Liv yo ak Leson yo
Chapit 29: Lwa sante Senyè a


Chapit 29

Lwa sante Senyè a

Imaj
A young girl eating an apple.

Kò nou se tanp Bondye

Youn nan pi gwo benediksyon nou te resevwa lè nou te vin sou tè a sete yon kò fizik. Nou bezwen yon kò fizik pou n vin menmjan ak Papa nou ki nan Syèl la. Kò nou si enpòtan ke Senyè a rele yo tanp Bondye (gade 1 Korentyen 3:16–17; 6:19–20). Kò nou sakre.

Paske kò nou enpòtan, Papa nou ki nan Syèl la vle nou byen pran swen yo. Li konnen ke nou ka gen plis kontantman, nou ka vin pi bon moun si nou an sante. Sentespri a kapab avèk nou si kò nou ak lespri nou pwòp. Papa nou konnen ke nou gen tantasyon pou maltrete kò nou oubyen pran bagay ki danjere pou kò nou. Pou rezon sa a li di nou ki bagay ki bon pou sante nou ak kisa ki pa bon. Anpil nan enfòmasyon Bondye ba nou konsènan sante nou yo nan Doktrin ak Alyans 89. Revelasyon sa a rele Pawòl Sajès.

Nou dwe obeyi Pawòl Sajès la pou nou ka diy pou antre nan tanp. Si nou pa obeyi Pawòl Sajès la, Lespri Senyè a p ap rete nan nou. Si nou pwofane “tanp Bondye” a, ki se kò nou, nou n ap fè tèt nou mal fizikman ak espirityèlman.

Yo kòmande nou pou nou pa mete kèk sibstans nan kò nou

  • Kisa Senyè a te kòmande nou pou n pa mete nan kò nou?

Senyè a kòmande nou pou nou pa itilize diven ak bwason fòt, ki vle di, bwason ki gen alkòl. Premye Prezidans lan te anseye nou ke bwason fòt yo souvan mennen kriyote, pòvrete, maladi, ak fleyo andedan lakay nou. Yo souvan koz malonètete, pèt chastete, ak pèt bon jijman. Se yon malediksyon pou tout moun ki bwè yo. (Gade “Message of the First Presidency,” Improvement Era, Nov. 1942, 686.) Manman ki ansent ki bwè kapab lakoz domaj fizik ak mantal kay pitit yo. Anpil aksidan otomobil fèt chak ane pa moun ki bwè alkòl.

Senyè a di nou ke “tabak pa bon pou kò moun” (D&A 89:8). Li danjere pou kò nou ak lespri nou. Nou pa dwe fimen sigarèt ni siga ni itilize tchike tabak. Moun lasyans yo montre ke tabak lakoz anpil maladi e li ka andomaje timoun ki poko fèt.

Senyè a ba nou konsèy kont “bwason cho” tou (D&A 89:9). Dirijan Legliz yo di ke sa vle di kafe ak te, ki gen sibstans ki danjere. Nou dwe evite tout bwason ki gen sibstans nuizib.

Nou pa dwe itilize dwòg sof si yo preskri nou yo kòm medikaman. Gen dwòg ki menm pi danjere pase alkòl ak tabak (ki se dwòg tou). Moun ki mal itilize dwòg yo nan move bi yo dwe chèche èd, priye pou jwenn fòs epi pale avèk evèk yo pou yo ka totalman repanti epi vin pwòp.

Nou dwe evite tout bagay nou konnen ki nuizib pou kò nou. Nou pa dwe itilize sibstans ki mennen depandans. Nou dwe evite manje twòp tou. Pawòl Sajès la pa di nou tout bagay nou dwe evite konsome, men li ba nou direksyon. Se yon lwa tanporèl ki gen anpil valè. Se yon gwo lwa espirityèl tou. Lè nou viv Pawòl Sajès la, nou vin pi solid espirityèlman. Nou pirifye kò nou pou Lespri Senyè a kapab demere nan nou.

  • Ki kèk bagay yo pa espesifikman mansyone nan Pawòl Sajès la nou dwe evite?

Yo anseye nou ke gen kèk bagay ki bon pou kò nou

  • Selon Pawòl Sajès la, ki kèk bagay Senyè a di ki bon pou nou?

Fwi, legim, ak plant ki bay sante yo bon pou nou. Nou dwe itilize yo avèk sajès ak rekonesans.

Yo ba nou chè zwazo yo ak bèt yo pou nouriti nou tou. Men, nou dwe manje vyann avèk moderasyon (gade D&A 49:18; 89:12). Pwason bon pou nou manje tou.

Gren bon pou nou. Ble patikilyèman bon pou nou.

  • Nan ki fason itilize bagay sa yo te beni ou?

Travay, repo, ak egzèsis enpòtan

  • Kisa travay, repo, ak egzèsis gen pou wè avèk lwa sante Senyè a?

Anplis Doktrin ak Alyans 89 la, lòt ekriti di nou kijan pou nou an sante. Yo di nou ke nou dwe “sispann fè parès; sispann pa pwòp; … sispann dòmi plis pase sa ki nesesè; kouche nan kabann nou bonè, pou nou kapab pa fatige; leve bonè, pou kò nou ak panse nou kapab rafrechi” (D&A 88:124). Yo di nou tou: “Na travay sis jou, lè sa a na va fè tout travay nou” (Egzòd 20:9). Senyè a konseye nou pou nou pa travay plis pase nou gen fòs (gade D&A 10:4).

Yon pwofèt modèn te di nou ke nou dwe kenbe kò nou an sante. Li te konseye: “Manje bon manje, fè egzèsis regilyèman, ak dòmi ase se bagay ki nesesè pou yon kò solid, menmjan etid ekriti konstan ak priyè konstan fòtifye panse nou ak lespri nou” (Thomas S. Monson, nan Conference Report, Okt. 1990, 60; oswa Ensign, Nov. 1990, 46).

Benediksyon yo pwomèt moun ki viv lwa sante Senyè a

  • Ki benediksyon nou resevwa lè nou obeyi Pawòl Sajès la?

Papa nou ki nan Syèl la ba nou lwa sante yo pou anseye nou kijan pou pran swen kò nou. Ekriti yo pale nou de lwa Bondye yo: “M pa t ba li kòmandman tanporèl, … , paske kòmandman m yo espirityèl” (D&A 29:35). Sa vle di ke kòmandman konsènan eta fizik nou yo se pou byen espirityèl nou.

Lè nou respekte lwa sante Senyè a epi nou obeyi lòt kòmandman l yo, Senyè a pwomèt pou beni nou fizikman ak espirityèlman.

Yo pwomèt nou bon sante fizikman. Kòm rezilta bon sante sa a, nou “ap kouri epi nou pap fatige, n ap mache epi nou p ap fayi” (D&A 89:20). Sa se yon gwo benediksyon, men benediksyon espirityèl li pwomèt nou yo pi gran toujou pase sa fizik yo.

Senyè a pwomèt nou ke “n ap jwenn lasajès ak gwo trezò konesans, trezò ki kache menm” (D&A 89:19). Sentespri a ap anseye nou verite enpòtan yo atravè revelasyon. Prezidan Boyd K. Packer te anseye: “Kò fizik nou se enstriman lespri nou. Nan revelasyon mèveye sa a ki se Pawòl Sajès la, yo di nou pou nou kenbe kò nou anba enpite ki kapab febli, menm detwi, sans delika yo ki gen rapò ak kominikasyon espirityèl yo. Pawòl Sajès la se yon kle pou revelasyon pèsonèl” (nan Conference Report, Oct. 1989, 16; oswa Ensign, Nov. 1989, 14).

Senyè a pwomèt ke zanj destriktè a ap pase bò kote nou. Prezidan Heber J. Grant te di: “Si ou menm avèk mwen nou vle benediksyon lavi, sante, vigè nan kò ak lespri; si nou vle zanj destriktè a epaye nou, jan l te fè a nan epòk pitit Izrayèl yo, nou dwe obeyi Pawòl Sajès la; lè sa a Bondye liye avèk nou, epi n ap resevwa benediksyon an” (Enseignements des présidents de l’église: Heber J. Grant [2002], 192).

  • Nan ki fason nou ka ede timoun yo ak jèn yo konprann siyifikasyon etènèl Pawòl Sajès la?

  • Kisa nou ka fè pou ede manm fanmi nou oswa zanmi nou ki gen difikilte pou obeyi Pawòl Sajès la?

Ekriti adisyonèl

Enprime