Liv yo ak Leson yo
Chapit 41: Mond lespri apre lanmò a


Chapit 41

Mond lespri apre lanmò a

Imaj
A mother in a wheelchair is surrounded by three young children. They are in a cemetery in front of a tombstone.

Lavi apre lanmò

  • Kisa k rive nou lè nou mouri?

Papa nou ki nan syèl la te prepare yon plan pou sali nou. Kòm pati plan sa a, li te voye nou soti nan prezans li pou n vin viv sou tè a pou n resevwa kò lachè ak san. Finalman kò nou ap mouri, epi lespri nou aprale nan mond lespri yo. Mond lespri a se yon kote pou n tann, travay, aprann, epi, pou moun ki jis yo, repoze anba sousi ak chagren. Lespri nou pral viv nan kote sa a jiskaske nou pare pou rezirèksyon nou. Lè sa a, yon fwa ankò, kò mòtèl nou an pral reyini avèk lespri nou ankò, epi n ap resevwa degre lagwa nou te travay pou n genyen an (gade chapit 46 nan liv sa a).

Anpil moun ap mande tèt yo ak kisa mond lespri a sanble. Ekriti yo ak pwofèt dènye jou yo ba nou enfòmasyon sou mond lespri a.

  • Ki rekonfò ou resevwa apati konesans ke gen yon lavi apre lanmò a? Nan ki fason itilize konpreyansyon nou sou mond espri apre lanmò a rekonfòte lòt moun?

Ki kote mond lespri apre lanmò a ye?

Pwofèt dènye jou yo di ke lespri moun ki mouri yo pa lwen nou. Prezidan Ezra Taft Benson te di: “Pafwa vwal ant lavi sa a ak lavi nan odela a vin mens anpil. Byenemen nou yo ki deja ale yo pa lwen nou” (nan Conference Report, Avr. 1971, 18; oswa Ensign, Jen 1971, 33). Prezidan Brigham Young te anseye ke mond lespri apre lanmò a sou tè a, bò kote nou (gade Enseignements des présidents de l’église: Brigham Young [1997], 279).

Ki nati lespri nou?

Kò lespri a gen menm fòm avèk kò mòtèl la sof ke kò lespri a nan yon fòm ki pafè (gade Etè 3:16). Lespri yo mennen avèk yo soti sou tè a atitid devosyon yo oswa opozisyon yo nan bagay lajistis yo (gade Alma 34:34). Yo gen menm apeti ak menm dezi yo te genyen lè yo t ap viv sou tè a. Tout espri yo gen yon fòm adilt. Yo te adilt anvan egzistans mòtèl yo, epi yo pran fòm adilt apre lanmò, menmsi yo mouri tibebe oswa timoun (gade Enseignements des présidents de l’église: Joseph F. Smith [1998], 131–32).

  • Poukisa li enpòtan pou n konnen ke lespri nou ap gen menm atitid yo gen kounyeya nan mond lespri a ?

Ki kondisyon ki egziste nan mond lespri apre lanmò a?

Pwofèt Alma nan Liv Mòmon an te anseye konsènan de divizyon oswa eta ki egziste nan mond lespri a:

“Lespri moun ki jis yo antre nan yon lavi byenere ki rele paradi, yon lavi repo, yon lavi lapè, pou yo repoze apre tout pwoblèm yo, epi apre tout sousi ak lapenn yo.

“Epi lè sa a, se pral konsa, lespri mechan yo, wi, moun ki mechan yo—paske yo pa gen okenn pati ni pòsyon nan Lespri Senyè a; paske, yo te chwazi move zèv tanpou yo ta chwazi byen; se poutèt sa, lespri dyab la te antre nan yo epi li pran posesyon lakay yo—epi moun sa yo pral deyò nan fènwa; pral gen kriye, rele ak sere dan, poutèt inikite pa yo, paske volonte dyab la te mennen yo kaptif.

“Kounyeya, se sitiyasyon nanm mechan yo, wi, fènwa, epi yon eta terib, ak lakrent pou yo rete tann move endikasyon ak kòlè Bondye tonbe sou yo; konsa, yo rete nan eta sa a, menm jan moun ki jis yo rete nan paradi a jistan lè rezirèksyon yo a rive.” (Alma 40:12–14).

Lespri yo klase selon pite lavi yo ak fason yo te obeyi volonte Senyè a sou tè a. Lespri jis yo separe ak lespri mechan yo (gade 1 Nefi 15:28–30), men lespri yo kapab pwogrese pandan y ap aprann prensip levanjil yo epi viv lavi yo ann akò avèk yo. Lespri ki nan paradi yo kapab anseye lespri ki nan prizon yo (gade D&A 138).

Paradi

Selon pwofèt Alma, lespri jis yo repoze anba sousi ak chagren terès. Men, yo okipe nan fè travay Senyè a. Prezidan Joseph F. Smith te wè nan yon vizyon ke imedyatman lè Jezikri te fin krisifye, Li te chwazi mesaje, ki te abiye avèk pouvwa epi avèk otorite, epi li te otorize yo pou y ale epi pou yo “pote limyè levanjil la pou moun ki te nan tenèb yo, menm pou tout lespri lèzòm” (D&A 138:30).

Legliz la òganize nan mond lespri a, epi detantè prètriz yo kontinye responsablite yo nan kote sa a (gade D&A 138:30). Prezidan Wilford Woodruff te anseye: “Menm Prètriz la egziste nan lòtbò vwal la. … Chak Apot, chak Swasanndis, chak Ansyen, elatriye, ki te mouri nan lafwa, osito ke li pase nan lòtbò vwal la, antre nan travay ministè a” (Deseret News, Jan. 25, 1882, 818).

Relasyon familyal yo enpòtan tou. Prezidan Jedediah M. Grant, yon konseye Brigham Young, te wè mond lespri a epi li te dekri pou Heber C. Kimball òganizasyon ki egziste kote sa a: “Li te di ke moun yo li te wè yo te òganize an fanmi. … Li te di, ‘Lè m te gade fanmi yo, te gen kèk moun manke nan kèk ladan yo, … paske mwen te wè fanmi ke yo pa t pèmèt yo vin rete ansanm, paske yo pa t onore apèl yo isit la’” (Deseret News, Dec. 10, 1856, 316–17).

Prizon lespri a

Apot Pyè te fè referans ak mond lespri apre lanmò a kòm yon prizon, e se sa l ye pou kèk moun (gade 1 Pyè 3:18–20). Nan prizon lespri a gen lespri moun ki pa t ko resevwa levanjil Jezikri yo. Lespri sa yo gen libabit e yo enspire pa ni byen ni mal. Si yo aksepte levanjil la ak òdonans yo akonpli pou yo nan tanp yo, yo ka kite prizon lespri a pou ale nan paradi.

Nan prizon lespri a, genyen moun ki te rejte levanjil yo tou, lè yo te fin preche yo li oubyen sou tè a oubyen nan prizon lespri a. Lespri sa yo soufri nan yon kondisyon nou konnen ki rele lanfè. Yo retire tèt yo nan mizèrikòd Jezikri, ki te di: “Paske gade, mwen menm, Bondye, m te soufri bagay sa yo pou tout moun, pou yo pa soufri si yo repanti; men si yo pa vle repanti yo dwe soufri tankou m; soufrans sa a ki te fè, mwen menm Bondye, ki pi gran pase tout moun, tranble anba doulè, epi ki te fè m soufri nan ki kò ni nan lespri m” (D&A 19:16–18). Lè yo fin soufri pou peche yo, yo pral pèmèt yo, gras avèk Ekspyasyon Jezikri a, vin eritye degre lafwa ki pi piti a, ki se wayòm telès la.

  • Nan ki sans kondisyon nan mond lespri yo sanble ak kondisyon nan lavi sa yo?

Ekriti adisyonèl

Enprime