Liv yo ak Leson yo
Chapit 31: Onètete


Chapit 31

Onètete

Imaj
Two men shaking hands

Onètete se yon prensip sali

  • Ak kisa sosyete a t ap sanble si tout moun te totalman onèt?

Trèzyèm atik lafwa a di: “Nou kwè nou dwe onèt.” Liv Mòmon an pale nou de yon gwoup moun ke “yo te distenge pou devouman yo devan Bondye, ak devan lèzòm, paske yo te pafètman onèt e yo te dwat nan tout bagay; epi yo te fèm nan lafwa nan Kris la jiska lafen” (Alma 27:27). Akoz onètete yo, moun sa yo te remake pa pwochen yo ak pa Bondye. Li enpòtan pou nou konnen kisa onètete ye, kijan nou ka tante vin malonèt, ak kijan nou ka simonte tantasyon sa a.

Onètete total nesesè pou sali nou. Prezidan Brigham Young te di: “Si nou aksepte sali nan tèm yo ofri nou li a, nou dwe onèt nan chak panse, nan refleksyon nou, nan meditasyon nou, nan sèk prive nou, nan rapò nou, nan deklarasyon nou, ak nan chak aksyon nan lavi nou” (Enseignements des présidents de l’église: Brigham Young [1997], 293).

Bondye onèt epi jis nan tout bagay (gade Alma 7:20). Nou menm tou nou dwe onèt nan tout bagay pou nou ka vin menmjan avèk li. Frè Jarèd la te temwaye: “Wi, Senyè, m konnen … w se Bondye verite a, epi w pa kapab bay manti” (Etè 3:12). Yon lòtbò, dyab la se yon mantè. Anfèt, li se papa tout manti (gade 2 Nefi 9:9). “Moun ki chwazi pout riche ak bay manti ak twonpe ak falsifye yo vin esklava li” (Mark E. Petersen, nan Conference Report, Okt. 1971, 65; or Ensign, Dec. 1971, 73).

Moun onèt yo renmen laverite ak jistis. Yo onèt nan pawòl yo ak aksyon yo. Yo pa bay manti, yo pa vòlè, ni triche.

Bay manti se bagay ki malonèt

Bay manti se twonpe lòt moun volontèman. Rann fo temwayaj se yon lòt fòm bay manti. Senyè a te bay pitit Izrayèl yo kòmandman sa a: “Piga nou bay manti sou frè parèy nou” (Egzòd 20:16). Jezi te anseye sa lè l te sou tè a tou (gade Matye 19:18). Gen anpil fòm bay manti. Lè nou di bagay ki pa vrè, nou koupab bay manti tou. Nou ka twonpe lòt moun volontèman tou pa yon jès, pa silans, oubyen di yon pati laverite. Kèlkeswa lè nou fè yon moun kwè yon bagay ki pa vre, nan kèlkeswa fason an, nou pa onèt.

Senyè a pa kontan avèk kalite malonètete konsa, e nou pral gen pou n rann kont sou manti nou yo. Satan ta renmen fè nou kwè ke sa pa gen pwoblèm pou n bay manti. Li di: “Wi, fè yon ti manti; … pa gen anyen mal nan sa” (2 Nefi 28:8). Satan ankouraje nou pou n jistifye manti nou yo bay tèt nou. Moun ki onèt ap rekonèt tantasyon Satan yo e l ap di tout laverite, menmsi sa pa nan avantaj li.

Vòlè se bagay ki malonèt

Jezi te anseye: “Piga ou vòlè” (Matye 19:18). Vòlè se pran yon bagay ki pa pou nou. Lè nou pran sa ki pou yon lòt moun oubyen nan yon magazen oubyen nan kominote a san pèmisyon, nou vòlè. Pran machandiz oswa founiti yon patwon se vòlè. Fè kopi mizik, fim, foto, oswa tèks ekri san pèmisyon pwopriyetè dwa otè a se bagay malonèt e se yon fòm vòlè. Aksepte yo remèt ou plis monnen oswa machandiz ou ta dwe resevwa se malonèt. Pran plis pase kantite yo ba ou nan tout bagay se vòlè.

Triche se bagay ki malonèt

Nou triche lè nou bay mwens pase nou dwe, oubyen lè nou resevwa yon bagay nou pa merite. Gen anplwaye ki twonpe anplwayè yo kote yo pa travay tout tan yo dwe travay la; men yo aksepte salè antye a. Gen kèk patwon ki pa jis avèk anplwaye yo; yo peye yo mwens pase yo ta dwe. Satan di: “Pran avantaj sou yon moun pou sa li di, pare pèlen pou vwazen nou” (2 Nefi 28:8). Tire pwofi de yon moun se yon fòm malonètete. Founi sèvis oswa machandiz ki pa siperyè se triche.

Nou pa dwe eskize malonètete nou

  • Kisa k rive nou espirityèlman lè nou ekskize malonètete nou?

Moun itilize plizyè kalite eskiz lè yo pa onèt. Yo bay manti pou pwoteje tèt yo ak pou fè moun panse byen de yo. Genyen ki eskize tèt yo lè yo vòlè yon bagay, an pansan ke yo merite sa yo pran an, yo gen entansyon pou remèt li, oswa yo bezwen l plis pase moun ki posede l la. Genyen ki triche pou yo ka gen pi bon nòt lekòl oubyen paske “tout lòt moun ap fè sa” oubyen pou yo vanje yo.

Eskiz sa yo ak anpil lòt toujou, se sa yo bay kòm rezon pou malonètete yo. Devan Senyè a, yo pa rezon akseptab. Lè nou eskize tèt nou, nou twonpe tèt nou epi Lespri Bondye sispann avèk nou. Nou vin plis an plis enjis.

Nou ka totalman onèt

  • Kisa sa vle di pou yon moun totalman onèt?

Pou nou totalman onèt, nou dwe byen egzamine lavi nou. Si gen sikonstans kote nou fè menm yon ti kras malonètete, nou dwe repanti pou yo imedyatman.

Lè nou totalman onèt, moun pa ka kowonp nou. Nou fidèl ak konfyans yo fè nou, ak akò nou, oswa alyans nou, menmsi sa koute nou lajan, zanmi oswa lavi nou. Lè sa a, nou ka fè fas avèk Senyè a, avèk tèt nou, ak lòt moun san nou pa wont. Prezidan Joseph F. Smith te konseye: “Se pou lavi chak moun yon fason ke karaktè li sipòte enspeksyon ki pi sevè a, epi pou l sanble ak yon liv ouvè, pou nou pa gen okenn remò ni okenn wont” (Gospel Doctrine, 5th ed. [1939], 252).

  • Nan ki fason onètete nou oswa malonètete nou afekte fason nou santi n avèk tèt nou?

Ekriti adisyonèl

Enprime