (gade Travay 10). Li te revele anpil verite gloriye bay Jan, ki ekri yo nan Liv Revelasyon an. Nouvo Testaman an rakonte anpil lòt mwayen kote Jezi te revele volonte li pou gide Legliz li a ak eklere disip li yo.

Otorite nan men Bondye

Òdonans ak prensip yo nan levanjil la pa kapab administre ni anseye san Prètriz la. Papa a te bay Jezikri otorite sa a (gade Ebre 5:4–6), ki an retou te òdone Apot li yo epi li te ba yo pouvwa ak otorite Prètriz la (gade Lik 9:1–2; Mark 3:14). Li te raple yo: “Se pa nou ki chwazi m, se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa” (Jan 15:16).

Pou te ka gen lòd nan Legliz li a, Jezi te bay Douz Apot yo pi gwo responsablite a ak pi gwo otorite a. Li te nonmen Pyè chèf Apot yo epi l te ba li kle pou sele benediksyon ni sou tè a ni nan syèl la (gade Matye 16:19). Jezi te òdone lòt ofisye nan tach espesifik pou yo te akonpli. Apre l te fin monte nan syèl la, modèl afektasyon ak òdinasyon sa a te kontinye. Lòt moun te òdone nan Prètriz la pa moun ki te deja resevwa otorite sa a. Jezi te fè konnen, pa mwayen Sentespri a, ke li te apwouve òdinasyon sa yo (gade Travay 1:24).

Òganizasyon Legliz la

Legliz Jezikri a sete yon inite ki te òganize avèk swen. Li te konpare ak yon bilding ki te “bati sou fondasyon apot yo ak pwofèt yo, se Jezikri ki gwo wòch ki kenbe kay la kanpe a” (Efezyen 2:20).

Jezi te aple lòt dirijan prètriz pou ede Apot yo nan travay ministè a. Li te voye ofisye k te rele Swasanndis de pa de, pou preche levanjil la (gade Lik 10:1). Lòt ofisye yo nan Legliz la sete evanjelis (patriyach), pastè (dirijan k ap prezide yo), gran prèt, ansyen, evèk, prèt, enstriktè, ak dyak (gade chapit 14 nan liv sa a). Tout ofisye sa yo te nesesè pou fè travay misyonè a, akonpli òdonans, epi enstwi ak enspire manm Legliz. Ofisye sa yo te ede manm yo vin nan yon “inite lafwa, ak nan konesans Pitit Bondye a” (Efezyen 4:13).

Bib la pa di nou tout bagay sou Prètriz la oubyen òganizasyon ak gouvènman Legliz la. Sepandan, yon kantite sifizan te prezève nan Bib la pou montre bote ak pèfeksyon òganizasyon Legliz la. Apot yo te resevwa kòmandman pou yo te ale nan tout mon lan pou preche (gade Matye 28:19–20). Yo pa t dwe rete nan yon kote patikilye pou dirije nouvo konvèti yo. Se poutèt sa, yo te aple epi òdone dirijan prètriz lokal epi Apot yo te prezide sou yo. Apot yo ak lòt dirijan Legliz yo te rann plizyè branch vizit epi yo te ekri lèt voye ba yo. Konsa, Nouvo Testaman nou an gen lèt ki te ekri pa Pòl, Pyè, Jak, Jan, ak Jid, ki bay konsèy ak enstriksyon pou dirijan prètriz lokal yo.

Nouvo Testaman an montre ke òganizasyon legliz sa a te la pou kontinye. Pa egzanp, lanmò Jida a te fè Apot yo vin onz. Tou suit apre Jezi te fin monte nan syèl la, onz Apot yo te reyini ansanm pou yo te chwazi yon moun pou te pran plas Jida a. Atravè revelasyon yo te resevwa nan men Sentespri a, yo te chwazi Matyas. (Gade Travay 1:23–26.) Jezi te fikse yon modèl pou douz Apot te gouvène Legliz la. Sete klè ke òganizasyon an te dwe kontinye jan l te etabli l la.

Premye prensip ak òdonans

Apot yo te anseye de prensip debaz: lafwa nan Senyè Jezikri ak repantans. Lè nouvo konvèti yo te akeri lafwa nan Jezikri antanke Pitit Gason Bondye ak Redanmtè yo epi yo te repanti pou peche yo, yo te resevwa de òdonans: batèm pa imèsyon ak enpozisyon men pou bay don Sentespri a (gade Travay 19:1–6). Sa yo sete premye prensip ak òdonans levanjil la. Jezi te anseye: “Pèsòn pa ka antre nan wayòm Bondye a si l pa fèt nan dlo ak nan Sentespri a” (Jan 3:5).

Òdonans ki akonpli pou mò yo

Jezi te prevwa pou chak moun tande levanjil la, keseswa sou tè a oubyen apre lanmò. Nan lespas ant lanmò li ak rezirèksyon l lan, Jezi te ale pami espri moun ki te mouri deja yo. Li te òganize travay misyonè pami moun ki te mouri yo. Li te aple mesaje k te jis epi li te ba yo pouvwa pou anseye levanjil la bay tout espri moun ki te deja mouri yo. Sa te ba yo yon opòtinite pou aksepte levanjil la. (Gade 1 Pyè 3:18–20; 4:6; D&A 138.) Nan epòk sa a, manm vivan yo nan Legliz li a te akonpli òdonans yo nan non moun ki te mouri yo (gade 1 Korentyen 15:29). Òdonans tankou batèm ak konfimasyon yo te bezwen fèt sou tè a.

Don espirityèl

Tout manm fidèl Legliz la te gen dwa pou resevwa don Lespri yo. Yo te ba yo don sa yo selon bezwen, kapasite, ak tach endividyèl yo. Kèk nan don sa yo sete lafwa, enkli pouvwa pou geri ak pou jwenn gerizon; pwofesi; ak vizyon. (Yo pale de don Lespri yo pi detaye nan chapit 22 a.) Don espirityèl yo toujou egziste nan vrè Legliz Jezikri a (gade 1 Korentyen 12:4–11; Mowoni 10:8–18; D&A 46:8–29). Jezi te di disip li yo ke siy sa yo oswa don espirityèl sa yo toujou swiv moun ki kwè yo (gade Mak 16:17–18). Anpil nan disip li yo te akonpli mirak, pwofetize, oswa fè vizyon pa pouvwa Sentespri a.

  • Poukisa Legliz Jezikri a bezwen sis karakteristik sa yo?

Legliz Jezikri a nan kontinan ameriken an

Apre Jezi te resisite, li te vizite pèp nan kontinan ameriken an epi li te òganize Legliz li a pami yo, li te anseye moun yo pandan twa jou epi apresa li te retounen souvan pandan yon sèten tan apresa (gade 3 Nefi 11–28). Apresa li te kite yo epi li te monte nan syèl la. Pandan plis pase 200 ane yo te viv nan lajistis epi yo te pami moun ki te gen plis kè kontan Bondye te kreye (gade 4 Nefi 1:16).

Apostazi soti nan vrè legliz la

  • Kisa tèm apostazi a vle di?

Toutolon listwa, moun mechan yo te eseye detwi travay Bondye a. Sa te rive pandan Apot yo te ankò vivan epi yo t ap dirije legliz la ki te jèn epi an plèn kwasans. Kèk manm te anseye ide apati ansyen kwayans payen yo oswa Jwif yo olye de verite senp Jezi te anseye yo. Gen kèk ki te kareman antre an rebelyon. Epitou, te gen pèsekisyon ki te soti andeyò Legliz la. Yo te tòtire manm Legliz yo epi yo te touye yo pou kwayans yo. Yo te touye Apot yo youn apre lòt, oswa yo te retire yo sou tè a. Akoz mechanste ak apostazi, yo te retire otorite apostolik la ak kle prètriz yo sou tè a. Òganizasyon Jezikri te etabli a pa t egziste ankò, e sa te mennen dezòd. Plis anplis erè te antre nan doktrin Legliz la, epi byen vit, Legliz la te vin konplètman detwi. Epòk kote vrè Legliz la pa t egziste ankò sou tè a rele Gran Apostazi.

Byen vit kwayans payen yo te domine panse moun ki te rele kretyen yo. Anperè Women an te adopte fo Krisyanis sa a kòm relijyon leta a. Legliz sa a te diferan de legliz Jezi te òganize a. Li te anseye ke Bondye sete yon moun san fòm ni sibstans.

Moun sa yo te pèdi konpreyansyon sou amou Bondye pou nou. Yo pa t konnen ke nou sete pitit li. Yo pa t konprann bi lavi a. Anpil nan òdonans sa yo te chanje paske prètriz la ak revelasyon pa t sou tè a ankò.

Anperè a te chwazi pwòp dirijan pa li epi pafwa yo te konn ba yo menm tit ki te itilize pa dirijan prètriz yo nan vrè Legliz Kris la. Pa t gen Apot ankò ni dirijan Prètriz ki te gen pouvwa Bondye, e pa t gen don espirityèl ankò. Pwofèt Ezayi te predi sitiyasyon sa a, kote l te pwofetize: “Tè a te pwofane pa moun ki te abite l yo; paske yo te transgrese lwa yo, yo te chanje òdonans yo, kraze alyans etènèl la” (Ezayi 24:5). Se pa t Legliz Jezikri a ankò; sete legliz lèzòm. Menm non an te chanje. Nan kontinan Ameriken an, apostazi te rive tou (gade 4 Nefi).

Yo te predi yon retablisman

  • Ki pwofesi nan Ansyen ak Nouvo Testaman an ki te predi Retablisman an?

Bondye te konnen Apostazi a t ap rive e li te prepare pou levanjil la retabli. Apot Pyè te pale sou sa avèk Juif yo: “Pou l ka voye Jezikri, moun li te chwazi davans pou nou an: ki rete nan syèl la pou kounyeya jiska tan retablisman tout bagay la, ke Bondye te fè konnen pa bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan an” (Travay 3:20–21).

Jan Revelatè a te wè epòk kote Legliz la t ap retabli a tou. Li te di: “Mwen te wè yon lòt zanj ki t ap vole byen wo nan syèl la. Li te gen yon bòn nouvèl pou l te bay tout moun ki te rete sou latè a, ak tout nasyon, tout ras, tout lang, tout pèp” (Revelasyon 14:6).

  • Poukisa Retablisman an te nesesè?

  • Konsidere benediksyon ou resevwa paske Legliz Jezikri a retabli sou tè a.

Ekriti adisyonèl

Enprime