Liv yo ak Leson yo
Chapit 10: Ekriti yo


Chapit 10

Ekriti yo

Imaj
A Chinese woman sitting at a table with scriptures open in front of her. She is using a highlighter to mark them.

Ekriti yo disponib pou nou jodi a

  • Ki kèk benediksyon nou resevwa jodi a paske ekriti yo si aksesib konsa?

Lè sèvitè Senyè a pale oubyen ekri sou enfliyans Sentespri a, pawòl yo vin ekriti (gade D&A 68:4). Depi nan kòmansman an, Senyè a te kòmande pwofèt li yo pou yo kenbe yon rejis sou revelasyon li ak rapò li avèk pitit li yo. Li te di: “Paske m kòmande tout moun, ni nan lès ak nan lwès, ni nan nò ak nan sid, e nan zile yo ki sou lanmè, pou yo ekri pawòl m pale ba yo; paske se nan liv ki pral ekri yo m pral jije mond lan, chak moun dapre zèv li, dapre sa ki ekri” (2 Nefi 29:11).

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo aksepte kat liv kòm ekriti: Bib la, Liv Mòmon an, Doktrin ak Alyans yo, ak Pèl Gran Pri a. Liv sa yo rele liv kanonik Legliz la. Pawòl pwofèt vivan nou yo aksepte kòm ekriti tou.

Bib la

Bib la se yon koleksyon ekri sakre ki gen revelasyon Bondye bay lòm. Ekri sa yo kouvri plizyè syèk, soti nan tan Adan an rive nan epòk kote Apot Jezikri yo te viv. Yo te ekri pa anpil pwofèt ki te viv nan epòk diferan nan istwa mond lan.

Bib la divize an de seksyon: Ansyen Testaman ak Nouvo Testaman. Anpil pwofesi nan Ansyen Testaman an te predi vini yon Sovè ak Redanmtè. Nouvo Testaman an rakonte lavi Sovè ak Redanmtè sa a, ki se Kris la. Li pale de etablisman Legliz li an nan epòk sa a tou. “Nou kwè Bib la se pawòl Bondye toutotan li tradui kòrèkteman” (Atik Lafwa yo 1:8).

Pa lentèmedyè Pwofèt Joseph Smith, Senyè a te elaji konpreyansyon nou sou kèk pasaj nan Bib la. Senyè a te enspire Pwofèt Joseph pou retabli verite nan tèks Bib la ki te pèdi yo oswa ki te chanje yo depi lè yo te ekri pawòl orijinal yo. Koreksyon enspire sa yo rele Joseph Smith-Tradiksyon Bib la. Nan edisyon vèsyon Bib Wa Jak la pou Sen Dènye Jou yo, nou jwenn pasaj seleksyone nan Tradiksyon Joseph Smith la nan paj 797–813 ak nan plizyè referans.

Liv Mòmon an

Liv Mòmon an se yon anal sakre konsènan kèk moun ki te viv nan kontinan Ameriken an ant apeprè 2000 A.K. ak A.D. 400. Li gen plenitid levanjil Jezikri a (gade D&A 20:9; 42:12; 135:3). Liv Mòmon an pale sou vizit Jezikri te fè moun ki t ap viv nan kontinan Ameriken yo toutsuit apre Rezirèksyon li.

Joseph Smith te tradui Liv Mòmon an an Anglè pa don ak pouvwa Bondye. Li te di ke “se liv ki pi kòrèk pase tout lòt liv sou tè a, e li se fondman relijyon nou an, e si yon moun swuiv presèp liv la, l ap vin pi pre Bondye pase si l swuiv presèp nenpòt lòt liv” (entwodiksyon Liv Mòmon an).

Prezidan Ezra Taft Benson te ede nou konprann kijan Liv Mòmon an se fondman relijyon nou an. Li te di:

“Gen twa bagay ki montre nan ki fason Liv Mòmon an se fondman relijyon nou an. Li se fondman temwayaj nou konsènan Kris la. Li se fondman doktrin nou. Li se fondman temwayaj nou.

“Liv Mòmon an se fondman nan temwayaj nou konsènan Jezikri, ki li menm se wòch fondasyon tout bagay nou fè. Li rann temwayaj konsènan reyalite li avèk puisans ak klète. …

“Li elaji konpreyansyon nou sou doktrin sali yo. … Liv Mòmon an … te ekri pou epòk pa nou an. … Ladan [l] nou jwenn yon modèl pou prepare pou Dezyèm Vini an. …

“… Liv Mòmon an anseye nou la verite [epi] li rann temwayaj konsènan Kris la. … Men gen yon bagay anplis. Gen yon pouvwa nan liv la ki ap kòmanse devèse antre nan lavi ou nan moman ou kòmanse yon etid serye sou liv la. W ap jwenn pi gwo pouvwa pou reziste anba tantasyon. W ap jwenn pouvwa pou evite twonpri. W ap jwenn pouvwa pou rete sou chemen etwat ak kwense a. Ekriti yo rele ‘pawòl lavi,’ epi pa gen okenn kote sa pi vre pase nan Liv Mòmon an. … ‘Chak Sen Dènye Jou ta dwe fè etid liv sa a vin yon objektif pou tout yon lavi’” (nan Conference Report, Okt. 1986, 4–7; oswa Ensign, Nov. 1986, 5–7; site Marion G. Romney, nan Conference Report, Avr. 1980, 90; oswa Ensign, Me 1980, 67).

Doktrin ak Alyans

Doktrin ak Alyans yo se yon koleksyon revelasyon modèn. Nan seksyon 1 Doktrin ak Alyans yo, Senyè a revele ke liv la pibliye pou moun ki abite latè yo kapab prepare pou vini l la:

“Se poutèt sa, vwa Senyè a ale jisnan bout tè a, pou tout moun ki vle tande kapab tande:

“Pare nou, pare nou pou sa ki pral rive a, paske Senyè a pre” (D&A 1:11–12).

Liv sa a gen revelasyon konsènan Legliz Jezikri a jan li te retabli nan dènye jou yo. Plizyè seksyon liv la eksplike òganizasyon Legliz la epi defini ofis Prètriz yo ak fonksyon yo. Lòt seksyon, tankou seksyon 76 ak 88, gen verite gloriye ki te pèdi pou mond lan pandan dè santèn ane.Gen lòt, tankou seksyon 29 ak 93, ki bay limyè sou ansèyman ki nan Bib yo.Epitou, gen kèk seksyon, tankou seksyon 133, gen pwofesi sou evenman ki gen pou vini. Bondye kòmande nou pou n etidye revelasyon l yo nan liv sa a: “Sonde kòmandman sa yo, paske yo vrè epi yo fidèl, epi pwofesi ki ladan yo pral akonpli nèt” (D&A 1:37).

Pèl Gran Pri a

Pèl Gran Pri a gen liv Moyiz la, liv Abraram nan, ak kèk ekri enspire Joseph Smith. Liv Moyiz la gen yon resi kèk vizyon ak ekri Moyiz yo, ke yo te revele bay Pwofèt Joseph Smith. Li klarifye doktrin ak ansèyman ki te pèdi nan Bib yo epi li bay plis enfòmasyon sou Kreyasyon tè a.

Liv Abraram nan te tradui pa Pwofèt Joseph Smith apati yon woulo papiris ki te soti nan katakonb Ejipsyen yo. Liv sa a gen enfòmasyon enpòtan sou Kreyasyon an, sou levanjil la, nati Bondye, ak Prètriz la.

Ekri Joseph Smith yo gen yon pati nan tradiksyon enspire Bib la pa Joseph Smith la, ekstrè ki soti nan Istwa Legliz la, li te ekri a ak nan Atik Lafwa yo.

  • Ki istwa nan ekriti yo ki te enspire ou? Ki ansèyman nan liv ekriti sa yo ki te ede ou?

Pawòl Pwofèt vivan nou yo

Anplis kat liv ekriti sa yo, pawòl enspire pwofèt vivan nou yo vin tounen ekriti pou nou tou. Nou resevwa pawòl yo atravè konferans, revi Liahona oswa Ensign, ak enstriksyon dirijan Prètriz lokal yo. “Nou kwè tout bagay Bondye te revele, ak tout bagay li revele kounyeya, epi nou kwè li pral revele anpil gwo bagay ki enpòtan ankò konsènan Wayòm Bondye a” (Atik Lafwa 1:9).

  • Ki kote nou ka jwenn pawòl pwofèt vivan nou yo?

Etidye ekriti yo

  • Ki benediksyon nou ka resevwa lè nou etidye ekriti yo?

Nou dwe etidye ekriti yo chak jou. Nou dwe pataje verite sa yo avèk pitit nou yo. Nou dwe li liv kanonik yo avèk pitit nou yo pou yo ka aprann renmen yo ak itilize yo pou yo jwenn verite ki ladan yo.

Si nou vle evite mal mond sa a, nou dwe nouri lespri nou avèk verite ak jistis ki nan ekriti yo. N ap rapwoche pi pre Bondye epi nou youn ap rapwoche pi pre lòt si nou li ak medite ekriti yo ansanm.

Si nou li, medite, ak priye sou ekriti yo epi nou mande Bondye pou nou konprann yo, Sentespri a ap rann nou temwayaj konsènan verasite bagay sa yo. Nou chak ap vin konnen pou tèt pa nou ke bagay sa yo vrè. Moun p ap kapab twonpe nou (gade Joseph Smith—Matye 1:37). Nou kapab resevwa menm santiman Nefi te eksprime yo lè l te di: “Gade, nanm mwen pran plezi nan bagay Senyè a yo; e kè m medite tout tan sou bagay m te tande ak wè yo” (2 Nefi 4:16).

  • Kijan nou ka kenbe angajman nou pou etidye ekriti yo chak jou? Panse pou n planifye yon tan ak yon espas pou etid ekriti yo chak jou.

Ekriti adisyonèl

Enprime