Liv yo ak Leson yo
Chapit 18: Lafwa nan Jezkiri


Chapit 18

Lafwa nan Jezkiri

Imaj
Full length profile portrait of Jesus Christ. He is depicted wearing a white robe with a blue belt. He has one hand extended. His other hand is touching His chest.

Kisa lafwa ye?

Lafwa nan Senyè Jezikri se premye prensip levanjil la. Se yon don espirityèl, e li nesesè pou Sali nou. Wa Benjamen te deklare: “Sali pa pou moun konsa … eksepte nan repantans ak lafwa nan Senyè a Jezikri” (Mozya 3:12).

Lafwa se “espere pou bagay ou pa wè, men ki vre” (Alma 32:21; gade tou Ebre 11:1). Lafwa se yon prensip aksyon ak pouvwa ki motive aktivite chak jou nou.

Èske nou t ap etidye ak aprann si nou pa t kwè ke nou ka akeri sajès ak konesans? Èske nou t ap travay chak jou si nou pa t espere ke lè nou fè sa nou kapab akonpli yon bagay? Èske yon fèmye t ap plante si l pa t espere l ap rekòlte? Chak jou nou aji selon bagay nou espere pandan ke nou poko kapab wè rezilta a. Sa se lafwa. (Gade Ebre 11:3.)

Anpil istwa nan ekriti yo rakonte kijan gwo bagay akonpli atravè lafwa.

Pa lafwa Nowe te bati yon lach epi li te sove fanmi li anba delij la (gade Ebre 11:7). Moyiz te separe dlo Lanmè Wouj la (gade Ebre 11:29). Eli te fè dife desann soti nan syèl la (gade 1 Wa 18:17–40). Nefi te mande pou grangou leve (gade Elaman 11:3–5). Li te mande Senyè a pou sispann grangou a tou (gade Elaman 11:9–17). Lanmè te kalme, vizyon te fèt, epi priyè te reponn, tout pa pouvwa lafwa.

Lè nou etidye ekriti yo avèk swen, nou aprann ke lafwa se yon kwayans fèm nan la verite ki plase andedan nanm nou ki pouse nou pou nou fè sa ki byen. Sa pouse nou mande: Nan kisa nou dwe gen lafwa?

  • Panse sou aktivite chak jou w yo. Ki bagay ou fè chak jou ke ou pa ka wè ki kote y ap mennen? Nan ki fason lafwa motive ou pou fè aksyon?

Poukisa nou dwe gen lafwa nan Jezikri?

Nou dwe santre lafwa nou nan Senyè a Jezikri.

Gen lafwa nan Jezikri vle di gen sitèlman konfyans nan li ke nou obeyi kèlkeswa sa li kòmande nou pou n fè. Si nou plase lafwa nou nan Jezikri, nou vin disip obeyisan li, Papa nou ki nan Syèl la ap padone peche nou yo e l ap prepare nou pou n retounen al jwenn ni.

Apot Pyè te preche ke “pa gen okenn lòt non ni okenn lòt mwayen ki kapab pote Sali a pou pitit lèzòm” (Travay 4:12; gade tou Mozya 3:17). Jakòb te anseye ke lèzòm dwe gen “yon lafwa pafè nan Sen Izrayèl la [Jezikri], san sa yo pa kapab sove nan wayòm Bondye a” (2 Nefi 9:23). Atravè lafwa nan Sovè a epi atravè repantans, nou fè Ekspyasyon an totalman efikas nan lavi nou. Atravè lafwa nou kapab resevwa fòs pou simonte tantasyon yo (gade Alma 37:33).

Nou pa ka gen lafwa nan Jezikri san nou pa gen lafwa nan Papa nou ki nan Syèl la. Si nou gen lafwa nan yo, n ap gen lafwa ke Sentespri a, ke yo voye, ap anseye nou tout verite epi ap rekonfòte nou tou.

  • Kijan lafwa nan Jezikri ka enfliyanse nou nan apèl nou nan legliz la? nan relasyon familyal nou? nan travay nou? Kijan lafwa nan Jezikri enfliyanse esperans nou pou lavi etènèl?

Kijan nou ka ogmante lafwa nou nan Jezikri?

Paske nou konnen pil benediksyon nou ka resevwa nan egzèse lafwa nan Jezikri, nou dwe chèche pou ogmante lafwa nou nan li. Sovè a te di: “Si nou ta gen lafwa tankou yon ti grenn moutad, … anyen pa t ap enposib pou nou” (Matye 17:20). Yon grenn moutad piti anpil, men li grandi vin tounen yon gwo pyebwa.

Kijan nou ka ogmante lafwa nou? Menm fason nou ogmante oswa devlope nenpòt lòt talan. Kijan nou ka devlope talan nou nan eskilte bwa, tise, fè tablo, kwit manje, fè potri, oswa jwe yon enstriman mizik? Nou dwe etidye epi antrene epi travay sou li. Lè nou fè sa, nou amelyore. Se konsa l ye pou lafwa. Si nou vle ogmante lafwa nou nan Jezikri, nou dwe travay li. Pwofèt Alma te konpare pawòl Bondye a ak yon semans ki dwe nouri pa lafwa:

“Men, reyèlman, si nou reveye nou, epi si nou aktive kapasite nou yo, menm pou nou teste pawòl mwen yo, epi si nou egzèse yon ti kras lafwa, wi, menm si nou sèlman vle kwè, kite santiman sa a travay nan nou, jistan nou vin kwè nan yon fason nou kapab fè plas pou yon pòsyon nan pawòl mwen yo.

“Kounyeya, n ap konpare pawòl la avèk yon semans. Kounyeya, si nou fè plas pou yon semans plante nan kè nou, reyèlman si se yon semans reyèl oubyen yon bon semans, si nou pa chase l avèk enkredilite nou, pou nou pouse Lespri Senyè a, reyèlman, l ap kòmanse grandi nan kè nou; epi lè nou santi devlopman sa yo, n ap kòmanse di tèt nou konsa—se kapab yon bon semans oubyen pawòl la bon, paske li kòmanse eklèsi konpreyansyon m, wi, li kòmanse gen bon gou pou nou. …

“Reyèlman, èske sa pa ta grandi lafwa nou?” (Alma 32:27–29).

Konsa nou ka grandi lafwa nou nan Bondye nan aji sou dezi nou pou gen lafwa nan li.

Nou ka grandi lafwa nou tou lè nou priye Papa nou ki nan syèl la osijè espwa nou, dezi nou, ak bezwen nou (gade Alma 34:17–26). Men nou pa dwe sipoze ke tout sa nou gen pou nou fè se mande. Nan ekriti yo, yo di nou ke “lafwa, si li pa fè zèv, si l rete poukont li, li mouri” (Jak 2:17). Istwa sa a se osijè yon moun ki te montre lafwa pa zèv li.

Mesye sa a te anvi etidye ekriti yo, men li pa t konn li. Li te priye pou Papa nou ki nan Syèl la te aprann ni li. Yon ti tan apre, yon pwofesè te vini nan vilaj li a, epi li te mande pwofesè a pou ede li. Li te aprann alfabè a. Li te etidye son yo epi li te aprann mete lèt yo ansanm pou fè mo. Byen vit li te ka li mo senp yo.Plis li te pratike, plis li te aprann. Li te remèsye Senyè a paske li te voye pwofesè a ki te ede li aprann li a. Mesye sa a te grandi lafwa li, imilite, ak konesans li nan sitèlman yon degre ke l te vin sèvi kòm yon prezidan branch nan legliz la.

Prezidan Spencer W. Kimball te eksplike: “Dwe gen zèv avèk lafwa. Sa ensanse pou n mande Senyè a pou banou konesans, men li saj pou nou mande èd Senyè a pou n akeri konesans, pou n etidye efikasman, pou n panse klèman, ak pou n kenbe bagay nou aprann yo” (Faith Precedes the Miracle [1972], 205; italic yo nan original la).

Lafwa mande pou nou fè tout sa nou kapab pou materyalize sa nou espere a, sa n ap priye pou li a. Prezidan Kimball te di: “Nan zafè lafwa, nou plante, epi rapidman nou wè mirak kwasans lan. Lèzòm souvan mal konprann sa e yo vire pwosesis la.” Li te kontinye eksplike ke anpil nan nou vle gen sante ak fòs san nou pa respekte lwa sante yo. Nou vle zafè nou bon san nou pa peye dim nou. Nou vle rapwoche bò kot Senyè a men nou pa vle jene ak priye. Nou vle gen lapli nan sezon lapli epi nou vle gen lapè nan peyi a san nou pa respekte Saba a antanke yon jou sakre ak san nou pa respekte lòt kòmandman Senyè yo. (Gade Enseignements des Présidents de l’église: Spencer W. Kimball [2006], 142.)

Yon fason enpòtan pou grandi lafwa nou se tande ak etidye pawòl Senyè a. Nou tande pawòl Senyè a nan reyinyon Legliz nou yo. Nou ka etidye pawòl li nan ekriti yo. “Epi kòm tout moun pa gen lafwa, chèche avèk dilijans epi ansenye youn lòt pawòl sajès; wi, chèche pawòl sajès nan pi bon liv yo; chèche konesans, menm nan etid epi avèk lafwa” (D&A 88:118).

  • Ki relasyon ou wè ant lafwa ou ak aksyon ou?

Ki benediksyon ki suiv lafwa?

Pa lafwa, mirak fèt, zanj parèt, lòt don Lespri bay, priyè jwenn repons, epi lèzòm vin pitit Bodye (gade Mowoni 7:25–26, 36–37).

“Lè lafwa vini, li pote … apot, pwofèt, evanjelis, pastè, enstriktè, don, sajès, konesans, mirak, gerizon, lang, entèpretasyon lang, elatriye. Tout bagay sa yo parèt lè lafwa parèt sou tè a, epi yo disparèt lè l disparèt sou tè a; paske bagay sa yo se konsekans lafwa…. Epi moun ki posede li, pa lentèmedyè li, ap jwenn tout konesans ak tout sajès nesesè, jiskaske l konnen Bondye, ak Senyè a Jezikri, ke li te voye a—ki pote lavi etènèl” (Lectures on Faith [1985], 83).

  • Ki istwa nan ekriti yo ki gen moun ki te vin pi solid paske yo te gen lafwa nan Jezikri? Nan ki fason ou te wè sa rive nan pwòp lavi pa ou?

Ekriti adisyonèl

Enprime