Liv yo ak Leson yo
Chapit 32: Dim ak Ofrann


Chapit 32

Dim ak Ofrann

Nine coins in a stack with the tenth coin lying next to them. Illustrates the principle of tithing.

Peye dim ak ofrann

  • Kijan dispozisyon nou pou peye dim ak ofrann montre gratitid nou pou Papa nou ki nan Syèl la pou tout benediksyon li ba nou yo?

Nou resevwa kòmandman yo pou ede nou prepare nou nan tout sans pou n al viv nan prezans Papa nou ki nan Syèl la. Li ba nou yon mwayen pou remèsye l pou benediksyon nou yo. Peye dim ak ofrann volontèman se yon fason pou remèsye li. Lè nou peye ofrann sa yo, nou montre ke nou renmen li epi n ap obeyi konsèy li yo.

  • Nan ki fason peman dim ak ofrann ede nou remèsye Papa nou ki nan Syèl la?

Obeyi lwa dim nan

  • Kisa ki yon dim onèt?

Nan tan lontan an, Abraram ak Jakòb te obeyi kòmandman pou peye yon dizyèm revni li kòm dim (gade Ebre 7:1–10; Jenèz 14:19–20; 28:20–22).

Nan tan modèn yo, Pwofèt Joseph Smith te priye: “O Senyè! Montre sèvitè w la konbyen ou rekòmande nan byen pèp ou a pou ladim” (D&A 119, seksyon entwodiksyon an). Senyè a te reponn: “Epi se pral kòmansman ladim pèp mwen an. Epi Senyè a di, apre sa, moun ki te peye ladim sa yo pral peye yon dizyèm nan tout enterè yo chak ane; epi sa pral yon lalwa regilye pou yo pou toutt tan” (D&A 119:3–4). Premye Prezidans lan te eksplike ke “yon dizyèm nan tout enterè nou chak ane” vle di revni nou (gade lèt Premye Prezidans, 19 Mas 1970).

Lè nou peye dim nou montre fidelite nou anvè Senyè a. Nou anseye pitit nou yo valè lwa sa a tou. Y ap anvi suiv egzanp nou epi peye dim tou sou nenpòt lajan yo resevwa.

  • Nan ki fason dim se yon prensip lafwa plis pase yon prensip finans?

  • Kisa paran yo kapab fè pou anseye pitit yo pou peye dim ak konprann enpòtans li?

Nou dwe bay volontèman

  • Poukisa atitid nou enpòtan lè n ap peye dim?

Li enpòtan pou nou bay volontèman. “Lè yon moun peye dim ni san plezi, li prive tèt li de yon pati benediksyon an. Li dwe aprann bay ak kè kontan, volontèman epi ak lajwa, epi don l la ap beni” (Stephen L Richards, The Law of Tithing [bwochi, 1983], 8).

Apot Pòl te anseye ke fason nou bay la osi enpòtan ke sa nou bay la. Li te di: “Se pou chak moun bay; san yo pa regrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo; paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan” (2 Korentyen 9:7).

  • Kisa sa vle di pou ou yon moun ki “bay ak kè kontan”?

Dim ak Ofrann

  • Nan ki fason Legliz la itilize fon dim ak lòt ofrann yo?

Antanke manm Legliz la, nou bay dim ak lòt ofrann pou Senyè a.

Dim

Dim nan itilize pa Legliz la pou anpil bi. Kèk nan yo se:

  1. Bati, pran swen, ak opere tanp, chapèl, ak lòt bilding.

  2. Founi fon pou pye yo, pawas yo, ak lòt inite yo nan Legliz la mache. (Inite sa yo itilize fon yo pou reyalize pwogram eklezyastik Legliz yo, ki gen ladan anseye levanjil la ak fè aktivite sosyal.)

  3. Ede pwogram misyonè a.

  4. Fòme jèn yo nan lekòl, seminè, ak enstiti yo nan Legliz la.

  5. Enprime ak distribye materyèl pou leson.

  6. Ede nan jeneyaloji ak travay tanp.

Lòt ofrann

Ofrann jèn. Manm Legliz yo jene chak mwa kote yo rete san manje ni bwè pandan de repa suivi. Yo bay kòm ofrann omwen montan lajan yo ta pral depanse pou repa sa yo. Yo ka bay ak otan jenewozite ke yo kapab. Ofrann sa a rele ofrann jèn. Evèk yo itilize ofrann jèn sa yo pou bay manje, kay, rad, ak swen medikal pou moun ki nan bezwen. (Gade chapit 25 nan liv sa a.)

Kòm pati jou jèn nan, manm yo ale nan yon reyinyon ki rele reyinyon jèn ak temwayaj, kote yo pataje temwayaj yo konsènan Kris la ak levanjil li a youn avèk lòt.

Lòt don. Manm Legliz yo gen dwa bay pou lòt travay nan Legliz la, tankou travay misyonè, Fon Edikasyon Pèpetyèl la, konstriksyon tanp, ak èd imanitè.

Sèvis. Manm yo ofri tan yo, talan yo, ak byen yo pou ede lòt moun tou. Sèvis sa a pèmèt Legliz la ede manm ak non manm ki nan bezwen toupatou nan mond lan nan nivo kominotè, nasyonal, ak entènasyonal, espesyalman lè dezas rive.

Nou beni lè nou peye dim ak ofrann

Senyè a pwomèt pou beni nou si nou fidèlman peye dim nou ak ofrann nou. Li te di: “Pote tout ladim yo nan mezon trezò a, pou ka gen manje nan kay mwen an, epi mete m aleprèv pou nou wè … si m pap louvri fenèt syèl yo pou vide benediksyon sou nou, ke nou pap gen ase plas pou resevwa” (Malachi 3:10).

Revelasyon modèn yo pale nou de yon lòt benediksyon pou moun ki peye dim yo: “An verite, se yon jou pou sakrifis, epi yon jou pou ladim pèp mwen an; paske yon moun ki peye ladim li p ap boule lè l vini” (D&A 64:23).

Benediksyon sa yo yo pwomèt nou yo alafwa materyèl ak espirityèl. Si nou bay ak kè kontan, Papa nou ki nan Syèl la ap satisfè bezwen manje, rad, ak kay nou genyen. Pandan l t ap pale avèk Sen Dènye Jou nan Filipin yo, Prezidan Gordon B. Hinckley te di ke si moun yo “aksepte levanjil la epi yo viv li, si yo peye dim yo ak ofrann yo, menmsi yo piti, Senyè a ap kenbe ansyen pwomès li te fè nan non yo a, epi y ap gen diri nan asyèt yo ak rad sou do yo ak kay pou yo rete. Mwen pa wè okenn lòt solisyon. Yo bezwen yon pouvwa ki pi gran pase tout pouvwa terès pou soulaje yo ak ede yo.” (“Inspirational Thoughts,” Ensign, Out 1997, 7). Senyè a ap ede nou grandi tou “nan yon konesans Bondye, ak nan temwayaj, ak nan kapasite pou viv levanjil la ak pou enspire fanmi nou pou nou fè menm bagay la” (Enseignements des présidents de l’église: Heber J. Grant [2002], 124).

Moun ki peye dim yo ak ofrann yo beni grandman. Yo gen yon santiman agreyab ke y ap ede bati wayòm Bondye a sou tè a.

  • Ki kèk benediksyon ou menm, manm fanmi ou, oubyen zanmi ou te resevwa atravè peman dim ak lòt ofrann?

Ekriti adisyonèl