Liv yo ak Leson yo
Chapit 15: Pèp alyans Senyè a


Chapit 15

Pèp alyans Senyè a

Imaj
The Old Testament prophet Abraham kneeling in prayer. Abraham is holding a staff in one hand and is looking toward the heavens as he prays. Sarah, the wife of Abraham, is depicted watching and with a look of humor on her face, from a tent portrayed in the background. Abraham and Sarah are depicted as elderly people.

Nati alyans yo

  • Kisa yon alyans ye? Poukisa Sen Dènye Jou yo rele yon pèp alyans?

Depi nan kòmansman, Senyè a te fè alyans avèk pitit li yo sou tè a. Lè pèp li a fè alyans (oswa pwomès) avèk li, yo konn kisa li vle yo akonpli ak ki benediksyon yo ka resevwa nan men li. Yo ka pi byen akonpli travay li a sou tè a. Pèp ki fè alyans avèk Senyè a epi Senyè a fè alyans avèk li rekoni kòm pèp alyans Senyè a. Manm Legliz yo fè pati pèp alyans Senyè a.

Nan tèm levanjil la, yon alyans vle di yon akò sakre oubyen yon pwomès resipwòk ant Bondye ak yon moun oswa yon gwoup moun. Lè l fè yon alyans, Bondye pwomèt yon benediksyon pou obeyisans pou sèten kòmandman. Li fikse kondisyon alyans li yo, epi li revele kondisyon sa yo bay pwofèt li. Si nou chwazi obeyi kondisyon alyans lan, nou resevwa benediksyon ki pwomèt yo. Si nou chwazi pa obeyi, li retire benediksyon yo, e nan kèk ka, li bay yon pinisyon tou.

Pa egzanp, lè nou antre nan Legliz la nou fè plizyè alyans avèk Bondye (gade chapit 20 nan liv sa a). Nan moman batèm nou, nou fè alyans avèk Sovè a pou n pran non li sou tèt nou. Li pwomèt ke “tout moun ki repanti epi ki batize nan non mwen, ki se Jezikri a, epi ki pèsevere jiska lafen, se moun sa yo k ap sove” (D&A 18:22). Nou fè alyans avèk Senyè a lè nou pran Sentsèn nan (gade chapit 23 nan liv sa a). Nou pwomèt pou n pran non li sou tèt nou, pou nou sonje li, ak obeyi kòmandman l yo. Li pwomèt nou ke Sentespri a ap avèk nou. (Gade D&A 20:77–79.) Lè nou resevwa òdonans tanp yo, nou fè lòt alyans sakre tou epi yo pwomèt nou egzaltasyon pou obeyisans fidèl nou (gade D&A 132; gade chapit 47 nan liv sa a tou).

Bondye fè alyans espesyal avèk kèk moun oswa kèk gwoup moun patikilye tou. Li te fè alyans espesyal avèk Adan, Enòk, Nowe, pitit Izrayèl yo, ak Leyi (gade Moyiz 6:31–36, 52; Jenèz 9:9–17; Egzòd 19:5–6; 2 Nefi 1). Li te fè yon alyans espesyal avèk Abraram ak desandan l yo ki pote benediksyon bay tout manm Legliz yo ak tout nasyon sou tè a jodi a.

  • Panse sou alyans ou te fè avèk Bondye ak benediksyon li te pwomèt ou paske ou respekte alyans sa yo.

Alyans Bondye avèk Abraram ak desandan l yo

  • Kisa alyans Abraramik la ye?

Abraram, yon pwofèt Ansyen Testaman an, sete yon moun trè jis (gade foto nan chapit sa a). Li te refize adore idòl papa l yo. Li te respekte tout kòmandman Senyè a. Akoz ladwati Abraram, Senyè a te fè yon alyans avèk li memn ak desandan l yo.

Senyè a te pwomèt Abraram ke li t ap gen desandan inombrab. Li te pwomèt li ke yo tout t ap gen posiblite pou resevwa levanjil la, benediksyon prètriz yo, ak tout òdonans egzaltasyon yo. Atravè pouvwa Prètriz la, desandan sa yo t ap gen pou pote levanjil la bay tout nasyon. Pa mwayen yo, tout fanmi sou tè a ap beni (gade Abraram 2:11). Bondye te pwomèt li tou ke si yo te jis, li t ap etabli alyans li avèk tout jenerasyon pitit Abraram yo (gade Jenèz 17:4–8).

  • Nan ki fason kòmandman ak pwomès nan alyans Abraramik yo aplike pou nou? (Konsidere kijan kesyon sa yo aplike nan diferan kote, tankou lakay, nan travay, nan kominote, oswa antanke misyonè.)

Manm Legliz yo se yon pèp alyans

  • Ki benediksyon ak responsablite ki mache avèk pèp alyans Bondye a jodi a?

Desandan dirèk Abraram yo se pa sèl pèp Bondye rele pèp alyans. Pandan l t ap pale avèk Abraram, Bondye te di: “Tout moun ki pral pote Levanjil sa a pral pote non ou, epi yo pral konte kòm desandan [linye] ou, epi yo pral leve pou yo beni w kòm papa yo” (Abraram 2:10). Konsa, de gwoup moun enkli nan alyans ki te fèt avèk Abraram nan: (1) desandan dirèk Abraram yo ak (2) moun ki adopte nan linye li lè yo aksepte ak viv levanjil Jezikri a (gade 2 Nefi 30:2).

Lè nou batize nan Legliz la, nou antre nan alyans Senyè a te fè avèk Abraram, Izaak, ak Jakòb la (gade Galat 3:26–29). Si nou obeyisan, nou eritye benediksyon alyans sa a. Nou gen dwa pou n resevwa èd ak gidans nan men Sentespri a. Gason diy yo gen dwa pou detni Prètriz la. Fanmi yo ka resevwa benediksyon Prètriz la. Nou ka gen lavi etènèl nan wayòm selès la. Pa gen pi gwo benediksyon pase sa yo.

Ansanm avèk benediksyon sa yo nou resevwa a antanke pèp alyans Senyè a, nou gen gwo responsablite. Senyè a te pwomèt Abraram ke pa mwayen desandan l yo levanjil la ta pral jwenn tout moun sou tè a. Nou ranpli responsablite sa a atravè pwogram misyonè aplentan nan Legliz la ak travay misyonè ki fèt pa manm yo. Opòtinite sa a pou preche levanjil la bay tout moun nan mond lan apatni sèlman a Legliz Senyè a ak pèp alyans li a.

Antanke pèp alyans Senyè a, nou dwe respekte kòmandman l yo. Senyè a di: “Mwen menm, Senyè a, m anba obligasyon lè nou fè sa m di; men, lè nou pa fè sa m di, nou pa gen pwomès” (D&A 82:10). Si nou rejte alyans nou yo apre nou fin aksepte levanjil la, alyans lan vin anile epi n ap kondane devan Bondye (gade D&A 132:4). Li te di: “Pa fè peche pou jijman kriyèl pa tonbe sou tèt nou. Paske yon moun ki resevwa anpil, y ap mande l anpil; epi yon moun ki peche kont pi gwo limyè a, l ap resevwa pi gwo kondanasyon an” (D&A 82:2–3).

Nouvo alyans etènèl la

  • Kisa nou pwomèt pou n fè lè nou aksepte levanjil la? Ki benediksyon Papa nou ki nan Syèl la ba nou lè nou kenbe pwomès sa yo?

Plenitid levanjil la rele nouvo alyans etènèl la. Ladan li gen alyans nou te fè nan batèm yo, pandan Sentsèn nan, nan tanp, ak tout lòt lè. Senyè a rele l etènèl paske li òdone pa yon Bondye etènèl epi paske li p ap janm chanje. Li te fè menm alyans sa a avèk Adan, Enòk, Nowe, Abraram, ak lòt pwofèt yo. Nan sans sa a li pa nouvo. Men Senyè a rele l nouvo paske chak fwa levanjil la retabli apre li te fin anlve sou tè a, li nouvo pou moun ki resevwa l yo (gade Jeremi 31:31–34; Ezekyèl 37:26)

Lè nou aksepte nouvo alyans etènèl la, nou dakò pou nou repanti, batize, resevwa Sentespri a, resevwa òdonans nou yo, resevwa alyans maryaj nan tanp lan, epi suiv ak obeyi Kris la jiska lafen lavi nou. Si nou kenbe alyans nou yo, Papa nou ki nan Syèl la pwomèt nou ke n ap resevwa egzaltasyon nan wayòm selès la (gade D&A 132:20–24; gade chapit 47 nan liv sa a tou).

Grandè pwomès sa a difisil pou moun mòtèl konprann. Kòmandman li bay yo se pou byen nou, e si nou fidèl nou kapab pataje benediksyon ak bote syèl yo ak tè a pou tout tan. Nou gen dwa viv nan prezans li epi pataje amou li, konpasyon li, puisans li, grandè li, konesans li, sajès li, glwa li, ak wayòm ni.

  • Ki rapò lefèt ke nou se pèp alyans Senyè a genyen avèk fason nou abiye, fason nou aji, ak fason nou respekte kòmandman Bondye yo?

Ekriti adisyonèl ak lòt sous

Enprime