Liv yo ak Leson yo
Chapit 40: Travay tanp ak istwa familyal (jeneyaloji)


Chapit 40

Travay tanp ak istwa familyal

Imaj
The east spires of the Salt Lake Temple with the Angel Moroni and clouds in the sky.

Papa nou ki nan Syèl la vle pitit li retounen al jwenn ni

Ekspyasyon Jezikri a asire nou chak ke n ap resisite epi n ap viv pou tout tan. Men si nou dwe viv pou tout tan avèk fanmi nou nan prezans Papa nou ki nan Syèl la, nou dwe fè tout sa Sovè a kòmande nou pou nou fè. Sa enkli batize ak konfime ak resevwa òdonans tanp yo.

Antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou chak te batize epi konfime pa yon moun ki gen otorite prètriz la. Nou chak dwe ale nan tanp pou resevwa òdonans sali prètriz yo yo akonpli nan kote sa a. Men anpil pitit Bondye pa t gen menm opòtinite sa yo. Yo te viv nan yon epòk oswa yon kote levanjil la pa t ko disponib pou yo.

Papa nou ki nan Syèl la vle tout pitit li yo retounen al viv avèk li. Pou moun ki te mouri san batèm oswa òdonans tanp yo, li bay yon mwayen pou sa ka fèt. Li mande nou pou akonpli òdonans pou zansèt nou yo nan tanp yo.

Tanp Senyè a

  • Poukisa tanp enpòtan nan lavi nou?

Tanp Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se bilding espesyal ki dedikase pou Senyè a. Manm Legliz ki diy yo kapab ale nan kote sa yo pou resevwa òdonans ak fè alyans avèk Bondye. Menmjan ak batèm, òdonans ak alyans sa yo nesesè pou sali nou. Yo dwe akonpli nan tanp Senyè yo.

Nou ale nan tanp pou n aprann plis osijè Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason l lan, Jezikri tou. Nou akeri yon pi bon konpreyansyon sou bi nou nan lavi a ak sou relasyon nou avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Yo anseye nou sou egzistans premòtèl nou, sou sans lavi terès la, ak sou lavi apre lanmò.

Òdonans tanp yo sele fanmi yo ansanm pou tout tan

  • Kisa sele vle di?

Tout òdonans tanp yo akonpli pa pouvwa Prètriz la. Atravè pouvwa sa a, òdonans ki akonpli sou tè a sele, oubyen liye nan syèl la. Sovè a te anseye Apot li yo: “Kèlkeswa sa nou sele sou tè a ap sele nan syèl la” (Matye 16:19; gade tou D&A 132:7).

Se sèl nan tanp nou kapab sele ansanm an fanmi pou tout tan. Maryaj nan tanp lan ini yon gason ak yon fi kòm mari ak madanm etènèlman si yo onore alyans yo. Batèm ak tout lòt òdonans yo prepare nou pou evenman sakre sa a.

Lè yon gason ak yon fi marye nan tanp, pitit ki fèt apre sa yo vin fè pati fanmi etènèl yo tou. Koup ki marye sivil yo kapab resevwa benediksyon sa yo kote y ap prepare tèt yo ak pitit yo pou ale nan tanp pou sele youn ak lòt. Paran ki adopte timoun legalman yo gen dwa sele timoun sa yo avèk yo.

  • Kisa yon koup dwe fè pou rann pouvwa sèlman an efikas nan maryaj yo?

Zansèt nou yo bezwen èd nou

  • Ki responsablite nou genyen anvè zansèt nou yo ki deja mouri san yo pa t resevwa òdonans prètriz yo?

Mario Cannamela te marye avèk Maria Vitta an 1882. Yo te viv nan vil Tripani, an Itali, kote yo te elve yon fanmi epi yo te pase plizyè ane mèveye ansanm. Mario ak Maria pa t tande mesaj levanjil retabli Jezikri a pandan lavi yo. Yo pa t batize. Yo pa t gen opòtinite pou ale nan tanp pou sele ansanm antanke yon fanmi etènèl. Lè yo te mouri, maryaj yo a te fini.

Plis pase yon syèk apre, yon gwo reyinyon te fèt. Desandan Mario ak Maria yo te ale nan Tanp Los Angeles la, kote yon pitit pitit gason li ak madanm ni te mete ajenou sou yon lotèl epi te sèvi pa pwokirasyon pou sèlman Mario ak Maria. Dlo te ranpli je yo pandan yo t ap patisipe nan lajwa Mario ak Maria.

Anpil nan zansèt nou yo pami moun ki te mouri san yo pa t tande levanjil la pandan yo te sou tè a. Kounyeya y ap viv nan mond lespri a (gade chapit 41 nan liv sa a). Yo anseye yo levanjil Jezikri a. Sa ki aksepte levanjil yo ap tann pou yo akonpli òdonans tanp yo pou yo. Lè n ap akonpli òdonans sa yo nan tanp pou zansèt nou yo, nou ka pataje lajwa yo.

  • Nan ki fason doktrin sali pou mò yo montre jistis, konpasyon, ak mizèrikòd Bondye?

  • Ki eksperyans ou te fè nan fè travay tanp pou zansèt ou yo?

Istwa familyal—Kijan pou nou kòmanse ede zansèt nou yo

  • Ki etap debaz ki genyen nan fè travay jeneyaloji?

Yo ankouraje Sen Dènye Jou yo pou yo patisipe nan aktivite istwa familyal. Atravè aktivite sa yo nou aprann sou zansèt nou yo pou nou kapab akonpli òdonans pou yo. Istwa familyal gen twa etap debaz:

  1. Idantifye zansèt nou yo.

  2. Chèche ki zansèt nou bezwen akonpli òdonans pou yo nan tanp.

  3. Asire nou ke òdonans yo akonpli pou yo.

Pifò pawas ak branch gen konsiltan istwa familyal (jeneyaloji) ki ka reponn kesyon yo epi dirije nou nan resous nou bezwen yo. Si yon pawas oubyen yon branch pa gen konsiltan jeneyaloji, evèk la oswa prezidan branch lan kapab bay direksyon.

Idantifye zansèt nou yo

Pou akonpli òdonans tanp pou zansèt nou yo, nou bezwen konnen non yo. Anpil bèl resous disponib jodi a pou ede nou idantifye non zansèt nou yo.

Yon bon fason pou kòmanse rasanble enfòmasyon sou zansèt nou yo se chèche sa nou genyen nan pwòp lakay nou. Nou gen dwa gen batistè, ak maryaj, oubyen sètifika desè. Nou ka jwenn Bib fanmi an, istwa familyal yo, istwa lanmò yo, oubyen jounal yo. Epitou, nou ka mande fanmi nou ki enfòmasyon yo genyen. Lè nou fin rasanble enfòmasyon ki lakay nou yo ak sa nou pran nan men zansèt nou yo, nou ka fouye lòt resous, tankou FamilySearch.org. Nou ka vizite youn nan sant jeneyaliji legliz yo tou nan kote nou abite a.

Kantite sa nou aprann ap depann sou ki enfòmasyon ki disponib pou nou. Nou gen dwa gen yon ti kras enfòmasyon sèlman sou fanmi an epi nou pa kapab fè anyen anplis pase idantifye paran nou ak gran paran nou yo. Si nou deja gen yon gwo koleksyon rejis familyal, nou ka gen posiblite idantifye zansèt nou yo rive sou plizyè jenerasyon.

Nou gen dwa kenbe enfòmasyon nou rasanble yo sou rejis gwoup fanmi an ak fich jeneyalojik yo.

Chèche ki zansèt nou bezwen fè òdonans tanp pou yo

Òdonans tanp te konn akonpli pou mò yo depi nan premye jou legliz la. Pa konsekan, gen kèk òdonans ki gen dwa deja fèt pou zansèt nou yo. Pou nou jwenn ki zansèt ki bezwen òdonans tanp, nou ka gade nan de kote. Pwòp rejis familyal nou gen dwa gen enfòmasyon sou sa k te fèt. Si non, Legliz la gen yon rejis tout òdonans ki te fèt nan tanp yo. Konsiltan jeneyaloji pawas ou oswa branch ou kapab ede ou nan travay sa a.

Asire ou ke òdonans yo akonpli

Anpil nan zansèt nou yo nan mond lespri a kapab ap tann pou yo resevwa òdonans tanp yo. Osito ke nou idantifye zansèt sa yo, nou dwe fè aranjman pou travay sa a fèt pou yo.

Youn nan benediksyon travay jeneyaloji vini nan ale nan tanp pou akonpli òdonans pa pwokirasyon pou zansèt nou yo. Nou dwe prepare tèt nou pou n resevwa yon rekòmandasyon pou tanp pou nou kapab, lè sa posib, fè travay sa a. Si pitit nou yo gen laj 12 an oswa plis, yo ka pataje benediksyon sa yo kote y ap batize ak konfime pou zansèt yo.

Si l pa posib pou nou ale nan tanp pou patisipe nan òdonans yo, tanp lan ap fè aranjman pou fè òdonans yo akonpli pa lòt manm Legliz la.

  • Nan ki fason Senyè a te ede ou menm oswa manm fanmi ou jwenn enfòmasyon sou zansèt ou yo?

Opòtinite adisyonèl pou istwa familyal

  • Ki fason senp pou yon moun ki gen anpil lòt responsablite patisipe nan travay istwa familyal?

Anplis bay fè òdonans tanp pou zansèt nou konnen yo, nou kapab ede espri ki nan mond lespri sa yo nan plizyè lòt fason. Nou dwe chèche gidans Lespri a pandan na p panse ak sa pou nou fè, nan yon espri lapriyè. Depandan de sitiyasyon nou, nou ka fè bagay sa yo:

  1. Ale nan tanp osi souvan sa posib. Lè nou fin ale nan tanp pou tèt pa nou, nou ka akonpli òdonans sali pou lòt moun k ap tann nan mond lespri yo.

  2. Fè rechèch pou idantifye zansèt ki pi difisil pou jwenn yo. Konsiltan jeneyaloji a kapab gide nou al nan resous ki itil.

  3. Ede avèk pwogram endèks legliz la atravè pwogram sa a, manm yo prepare enfòmasyon jeneyalojik pou itilize nan pwogram istwa familyal sou konpitè Legliz la. Pwogram sa yo rann pi fasil pou nou idantifye zansèt nou yo.

  4. Kontribye nan enfòmasyon istwa familyal pou pwogram konpitè Legliz la genyen pou istwa familyal la. Pwogram sa yo gen jeneyaloji ki se kontribisyon moun toupatou nan mond lan. Yo pèmèt moun pataje enfòmasyon familyal yo. Konsiltan istwa familyal la kapab bay enfòmasyon sou pwogram konpitè Legliz yo.

  5. Patisipe nan òganizasyon familyal. Nou ka akonpli plis pou zansèt nou yo si nou travay ansanm avèk lòt manm fanmi.

  • Panse sou sa ou kapab fè pou ogmante patisipasyon ou nan travay tanp ak jeneyaloji.

Ekriti adisyonèl

Enprime