Liv yo ak Leson yo
Chapit 8: Priye Papa nou ki nan Syèl la


Chapit 8

Priye Papa nou ki nan Syèl la

Imaj
A woman sitting at a desk with the scriptures open in front of her. She has her hands clasped and eyes closed in prayer.

Kisa priyè ye?

Jezi te anseye: “Nou dwe toujou priye Papa a nan non m”(3 Nefi 18:19).

Lapriyè se youn nan pi gwo benediksyon nou genyen pandan n ap viv isit la sou tè a. Atravè lapriyè nou kapab kominike avèk Papa nou ki nan Syèl la epi mande gidans li chak jou.

Lapriyè se yon konvèsasyon sensè, ki soti nan kè avèk Papa nou ki nan Syèl la. Nou dwe priye Bondye sèlman, e pèsonn lòt. Nou pa priye okenn lòt kreyati ni okenn lòt bagay kreye pa lòm oswa pa Bondye (gae Egzòd 20:3–5).

Poukisa nou priye?

Lapriyè te toujou yon pati enpòtan nan levanjil la depi nan kòmansman mond lan. Epi yon zanj Senyè a te kòmande Adan ak Èv pou yo repanti epi pou yo priye Bondye nan non Pitit la (gade Moyiz 5:8). Kòmandman sa a toujou an vigè. Lapriyè ap ede nou vin pi pre Bondye. Tout panse nou, pawòl nou, ak aksyon nou enfliyanse pa priyè nou yo.

Nou dwe priye pou fòs pou reziste anba tantasyon Satan ak disip li yo (gade 3 Nefi 18:15; D&A 10:5). Nou dwe priye pou konfese peche nou yo bay Bondye epi mande l pou padone nou (gade Alma 38:14).

Nou dwe priye pou mande Senyè a pou gide nou ak pou ede nou nan lavi chak jou nou. Nou dwe priye pou fanmi nou ak zanmi nou, vwazen nou, rekòt nou ak bèt nou, travay jounalye nou, ak lòt aktivite nou genyen. Nou dwe priye pou n jwenn pwoteksyon kont enmi nou yo. (Gade Alma 34:17–27.)

Nou dwe priye pou eksprime lanmou nou pou Papa nou ki nan Syèl la ak pou rapwoche nou de li. Nou dwe priye Papa nou ki nan Syèl la pou byennèt nou ak konfò nou ak pou tout sa li banou chak jou (gade 1 Tesalonisyen 5:18). Nou bezwen priye pou mande Papa nou ki nan Syèl la fòs pou n viv levanjil la.

Nou dwe priye pou nou kapab rete sou chemen etwat ak kwense a ki mennen nan lavi etènèl la. Nou dwe priye Bondye, otè tout jistis la, pou nou kapab jis nan panse nou, pawòl nou ak aksyon nou.

  • Nan ki fason lapriyè te ede ou rapwoche de Papa nou ki nan Syèl la?

Kilè nou dwe priye?

Nou kapab priye kèlkeswa lè nou santi nou bezwen kominike avèk Papa nou ki nan Syèl la, keseswa an silans oubyen awotvwa. Pafwa nou bezwen poukont nou pou nou kapab devèse nanm nou ba li (gade Matye 6:6). Epitou, nou kapab priye pandan aktivite chak jou nou yo. Nou ka priye pandan nou nan yon reyinyon Legliz la, lakay nou, pandan n ap mache nan lari, nan travay, pandan n ap prepare manje, oubyen kèlkeswa kote nou kapab ye ak kèlkeswa sa n ap fè. Nou ka priye nenpòt lè nan jounen an oswa nuit la. Nou ka priye lè nou poukont nou oswa lè nou ansanm avèk lòt moun. Nou ka kenbe Papa nou ki nan Syèl la nan panse nou tout tan (gade Alma 34:27). Nou ka “toujou priye” (D&A 10:5).

Pafwa nou gen dwa pa santi nou anvi priye. Nou gen dwa fache oswa dekouraje oswa kontrarye. Nan moman sa yo nou dwe fè yon efò espesyal pou n priye (gade 2 Nefi 32:8–9).

Nou chak dwe priye an prive omwen chak maten ak chak swa. Ekriti yo pale nou de priye maten, midi, ak aswè (gade Alma 34:21).

Yo kòmande nou pou nou fè priyè familyal pou fanmi nou kapab beni (gade 3 Nefi 18:21). Dirijan legliz nou yo konseye nou pou nou priye antanke fanmi chak maten ak chak swa.

Nou gen privilèj pou n priye pou n di mèsi tout ak pou mande yon benediksyon sou manje anvan chak repa.

Nou louvri epi nou fèmen tout reyinyon Legliz yo avèk lapriyè. Nou remèsye Senyè a pou benediksyon l yo epi nou mande l èd pou nou kapab adore li nan fason ki fè l plezi.

Kijan nou dwe priye?

Kèlkeswa kote nou ye, keseswa nou kanpe oubyen ajenou, keseswa nou priye an silans oubyen awotvwa, keseswa an prive oubyen an gwoup, nou dwe toujou priye nan lafwa, “avèk yon kè sensè, avèk yon entansyon reyèl” (Mowoni 10:4).

Lè nou priye Papa nou ki nan Syèl la, nou dwe di li kisa nou reyèlman santi nan kè nou, konfye nou nan li, mande l padon, sipliye li, remèsye li, eksprime lanmou nou pou li. Nou pa dwe repete pawòl ak fraz ki pa gen sans (gade Matye 6:7–8). Nou dwe toujou mande pou volonte l fèt, pandan n ap sonje ke sa nou anvi an gen dwa pa pi bon pou nou (gade 3 Nefi 18:20). Lè nou fini priyè nou, nou fini l nan non Jezikri (gade 3 Nefi 18:19).

Kòman priyè nou reponn?

  • Poukisa ou panse repons priyè nou yo pa toujou aparan? Poukisa ou panse repons priyè yo pa toujou vini lè nou vle oubyen nan fason nou vle?

Priyè sensè nou toujou jwenn repons. Pafwa repons la kapab negatif, paske sa nou mande a gen dwa pa bon pou nou. Pafwa repons la pozitif, e nou gen yon santiman chalè konfòtab sou sa nou dwe fè (gade D&A 9:8–9). Pafwa repons lan se “fè yon ti tann.” Repons priyè nou yo toujou vini nan moman ak nan fason Senyè a konnen l ap ede nou pi plis.

Pafwa Senyè a reponn priyè nou yo pa lentèmedyè lòt moun. Yon bon zanmi, yon mari oswa yon madanm, yon paran oswa yon lòt manm fanmi, yon dirijan Legliz, yon misyonè—nenpòt nan moun sa yo kapab enspire pou aji nan fason pou reponn priyè nou yo. Yon egzanp nan sa se eksperyans yon jèn manman ki te gen tibebe li ki te fè yon aksidan nan kay la. Li pa t gen okenn mwayen pou mennen tibebe a kay doktè. Li te fèk vin abite nan zòn nan epi li pa t konn vwazen l yo. Jèn manman an te priye pou jwenn èd. Kèk minit apre, yon vwazen te vin frape nan pòt la, li te di: “Mwen santi enpresyon ke m dwe vini pou wè si w bezwen èd.” Vwazen an te ede jèn manman an mennen tibebe a kay doktè.

Souvan Bondye banou pouvwa pou ede reponn pwòp priyè nou yo. Lè nou priye pou èd, nou dwe fè tout sa nou kapab pou materyalize bagay nou bezwen an.

Si nou viv levanjil Jezikri a epi nou toujou priye, n ap gen lajwa ak bonè. “Rete enb; epi Senyè Bondye w la ap pran men ou pou dirije ou, epi l ap ba ou repons pou priyè ou yo” (D&A 112:10).

  • Nan ki fason Papa nou ki nan Syèl la te reponn priyè ou?

Ekriti adisyonèl ak lòt sous

Enprime