Liv yo ak Leson yo
Chapit 11: Lavi Kris la


Chapit 11

Lavi Kris la

Jesus Christ at the home of Jairus. Christ is standing beside the bed of the twelve-year-old daughter of Jairus. The girl's father and mother are standing on the other side of the bed. Christ is holding the hand of the girl as He helps her rise from her bed. The girl, who had been declared dead, is looking up at Christ. Light from a window is shining on the girl's face, and on the back of Christ.

Lavi Kris la te predi lontan anvan nesans li

Chak moun ki vin sou tè a konte sou Jezikri pou kenbe pwomès li te fè nan syèl la pou l vin Sovè nou an. San li menm, plan Sali a t ap echwe. Paske misyon li te nesesè, tout pwofèt soti nan Adan rive nan Kris la te temwaye ke l t ap vini (gade Travay 10:43). Tout pwofèt apre Kris yo te temwaye ke li te vini. Nou tout bezwen etidye lavi Sovè a epi suiv li fidèlman pandan tout lavi nou.

Adan te aprann ke non Sovè a se t ap Jezikri (gade Moyiz 6:51–52). Enòs te wè ke Jezi t apral mouri sou kwa a epi resisite apresa (gade Moyiz 7:55–56). Nowe ak Moyiz te temwaye konsènan li tou (gade Moyiz 1:11; 8:23–24). Apeprè 800 ane anvan Sovè a te fèt sou tè a, Ezayi te pwofetize sou lavi li. Lè Ezayi te wè doulè ak soufrans Sovè a ta pral pase pou peye pri pou peche nou yo, li te di:

“Nou pa t gade li menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. …

“… Men se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t ap soufri pou nou. …

“Se pou peche nou kifè yo te mete san l deyò konsa. Se akoz mechanste nou kifè yo te kraze l anba kou konsa. …

“Yo te maltrete l, men li menm se bese li te bese tèt li ase. Tankou yon ti mouton y ap mennen nan labatwa” (Ezayi 53:3–5, 7).

Nefi te fè yon vizyon sou nesans Sovè a ak misyon li tou. Li te wè yon bèl fi vyèj, epi yon zanj te eksplike: “Gade, vyèj ou te wè a se manman Pitit Gason Bondye a, dapre kò fizik la” (1 Nef i 11:18). Apresa Nefi te wè vyèj la kenbe yon pitit nan bra li. Zanj lan te deklare: “Men Ti Mouton Bondye a, wi, Pitit Gason Papa Etènèl la menm!” (1 Nefi 11:21).

Apeprè 124 ane anvan Jezi te fèt, Wa Benjamen, yon lòt pwofèt Nefit, te wè lavi Sovè a tou:

“Paske, gade, tan an ap vini, e li pa lwen, Senyè Toupisan an k ap gouvène a, ki te egziste e ki egziste depi nan letènite jouk nan letènite a, pral desann sòti nan syèl la avèk pouvwa, nan pami pitit lèzòm, e li pral rete nan yon kò fizik, e li prale nan pami lèzòm, pou l fè gwo mirak, tankou geri malad, resisite mò, fè moun paralyze mache, fè moun ki avèg wè ankò, fè moun ki soud tande, epi geri tout kalite maladi.

“Epi li pral chase dyab, oubyen move lespri yo ki rete nan kè pitit lèzòm yo.

“Epi li pral soufri tantasyon, ak doulè fizik, ak grangou, ak swaf, ak fatig plis pase lèzòm kapab soufri san yo pa mouri; san menm sòti nan chak twou swè li yo, tèlman li pral soufri pou mechanste ak abominasyon pèp li a.

“Epi yo pral rele li Jezikri, Pitit Gason Bondye a, Papa syèl la ak tè a, Kreyatè tout bagay depi nan kòmansman; e yo pral rele manman li Mari” (Mozya 3:5–8).

  • Ki kèk ansyen pwofesi ou konnen konsènan Jezikri?

Li sete Sèl Pitit Literal Papa a

  • Kisa Jezikri te eritye nan men Papa li? Kisa li te eritye nan men manman li?

N ap jwenn istwa nesans ak lavi Sovè a nan Nouvo Testaman an nan liv Matye, Mak, Lik, ak Jan. Apati resi moun sa yo nou aprann ke Jezi te fèt, pitit yon vyèj yo te rele Mari. Li te fiyanse avèk Jozèf pou yo te marye lè yon zanj Senyè a te parèt devan li. Zanj lan te di li ke li ta pral manman Pitit Gason Bondye a. Li te mande li kijan sa te fè posib (gade Lik 1:34). Zanj lan te reponn: “Sentespri a pral vin sou ou; pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj. Se pou sa tou, pitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, ya rele l Pitit Bondye a” (Lik 1:35). Konsa, Bondye Papa a te vin Papa Literal Jezikri.

Jezi se sèl moun sou tè a ki te fèt pa yon manman mòtèl ak yon Papa imòtèl. Se poutèt sa li rele Sèl Pitit Gason Literal la. Li te eritye pouvwa diven Papa l yo. Nan manman li li te eritye mòtalite epi li te sibi grangou, swaf, fatig, doulè, ak lanmò. Okenn moun pa t ap kapab pran lavi Sovè a si l pa t vle. Li te gen pouvwa pou bay lavi li ak pouvwa pou reprann kò li ankò apre lanmò. (Gade Jan 10:17–18.)

Li te mennen yon lavi pafè

  • Kisa lavi Sovè a vle di pou nou?

Depi lè l te piti, Jezi te obeyi tout sa Papa nou ki nan Syèl la te mande li. Sou direksyon Mari ak Jozèf, Jezi te grandi menmjan tout lòt timoun grandi. Li te renmen laverite epi li te obeyi. Lik di nou: “Pitit la menm t ap grandi, li t ap devlope. Li te gen kont lespri l, epi favè Bondye te avèk li” (Lik 2:40; gade tou D&A 93:12–14).

Rive nan moman l te gen 12 an, Jezi te rive konprann ke yo te voye li pou l te fè volonte Papa li. Li te ale Jerizalèm avèk paran li. Lè paran l te retounen lakay, yo te dekouvri ke li pa t avèk gwoup yo a.Yo te retounen Jerizalèm pou yo t al chèche li. “Apre twa jou yo te jwenn ni nan tanp lan, chita nan mitan doktè lalwa yo, epi yo t ap koute li, epi yo t ap poze l kesyon” (Joseph Smith Tradiksyon, Lik 2:46). “Epi tout moun ki te tande li te etone pou konpreyansyon li ak repons li” (Lik 2:47).

Jozèf ak Mari te soulaje lè yo te jwenn ni, men “yo te etone: epi manman l te di li, Pitit Gason mwen, poukisa ou fè nou sa? Se pa ti chèche papa ou avè m nou pa chèche ou.” Jezi te reponn ni, li te di: “Nou pa t konnen fò k mwen okipe zafè Papa mwen [ki nan syèl la]?” (Lik 2:48–49).

Pou l te ranpli misyon li, Jezi te oblije fè volonte Papa li ki nan Syèl la. Li te deklare: “Mwen pa fè anyen poukont mwen. Se sèlman sa Papa a montre m mwen di. … Mwen toujou fè sa k fè l plezi” (Jan 8:28–29).

Lè Jezi te gen 30 an, li t al jwenn Jan Batis pou l te batize nan Rivyè Jouden an. Jan te ezite pou l batize Jezi paske li te konnen ke Jezi te pi gwo moun pase li. Jezi te mande Jan pou te batize li pou kapab “fè tout sa Bondye mande.” Jan te batize Sovè a, li te plonje l konplètman nan dlo a. Lè Jezi te fin batize, Papa l te pale soti nan syèl la, li te di; “Sa se pitit Gason mwen renmen anpil la, ki fè kè m kontan anpil.” Sentespri a te desann, jan siy kolonb la endike a. (Gade Matye 3:13–17.)

Tou suit apre Jezi te fin batize, li te jene pandan 40 jou ak 40 nuit pou l te avèk Bondye. Apresa, Satan te vini pou tante li. Jezi te reziste byen fèm anba tout tantasyon Satan yo epi apre li te kòmande Satan pou l ale. (Gade Matye 4:1–11; gade tou Joseph Smith Tradiksyon, Matye 4:1, 56, 89, 11.) Jezikri te rete san peche, sèl moun pafè ki te janm mache sou tè a (gade Ebre 4:15; 1 Pyè 2:21–22).

  • Ki resi sou lavi Sovè a ki espesyalman siyifikan pou ou?

Li te anseye nou kijan pou nou youn renmen ak sèvi lòt

  • Nan ki fason Sovè a anseye nou kijan pou nou youn renmen ak sèvi lòt?

Apre ke l te fin jene epi tante pa Satan an, Jezi te kòmanse ministè piblik li. Li te vin sou tè a non sèlman pou l te mouri pou nou men tou pou l te anseye nou kijan pou nou viv. Li te anseye ke gen de kòmandman ki pi konsekan: premye a, se pou ou renmen Bondye avèk tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide; epi dezyèm nan, se pou ou renmen pwochen ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou (gade Matye 22:36–39). Lavi li se yon egzanp sou fason nou dwe obeyi de kòmandman sa yo. Si nou renmen Bondye, n ap gen konfyans nan li epi n ap obeyi li, jan Jezi te fè. Si nou renmen pwochen nou, n ap ede yo satisfè bezwen fizik ak espirityèl yo.

Jezi te pase lavi li ap sèvi lòt moun. Li te geri yo anba maladi. Li te fè avèg wè, moun soud tande, kokobe mache. Yon fwa pandan l t ap geri moun malad, li te vin ta epi moun yo te grangou. Olye l te voye yo ale, li te beni senk pen ak de pwason epi li te fè yon mirak pou te nouri yon miltitid 5.000 moun. (Gade Matye 14:14–21.) Li te anseye ke kèlkeswa lè nou rankontre moun ki grangou, ki frèt, ki toutouni, oubyen ki nan solitid, nou dwe ede yo tout jan nou kapab. Lè nou ede lòt moun, se Senyè a n ap sèvi. (Gade Matye 25:35–46.)

Jezi te renmen lòt moun avèk tout kè li. Souvan kè li te konn sitèlman ranpli ak konpasyon ke l te konn kriye. Li te renmen timoun piti yo, granmoun yo, ak moun senp ak enb yo ki te gen lafwa nan li yo. Li te renmen moun ki te peche yo, epi avèk gwo konpasyon li te anseye yo pou yo repanti epi vin batize. Li te anseye: “Se mwen menm ki chemen an, se mwen menm ki verite a, se mwen men ki lavi a” (Jan 14:6).

Jezi te renmen moun ki te peche kont li yo epi ki pa t repantan yo. Epi nan fen lavi li, pandan ke l te kloure sou kwa a, li te priye Papa a pou sòlda yo ki te krisifye l yo, li te di: “Papa, padone yo; paske yo pa konn sa y ap fè” (Lik 23:34). Li te anseye: “Men kòmandman m ap ba nou: se pou nou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an” (Jan 15:12).

  • Nan ki fason nou kapab montre Senyè a nou renmen li?

Li te òganize sèl vrè Legliz la

  • Poukisa Sovè a te òganize Legliz li a epi òdone Apot yo?

Jezi te vle yo anseye tout moun sou tout tè a levanjil li a, konsa li te chwazi douz Apot pou temwaye de li. Yo sete premye dirijan Legliz li a. Yo te resevwa otorite pou aji nan non li ak pou fè tout sa yo te wè l fè yo. Moun ki te resevwa otorite nan men yo te kapab anseye, batize, ak akonpli lòt òdonans nan non li tou. Apre lanmò li, yo te kontinye fè travay li jiskaske moun yo te vin sitèlman mechan ke yo te touye Apot yo.

Li te rachte nou anba peche epi li te sove nou anba lanmò

  • Pandan w ap etidye seksyon sa a, pran tan pou w medite sou evenman Ekspyasyon yo.

Prèske nan fen ministè mòtèl li, Jezi te prepare l pou l te fè dènye sakrifis la pou tout peche limanite a. Yo te kondane li pou l te mouri paske li te temwaye bay moun yo ke li sete Pitit Gason Bondye.

Jou swa anvan Krisifiksyon l lan, Jezi te ale nan yon jaden yo te rele Jetsemani. Toutsuit li te anvayi pa yon gwo tristès epi li te kriye pandan l t ap priye. Yon Apot nan dènye jou yo, Orson F. Whitney te jwenn pèmisyon pou l te wè soufrans Sovè a nan yon vizyon. Li te wè Sovè a k t ap kriye, li te di: “Mwen te sitèlman anvayi pa emosyon ke mwen te kriye tou, avèk anpil konpasyon. Kè m te ranpli avèk konpasyon pou li; mwen te renmen li avèk tout nanm mwen, epi mwen te vle rete nan prezans li e m pa t bezwen anyen ankò” (“The Divinity of Jesus Christ,” Improvement Era, Jan. 1926, 224–25; gade tou Ensign, Des. 2003, 10). Jezi “te ale yon ti kras pi lwen, li te lage kò l fas atè, li te lapriyè konsa: “O Papa mwen. Sis a te ka fèt, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a” (Matye 26:39).

Nan yon revelasyon modèn Sovè a te dekri kijan soufrans li yo te ye, li te di ke yo te lakoz li te “tranble anba doulè, epi senyen nan chak twou swè nan kò mwen, epi te fè m soufri nan ni kò m ni nan lespri m” (D&A 19:18). Li te soufri “dapre kò fizik la” kote l te pran doulè, maladi, enfimite, ak peche pèp li a sou tèt pa l (gade Alma 7:10–13). Okenn moun mòtèl pa ka konprann pwa fado sa a. Okenn lòt moun pa ka andire kalite agoni nan kò ak lespri sa a. “Li te desann pi ba pase tout bagay … pou l te kapab nan tout bagay epi pa mwayen tout bagay, limyè verite a” (D&A 88:6).

Men soufrans li pa t ko fini. Nan jou apre a, yo te bat Jezi, yo te imilye li, yo te krache sou li. Yo te oblije l pote pwòp kwa li; epi apresa yo te leve epi yo te kloure li. Yo te tòtire li nan youn nan fason pi kriyèl lòm te janm envante. Apre l te fin soufri sou kwa a, li te kriye nan agoni: “Bondye, Bondye, poukisa ou lage m konsa?” (Mak 15:34). Nan lè k te pi anmè pou Jezi a, Papa a te retire kò li pou Jezi te kapab fini soufri pou peche tout limanite pou Jezi te kapab gen viktwa total sou fòs peche ak lanmò yo (gade James E. Talmage, Jésus le Christ, 3rd ed. [1916], 660–61).

Lè Sovè a te konnen ke sakrifis li a te aksepte pa Papa a, li te di avèk yon gwo vwa: “Tout bagay fini” (Jan 19:30). “Papa, mwen remèt lespri mwen nan men ou” (Lik 23:46). Li te bese tèt li epi li te volontèman bay lespri li. Sovè a te mouri. Yon gwo tranblemandtè te sekwe tè a.

Kèk zanmi te pran kò Sovè a pote l nan yon tonm, kote li te rete jiska twazyèm jou a. Pandan tan sa a espri li te ale nan mond lespri a pou l te òganize travay misyonè pou lòt espri yo ki te bezwen resevwa levanjil li a (gade 1 Pyè 3:18–20; D&A 138). Nan twazyèm jou a, yon Dimanch, li te retounen al nan kò li epi li te reprann ni ankò. Li sete premye moun ki te venk lanmò. Pwofesi a te akonpli “li te gen pou l te leve soti vivan nan pami mò yo” (Jan 20:9).

Tout suit apre Rezirèksyon li, Sovè a te parèt devan Nefit yo epi li te tabli Legliz li a nan kontinan Ameriken an. Li te anseye moun yo epi l te beni yo. N ap jwenn resi emouvan sa a nan 3 Nefi 11 rive 28.

Sakrifis li a te montre lanmou li pou Papa li ak pou nou

Jezi te anseye: “Pa gen pi bon jan pou ou montre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo.Nou tout se zanmi m nou ye, depi nou fè sa m mande nou fè” (Jan 15:13–14). Li te volontèman epi enbleman pase pa doulè nan Jetsemane a ak soufrans sou kwa a pou nou te kapab resevwa tout benediksyon plan Sali yo. Pou resevwa benediksyon sa yo, nou dwe vin jwenn ni, repanti pou peche nou yo, epi renmen li avèk tout kè nou. Li te di:

“E se levanjil sa a m te ba nou—m te vin nan mond lan pou m fè volonte Papa m, paske Papa m te voye m.

“Epi Papa m te voye m pou yo te kapab leve m sou kwa a, e apre yo fin leve m sou kwa a pou m kapab atire tout moun kote m … pou yo jije pou zèv yo. …

“Paske nou dwe fè zèv nou te wè m fè yo. …

“Se poutèt sa, ki kalite moun nou dwe ye? Anverite, m di nou, menmjan avèk mwen” (3 Nefi 27:13–15, 21, 27; italik ajoute).

  • Ki sa ou santi lè w ap medite sou sakrifis Sovè a fè pou ou a?

Ekriti adisyonèl ak lòt sous