Liv yo ak Leson yo
Chapit 27: Travay ak responsablite endividyèl


Chapit 27

Travay ak responsablite endividyèl

Imaj
A man working indoors on a lathe.

Travay se yon prensip etènèl

  • Ki eksperyans ou te fè ki montre ou enpòtans travay?

Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri montre nou pa egzanp yo ak ansèyman yo ke travay enpòtan nan syèl la ak sou tè a. Bondye te travay pou kreye syèl yo ak tè a. Li te rasanble lanmè yo nan yon sèl kote epi tè sèch la te parèt. Li te fè gazon, zèb, ak pyebwa pouse sou tè a. Li te kreye solèy la, lalin nan, ak zetwal yo. Li te kreye tout kreyati vivan nan lanmè a ak sou tè a. Epi li te mete Adan ak Èv sou tè a pou pran swen li ak pou gen dominasyon sou tout lòt kreyati vivan yo. (Gade Jenèz 1:1–28.)

Jezi te di: “Se tout tan Papa m ap travay, mwen menm tou, m ap travay” (Jan 5:17). Li te di tou: “Se pou m fè travay moun ki voye m nan ban m fè a” (Jan 9:4).

Yo kòmande pou pou nou travay

Yo te mete travay kòm fason pou viv sou tè a depi Adan ak Èv te kite Jaden Edenn nan. Senyè a te di Adan: “Se kouraj ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou” (Jenèz 3:19). Adan ak Èv te travay nan jaden pou reponn ak bezwen yo ak bezwen pitit yo (gade Moyiz 5:1).

Senyè a te di pèp Izrayèl la: “Na travay sis jou” (Egzòd 20:9).

Nan premye jou retablisman Legliz yo, Senyè a te di Sen Dènye Jou yo: “Kounyeya, mwen menm Senyè a, m pa kontan avèk abitan Siyon yo, paske gen parese pami yo” (D&A 68:31).

Yon pwofèt Bondye te di: “Nou dwe releve travay kòm prensip k ap dirije lavi manm Legliz nou yo” (Heber J. Grant, Enseignements des présidents de l’église: Heber J. Grant [2002], 115).

Responsablite familyal

  • Ki responsablite papa yo, manman yo, ak timoun yo genyen pou kenbe yon fwaye? Kisa manm fanmi yo ka fè pou pataje travay la?

Paran yo travay ansanm pou reponn ak byennèt fizik, espirityèl, ak emosyonèl fanmi yo. Yo pa dwe janm tann pou yon lòt moun pran responsablite sa a pou yo. Apot Pòl te ekri: “Si yon moun pa pran swen fanmi l, sitou moun k ap viv lakay li, li niye lafwa li” (1 Timote 5:8).

Koup yo dwe chèche enspirasyon nan men Senyè a epi suiv konsèy pwofèt yo lè y ap etabli responsablite endividyèl. Kreye yon fwaye kote yo anseye prensip levanjil yo chak jou epi kote lanmou al lòd demere osi enpòtan ke founi nesesite debaz tankou manje ak rad yo.

Timoun yo dwe fè pati pa yo nan travay fanmi an. Li nesesè pou timoun yo gen tach pou fè travay yo kapab fè. Nou dwe fè yo konpliman lè yo reyisi. Nou aprann bon atitid, abitid, ak konpetans pou travay nan fè eksperyans travay nan fwaye a.

Pafwa moun konn rankontre difikilte lè y ap eseye travay pou pran swen fanmi yo. Maladi kwonik, pèdi yon konjwen, oswa yon paran ki granmoun ki vini kapab ajoute sou responsablite yo nan yon fwaye. Papa nou ki nan Syèl la sonje fanmi ki nan sitiyasyon sa yo epi li ba yo fòs pou yo ka ranpli devwa yo. Li toujou beni yo si yo mande li nan lafwa.

Nou kapab apresye travay nou

  • Nan ki fason atitid nou afekte travay nou?

Pou kèk moun travay se yon kòve. Pou kèk lòt moun se yon pati eksitan nan lavi yo. Yon fason pou n jwi tout benefis lavi yo se aprann renmen travay.

Se pa nou tout ki kapab chwazi ki kalite travay pou nou fè. Gen kèk nan nou ki travay pandan anpil èdtan pou reponn ak bezwen elemantè yo. Li difisil pou apresye kalite travay konsa. Men, moun ki gen plis kè kontan yo aprann renmen travay yo, kèlkeswa sa li yo.

Nou youn kapab ede lòt nan travay nou. Fado ki pi lou a vin lejè lè yon moun pataje li.

Atitid nou anvè travay enpòtan anpil. Istwa sa a montre kijan yon mesye te wè odela travay jounalye li. Yon vwayajè t ap travèse yon karyann epi li te wè twa mesye ki t ap travay. Li te mande yo chak kisa yo t ap fè. Repons chak mesye yo te revele yon atitid diferan anvè menm travay la. Premye mesye a te reponn: “M ap kase wòch.” Dezyèm nan te reponn: “M ap fè twa pyès lò pa jou.” Twazyèm nan te souri epi l te di: “M ap ede bati yon kay Bondye.”

Nou sèvi Bondye nan nenpòt ki travay onèt. Wa Benjamen, yon pwofèt Nefit, te di: “Lè n ap sèvi pwochen nou yo, se sèlman nan sèvi Bondye nou ye” (Mozya 2:17). Si travay nou pèmèt nou peye sèlman sa ki nesesè pou tèt nou ak fanmi nou, nou ede kèk pitit Bondye kanmèm.

  • Nan ki fason nou ka amelyore atitid nou anvè travay?

Bondye kondane laparès

Senyè a pa kontan avèk moun ki parese oswa fenyan. Li te di: “Parese p ap gen plas yo nan legliz la, eksepte si yo repanti epi repare tèt yo” (D&A 75:29). Li te kòmande tou: “Nou pa dwe gen parès; paske yon moun ki parese pa dwe manje pen ni mete rad moun k ap travay” (D&A 42:42).

Depi nan premye jou yo nan Legliz la, pwofèt yo te toujou anseye Sen Dènye Jou yo pou yo endepandan, pou yo reponn ak pwòp bezwen yo epi pou yo evite parès. Vrè Sen Dènye Jou yo p ap janm volontèman renonse a asire tach pran swen byennèt yo. Osi lontan yo kapab, y ap sipòte tèt yo ak fanmi yo nan nesesite lavi yo.

Otan yo kapab, tout manm Legliz yo dwe aksepte responsablite pou pran swen fanmi yo ki pa kapab pran swen tèt pa yo.

  • Nan ki fason parès afekte yon moun? yon fanmi? yon kominote?

Travay, detant, ak repo

  • Poukisa li enpòtan pou nou kenbe yon balans nan lavi nou ant travay, detant, ak repo?

Nou chak dwe jwenn yon ekilib ant travay, repo, ak detant. Gen yon ansyen pwovèb ki di: “Rete san fè anyen se travay ki pi difisil la, paske ou pa p ka janm sispann pran repo.” San travay, repo ak relaksasyon pa gen sans.

Repoze nou se yon bagay ki non sèlman plezan ak nesesè, men, se yon kòmandman yo ba nou pou nou pran repo jou Saba a tou (gade Egzòd 20:10; D&A 59:9–12). Jou repo sa a, apre sis jou travay, rafrechi nou pou jou k ap vini apre yo. Senyè a pwomèt tou “tout bagay sou tè” se pou moun ki obsève jou Saba a (gade D&A 59:16–20; gade chapit 24 nan liv sa a tou).

Nan lòt jou yo nan semèn nan, anplis travay, nou ka pran tan pou amelyore talan nou ak amize nou ak pastan nou pi renmen, distrè nou, oswa fè lòt aktivite ki ap rafrechi nou.

  • Kisa nou kapab fè pou kenbe yon bon balans ant travay, repo, ak detant? Nan ki fason paran yo kapab ede pitit yo kenbe balans sa a?

Benediksyon travay

  • Ki kèk benediksyon ki soti nan travay onèt?

Bondye te revele bay Adan: “Se kouraj ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou” (Jenèz 3:19). Anplis ke l te yon lwa tanporèl, lwa sa a sete yon lwa pou sali nanm Adan tou. Pa gen fwontyè reyèl ant travay espirityèl, mantal, ak fizik. Travay esansyèl pou nou chak epanouwi, ranfòse karaktè nou, ak pou anpil satisfaksyon ke moun ki parese pa p janm konnen.

Prezidan David O. McKay te di: “Annou konprann ke privilèj pou travay se yon don, kapasite pou travay se yon benediksyon, lanmou pou travay se yon siksè” (Pathways to Happiness [1957], 381).

“Lèzòm te fèt pou yo kapab gen lafwa” (2 Nefi 2:25). Travay se yon kle pou lajwa total nan plan Bondye a. Si nou jis, n ap retounen al viv avèk Papa nou ki nan Syèl la, e nou pral gen travay pou nou fè. Pandan ke n ap vin menmjan avèk li, travay nou ap vin menmjan ak travay li. Travay li se pou “reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm” (Moyiz 1:39).

Ekriti adisyonèl

Enprime