Liv yo ak Leson yo
Chapit 19: Repantans


Chapit 19

Repantans

Imaj
An Hispanic young woman crying. She is holding a handkerchief. Tears are rolling down her face.

Nou tout bezwen repanti

  • Kisa peche ye? Ki efè peche nou yo genyen sou nou?

Lafwa nan Jezikri mennen tou natirèlman nan repantans. Depi epòk Adan an rive jodi a, mond lan te toujou bezwen repantans. Senyè a te di Adan: “Se sa ki fè, ansenye pitit ou yo sa, pou yo konnen tout moun ki tout kote dwe repanti, san sa yo p ap kapab eritye wayòm Bondye a nan okenn fason, paske okenn bagay ki pa pwòp pa kapab rete, oubyen rete nan prezans li” (Moyiz 6:57).

Nou vin sou tè a pou nou grandi ak pwogrese. Sa se yon pwosesis tout yon lavi. Pandan tan sa a nou tout peche (gade Women 3:23). Nou tout bezwen repanti. Pafwa nou peche pa inyorans, pafwa pa feblès, e pafwa pa nou dezobeyi an tout konesans. Nan Bib la nou li ke “pa gen okenn moun sou tè a, ki fè byen, e ki pa janm peche” (Eklezyas 7:20) epi “si nou di pa gen peche, se tèt nou n ap twonpe, verite a pa nan nou” (1 Jan 1:8).

Kisa peche ye? Jak te di: “Moun ki konnen pou l fè byen an, epi ki pa fè li, li komèt yon peche” (Jak 4:17). Jan te dekri peche kòm “tout inikite” (1 Jan 5:17) ak “dezobeyi lalwa” (1 Jan 3:4).

Se poutèt sa Senyè a te di: “Tout moun ki tout kote dwe repanti” (Moyiz 6:57). Eksepte Jezikri, ki te viv yon lavi pafè, tout moun ki viv isit sou tè a peche. Papa nou ki nan Syèl la, nan gran amou li, ba nou opòtinite pou nou repanti pou peche nou yo.

Libere anba peche atravè repantans

  • Kisa repantans ye?

Repantans se mwayen yo ba nou pou nou libere nou anba peche epi pou n resevwa padon pou yo. Peche ralanti pwogresyon espirityèl nou e li ka menm kanpe li. Repantans rann posib pou nou grandi ak devlope espirityèlman ankò.

Privilèj pou repanti a rann posib gras avèk Ekspyasyon Jezikri a. Nan yon sans nou pa totalman konprann, Jezi te peye pou peche nou yo. Prezidan Joseph Fielding Smith te di sou sa:

“Mwen konn soufri, ou konn soufri, epi pafwa se konn doulè grav; men mwen pa kapab konprann soufrans sa a … ki te lakoz san soti nan kò li tankou syè a. Sete yon bagay terib, yon bagay terifik. …

“… Pa janm gen yon moun ki fèt nan mond sa a ki t ap janm ka sipòte pwa fado sa a ki te peze sou Piti Gason Bondye a, lè l te pote peche m yo ak pa w yo epi ba nou posiblite pou n chape anba peche nou yo” (Doctrines of Salvation, sel. Bruce R. McConkie, 3 vols. [1954–56], 1:130–31; italik yo nan orijinal la).

Repantans pafwa mande gwo kouraj, anpil fòs, anpil kriye, priyè san rete, ak efò kontini pou viv kòmandman Senyè a yo.

Prensip repantans yo

  • Ki sa prensip repantans yo ye?

Prezidan Spencer W. Kimball te deklare: “Pa gen okenn wout wayal ki mennen nan repantans, okenn chemen privilejye ki mennen nan padon. Tout moun dwe suiv menm wout la, keseswa rich ou pòv, save ou inyoran, gran ou piti, prens ou mizerab” (Enseignements des présidents de l’église: Spencer W. Kimball [2006], 38; italik nan orijinal la).

Nou dwe rekonèt peche nou yo

Pou nou repanti, nou dwe admèt ke nou peche. Si nou pa admèt sa, nou pa ka repanti.

Alma te konseye pitit gason li Koryanton, ki pa t fidèl nan apèl li kòm misyonè epi ki te fè peche grav: “Se pou peche w yo annwiye w, avèk anvi sa a k ap mennen w desann nan repantans lan. … Pa chèche eskize tèt ou menm yon ti kras” (Alma 42:29–30). Ekriti yo konesye nou pou n pa jistifye peche nou yo (gade Lik 16:15–16).

Nou pa ka kache okenn zak lavi nou pou tèt nou ni devan Senyè a.

Nou dwe santi regrè pou peche nou yo

Akote rekonèt peche nou yo, nou dwe santi regrè sensè pou sa nou fè a. Nou dwe santi ke peche nou yo terib. Nou dwe anvi gen dezi pou abandone yo. Ekriti yo di nou: “Tout moun ki imilye tèt yo devan Bondye, epi ki vle batize, epi ki vini avèk yon kè brize ak yon lespri kontri, epi … ki vrèman repanti pou peche yo…. dwe resevwa padon peche yo … yo dwe resevwa yo pa mwayen batèm nan legliz li a” (D&A 20:37).

Nou dwe abandone peche nou yo

Regrè sensè nou dwe mennen nou nan abandone (sispann) peche nou yo. Si nou te vòlè yon bagay, nou pral sispann vòlè. Si nou te bay manti, nou pral sispann bay manti. Si nou te komèt adiltè, nou bezwen sispann. Senyè a te revele Pwofèt Joseph Smith: “Men jan n ap konnen si yon moun repanti pou peche li yo—gade, l ap konfese yo epi l ap abandone yo” (D&A 58:43).

Nou dwe konfese peche nou yo

Konfese peche nou yo trè enpòtan. Senyè a kòmande nou pou nou konfese peche nou yo. Konfesyon delivre pechè a anba yon gwo fado. Senyè a pwomèt: “Mwen menm, Senyè a, m padone peche yo, epi m gen mizèrikòd pou moun ki konfese peche yo avèk yon kè enb” (D&A 61:2).

Nou dwe konfese tou peche nou bay Senyè a. Epitou, peche grav—tankou adiltè, fònikasyon, relasyon omoseksyèl, abize konjwen oubyen pitit, ak vann oswa itilize dwòg ilegal—ki ka afekte pozisyon nou nan Legliz la, nou dwe konfese yo bay otorite prètriz ki konsène a. Si nou peche kont yon lòt moun, nou dwe konfese bay moun nou blese a. Gen kèk peche ki mwens grav ki konsène nou menm avèk Senyè a sèlman. Nou dwe konfese yo dirèkteman bay Senyè a.

Nou dwe fè reparasyon

Reparasyon (restitisyon) se yon pati nan repantans lan. Sa vle di ke nou dwe repare mal nou fè a otan sa posib. Pa egzanp, yon vòlè dwe remèt sa l te vòlè a. Yon mantè dwe fè konnen laverite. Moun ki fè yon tripotay ki detwi repitasyon yon moun dwe travay pou repare bon renome moun li detwi a. Si nou fè bagay sa yo, Bondye pa pral mansyone peche nou yo banou lè y ap jije nou (gade Ezekyèl 33:15–16).

Nou dwe padone lòt moun

Yon pati enpòtan nan repantans se padone moun ki peche kont nou. Senyè a pap padone nou si kè nou plen pa totalman pwòpte anba rayisans, amètim, ak move santiman kont lòt moun (gade 3 Nefi 13:14–15). “Se poutèt sa, m di nou, nou dwe padone youn lòt; paske yon moun ki pa padone peche frè l, li kondane devan Senyè a; paske pi gwo peche a rete nan li” (D&A 64:9).

Nou dwe respekte kòmandman Bondye yo

Pou fè repantans nou total nou dwe respekte kòmandman Senyè a yo (gade D&A 1:32). Nou pa totalman repanti si nou pa peye dim nou ni si nou pa sanktifye jou Saba a ni obeyi Pawòl Sajès la. Nou pa totalman repanti si nou pa soutni otorite Legliz yo ak si nou pa renmen Senyè a ak pwochen nou. Si nou pa priye epi nou pa gen konsiderasyon pou lòt moun, nou sètènman pa repanti. Lè nou repanti, lavi nou chanje.

Prezidan Kimball te di: “Premyèman, yon moun repanti. Lè l fin poze fondasyon sa a li dwe viv kòmandman Senyè yo pou l ka kenbe diyite repantan li. Sa nesesè pou asire padon total” (Enseignements des présidents de l’église: Spencer W. Kimball, 43).

  • Nan ki fason ansèyman yo ki nan seksyon sa a diferan avèk fos ide ke repantans se akonpli yon lis etap senp oswa aksyon woutinye?

Nan ki fason repantans ede nou

  • Nan ki fason repantans ede nou?

Lè nou repanti, Ekspyasyon Jezikri a vin totalman efikas nan lavi nou, epi Senyè a padone peche nou. Nou vin libere anba esklavaj peche nou yo, epi nou jwenn lajwa.

Alma te rakonte eksparyans li nan repanti pou peche pase l yo:

“Nanm mwen te dechire [twouble] nan dènye limit, epi tout peche m yo te toumante nanm mwen.

“Wi, m te sonje tout peche ak inikite m yo, yo te fè m toumante anba soufrans lanfè; wi, m te wè m te fè rebèl kont Bondye, epi m pa t respekte kòmandman sen li yo.

“… Inikite m yo te tèlman gwo, lè m te sèlman panse pou m ta vin nan prezans Bondye, sa te toumante nanm mwen anba yon doulè m pa kapab eksplike.

“… Epi sete konsa m t ap … kòde anba touman, pandan rapèl pakèt peche m yo t ap toumante m, reyèlman, m sonje m te tande pwofesi papa m devan pèp la … konsènan vini yon Jezikri, yon Pitit Gason Bondye ki gen pou l ekspye peche mond lan.

“Kounyeya, pandan panse m te sou bagay sa a, m te kriye nan kè m: O, Jezi, Pitit Gason Bondye a, gen mizèrikòd pou mwen. …

“Kounyeya, reyèlman, lè m te panse bagay sa a, m pa t kapab sonje soufrans mwen yo ankò. …

“O, gade yon lajwa, ak yon limyè mèveye m te wè; wi, nanm mwen te chaje avèk anpil lajwa, ki te konparab avèk kantite lapenn m te genyen yo.

“… Pa t gen anyen pi dous pase lajwa m te genyen an” (Alma 36:12–14, 17–21).

  • Kijan repantans ak padon te pote lajwa pou Alma?

Danje nan ranvwaye repantans nou

  • Ki konsekans posib ki genyen nan ranvwaye repantans nou?

Pwofèt yo deklare ke “lavi sa a se lè pou lèzòm prepare yo pou rankontre Bondye” (Alma 34:32). Nou dwe repanti kounyeya, chak jou. Lè nou leve nan maten, nou dwe egzamine tèt nou pou wè si Lespri Bondye a avèk nou. Aswè anvan nou al dòmi, nou dwe repase aksyon nou ak pawòl nou nan jounen an epi mande Senyè a pou ede nou rekonèt bagay nou bezwen repanti pou yo yo. Lè nou repanti chak jou epi Senyè a padone peche nou yo, n ap vin fè eksperyans pwosesis vin pafè a chak jou. Menmjan ak Alma, bonè nou ak lajwa nou kapab mèveye.

Ekriti adisyonèl

Enprime