Liv yo ak Leson yo
Chapit 9: Pwofèt Bondye yo


Chapit 9

Pwofèt Bondye yo

Pwofèt yo se reprezantan Bondye sou tè a

  • Ki pouvwa ak don yon pwofèt genyen?

“Konsa tou, ou mèt sèten, Senyè a pap janm fè anyen san li pa fè pwofèt yo, moun k ap sèvi l yo, konnen” (Amòs 3:7).

Anpil moun ap viv nan fènwa, san yo pa konnen volonte Bondye. Yo kwè ke syèl yo fèmen epi chak moun dwe fè fas ak peril yo poukont yo. Ala chans Sen Dènye Jou yo genyen! Nou konnen ke Bondye kominike avèk Legliz la pa lentèmedyè pwofèt li yo. Avèk kè yo plen rekonesans, Sen yo nan mond lan chante: “Seigneur, merci pour le prophète, qui nous guide en ces derniers jours” (Cantiques, no. 19).

Yon pwofèt se yon moun ki aple pa Bondye pou reprezante l sou tè a. Lè yon pwofèt pale pou Bondye, se kòmsi se Bondye k ap pale (gade D&A 1:38). Yon pwofèt se yon temwen espesyal Kris la, k ap temwaye sou divinite li ak anseye levanjil li a. Yon pwofèt anseye laverite epi li entèprete pawòl Bondye a.Li aple moun ki pa jis yo ala repantans. Li resevwa revelasyon ak direksyon nan men Senyè a pou benefis nou. Li kapab wè lavni epi li anonse evenman ki gen pou vini yo pou mete mond la angad.

Yon pwofèt kapab soti nan sitiyasyon varye nan lavi. Li gen dwa jèn oubyen granmoun, trè enstwi oubyen pa save. Li gen dwa se yon fèmye, yon avoka, oswa yon enstriktè. Ansyen pwofèt yo te konn abiye avèk rad long epi yo te mache ak baton. Pwofèt modèn yo abiye avèk kostim epi yo pote valiz. Konsa, kisa ki idantifye yon vrè pwofèt? Yon vrè pwofèt toujou chwazi pa Bondye epi aple pa otorite Prètriz apwopriye a (gade Atik lafwa 1:5)

Sen Dènye Jou yo soutni Premye Prezidans lan ak Douz Apot yo kòm pwofèt. Sepandan, lè nou pale de “pwofèt Legliz la”, nou vle di Prezidan Legliz la, ki se Prezidan Prètriz ki pi wo a.

Atravè tout epòk yo Bondye te toujou aple pwofèt pou dirije limanite

  • Nan ki fason pwofèt yo te gide pitit Bondye yo nan lepase?

Te toujou gen pwofèt sou tè a depi epòk Adan an. Eksperyans gwo mesye sa yo motive nou epi enspire nou. Moyiz, yon pwofèt Ansyen Testaman an, te dirije dè milye frè li soti an Ejip ak nan esklavaj pou te ale nan tè pwomiz la. Li te ekri premye senk liv Ansyen Testaman yo epi li te anrejistre Dis Kòmandman yo. Nefi, yon pwofèt Liv Mòmon an, te vwayaje soti Jerizalèm pou ale jis nan kontinan Ameriken an 600 ane anvan nesans Kris la. Gwo dirijan ak kolonizatè sa a kite anpil ekri enpòtan pou nou nan Liv Mòmon an. Jan Batis te chwazi pou prepare mond lan pou vini Senyè Jezikri a. Pa lentèmedyè Joseph Smith, yon pwofèt modèn, Senyè a te retabli Legliz la. Joseph Smith te tradui Liv Mòmon an tou pandan l ke l te yon jèn gason.

  • Kisa ou aprann apati lavi ak ansèyman pwofèt yo?

Nou gen yon pwofèt vivan sou tè a jodi a

  • Poukisa nou bezwen yon pwofèt vivan jodi a?

Nou gen yon pwofèt vivan sou tè a jodi a. Pwofèt sa a se Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Li gen dwa pou resevwa revelasyon pou tout Legliz la. Li gen “kle wayòm yo,” sa ki vle ke li gen otorite pou dirije Legliz la ak wayòm Bondye a toutantye sou tè a, enkli administrasyon òdonans Prètriz yo (gade Matye 16:19). Pèsonn, apa pwofèt ak Prezidan chwazi a, pa kapab resevwa volonte Bondye pou manm yo nan Legliz la. Senyè a te di: “Pa janm gen plis pase yon sèl moun sou tè a an menm tan ki gen pouvwa sa a ak kle prètriz sa yo konfere sou yo” (D&A 132:7). Prezidan Legliz la asiste pa konseye l yo nan Premye Prezidans lan ak manm Kolèj Douz Apot yo, ki se pwofèt, vwayan, ak revelatè tou.

Nou dwe fè sa pwofèt yo di nou pou nou fè yo. Prezidan Wilford Woodruff te deklare ke Bondye pap janm pèmèt yon pwofèt fè Legliz la pèdi wout li:

“Senyè a p ap janm pèmèt mwen menm oswa nenpòt lòt moun ki Prezidan Legliz sa a egare nou. Sa pa nan pwogram nan. Se pa entansyon Bondye. Si m ta eseye fè sa, Senyè a t ap retire m nan plas mwen an” (Teachings of Présidents of the Church: Wilford Woodruff [2004], 199).

  • Nan ki fason pwofèt vivan an enfliyanse Legliz la?

Nou dwe soutni pwofèt Senyè a

  • Kisa nou ka fè pou suiv ak soutni pwofèt la?

Anpil moun twouve ke l fasil pou kwè nan pwofèt lontan yo. Men li pi bon pou n kwè ak suiv pwofèt vivan an. Nou leve men nou pou n soutni Prezidan Legliz la kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè.

Nan ki fason nou ka soutni pwofèt la? Nou dwe priye pou li. Chay li lou, e li bezwen fòtifye pa priyè Sen yo.

Nou dwe etidye pawòl li yo. Nou ka koute diskou li fè nan konferans yo. Nou ka pran abònman Ensign oswa Lyawona tou pou nou kapab li diskou l fè nan konferans yo ak lòt mesaj li bay.

Nou dwe suiv ansèyman enspire l yo konplètman. Nou pa dwe chwazi pou n suiv yon pati nan konsèy enspire l yo epi rejte sa ki pa fè nou plezi oswa ki difisil. Senyè a kòmande nou pou nou suiv ansèyman enspire pwofèt li a:

“Ou dwe koute tout pawòl ak kòmandman li ba ou, lè l resevwa yo, lè l mache nan tout sentete devan m;

“Paske, nou pral resevwa pawòl li, tankou l te soti nan pwòp bouch pa m, nan tout pasyans ak lafwa” (D&A 21:4–5).

Senyè a p ap janm kite Prezidan Legliz la fè nou pèdi wout nou.

  • Kisa Prezidan Legliz la te anseye oubyen te aksantye resamman?

Gwo benediksyon soti nan obeyi Pwofèt la

Si nou obeyi, Senyè a pwomèt: “Pòt lanfè yo p ap gen viktwa sou nou; wi, epi Senyè Bondye a ap dispèse pouvwa tenèb yo devan nou, epi l ap fè syèl yo souke pou byen nou, ak pou laglwa non li” (D&A 21:6). Lè nou fè sa pwofèt nou mande nou pou nou fè, benediksyon devèse sot nan syèl la.

Pou l ka kanpe, vrè Legliz la dwe “bati sou fondasyon apot ak pwofèt yo, men se Jezikri li menm ki kenbe kò kay la kanpe byen fèm” (Efezyen 2:20). Nan mond ensèten sa a, nou beni paske nou gen yon pwofèt ke Senyè a revele volonte li.

  • Ki eksperyans ou te fè lè w te obeyi konsèy pwofèt la?

Ekriti adisyonèl

  • Nonb 12:6 (Bondye pale pa lentèmedyè pwofèt yo)

  • 1 Samyèl 9:9 (pwofèt la rele vwayan)

  • Amòs 3:7 (Bondye revele sekrè li bay pwofèt yo)

  • Mozya 8:16–18 (yon vwayan kapab konnen bagay ki pase ak bagay ki gen pou vini)

  • Lik 1:70 (Bondye pale pa lentèmedyè pwofèt yo)

  • D&A 45:10, 15 (Bondye pale jodi a menmjan ak nan ansyen tan an)

  • 1 Nefi 22:2 (tout bagay revele a pwofèt yo pa Lespri a)

  • D&A 68:3–5 (lè sèvitè Senyè a pale sou enspirasyon Sentespri a, se espri Senyè a, volonte Senyè a, ak vwa Senyè a)

  • D&A 107:65–67, 91–92 (devwa Prezidan legliz la)

  • D&A 43:1–7 (se sèl pwofèt la ki ka resevwa revelasyon pou Legliz la)

Imaj
Joseph Smith

Joseph Smith

Imaj
Brigham Young

Brigham Young

Imaj
John Taylor

John Taylor

Imaj
Wilford Woodruff

Wilford Woodruff

Imaj
Lorenzo Snow

Lorenzo Snow

Imaj
Joseph F. Smith

Joseph F. Smith

Imaj
Heber J. Grant

Heber J. Grant

Imaj
George Albert Smith

George Albert Smith

Imaj
David O. McKay

David O. McKay

Imaj
Joseph Fielding Smith

Joseph Fielding Smith

Imaj
Harold B. Lee

Harold B. Lee

Imaj
Spencer W. Kimball

Spencer W. Kimball

Imaj
Ezra Taft Benson

Ezra Taft Benson

Imaj
Howard W. Hunter

Howard W. Hunter

Imaj
Gordon B. Hinckley

Gordon B. Hinckley

Imaj
Thomas S. Monson

Thomas S. Monson

Enprime