Liv yo ak Leson yo
Chapit 45: Milenyòm nan


Chapit 45

Milenyòm nan

Imaj
A male lion and lamb lying peacefully next to each other in a grassy field. Rolling hills are in the background. There are clouds in the sky. The image portrays the peace among animal life that will exist during the Millennium.

Moun yo sou tè a pandan Milenyòm nan

  • Kiyès ki pral sou tè a pandan Milenyòm nan?

Mil ane lapè, lanmou, ak lajwa ap kòmanse sou tè a lè Dezyèm Vini Jezikri a. Peryòd sa a rele Milenyòm. Ekriti yo ak pwofèt yo ede nou konprann kisa k pral pase sou tè a pandan Milenyòm nan.

Akoz destriksyon mechan yo nan Dezyèm Vini Sovè a, sèl jis yo apral viv sou tè a nan kòmansman Milenyòm nan. Se pral moun ki te mennen lavi onèt ak vètye. Moun sa yo ap eritye wayòm terès oswa selès la.

Pandan Milenyòm nan, ap toujou gen mòtèl k ap viv sou tè a, e y ap kontinye fè pitit menmjan n ap fè kounyeya (gade D&A 45:58). Joseph Smith te di ke èt imòtèl yo ap vizite tè a souvan. Èt resisite sa yo pral ede avèk gouvènman an ak lòt travay. (Gade Enseignements su prophète Joseph Smith, sel. Joseph Fielding Smith [1976], 268.)

Moun yo ap kontinye gen libabit yo, epi pandan yon tan, anpil ap kontinye kwè nan relijyon pa yo ak ide pa yo. Men alafen tout moun apral aksepte ke Jezikri se Sovè a.

Pandan Milenyòm nan, Jezi “pral reye an pèsonn sou tè a” (Atik Lafwa 1:10). Josph Smith te eksplike ke Jezi pral “reye sou Sen yo epi l ap desann pou enstwi yo” (Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith [2007], 258).

Travay Legliz la pandan Milenyòm nan

  • Ki de gwo travay ki ap gen pou fèt pandan Milenyòm nan?

Ap gen de gwo travay pou manm Legliz yo fè pandan Milenyòm nan: travay tanp ak travay misyonè. Travay tanp enplike òdonans nesesè pou egzaltasyon yo. Yo enkli batèm, enpozisyon men pou don Sentespri a, ak òdonans tanp—dotasyon, maryaj nan tanp, ak sèlman fanmi yo ansanm.

Anpil moun deja mouri san yo pa t resevwa òdonans sa yo. Moun yo sou tè a dwe akonpli òdonans sa yo pou yo. Travay sa a ap fèt kounyeya nan tanp Senyè a yo. Gen twòp pou fini anvan Milenyòm nan kòmanse, konsa, l ap fini pandan tan sa a. Moun resisite yo pral ede korije erè nou te fè yo lè nou t ap fè rechèch pou zansèt nou yo. Ya pral ede jwenn enfòmasyon n ap bezwen pou konplete rejis nou yo tou. (Gade Joseph Fielding Smith, Doctrines of Salvation, comp. Bruce R. McConkie, 3 vols. [1954–56], 2:167, 251–52.)

Lòt gwo travay k ap fèt pandan Milenyòm nan se pral travay misyonè. Yo pral anseye levanjil la avèk puisans bay tout moun. Finalman yo pa pral bezwen anseye lòt moun yo prensip levanjil yo paske “Senyè a di, yo tout pral konnen mwen, depi nan sa k pi piti rive nan sa k pi gran an” (Jeremi 31:34).

  • Kijan nou ka prepare pou n travay nan Milenyòm nan?

Kondisyon pandan Milenyòm nan

  • Nan ki fason lavi nan Milenyòm nan pral diferan avèk lavi isit la sou tè a kounyeya ?

Pwofèt Joseph Smith te anseye ke pandan Milenyòm nan, “Tè a pral renouvle epi l pral resevwa laglwa paradizyak li” (Atik lafwa 1:10).

Satan mare

Pandan Milenyòm nan, Satan pral mare. Sa vle di li pap gen pouvwa pou tante moun k ap viv nan epòk sa yo (gade D&A 101:28). “Pitit yo pral grandi san peche nan sali” (D&A 45:58) “Akoz lajistis pèp [Senyè a], Satan pa gen pouvwa; se poutèt sa, li pa kapab lage pou anpil ane; paske li pa gen pouvwa sou kè pèp la, poutèt yo viv nan lajistis, e se Sen Izrayèl la ki pral gouvène.” (1 Nefi 22:26).

Lapè sou tè a

Pandan Milenyòm nan p ap gen lagè. Moun pral viv nan lapè ak amoni ansanm. Tout sa yo te konn sèvi pou fè lagè yo pral vin sèvi pou bagay itil. “Yo pral fè epe ya fè l tounen kouto digo, epi yap ran mato ya fè l tounen zouti pou travay tè: nasyon yo pap leve kont yon lòt ankò, ni pap janm fè lagè ankò” (Ezayi 2:4; gade tou Ezayi 11:6–7; D&A 101:26).

Gouvènman jis

Prezidan John Taylor te anseye: “Senyè a pral wa sou tout tè a, epi tout limanite literalman sou rèy ni, epi tout nasyon anba syèl la pral gen pou rekonèt otorite li epi soumèt ak twòn ni” Moun ki sèvi li nan jistis yo ap gen kominikasyon avèk Bondye, epi avèk Jezi, y ap gen ministè zanj, epi y ap konnen lepase, leprezan, ak lavni; epi lòt moun, ki gen dwa pa konnen obeyisans total sou lwa l yo, ni totalman enstwi nan alyans li yo, pral oblije gen obeyisans total pou gouvènman l lan. Paske se pral rèy Bondye sou tè a, epi l ap bay lwa li, epi l ap kòmande ke tout nasyon nan mond lan obeyi sa ki se dwa li legalman” (Enseignements des présidents de l’église: [2001], 225).

P ap gan lanmò

Pandan Milenyòm nan p ap gen lanmò ankò jan l ye kounyeya. Lè moun yo viv rive nan yon laj granmoun, yo pa pral mouri ni antere. Olyesa, yo pral chanje soti nan kondisyon mòtèl yo a pou vin nan kondisyon imòtèl nan “yon bat je” (Gade D&A 63:51; 101:29–31.)

Tout bagay pral revele

Gen kèk verite ke yo pa revele nou. Tout bagay pral revele pandan Milenyòm nan. Senyè a di li pral “revele tout bagay—bagay ki deja pase, ak bagay ki kache pèsonn pa konnen, bagay ki konsène tè a, ki te itilize pou kreye l, ak objektif li ak destine l—bagay ki pi presye, bagay ki anlè, ak bagay ki anba, bagay ki nan tè a, ak sou tè a, ak nan syèl la” (D&A 101:32–34).

Lòt aktivite nan Milenyòm nan

Nan plizyè fason, lavi pral apeprè jan l ye kounyeya, sof ke tout bagay pral fèt nan lajistis. Moun yo apral manje ak bwè ak mete rad. (Gade Enseignements des présidents de l’église: Brigham Young [1997], 333.) Moun yo pral kontinye plante ak rekòlte ak bati kay (gade Ezayi 65:21)

  • Ki panse ak santiman ou genyen sou kondisyon ki pral egziste yo pandan milenyòm nan?

Yon dènye batay apre Milenyòm nan

  • Kisa k pral destine final tè a?

Nan fen 1.000 an an, Satan pral libere pou yon ti bout tan. Gen kèk moun k ap detounen de Papa nou ki nan Syèl la. Satan pral rasanble lame li, epi Michel (Adan) pral rasanble lame syèl yo. Nan gwo lit sa a, Satan ak disip li yo pral chase pou tout tan. Tè a pral chanje vin tounen yon wayòm selès. (Gade D&A 29:22–29; 88:17–20, 110–15.)

Ekriti adisyonèl

Enprime