Liv yo ak Leson yo
Chapit 38: Maryaj etènèl


Chapit 38

Maryaj etènèl

Imaj
An African couple on the grounds of the Accra Ghana Temple. Taken in Ghana, West Africa.

Maryaj se yon bagay Bondye òdone

Maryaj ant yon gason ak yon fi se pwen santral nan plan Bondye a. Senyè a te di: “Nenpòt moun ki defann moun marye, se pa Bondye ki òdone l, paske se Bondye ki òdone maryaj pou lòm” (D&A 49:15). Depi nan kòmansman, maryaj te yon lwa levanjil la. Maryaj kreye pou dire pou tout tan, non pa sèlman pou lavi mòtèl nou.

Bondye te marye Adan ak Èv anvan te gen lanmò antre nan mond lan. Sete yon maryaj etènèl. Yo te anseye pitit yo ak pitit pitit yo lwa maryaj etènèl la. Ane te pase, mechanste te antre nan kè moun yo epi yo te retire otorite pou akonpli òdonans sakre sa a sou tè a. Atravè Retablisman levanjil la, maryaj etènèl vin retabli sou tè a.

  • Poukisa li enpòtan pou konnen ke se Bondye ki òdone maryaj ant yon gason ak yon fi?

Maryaj etènèl esansyèl pou egzaltasyon

  • Ki doktrin Senyè a konsènan maryaj, epi kijan li diferan avèk pwendvi mond lan?

Anpil moun nan mond lan konsidere maryaj kòm senpleman yon koutim sosyal, yon akò legal ant yon gason ak yon fi pou yo viv ansanm. Men pou Sen Dènye Jou yo, maryaj se plis pase sa. Egzaltasyon nou depann sou maryaj, ansanm avèk lòt prensip ak òdonans yo, tankou lafwa, repantans, batèm, ak resevwa don Sentespri a. Nou kwè ke maryaj se relasyon ki pi sakre ki ka egziste ant yon gason ak yon fi. Relasyon sakre sa a afekte bonè nou kounyeya ak nan letènite yo.

Papa nou ki nan Syèl la ba nou lwa maryaj etènèl la pou nou ka vin menmjan avèk li. Senyè a te di:

“Nan laglwa selès la gen twa syèl oubyen degre;

“Pou jwenn pi wo degre a, yon nonm dwe antre nan lòd sa a ki nan prètriz la [ki vle di nouvo alyans etènèl maryaj la];

“San sa li pa kapab jwenn ni” (D&A 131:1–3).

Maryaj etènèl dwe akonpli pa bon otorite a nan tanp lan

  • Poukisa yon maryaj dwe akonpli pa bon otorite a nan tanp lan pou l ka etènèl?

Yon maryaj etènèl dwe akonpli pa yon moun ki gen pouvwa sèlman. Senyè a te pwomèt: “Si yon gason marye … nan nouvo alyans etènèl la … pa lantremiz moun ki chwazi … epi si [yo] rete nan alyans [Senyè] a, … sa … ap totalman valab lè yo pa nan mond lan” (D&A 132:19).

Non sèlman maryaj etènèl la dwe akonpli pa bon otorite prètriz la, men li dwe fèt nan youn nan tanp sen Senyè a tou. Tanp lan se sèl plas òdonans sakre sa a kapab akonpli.

Nan tanp lan, koup Sen Dènye Jou yo mete ajenou sou youn nan otèl sakre yo nan prezans fanmi yo ak zanmi yo ki deja resevwa dotasyon yo nan tanp. Yo fè alyans maryaj yo devan Bondye. Yo pwononse yo mari ak madanm pou letan ak letènite. Sa fèt pa yon moun ki gen prètriz sen Bondye a epi ki resevwa otorite pou akonpli òdonans sakre sa a. Li aji sou direksyon Senyè a epi li pwomèt koup la benediksyon egzaltasyon yo. Li ba yo enstriksyon sou sa yo dwe fè pou resevwa benediksyon sa yo. Li raple yo ke tout benediksyon yo depann de obeyisans yo nan lwa Bondye yo.

Si nou marye pa yon lòt otorite ki pa otorite prètriz la nan yon tanp, maryaj la se pou lavi sèlman. Apre lanmò, konjwen yo pa gen okenn dwa pou youn reklame lòt ni pou yo reklame pitit yo. Yon maryaj etènèl ba nou opòtinite pou kontinye antanke fanmi apre lavi sa a.

Benefis yon maryaj etènèl

  • Ki benediksyon yon maryaj etènèl genyen nan lavi sa a ak nan letènite?

Antanke Sen Dènye Jou, n ap viv avèk yon pèspektiv etènèl, non pa pou moman sa a sèlman. Men, nou ka resevwa benediksyon nan lavi sa a kòm rezilta maryaj nou pou letènite a. Kèk nan benediksyon sa yo se:

  1. Nou konnen ke maryaj nou kapab dire pou tout tan. Lanmò kapab separe nou youn avèk lòt tanporèman sèlman. Anyen pa ka separe nou ajamè sof dezobeyisans nou. Konesans sa a ede nou travay pi plis toujou pou n ka gen yon maryaj ki gen kè kontan ak siksè.

  2. Nou konnen ke relasyon familyal nou kapab kontinye pandan tout letènite. Konesans sa a ede nou pi atantif nan anseye ak elve pitit nou yo. Li ede nou montre pi plis montre pasyans ak lanmou pou yo tou. Kòm rezilta, nou gen yon fwaye ki gen lajwa.

  3. Paske nou marye nan fason Bondye òdone a, nou gen dwa ak devèsman Lespri li sou maryaj nou si nou rete fidèl.

Kèk nan benediksyon nou kapab jwi pou letènite yo se sa yo:

  1. Nou ka viv nan pi wo degre nan wayòm selès Bondye a.

  2. Nou ka egzalte jan Bondye ye a epi resevwa yon plenitid lajwa.

  • Nan ki fason yon pèspektiv etènèl enfliyanse fason nou santi nou osijè maryaj ak fanmi?

Nou dwe prepare pou yon maryaj etènèl

  • Kisa nou ka fè pou ede jèn yo prepare pou maryaj etènèl?

Prezidan Spencer W. Kimball te anseye: “Maryaj se petèt desizyon ki pi vital nan tout desizyon epi efè li se efè ki dire pi lontan, paske li gen rapò non sèlman avèk bonè imedyat, men avèk jwa etènèl. Li afekte non sèlman de moun ki konsène yo, men fanmi yo ak patikilyèman pitit yo ak pitit pitit yo tou rive nan plizyè jenerasyon. Nan chwa yon konjwen pou lavi ak pou letènite, pi bon planifikasyon an ak pi bon panse a ak pi bon priye a ak pi bon jèn nan dwe fèt pou n asire ke nan pami tout desizyon yo, sa a se youn ki pa dwe pa bon” (Enseignements des présidents de l’église: Spencer W. Kimball [2006], 193).

Yon maryaj etènèl dwe objektif chak Sen Dènye Jou. Sa se verite menm pou moun ki deja marya sivil yo. Prepare pou yon maryaj etènèl pran anpil tan ak priyè. Se sèl manm Legliz la ki viv diy k ap gen pèmisyon pou antre nan tanp (gade D&A 97:15–17). Nou pa toudenkou deside yon jou ke nou vle marye nan tanp, epi nou antre nan tanp jou sa a pou nou marye. Toudabò nou dwe ranpli kèk kondisyon.

Anvan nou ka ale nan tanp, nou dwe manm diy ki aktif nan Legliz la pandan omwen ennan. Mesye yo dwe detantè Prètriz Mèlkisedèk. Nou dwe fè yon entèvyou avèk prezidan branch lan oswa evèk la. Si l twouve nou diy, l ap ba nou yon rekòmandasyon tanp. Si nou pa diy, l ap pale avèk nou epi ede nou fikse bi pou vin diy pou ale nan tanp.

Lè nou fin resevwa rekòmandasyon nan men evèk nou ak prezidan branch nou, nou dwe pase yon entèvyou avèk prezidan pye a oswa prezidan misyon an. Nan entèvyou a yo poze nou kesyon tankou sa yo pou yon rekòmandasyon pou tanp:

  1. Èske ou gen lafwa nan Bondye, Papa Etènèl la, ak Pitit Gason l lan, Jezikri, ak Sentespri a; epi èske ou gen yon temwayaj konsènan yo? Èske ou gen yon temwayaj fèm konsènan levanjil retabli a?

  2. Èske ou soutni Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè? Èske ou rekonèt li kòm sèl moun sou tè a ki otorize pou egzèse tout kle prètriz yo?

  3. Èske ou viv lwa chastete a?

  4. Èske ou se yon peyè dim total?

  5. Èske ou respekte Pawòl Sajès la?

  6. Èske ou onèt nan rapò ou avèk lòt moun?

  7. Èske ou eseye respekte alyans ou te fè yo, pou ale nan Sentsèn ak reyinyon prètriz yo, ak pou kenbe lavi ou an amoni avèk lwa yo ak kòmandman yo nan levanjil la?

Lè w al mande yon rekòmandasyon tanp, ou dwe sonje ke antre nan tanp se yon privilèj sakre. Se yon bagay serye, non pa yon bagay pou nou pran alalejè.

Nou dwe chèche onètman pou n obeyi chak alyans nou fè nan tanp lan. Senyè a te di ke si nou vrè ak fidèl, n ap antre nan egzaltasyon nou. N ap vin menmjan avèk Papa nou ki nan Syèl la. (Gade D&A 132:19–20.) Maryaj nan tanp vo tout sakrifis. se yon fason pou n jwenn benediksyon etènèl inestimab.

  • Kisa nou ka fè pou ankouraje jèn yo pou yo fikse bi pou yo marye nan tanp? Nan ki fason nou ka ede yo prepare yo pou sa?

Ekriti adisyonèl

Enprime