Liv yo ak Leson yo
Chapit 23: Sentsèn nan


Chapit 23

Sentsèn nan

Imaj
Jesus Christ depicted preparing the sacrament for the Last Supper.

Kris la entwodui Sentsèn nan

  • Kisa anblèm Sentsèn yo anseye sou Ekspyasyon Jezikri a?

Sovè nou an vle nou sonje gwo sakrifis ekspyatwa l la ak respekte kòmandman l yo. Pou ede nou fè sa, li kòmande nou pou nou reyini souvan pou n pran Sentsèn nan.

Sentsèn nan se yon òdonans prètriz sen an ki ede nou sonje Ekspyasyon Sovè a. Pandan Sentsèn nan, nou pran pen ak dlo. Nou fè sa an souvni chè li ak san li, ke l te bay kòm sakrifis pou nou. Lè nou pran Sentsèn nan, nou renouvle alyans sakre nou avèk Papa nou ki nan Syèl la.

Yon ti tan anvan Krisifiksyon l lan, Jezikri te rasanble Apot li yo bò kote li nan yon sal anwo. Li te konnen li ta pral mouri sou kwa a. Sete dènye fwa li t ap reyini avèk mesye byeneme sa yo anvan l te mouri. Li te vle pou yo toujou sonje li pou yo te kapab rete solid ak fidèl.

Pou ede yo sonje li, li te etabli Sentsèn nan. Li te kase pen an an mòso epi li te beni li. Apresa li te di: “Pran, manje, sa se an souvni kò mwen ke m bay an ranson pou nou” (Joseph Smith Tradiksyon, Matye 26:22). Apresa li te pran yon gode diven, li te beni li, li te bay Apot li yo bwè li, epi l te di: “Sa se an souvni san mwen … , ki koule pou tout moun ki kwè nan non mwen, pou remisyon peche yo” (Joseph Smith Tradiksyon, Matye 26:24; gade tou Matye 26:26–28; Mak 14:22–24; Lik 22:15–20).

Apre rezirèksyon l la, Sovè a te vini nan Kontinan Amerik la epi li te anseye Nefit yo menm òdonans lan (gade 3 Nefi 18:1–11; 20:1–9). Lè Legliz la te fin retabli nan dènye jou yo, Jezi te kòmande pèp li a yon fwa ankò pou yo pran Sentsèn nan an souvni li, li te di: “Epi li nesesè pou legliz la reyini ansanm souvan pou yo pataje pen ak bwè diven nan memwa Senyè a Jezi” (D&A 20:75).

Kijan pou administre Sentsèn nan

Ekriti yo eksplike egzakteman kijan yo dwe administre Sentsèn nan. Manm Legliz yo reyini chak jou Saba pou adore ak pran Sentsèn (gade D&A 20:75). Sentsèn nan administre pa moun ki gen otorite Prètriz nesesè a. Yon prèt oswa yon detantè Prètriz Mèlkisedèk kase pen an an moso, li mete ajenou, epi li beni li (gade D&A 20:76). Apresa, yon dyak oswa yon lòt detantè prètriz distribye Sentsèn nan bay kongregasyon an. Apresa prèt la oswa detantè Prètriz Mèlkisedèk la beni dlo a, epi li distribye l bay manm yo tou. Jezi te bay disip li yo diven lè l te etabli Sentsèn nan. Sepandan, nan yon revelasyon modèn li te di ke se pa sa nou manje oubyen sa nou bwè ki enpòtan lè n ap pran Sentsèn nan, si nou fè l nan sèl entansyon pou nou sonje li (gade D&A 27:2–3). Jodi a, Sen Dènye Jou yo bwè dlo olye diven.

Jezi te revele pawòl egzak yo pou toulède priyè Sentsèn yo. Nou dwe byen koute bèl priyè sa yo epi eseye konprann sa n ap pwomèt ak sa yo pwomèt nou. Men priyè pou beni pen an:

“O Bondye, Papa Etènèl la, nou mande w, nan non Pitit Gason w lan, Jezikri, pou ou beni ak sanktifye pen sa a pou nanm tout moun ki pran ladan l, pou yo kapab manje nan memwa kò Pitit Gason w lan, epi pou yo rann ou temwayaj, O Bondye, Papa Etènèl la, ke yo vle pote non Pitit Gason w lan sou yo, pou yo toujou sonje l, epi pou yo respekte kòmandman l yo ke li te ba yo, pou yo kapab toujou gen Lespri l avèk yo. Amèn” (D&A 20:77).

Men priyè pou beni dlo a:

“O Bondye, Papa Etènèl la, nou mande w nan non Pitit Gason w lan, Jezikri, pou ou beni ak sanktifye diven [dlo] sa a pou nanm tout moun ki bwè ladan l, pou yo kapab fè sa nan memwa san Pitit Gason w lan, ki te koule pou yo; pou yo kapab rann ou temwayaj, O Bondye, Papa Etènèl la, ke yo toujou sonje l, pou yo kapab gen Lespri l avèk yo. Amèn” (D&A 20:79).

Òdonans Sentsèn nan fèt nan anpil senplisite ak k reverans.

  • Repase priyè Sentsèn nan avèk atansyon. Panse sou siyifikasyon chak fraz.

Alyans nou renouvle pandan Sentsèn nan

  • Ki alyans nou renouvle pandan Sentsèn nan? Ki benediksyon Senyè a pwomèt nou si nou respekte alyans sa yo?

Chak fwa nou pran Sentsèn nan, nou renouvle alyans nou avèk Senyè a. Yon alyans se yon pwomès sakre ant Senyè a ak pitit li yo. Alyans nou fè yo endike klèman nan priyè sentsèn yo. Li enpòtan pou nou konnen kisa alyans sa yo ye ak sa yo vle di.

Nou fè alyans ke nou dispoze pou nou pran non Jezikri sou tè nou. Pa alyans sa a nou montre nou dispoze pou yo idantifye nou avèk li menm ak legliz li a. Nou pran angajman pou n sèvi li menm ak pwochen nou. Nou pwomèt ke nou pap pote ni lawont ni repwòch sou non sa a.

Nou fè alyans pou nou toujou sonje Jezikri. Tout panse nou, santiman nou, ak aksyon nou ap enfliyanse pa li menm ak misyon li.

Nou pwomèt pou n respekte kòmandman l yo.

Nou pran obligasyon sa yo sou tèt nou lè nou batize (gade D&A 20:37; Mozya 18:6–10). Konsa, lè nou pran Sentsèn nan, nou renouvle alyans nou te fè lè nou te batize yo. Jezi te ba nou modèl pou pran Sentsèn nan (gade 3 Nefi 18:1–12) epi li te di ke lè nou suiv modèl sa a, nou repanti pou peche nou yo, epi nou kwè nan non li, n ap jwenn remisyon peche nou yo (gade Joseph Smith Translation, Matye 26:24).

Senyè a pwomèt ke si nou respekte alyans nou yo, n ap toujou gen Lespri li avèk nou. Yon moun ki gide pa Lespri a ap gen konesans, lafwa, pouvwa, ak entegrite nesesè pou jwenn lavi etènèl.

  • Kisa nou ka fè pou n sonje pwomès sa yo pandan semèn nan?

Atitid nou lè n ap pran Sentsèn nan

  • Kijan nou ka prepare tèt nou pou n pran Sentsèn nan? Ak kisa nou ka panse pandan Sentsèn nan pou ede nou sonje Ekspyasyon Sovè a?

Anvan nou pran Sentsèn nan, nou bezwen prepare tèt nou espirityèlman. Senyè a klèman endike ke nou pa dwe pran Sentsèn nan san nou pa diy. Sa vle di nou dwe repanti pou peche nou yo anvan nou pran Sentsèn nan. Ekriti yo di: Si nenpòt moun transgrese, pa kite l pran sentsèn jistan li fè rekonsilyasyon” (D&A 46:4). Senyè a te enstwi douz disip Nefit yo: “Pa kite okenn moun manje kò m ak san m si nou konnen li pa diy, lè n ap ofri l; paske nenpòt moun ki manje, e ki bwè kò m ak san m san l pa diy, li manje e li bwè kondanasyon pou nanm li; se poutèt sa, si nou konnen yon moun pa diy pou l manje e pou l bwè kò m ak san m nou dwe anpeche l” (3 Nefi 18:28–29).

Pandan sèvis sentsèn nan nou dwe ekate panse mond lan yo nan lespri nou. Nou dwe priye epi montre reverans. Nou dwe panse ak Ekspyasyon Sovè nou an epi rekonesan pou li. Nou dwe egzamine lavi nou epi chèche mwayen pou n amelyore. Nou dwe renouvle detèminasyon pou respekte kòmandman yo tou.

Nou pa bezwen pafè pou nou pran Sentsèn nan, men nou dwe gen espri repantans nan kè nou.Atitid nou genyen lè nou pataje sentsèn nan enfliyanse eksperyans nou avèk li. Si nou pran sentsèn nan avèk yon kè pi, nou resevwa benediksyon Senyè a pwomèt yo.

  • Poukisa ou panse pran sentèn nan diyman ogmante fòs espirityèl nou?

Ekriti adisyonèl

Enprime