Liv yo ak Leson yo
Chapit 3: Jezikri, te chwazi pou l vin dirijan nou ak Sovè nou


Chapit 3

Jezikri, dirijan ak Sovè nou an

Imaj
Cropped portion of Carl Bloch's painting depicting Christ sitting at a table with the two men with whom He walked on the road to Emmaus.

Yo te bezwen yon Sovè ak yon dirijan

  • Poukisa nou te bezwen kite prezans Papa nou ki nan Syèl la? Poukisa nou bezwen yon Sovè?

Lè yo te prezante nou plan sali a nan mond espri premòtèl la, nou te sitèlman kontan ke nou te bat bravo (gade Jòb 38:7).

Nou te konprann ke nou t ap oblije kite kay selès nou an pou yon tan. Nou pa ta pral viv nan prezans Papa nou ki nan Syèl la ankò. Pandan ke nou ta pral byen lwen li a, nou tout t ap peche epi gen kèk nan nou ki t ap pèdi wout yo. Papa nou ki nan Syèl la te konnen nou chak e li te renmen nou chak. Li te konnen nou ta pral bezwen èd, se poutèt sa li te prepare yon mwayen pou ede nou.

Nou te bezwen yon Sovè pou peye pou peche nou yo ak pou anseye nou kijan pou n retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la. Papa nou te di: “Kiyès m ap voye?” (Abraram 3:27). Jezikri, ki te rele Jewova, te di: “Men mwen, voye m” (Abraram 3:27; gade tou Moyiz 4:1–4).

Jezi te dispoze pou vin sou tè a, pou bay lavi li pou nou, epi pran peche nou yo sou tèt li. Menmjan ak Papa nou ki nan syèl la, li te vle pou nou chwazi si nou t ap obeyi kòmandman Papa nou ki nan syèl yo. Li te konnen nou dwe lib pou chwazi pou nou ka montre ke nou diy pou egzaltasyon. Jezi te di: “Papa, se pou volonte ou fèt, epi se pou ou laglwa a pou tout tan gen tan” (Moyiz 4:2).

Satan, ki te rele Lisifè, te vini tou, li te di: “Gade, men mwen, voye m, m vle tounen pitit gason ou lan, epi m ap rachte tout limanite, konsa pa menm yon sèl nanm p ap pèdi, epi asireman m ap fè sa; se sa ki fè, ban m onè ou la” (Moyiz 4:1). Satan te vle fòse nou tout pou n fè volonte li. Anba plan li a, nou pa t ap gen pèmisyon pou n chwazi. Li t ap retire libète pou chwazi Papa nou ki nan Syèl la ba nou an. Satan te vle pou l genyen tout merit sali nou an. Anba pwopozisyon l lan, bi k fè nou vini sou tè a t ap kontrarye (gade Enseignements des présidents de l’église: David O. McKay [2003], 207).

Yo te chwazi Jezikri pou l vin dirijan nou ak Sovè nou

  • Pandan w ap li seksyon sa a, panse sou santiman ou genyen pou Sovè a.

Apre l te fin tande toulède pitit gason yo pale, Papa nou ki nan Syèl la te di: “M ap voye premye a” (Abraram 3:27).

Jezikri te chwazi epi òdone pou vin Sovè nou. Anpil ekriti pale sou sa, (pa egzanp, gade, 1 Pyè 1:19–20; Moyiz 4:1–2). Yon ekriti di nou ke byen lontan anvan Jezi te fèt, li te parèt devan yon pwofèt nan Liv Mòmon an ke nou rekonèt kòm frè Jarèd epi li te di li: “Se mwen menm ki te pare depi nan fondasyon mond lan pou m rachte pèp mwen an. M se Jezikri. … Tout mond lan ap gen lavi nan mwen pou tout tan, menm tout moun ki kwè nan non m” (Etè 3:14).

Lè Jezi t ap viv sou tè a, li te anseye: “Se pa pou fè volonte pa m mwen desann sot nan syèl la, men pou m fè volonte moun ki voye m nan. … E sa se volonte moun ki voye m nan, pou tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki pap janm fini an: Mwen gen pou m fè yo leve soti vivan ankò nan lanmò nan dènye jou a” (Jan 6:38, 40).

Lagè nan syèl la

Paske Papa nou ki nan Syèl la te chwazi Jezikri pou l se Sovè nou, Satan te fache epi li te antre an rebelyon. Te gen lagè nan syèl la. Satan ak disip li yo te goumen kont Jezikri ak disip li yo. Disip Sovè yo te “goumen avèk li [Satan] jouk yo te gen batay la, granmesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t ap pibliye a” (Revelasyon 12:11).

Nan gwo rebelyon sa a, yo te chase Satan ak tout espri ki te suiv li yo soti nan prezans Bondye ak nan syèl la. Yon tyè nan lame syèl yo te pini paske yo te suiv Satan (gade D&A 29:36). Yo pa t gen dwa pou resevwa kò mòtèl.

Paske nou isit la sou tè a epi nou gen kò mòtèl, nou konnen ke nou te chwazi pou suiv Jezikri ak Papa nou ki nan Syèl la. Satan ak disip li yo sou tè a tou, men se espri yo ye. Yo pa bliye kiyès nou ye, e yo antoure nou chak jou, pou tante nou ak pouse nou fè bagay ki pa fè Papa nou ki nan Syèl la plezi. Nan lavi premòtèl nou an, nou te chwazi pou suiv Jezikri ak aksepte plan Bondye a. Nou dwe kontinye suiv Jezikri isit la sou tè a. Se sèlman si nou suiv li n ap kapab retounen al nan fwaye selès nou.

  • Nan ki fason lagè ki te fèt nan syèl la ap kontinye jodi a?

Nou dwe suiv ansèyman Sovè a bay yo

  • Panse sou ki fason ansèyman Sovè a bay yo konn enfliyanse ou.

Depi nan kòmansman an, Jezikri te revele levanjil la, ki di nou sa nou dwe fè pou n retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la. Nan moman ki te prevwa a, li te vin sou tè a an pèsòn. Li te anseye plan sali ak egzaltasyon an pa pawòl li ak pa fason li te viv. Li te etabli Legliz li a ak Prètriz li a sou tè a. Li te pran peche nou yo sou tèt li.

Si nou suiv ansèyman l yo, n ap kapab eritye yon plas nan wayòm selès la. Li te fè pati pa l la pou ede nou retounen al nan fwaye selès nou an. Kounyeya, nou chak dwe fè pati pa nou an pou nou vin diy pou egzaltasyon.

Ekriti adisyonèl

Enprime