Liv yo ak Leson yo
Chapit 6: Chit Adan ak Èv la


Chapit 6

Chit Adan ak Èv la

Imaj
Adam and Eve walking together after leaving the Garden of Eden. There are storm clouds in the sky, and plant growth along the path they are walking. There is a waterfall in the background.

Adan ak Èv sete premye moun ki te vin sou tè a

  • Ki prèv ki ede nou konnen ke Adan ak Èv sete espri vanyan?

Bondye te prepare tè sa a kòm kay pou pitit li yo. Adan ak Èv te chwazi pou yo te premye moun ki te viv sou tè a (gade Moyiz 1:34; 4:26). Pati pa yo nan plan Papa nou an sete pou pote mòtalite nan mond lan. Yo te gen pou yo te premye paran nou. (Gade D&A 107:54–56.)

Adan ak Èv te pami pitit ki te pi nòb Papa nou yo. Nan mond lespri a Adan te rele Michèl, akanj lan (gade D&A 27:11; Jude 1:9). Li te chwazi pa Papa nou ki nan Syèl la pou te dirije moun jis yo nan batay kont Satan an (gade Revelasyon 12:7–9). Adan ak Èv te preòdone pou yo te vin premye paran nou. Senyè a te pwomèt Adan gwo benediksyon: “M tabli ou pou ou alatèt; yon gran kantite nasyon pral soti nan ou, epi ou se yon prens sou tèt yo pou tout tan” (D&A 107:55).

Èv sete “manman tout vivan” (Moses 4:26). Bondye te ini Adan ak Èv an maryaj paske “sa pa bon pou lòm pou kont li” (Moyiz 3:18; gade tou 1 Korentyen 11:11). Li te pataje responsablite a avèk Adan epi l ap pran pa nan benediksyon etènèl li yo tou.

  • Kisa nou ka aprann apati egzanp Adan ak Èv yo?

Jaden Edenn nan

  • Sou ki kondisyon Adan ak Èv te viv nan Jaden Edenn nan?

Lè yo te mete Adan ak Èv nan Jaden Edenn nan, yo pa t ko mòtèl. Nan eta sa a, “yo pa t ap gen pitit” (2 Nefi 2:23). Pa t gen lanmò. Yo te gen lavi fizik paske espri yo te abite nan kò fizik ki te fèt avèk pousyè tè a (gade Moyiz 6:59; Abraram 5:7). Yo te gen lavi espirityèl paske yo te nan prezans Bondye. Yo pa t ko fè chwa ant byen ak mal.

Bondye te kòmande yo pou yo fè pitit. Li te di: “Se pou nou bay fwi, epi miltipliye, epi ranpli tè a, epi soumèt li, epi domine sou pwason yo ki nan lanmè a, ak sou vloay yo ki anlè a, ak sou tout bagay vivan k ap fè mouvman sou tè a” (Moyiz 2:28). Bondye te di yo yo te lib pou manje fwi nan tout pyebwa nan jaden an eksepte youn, fwi konesans byen ak mal la. Bondye te di apwopo pyebwa sa a: “Jou ou manje ladan l w ap mouri” (Moyiz 3:17).

Satan, ki pa konnen entansyon Bondye men k ap chèche detwi plan Bondye a, te vin jwenn Èv nan Jaden Edenn nan. Li te tante l pou l manje fwi pyebwa konesans byen ak mal la. Li te asire li ke li menm ak Adan pa t ap mouri, men yo t ap vin “tankou Bondye, paske y ap konnen byen ak mal” (Moyiz 4:11). Èv te sede anba tantasyon an epi li te manje fwi a. Lè Adan te aprann sa k te rive, li te chwazi pou l te manje l tou. Chanjman Adan ak Èv te sibi yo paske yo te manje fwi a rele Chit.

Separasyon Adan ak Èv avèk Bondye

  • Ki chanjman fizik ak espirityèl ki te rive Adan ak Èv kòm rezilta trangresyon yo a?

Paske Adan ak Èv te manje fwi pyebwa konesans byen ak mal la, Senyè a te mete yo deyò nan Jaden Edan nan pou ale nan mond lan. Kondisyon fizik yo te chanje paske yo te manje fwi defandi a. Jan Bondye te pwomèt la, yo te vin mòtèl. Yo menm ak pitit yo t ap vin konnen maladi, soufrans, ak lanmò fizik.

Akoz transgresyon yo a, Adan ak Èv te soufri lanmò espirityèl tou. Sa k te vle di ke yo menm ak pitit yo pa t ap kapab mache epi pale fasafas avèk Bondye ankò. Adan ak Èv ak pitit yo te separe avèk Bondye ni fizikman ni espirityèlman.

Gwo benediksyon ki soti nan transgresyon an

  • Nan ki fason Chit la ba nou opòtinite pou n vin menmjan ak Papa nou ki nan Syèl la?

Gen moun ki panse ke Adan ak Èv te komèt yon peche grav lè yo te manje fwi pyebwa konesans byen ak mal la. Men, ekriti dènye jou yo ede nou konprann ke Chit yo a sete yon etap nesesè nan plan lavi a ak yon gwo benediksyon pou nou tout. Gras avèk Chit la, nou resevwa benediksyon kò fizik, dwa pou n chwazi ant byen ak mal, ak opòtinite pou akeri lavi etènèl. Nou pa t ap resevwa okenn nan benediksyon sa yo si Adan ak Èv te rete nan jaden an.

Apre Chit la, Èv te di: “Si se pa t transgresyon nou an, nou pa t ap janm gen desandan, epi nou pa t ap janm konnen byen ak mal, ak lajwa redanmsyon nou an, ak lavi etènèl Bondye bay tout moun ki obeyisan yo” (Moyiz 5:11).

Pwofèt Leyi te eksplike:

“Epi kounyeya, gade si Adan pa t transgrese li pa t ap tonbe, men li t ap rete nan jaden Edenn nan. Epi tout bagay ki te kreye t ap rete menm jan yo te ye apre yo te fin kreye a. …

“Epi yo pa t ap gen pitit; konsa yo t ap rete nan yon kondisyon inosans, yo pa t ap gen lajwa, paske yo pa t konnen lamizè, yo pa t ap fè byen, paske yo pa t konnen peche.

“Men, gade, tout bagay te fèt nan lasajès moun ki konnen tout bagay la.

“Adan te tonbe pou lèzòm te kapab fèt, e lèzòm te fèt pou yo kapab gen lajwa” (2 Nefi 2:22–25).

  • Poukisa ou panse li enpòtan pou n konnen tout bagay sou Chit la epi nan ki fason li enfliyanse nou?

Ekriti adisyonèl

Enprime