Liv yo ak Leson yo
Chapit 33: Travay misyonè


Chapit 33

Travay misyonè

Imaj
The resurrected Jesus Christ standing with the apostles outside the city of Jerusalem. Christ is dressed in white robes and has His arms extended as He speaks to the eleven apostles. Christ is commanding the apostles to preach the gospel to all nations. The city Jerusalem is visible in the background.

Legliz Senyè a se yon Legliz misyonè

  • Nan ki fason travay misyonè fè pati plan Bondye pou pitit li yo?

Senyè a te revele plan levanjil la bay Adan: “Epi se konsa, levanjil la te kòmanse preche, nan kòmansman an” (Moyiz 5:58). Nan apre, yo te voye desandan jis Adan yo al preche levanjil la: “Yo … te rele lèzòm tout kote pou yo repanti; epi yo te anseye pitit lèzòm lafwa” (Moyiz 6:23).

Tout pwofèt yo sete misyonè. Chak, nan epòk pa yo, te resevwa kòmandman pou preche mesaj levanjil la. Kèlkeswa lè prèriz la te sou tè a, Senyè a te bezwen misyonè pou preche prensip levanjil etènèl la bay pitit li yo.

Legliz Senyè a te toujou yon legliz misyonè. Lè Sovè a t ap viv sou tè a, li te òdone Apot ak Swasanndis epi li te ba yo otorite ak responsablite pou preche levanjil la. Pifò nan predikasyon yo sete pou pwòp pèp yo a, Jwif yo (gade Matye 10:5–6). Lè Jezi te resisite, li te voye Apot yo al preche levanjil la kay Janti yo. Li te kòmande Apot yo: “Ale nan tout mond lan, epi preche levanjil mwen an bay tout kreyati” (Mak 16:15).

Apot Pòl sete yon gwo misyonè yo te voye kay Janti yo. Apre l te fin konvèti nan Legliz la, li te pase rès lavi li ap preche yo levanjil la. Plizyè fwa pandan misyon li yo te fwete li, lapide li, epi mete l nan prizon. Men li te kontinye preche levanjil la (gade Travay 23:10–12; 26).

Travay misyonè te rekòmanse ankò lè Legliz Senyè a te retabli pa lentèmedyè Pwofèt Joseph Smith la. Jodi a, Apot yo ak Swasanndis yo resevwa gwo responsablite pou preche levanjil la ak veye ke l preche nan tout mond lan. Senyè a te di Joseph Smith: “Pwoklame levanjil mwen an soti nan yon peyi al nan yon lòt, soti nan yon vil ale nan yon lòt. … Rann temwayaj nan chak kote, devan chak moun” (D&A 66:5, 7). An Jen 1830, Samuel Harrison Smith, frè Pwofèt la, te kòmanse premye vwayaj misyonè a pou Lelgiz la.

Depi epòk sa a, plis pase yon milyon misyonè te aple pou ale preche levanjil la. Mesaj yo te pote bay mond lan se Jezikri se Pitit Gason Bondye ak Sovè nou. Yo temwaye ke levanjil la te retabli sou tè a pa lentèmedyè yon pwofèt Bondye. Misyonè yo gen responsablite pou preche levanjil la bay tout moun, pou batize yo, epi anseye yo tout sa Senyè a kòmande pou yo fè (gade Matye 28:19–20). Misyonè Sen Dènye Jou yo peye pwòp kòb yo pou ale toupatou nan mond lan pou preche levanjil la.

Levanjil la ap preche nan tout mond lan

  • Ki fason diferan Senyè a prepare pou nou pou n pataje levanjil la?

Nan revelasyon modèn yo yo di nou ke nou dwe pote levanjil retabli a bay chak nasyon ak chak pèp (gade D&A 133:37). Senyè a pa janm ba nou yon kòmandman san l pa prepare yon mwayen pou nou akonpli li (gade 1 Nefi 3:7). Senyè a prepare mwayen pou nou kapab anseye levanjil la nan nasyon ki yon fwa te entèdi pou nou. Si nou kontinye priye ak egzèse lafwa, Senyè a ap louvri pòt lòt nasyon pou travay misyonè.

Epitou, Senyè a “enspire lespri anpil gwo moun pou kreye envansyon ki fè travay Senyè a avanse nan fason mond sa a pa t janm te konnen” (Russell M. Nelson, nan “Computerized Scriptures Now Available,” Ensign, Avr. 1988, 73). Jounal, revi, televizyon, radyo, satelit, konpitè, entènèt, ak teknoliji anrapò avèk yo ede pote mesaj levanjil la bay dè milyon moun. Nou menm ki gen plenitid levanjil la, bezwen itilize envansyon sa yo pou akonpli kòmandman Senyè a: “Paske, an verite, son son an dwe soti nan kote sa a pou ale nan tout mond lan, epi pou ale nan kote ki pi kache sou tè a—levanjil la dwe preche bay chak [moun]” (D&A 58:64).

  • Nan ki fason ou wè teknoloji itilize efikasman pou pataje levanjil la?

Travay misyonè a enpòtan

  • Poukisa li enpòtan pou chak moun tande ak konprann levanjil la?

“Sa se premye devwa nou antanke yon Legliz—pou sove ak egzalte nanm pitit lèzòm yo” (Ezra Taft Benson, nan Conference Report, Avr. 1974, 151; or Ensign, Me 1974, 104). Travay misyonè a nesesè pou bay tout moun nan mond lan yon opòtinite pou tande ak aksepte levanjil la. Yo bezwen aprann laverite, tounen vè Bondye, epi resevwa padon pou peche yo.

Anpil nan frè ak sè nou yo isit la avegle pa fo ansèyman epi “yo pa konnen verite a paske yo pa konnen ki kote pou yo jwenn ni” (D&A 123:12). Atravè travay misyonè a nou kapab pote verite a ba yo.

Senyè a kòmande: “Travay nan jaden m nan pou yon dènye fwa—pou yon dènye fwa, rele abitan yo ki sou tè a” (D&A 43:28). Lè nou anseye frè n ak sè n yo levanjil la, nou prepare chemen pou Dezyèm Vini Sovè a (gade D&CA 34:6).

Nou tout ta dwe misyonè

  • Nan ki fason nou kapab aktivman chèche opòtinite pou pataje levanjil la avèk lòt moun? Nan ki fason nou ka prepare tèt nou pou kalite opòtinite sa yo?

Chak manm legliz la se yon misyonè. Nou ta dwe misyonè menmsi nou pa ofisyèlman aple epi mete apa pou sa. Nou gen responsablite pou anseye levanjil la an pawòl ak an aksyon pou tout pitit Papa nou yo ki nan syèl la. Senyè a te di nou: “Se pou chak moun ki te resevwa avètisman avèti pwochen li” (D&A 88:81). Yon pwofèt te di nou ke nou dwe montre vwazen nou ke nou renmen yo anvan nou avèti yo (gade Enseignements des présidents de l’église: Spencer W. Kimball [2006], 262). Yo bezwen konnen amitye nou ak solidarite nou.

Pitit gason Mozya yo te aksepte responsablite pou yo preche levanjil la ak tout kè yo. Lè yo te konvèti nan legliz la, kè yo te ranpli ak konpasyon pou pwochen yo. Yo te vle anseye enmi yo, Lamanit yo, levanjil la, “paske yo pa t ka sipòte pou nanm okenn moun ta peri; wi, nmenm sèlman imajine yon nanm ta kapab soufri touman etènèl, sa te souke yo, sa te fè yo tranble” (Mozya 28:3). Lè levanjil la ranpli lavi nou avèk lajwa, n ap santi kalite amou ak konpasyon sa a pou frè nou ak sè nou yo. N ap anvi pataje mesaj levanjil la avèk tout moun ki anvi koute li.

Gen plizyè fason nou ka pataje levanjil la. Men kèk sigjesyon:

  1. Nou ka montre zanmi nou ak lòt moun lajwa nou santi nan viv verite levanjil yo. Nan fason sa a, n ap tounen yon limyè pou mond lan (gade Matye 5:16).

  2. Nou ka simonte timidite natirèl nou pou nou rete amikal avèk lòt moun epi pou nou fè jès amitye anvè yo. Nou ka ede yo wè ke nou sensèman enterese nan yo epi nou p ap chèche avantaj pèsonèl.

  3. Nou ka eksplike levanjil la pou zanmi nou ak lòt moun ki pa manm.

  4. Nou ka envite zanmi ki enterese nan aprann plis sou levanjil la lakay nou pou misyonè yo ka anseye yo. Si zanmi nou yo ki pa manm yo ap viv twò lwen, nou ka mande misyonè ki nan zòn kote yo rete a pou al vizite yo.

  5. Nou ka anseye pitit nou enpòtans pataje levanjil la, epi nou ka prepare yo espirityèlman ak finansyèman pou yo ale nan misyon. Nou ka prepare tèt nou pou sèvi misyon aplentan tou lè nou granmoun.

  6. Nou ka peye dim nou epi kontribye nan fon misyonè a. Don sa yo itilize pou fè travay misyonè a avanse.

  7. Nou ka kontribye nan fon misyonè pawas la, branch lan, oswa fon misyonè jeneral la pou bay sipò pou misyonè fanmi yo pa kapab peye misyon pou yo.

  8. Nou ka fè rechèch jeneyalojik ak travay tanp pou ede zansèt nou yo resevwa tout benediksyon levanjil yo.

  9. Nou ka envite moun ki pa manm nan aktivite tankou sware familyal ak aktivite rekreyatif, konferans, ak reyinyon legliz la.

  10. Nou ka bay moun revi legliz la genyen yo. Nou ka pataje mesaj levanjil yo nan itilize bagay ki disponib nan sit ofisyèl legliz yo sou entènèt la tou LDS.org ak Mormon.org.

Papa nou ki nan Syèl la ap ede nou vin misyonè efikas lè nou gen dezi pou pataje levanjil la ak priye pou gidans. L ap ede nou jwenn fason pou pataje levanjil la avèk moun ki bò kote nou.

  • Panse sou moun nou ka pataje levanjil la avèk yo. Deside kijan ou pral fè sa. Panse pou fikse yon bi pou pataje levanjil la avèk moun sa yo nan yon dat byen detèmine.

Senyè a pwomèt nou benediksyon lè nou fè travay misyonè

Senyè a te di Pwofèt Joseph Smith ke misyonè yo t ap resevwa gwo benediksyon. Pandan l t ap pale avèk ansyen yo ki te retounen soti nan misyon yo, Senyè a te di: “Nou beni, paske temwayaj nou te rann nan anrejistre pou zanj yo wè yo; epi yo rejwi poutèt nou” (D&A 62:3). Li te di tou ke moun ki travay pou sali lòt moun yo peche yo ap padone epi y ap pote sali pou nanm yo (gade D&A 4:4; 31:5; 84:61).

Senyè a di nou:

“Epi si ou travay pandan tou vi ou pou ou kriye repantans nan mitan pèp sa a, epi ou sèlman mennen yon sèl nanm ban mwen, ala lajwa w ap anpil avèk li nan wayòm Papa m nan!

“Epi kounyeya, si lajwa w ap anpil avèk yon sèl nanm ou pote ban mwen nan wayòm Papa m nan, ala lajwa w ap anpil si ou ta mennen plis nanm ban mwen!” (D&A 18:15–16).

  • Kilè ou te fè eksperyans lajwa ki genyen nan travay misyonè?

Ekriti adisyonèl

Enprime