Liv yo ak Leson yo
Chapit 2: Fanmi selès nou


Chapit 2

Fanmi selès nou

Imaj
Hubble image of the galaxy

Nou se pitit Papa nou ki nan Syèl la

  • Kisa ekriti yo ak pwofèt dènye jou yo anseye nou sou relasyon nou avèk Bondye?

Bondye se pa sèlman gouvènè nou ak kreyatè nou, li se Papa nou ki nan Syèl la tou. Tout gason ak tout fi se literalman pitit gason ak pitit fi Bondye. “Lòm, antanke espri, te kreye epi pran nesans apati paran selès, epi te grandi rive jiska matirite nan demè etènèl yo kay Papa a, anvan l te vin sou tè a nan yon kò [fizik] tanporèl” (Enseignements des présidents de l’église: Joseph F. Smith [1998], 335).

Chak moun ki fèt sou tè a sete frè oswa sè espirityèl nou. Paske nou se pitit lespri Bondye, nou eritye potansyèl pou devlope kalite divin ni. Atravè Ekspyasyon Jezikri a, nou kapab vin menmjan ak Papa nou ki nan Syèl la epi resevwa yon plenitid lajwa.

  • Nan ki fason konesans nou sou lefèt ke nou se yon pitit Bondye enfliyanse panse nou, pawòl nou, ak aksyon nou?

Nou te devlope pèsonalite ak talan pandan nou t ap viv nan syèl la

  • Panse sou talan ak don nou gen benediksyon resevwa yo.

Ekriti yo anseye nou ke pwofèt yo te prepare yo pou yo vin dirijan sou tè a pandan ke yo te ankò ap viv an espri nan syèl la (gade Alma 13:1–3). Anvan yo te fèt vin nan kò mòtèl yo, Bondye te preòdone (chwazi) yo pou yo vin dirijan sou tè a. Jezi, Adan, ak Abraram sete kèk nan pami dirijan sa yo. (Gade Abraram 3:22–23.) Joseph Smith te anseye ke “chak moun ki gen yon apèl pou dirije lòt moun sou tè a te [preòdone] pou bi sa a menm” (Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith [2007], 511). Sepandan, chak moun ki sou tè a gen libète pou aksepte oswa rejte yon opòtinite pou sèvi.

Nou tout pa t menmjan lè nou te nan syèl la. Pa egzanp, nou konnen ke te gen pitit gason ak pitit fi paran selès—gason ak fi (gade “Fanmi: Yon pwoklamasyon pou mond lan,” Ensign, Nov. 1995, 102). Nou te posede talan ak kapasite diferan, epi nou te aple pou n fè bagay diferan sou tè a. Nou kapab aprann plis sou “posiblite etènèl nou” lè nou resevwa benediksyon patriyakal nou (gade Thomas S. Monson, nan Conference Report, Okt. 1986, 82; oswa Ensign, Nov. 1986, 66).

Yon vwal kouvri memwa nou sou lavi premòtèl nou, men Papa nou ki nan Syèl la konnen kiyès nou ye ak kisa nou te fè anvan nou te vin isit la. Li te chwazi tan ak kote pou nou chak fèt pou nou kapab aprann leson nou bezwen aprann pèsonèlman yo ak kote nou kapab fè plis byen avèk talan ak pèsonalite endividyèl nou.

  • Nan ki fason talan lòt beni ou? Nan ki fason talan ou ak don ou kapab beni lòt moun?

Papa nou ki nan Syèl la te prezante yon plan pou nou ka vin menmjan avèk li

  • Nan ki fason lavi terès la prepare nou pou n vin menmjan ak Papa nou ki nan Syèl la?

Papa nou ki nan Syèl la te konnen nou pa t ap kapab pwogrese odela yon sèten nivo si nou pa t kite li pou yon tan. Li te vle nou devlope kalite diven li genyen yo. Pou fè sa, nou te bezwen kite kay premòtèl nou an pou n vin pase tès ak pou n vin akeri eksperyans. Yo te abiye espri nou avèk kò fizik. Nou t ap bezwen kite kò fizik nou an lè nou mouri epi rejwenn ni ankò nan Rezirèksyon an. Lè sa a nou ap resevwa kò imòtèl menmjan ak pa Papa nou ki nan Syèl la. Si nou te pase tès nou yo, nou t apral resevwa plenitid lajwa Papa nou ki nan syèl la resevwa a. (Gade D&A 93:30–34.)

Papa nou ki nan Syèl la te reyini yon Gran Konsèy pou prezante plan li te genyen pou pwogresyon nou an (gade Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith, 209, 511). Nou te aprann ke si nou te suiv plan l la, nou t ap vin menmjan avèk li. Nou t ap resisite; nou t ap gen tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a; nou t ap vin paran selès epi vin gen pitit espri menmjan avèk li (gade D&A 132:19–20).

Nou te aprann ke li t ap prepare yon tè pou nou chak kote t ap gen pou yo mete nou aleprèv (gade Abraram 3:24–26). Yon vwal t ap kouvri memwa nou, epi nou t ap bliye fwaye selès nou. Sa t ap nesesè pou nou te kapab egzèse libète nou pou chwazi ant byen ak mal san nou pa enfliyanse pa souvni lavi nou avèk Papa nou ki nan Syèl la. Konsa nou t ap kapab obeyi li gras ak lafwa nou nan li, non pa akoz konesans nou ni souvni nou gen de li. Li t ap ede nou rekonèt laverite lè nou tande l ankò sou tè a (gade Jan 18:37).

Nan Gran Konsèy la nou te aprann bi pwogresyon nou tou: pou n gen yon plenitid lajwa. Sepandan, nou te aprann ke gen kèk moun ki t ap egare, chwazi lòt chemen, epi pèdi wout yo. Nou te aprann ke nou tout ta pral pase aleprèv nan lavi nou: maladi, desepsyon, doulè, chagren, ak lanmò. Men nou te konprann ke tout bagay sa yo t ap banou eksperyans epi se ap pou byen nou (gade D&A 122:7). Si nou ta pèmèt yo, eprèv sa yo ta pral pirifye nou olye yo febli nou. Yo pral anseye nou pou n gen andirans, pasyans, ak charite (gade Enseignements des présidents de l’église: Spencer W. Kimball [2006], 15–16).

Nan konsèy sa a nou te aprann tou ke akoz feblès nou, nou tout t ap fè peche, sof timoun piti yo (gade D&A 29:46–47). Nou te aprann ke yo t ap ba nou yon Sovè pou nou te kapab venk peche nou yo ak konkeri lanmò pa rezirèksyon. Nou te aprann ke si nou plase lafwa nou nan li, obeyi pawòl li ak suiv egzanp li, nou t ap egzalte epi vin menmjan ak Papa nou ki nan Syèl la. Nou t ap resevwa yon plenitid lajwa.

  • Bay kèk nan karakteristik Papa nou ki nan Syèl la genyen. Nan ki fason plan Sali a ede nou devlope karakteristik sa yo?

Ekriti adisyonèl

Enprime