Liv yo ak Leson yo
Chapit 1: Papa nou ki nan Syèl la


Chapit 1

Papa nou ki nan Syèl la

Imaj
Hubble image of the galaxy

Gen yon Bondye

  • Ki bagay ki temwaye nou ke gen yon Bondye?

Alma, yon pwofèt nan Liv Mòmon an, te ekri: “Tout bagay demontre egzistans yon Bondye, wi, menm tè a ak tout sa ki sou sifas li; wi, ak mouvman li, wi, epi tou ak tout planèt k ap fè mouvman regilye nan jan pa yo, yo temwaye gen yon Kreyatè ki Siprèm” (Alma 30:44). Lè nou gade syèl la, lannuit, nou pi byen konprann sa Alma te vle di a. Gen dè milyon zetwal ak planèt, nan yon lòd pafè. Yo pa t rive la pa aza. Nou kontanple travay Bondye nan syèl yo ak sou tè a. Pil bèl plant yo, tout kalite bèt yo, montay yo, rivyè yo, nyaj ki pote lapli ak nèj pou nou yo—tout bagay sa yo temwaye ke gen yon Bondye.

Pwofèt yo te anseye nou ke Bondye se Gouvènè Puisan inivè a. Bondye abite nan syèl la (gade D&A 20:17). Palentèmedyè Pitit Gason l lan, Jezikri, li te kreye syèl yo ak tè a ak tout sa ki ladan yo (gade 3 Nefi 9:15; Moyiz 2:1). Li te fè lalin nan, zetwal yo, ak solèy la. Li te òganize mond sa a epi li te ba l fòm, mouvman, ak lavi. Li te ranpli lè a ak dlo yo avèk kreyati vivan. Li te kouvri kolin yo ak plèn yo avèk tout kalite lavi animal. Li te banou lajounen ak lannuit, lete ak livè, sezon pou plante ak sezon pou rekòlte. Li te kreye lòm dapre pwòp imaj li pou l vin gouvène lòt kreyati l yo (gade Jenèz 1:26–27).

Bondye se sèl Èt Siprèm ak absoli nan ki nou kwè epi ke nou adore. Li se “Gwo Paran inivè a”, epi l ap “veye sou tout kretyen vivan avèk yon atansyon ak yon rega patènèl” (Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith [200 [2007], 39).

Nati Bondye

  • Ki nati Bondye?

Paske nou kreye dapre imaj li (gade Moyiz 2:26; 6:9), nou konnen ke kò nou menmjan ak kò pa li. Espri etènèl li abite nan yon kò chè ak zo moun ka touche menmjan avèk pa lòm (gade D&A 130:22). Men, Bondye gen yon kò pafè ak glorifye, avèk yon glwa ki depase tout deskripsyon.

Bondye pafè. Li se yon Bondye jistis, ki gen karakteristik tankou lanmou, mizèrikòd, charite, verite, puisans, lafwa, konesans, ak jijman. Li gen tout pouvwa. Li konn tout bagay. Li plen bonte.

Tout bon bagay soti nan Bondye. Tout sa li fè se pou ede pitit li yo vin menmjan avèk li. Li di: “Paske, gade, sa a se travay mwen ak laglwa mwen—pou m reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm” (Moyiz 1:39).

  • Poukisa li enpòtan pou nou konprann nati Bondye?

Aprann konnen Bondye

  • Kijan nou ka vin konnen Bondye?

Konnen Bondye si enpòtan ke Sovè a te di: “Lavi etènèl, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a, Jezikri” (Jan 17:3).

Premye gran kòmandman pi konsekan an se “Se pou ou renmen Senyè a Bondye ou avèk tout kè ou” (Matye 22:37).

Plis nou konnen Bondye, se plis nou renmen li e se plis n ap respekte kòmandman l yo (gade 1 Jan 2:3–5).

Nou kapab konnen Bondye si nou:

  1. Kwè ke li egziste epi li renmen nou (gade Mozya 4:9).

  2. Etidye ekriti yo (gade 2 Timote 3:14–17).

  3. Priye li (gade Jak 1:5).

  4. Obeyi tout kòmandman l yo pi byen nou kapab (gade Jan 14:21–23).

Lè nou fè bagay sa yo, n ap vin konnen Bondye epi n ap finalman jwenn lavi etènèl.

  • Medite sa nou kapab fè pou nou pwoche pi pre Bondye.

Ekriti adisyonèl

Enprime