Liv yo ak Leson yo
Chapit 36: Fanmi kapab etènèl


Chapit 36

Fanmi kapab etènèl

Imaj
A Korean couple standing in front of the Seoul Korea Temple. The father is holding their young daughter.

Enpòtans fanmi

  • Poukisa Papa nou ki nan Syèl la te voye nou sou tè a antanke manm nan yon fanmi?

“Maryaj ant yon gason ak yon fi se yon bagay Bondye òdone. … Fanmi se pwen santral nan plan Kreyatè a pou destine etènèl pitit li yo” (“Fanmi: yon pwoklamasyon pou mond lan,” Ensign, Nov. 1995, 102).

Lè Papa nou ki nan Syèl la te ini Adan ak Èv an maryaj, li te kòmande yo pou yo te fè pitit (gade Jenèz 1:28). Li te revele ke youn nan bi maryaj se pou founi kò mòtèl pou pitit lespri l yo. Paran yo se asosye Papa nou ki nan Syèl la. Li vle pou chak pitit lespri l yo resevwa yon kò fizik epi pou yo fè eksperyans viv sou tè a. Lè yon gason ak yon fi mennen timoun nan mond sa a, yo ede Papa nou ki nan Syèl la reyalize plan li a.

Nou dwe akeyi chak nouvo timoun nan fanmi nou avèk lajwa. Chak se yon pitit Bondye. Nou dwe pran tan pou jwi pitit nou yo, pou jwe avèk yo, pou anseye yo.

Prezidan David O. McKay te di: “Avèk tout kè mwen, mwen kwè ke fwaye a se meyè kote pou prepare pou … lavi etènèl” (“Blueprint for Family Living,” Improvement Era, Avr. 1963, 252). Nan fwaye nou, avèk fanmi nou, nou ka aprann metrize tèt nou, sakrifis, lwayote, ak valè travay. Nou ka aprann renmen, pataje, ak youn sèvi lòt.

Papa yo ak manman yo gen responsablite pou anseye pitit yo apwopo Papa nou ki nan Syèl la. Yo dwe montre pa legzanp ke yo renmen li paske yo respekte kòmandman l yo. Paran yo dwe anseye pitit yo pou yo priye ak obeyi kòmandman yo (gade Pwovèb 22:6).

  • Poukisa fwaye a se pi bon kote pou prepare pou lavi etènèl?

  • Kijan nou ka ede jèn yo nan Legliz la konprann sentete fanmi an ak alyans maryaj la?

Fanmi etènèl

Fanmi kapab ansanm pou tout tan. Pou resevwa benediksyon sa a nou dwe marye nan tanp. Lè moun yo pa marye nan tanp, maryaj la fini lè youn nan konjwen yo mouri. Lè nou marye nan tanp pa otorite Prètriz Mèlkisedèk la, nou marye pou letan ak pou letènite. Si nou respekte alyans nou fè avèk Senyè a, fanmi nou ap ini etènèlman antanke mari, madanm, ak pitit. Lanmò pa ka separe nou.

Relasyon familyal eman

  • Kijan nou ka devlope pi gwo amoni nan fwaye nou?

Mari ak madanm dwe plen atansyon ak jantiyès youn pou lòt. Yo pa dwe janm di oubyen fè anyen pou youn blese santiman lòt. Yo dwe toujou eseye fè tout sa ki posib pou youn fè lòt kontan.

Pandan ke paran yo ap vin konnen Bondye epi ap efòse pou vin menmjan avèk li, ya va anseye pitit yo pou youn renmen lòt. Nan Liv Mòmon an, Wa Benjamen eksplike:

“Nou p ap kite pitit nou yo … goumen, e pou youn fè lobo avèk lòt. …

“Men nou va anseye yo pou yo mache nan chemen verite ak sajès; anseye yo pou youn renmen lòt, epi pou youn sèvi lòt” (Mozya 4:14–15).

Antanke manm fanmi, nou youn ka ede lòt santi konfyans nan bay ankourajman ak felisitasyon sensè. Chak timoun dwe santi l enpòtan. Paran yo bezwen montre yo enterese nan sa timoun yo ap fè epi eksprime lanmou ak enterè pou pitit yo. Timoun yo dwe montre amou yo pou paran yo tou. Yo dwe obeyisan epi eseye viv kalite lavi ki ap pote onè pou paran yo ak pou non fanmi yo.

  • Kisa paran yo ka fè pou ankouraje pitit gason yo ak pitit fi yo rete bon zanmi youn ak lòt? Kisa frè ak sè kapab fè pou nouri amitye yo youn pou lòt?

  • Kisa mari ak madanm kapab fè pou youn ede lòt gen kè kontan?

Kijan pou gen yon fanmi ki reyisi

  • Kisa w ap fè pou ede fòtifye fanmi ou epi fè l reyisi?

Prezidan Harold B. Lee te anseye: “Pati ki pi enpòtan nan travay Senyè a ke n ap janm gen pou n akonpli se andedan mi lakay nou” (Enseignements des présidents de l’église: Harold B. Lee [2000], 134).

Satan konnen kijan fanmi yo enpòtan nan plan Papa nou ki nan Syèl la. Li deside pou detwi nou nan anpeche nou rapwoche bò kot Senyè a. L ap tante nou pou n fè kalite bagay ki ap separe fanmi nou.

Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo deklare: “Maryaj ak fanmi ki gen siksè yo tabli epi yo chita sou prensip lafwa, priyè, repantans, padon, respè, lanmou, konpasyon, travay, ak aktivite rekreyatif ki pwòp” (Ensign, Nov. 1995, 102).

Nou tout vle gen fanmi ki gen kè kontan epi ki reyisi. Bagay sa yo ap ede nou atenn bi sa a:

  1. Fè priyè familyal chak maten ak chak swa (gade 3 Nefi 18:21). Priye ansanm antanke mari ak madanm.

  2. Anseye timoun yo levanjil la chak semèn nan sware familyal.

  3. Etidye ekriti yo regilyèman an fanmi.

  4. Fè aktivite ansanm an fanmi, tankou pwojè travay pou n fè, sòti, ak pran desizyon.

  5. Aprann pou nou emab, pasyan, sipòtan, ak charitab (gade Moroni 7:45–48)

  6. Ale nan reyinyon legliz yo regilyèman (gade D&A 59:9–10).

  7. Suiv konsèy Senyè a ki nan D&A 88:119: “Òganize tèt nou; prepare tout bagay ki nesesè; epi etabli yon kay, men yon kay priyè, yon kay jèn, yon kay lafwa, yon kay pou aprann, yon kay laglwa, yon kay lòd; yon kay pou Bondye”

  8. Ekri yon istwa familyal, akonpli travay tanp ansanm, epi resevwa òdonans tanp yo.

Fanmi an se inite ki pi enpòtan nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Legliz la egziste pou ede fanmi yo jwenn lavi etènèl ak egzaltasyon. Òganizasyon ak pwogram yo andedan legliz la la pou fòtifye nou endividyèlman epi ede nou viv antanke fanmi pou tout tan.

  • Kisa fanmi kapab fè pou travèse moman difisil?

  • Ki prèv ou konn wè ki montre ke efò tankou priyè familyal, etid ekriti an fanmi, konsèy familyal, repa an fanmi, ak sware familyal fè yon diferans?

Ekriti adisyonèl ak lòt sous

  • Moyiz 2:27–28 (gason ak fi te kreye epi yo te beni)

  • Jenèz 2:24 (gason dwe atache ak madanm ni)

  • D&A 49:15–16 (se Bondye ki òdone maryaj)

  • Efezyen 6:4 (elve timoun yo nan lajistis)

  • D&A 132:15–21 (maryaj etènèl)

  • D&A 88:119–26 (enstriksyon pou yon fanmi reyisi)

  • D&A 93:40–50 (Senyè a kòmande paran yo pou elve pitit yo nan limyè ak verite)

  • “Fanmi: Yon pwoklamasyon pou mond lan” (disponib sou LDS.org ak nan plizyè piblikasyon Legliz la, enkli Ensign, Nov. 1995, paj 102; Pou fòs jèn yo: Ranpli devwa nou anvè Bondye [atik nimewo 36550], paj 44; ak Ankre nan lafwa: yon referans levanjil la [atik nimewo 36863], paj 59–61)

Enprime