Liv yo ak Leson yo
Chapit 13: Prètriz la


Chapit 13

Prètriz la

Imaj
Two Fijian men administering to a young girl lying in a bed.

Kisa Prètriz la ye?

Prètriz la se pouvwa etènèl ak otorite Bondye. Atravè Prètriz la li te kreye ak gouvène syèl yo ak tè a. Pa pouvwa sa a inivè a rete nan lòd pafè. Atravè pouvwa sa a li akonpli travay li ak glwa li, ki se “reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm” (Moyiz 1:39).

Papa nou ki nan syèl la delege pouvwa Prètriz li a bay manm gason diy yo nan Legliz la. Prètriz la pèmèt yo aji nan non Bondye pou sali fanmi imen an. Atravè li yo kapab otorize pou preche levanjil la, administre òdonans Sali yo, ak gouvène wayòm Bondye a sou tè a.

  • Panse ak kisa sa vle di pou Bondye pèmèt gason ak tigason diy yo detni Prètriz li a.

Poukisa nou bezwen Prètriz la sou tè a?

Nou dwe gen otorite Prètriz la pou aji nan non Bondye lè nou akonpli òdonans sakre levanjil yo, tankou batèm, konfimasyon, administrasyon Sentsèn nan, ak maryaj nan tanp. Si yon moun pa gen Prètriz la, menmsi li gen dwa sensè, Senyè a p ap rekonèt òdonans li akonpli (gade Matye 7:21–23; Atik Lafwa 1:5). Òdonans enpòtan sa yo kapab akonpli sou tè a pa moun ki gen Prètriz la.

Mesye yo bezwen Prètriz la pou prezide nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ak pou dirije travay legliz la kisa sa vle di nan mond lan. Lè Kris la te viv sou tè a, li te chwazi Apot li yo epi li te òdone yo pou yo te kapab dirije Legliz li a. Li te ba yo pouvwa ak otorite Prètriz la pou aji nan non li. (Gade Mak 3:13–15; Jan 15:16.)

Yon lòt rezon ki fè nou bezwen Prètriz la sou tè a se pou nou kapab konprann volonte Senyè a ak akonpli objektif li yo. Bondye revele volonte li bay reprezantan otorize nan Prètriz li a sou tè a, pwofèt la. Pwofèt la, ki se Prezidan Legliz la, sèvi kòm pòtpawòl Bondye pou tout manm Legliz yo ak tout moun sou tè a.

  • Poukisa li esansyèl pou yon moun gen bon otorite a lè l ap akonpli yon òdonans?

Kijan gason yo resevwa Prètriz la?

Senyè a te prepare yon fason byen detèmine pou yo bay pitit gason l yo Prètriz li a sou tè a. Yon manm gason diy nan Legliz la resevwa Prètriz la “pa enpozisyon men, nan men moun ki gen otorite, pou preche Levanjil la epi pou administre òdonans Levanjil yo” (Atik Lafwa 1:5).

Sa se menm fason gason yo te konn resevwa Prètriz la nan tan lontan, menm nan epòk Moyiz la: “Pèsòn pa ka bay tèt li grad sa a, men se Bondye sèlman ki ka rele yon moun nan plas sa a, jan sa te fèt pou Aawon” (Ebre 5:4). Aawon te resevwa Prètriz la nan men Moyiz, dirijan Prètriz li (gade Egzòd 28:1). Se sèl moun ki detni Prètriz la ki kapab òdone lòt moun, e yo ka fè sa sèlman lè l otorize pa moun ki gen kle pou òdinasyon sa a (gade chapit 14 nan liv sa a).

Gason yo pa ka achte ni vann pouvwa ak otorite Prètriz la. Ni yo pa ka pran otorite sa a sou tèt yo. Nan Nouvo Testaman an nou li konsènan yon mesye ki te rele Simon ki t ap viv lè Apot Kris yo t ap prezide sou Legliz la. Simon te vin konvèti epi li te batize nan Legliz la. Paske li te yon majisyen abil, moun yo te kòmanse kwè ke l te gen pouvwa Bondye. Men Simon pa t gen Prètriz la, epi li te konnen sa.

Simon te konnen ke Apot yo ak lòt dirijan Prètriz yo nan Legliz la te gen vrè pouvwa Bondye a. Li te wè yo itilize Prètriz yo a pou fè travay Senyè a, e li te vle gen pouvwa sa a. Li te mande pou l t achte Prètriz la. (Gade Travay 8:9–19.) Men Pyè, chèf Apot yo, te di: “Al mouri ansanm ak tout lajan ou lan! Sa Bondye fè kado, ou kwè moun ka achte sa ak lajan?” (Travay 8:20).

  • Poukisa li enpòtan pou “pèsòn pa ka bay tèt li grad sa a [Prètriz la]”?

Kòman gason yo kòrèkteman itilize Prètriz la?

Prètriz la dwe itilize pou beni lavi pitit Papa nou yo ki nan Syèl la isit la sou tè a. Detantè Prètriz yo dwe prezide nan lanmou ak jantiyès. Yo pa dwe fòse fanmi yo ak lòt moun obeyi yo. Senyè a di nou ke pouvwa Prètriz yo pa kapab kontwole ni manipile san se pa avèk prensip lajistis (gade D&A 121:36). Lè nou eseye itilize Prètriz la pou pou akeri richès oswa laglwa oubyen pou tout lòt rezon egoyis, “gade, syèl la wete tèt li; Lespri Senyè a atriste; epi lè Bondye wete l, Amèn pou Prètriz la oubyen otorite nonm sa a” (D&A 121:37).

Lè yon moun itilize Prètriz la “pou pèsyade, avèk pasyans, avèk jantiyès, dousman, epi avèk amou enfayib” (D&A 121:41), li kapab fè anpil bagay mèveye pou fanmi li ak lòt moun. Li ka batize, konfime, ak administre Sentsèn lè l otorize pa moun ki detni kle pou òdonans sa yo. Li ka beni moun malad. Li ka bay fanmi li benediksyon Prètriz pou ankouraje yo ak pwoteje yo lè yo gen bezwen espesyal. Li ka ede lòt fanmi avèk òdonans ak benediksyon sa yo tou lè yo mande l pou fè sa.

Gason yo itilize otorite Prètriz la pou prezide nan Legliz la nan apèl tankou prezidan branch, evèk, prezidan kowòm, prezidan pye, ak prezidan misyon. Gason ak fi ki gen pozisyon nan Legliz la kòm ofisye ak enstriktè yo travay sou direksyon dirijan Prètriz yo ak sou gidans Sentespri a.

Ki benediksyon nou resevwa lè nou itilize Prètriz la kòrèkteman?

Senyè a pwomèt gwo benediksyon pou detantè Prètriz jis ki itilize Prètriz la pou beni lòt moun:

“Apre sa konfyans ou ap grandi anpil nan prezans Bondye; epi doktrin Prètriz la ap koule nan nanm ou tankou lawouze ki soti nan syèl la.

“Sentespri a ap konpayon ou tout tan, pwoteksyon ou san chanje, pwoteksyon lajistis ou ak verite ou; epi dominasyon ou ap yon dominasyon etènèl, epi san presyon l ap koule vin jwenn ou pou toujou ajamè” (D&A 121:45–46).

Prezidan David O. McKay te pwomèt chak moun ki itilize Prètriz la nan lajistis ke “l ap jwenn plis lajwa nan lavi li, l ap gen plis disènman pou l ka deside rapidman ant sa ki byen ak sa ki mal, l ap gen santiman dousè ak konpasyon, men lespri fò ak vanyan pou defann sa ki byen; l ap jwenn yon sous bonè ki pa p janm fini nan prètriz la—yon sous dlo lavi ki ap kondi li mennen nan lavi etènèl” (Teachings of Présidents of the Church: David O. McKay [2003], 116).

  • Ki kèk benediksyon nou resevwa atravè Prètriz la?

Ekriti adisyonèl

  • D&A 84; 107 (revelasyon sou Prètriz la, enkli sèman ak alyans Prètriz la nan D&A 84:33–40)

  • D&A 20:38–67 (eksplikasyon responsablite prètriz yo)

Enprime