Liv yo ak Leson yo
Chapit 17: Legliz Jezikri a jodi a


Chapit 17

Legliz Jezikri a jodi a

Imaj
Painting of a young boy kneeling looking up at a grove of trees. At the center of the painting is a young boy (age 14) kneeling. His hands are resting on his thighs and he looks up at a light source above his head. The boy wears grey trousers (with suspenders) and grey vest and an off-white shirt. The shirt has a collar and two button placket at the front and the sleeves are rolled. The young boy had blond hair that is slightly rumpled. The background his a grove of trees, almost all with no leaves. There are some low saplings immediately behind the boy. The foreground has rocks, twings and small plants sprouting. "Walter Rane 04" appears in the lower right corner in red.

Legliz Jezikri a te soti sou tè a

  • Poukisa yo te retire Legliz Jezikri a sou tè a yon ti tan apre lanmò Sovè a ak Rezirèksyon an?

Lè Jezi t ap viv sou tè a, li te etabli legliz li a, sèl vrè Legliz la. Li te òganize Legliz li a pou yo te ka anseye tout moun verite levanjil yo ak pou òdonans levanjil yo te ka administre avèk otorite. Pa mwayen òganizasyon sa a, Kris la te ka pote benediksyon Sali yo bay tout limanite.

Lè Sovè a te monte nan syèl la, lèzòm te chanje òdonans yo ak doktrin yo li menm ak Apot li yo te etabli yo. Poutèt apostazi, Bondye pa t bay revelasyon dirèk ankò. Vrè Legliz la pa t sou tè a ankò. Lèzòm te òganize diferan legliz ki te pretann ke yo te vrè men ki te anseye doktrin ki te an kontradiksyon. Te gen anpil konfizyon ak kontansyon pou relijyon. Senyè a te prevwa sitiyasyon apostazi sa yo, li te di ta pral gen “yon grangou sou peyi a, se pa grangou pen, ni swaf pou dlo, men grangou ak swaf pou tande pawòl Senyè a. … Moun va … chèche pawòl Senyè a, men yo pa p jwenn ni” (Amòs 8:11–12).

Senyè a te pwomèt pou l retabli vrè Legliz li a

  • Ki kèk kondisyon ki te gen nan mond lan ki te prepare wout pou Retablisman levanjil la?

Sovè a te pwomèt pou retabli legliz li a nan dènye jou yo. Li te di: “Mwen pral fè yon lòt seri mèvèy ak mirak devan je yo” (Ezayi 29:14).

Pandan plizyè ane moun yo te viv nan tenèb espirityèl. Apeprè 1.700 ane apre Kris la, moun yo te vin plis an plis enterese pou konnen laverite osijè Bondye ak relijyon. Kèk nan yo te vin pa wè ke levanjil Jezikri te anseye a pa t sou tè a ankò. Genyen ki te rekonèt ke pa t gen revelasyon ni vrè otorite epi legliz Kris la te òganize a pa t egziste ankò sou tè a. Tan an te rive pou Legliz Jezikri a te retabli sou tè a.

  • Nan ki fason Retablisman plenitid levanjil la se yon “travay mèveye”?

Nouvo revelasyon nan men Bondye

  • Lè Joseph Smith te resevwa Premye Vizyon l lan, kisa li te aprann osijè Bondye?

Nan prentan 1820, youn nan evenman pi enpòtan nan istwa mond lan te rive. Moman pou te fè travay mèveye a Senyè a te pale a te rive. Yon jèn tigason, Joseph Smith, te anvi konnen kiyès nan tout legliz yo ki te vrè Legliz Jezikri a. Li te ale nan yon boskè tou pre lakay li epi li te priye Papa li ki nan Syèl la enbleman ak sensèman, pou te mande li nan ki legliz pou l te antre. Jou maten sa a yon bagay mirakile te rive. Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri te parèt devan Joseph Smith. Sovè a te di li pou l pa t antre nan okenn legliz paske vrè legliz la pa t sou tè a. Li te di tou ke kwayans legliz aktyèl yo sete “yon abominasyon devan l” (Joseph Smith—Istwa 1:19; gade tou vèsè 7–18, 20). Apati evenman sa a, te gen revelasyon dirèk ki te soti nan syèl yo ankò. Senyè a te chwazi yon nouvo pwofèt. Depi lè sa a syèl yo pa t fèmen ankò. Revelasyon kontinye jiska jodi a pa lentèmedyè chak nan pwofèt li chwazi yo. Joseph sete moun ki te ede retabli vrè levanjil Jezikri a.

  • Poukisa Premye Vizyon an sete youn nan evenman pi enpòtan nan istwa mond lan?

Otorite Bondye te retabli

  • Poukisa retablisman Prètriz Aawon ak Mèlkisedèk la te nesesè?

Lè l te retabli levanjil la, Bondye te bay gason yo prètriz la ankò. Jan Batis te vini an 1829 pou l te bay Joseph Smith ak Oliver Cowdery Prètriz Aawon an (gade D&A 13; 27:8). Apresa, Pyè, Jak, ak Jan, prezidans legliz la nan ansyen tan an, te vini epi yo te bay Joseph ak Oliver Prètriz Mèlkisedèk la ak kle wayòm Bondye yo (gade D&A 27:12–13). Nan apre, gen lòt kle prètriz ki te retabli pa mesaje selès tankou Moyiz, Elyas, Eli (gade D&A 110:11–16). Atravè Retablisman an, prètriz la te retounen sou tè a ankò. Moun ki gen kle prètriz sa yo jodi a gen otorite pou akonpli òdonans tankou batèm. Yo gen otorite pou dirije wayòm Senyè a sou tè a tou.

Legliz Kris la te òganize ankò

  • Ki evenman ki te mennen nan òganizasyon Legliz la sou tè a ankò?

Jou 6 Avril 1830 la, Sovè a te dirije òganizasyon Legliz li a ankò sou tè a (gade D&A 20:1). Legliz li a rele Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo (gade D&A 115:4). Kris alatèt legliz li a jodi a, menmjan l te alatèt li nan ansyen tan yo. Senyè a di ke li se “sèl legliz vrè epi vivan ki sou tout sifas tè a, legliz sa a ki fè mwen menm Senyè a plezi” (D&A 1:30)

Joseph Smith te soutni kòm pwofèt ak “premye ansyen” Legliz la (gade D&A 20:2–4). Nan apre Premye Prezidans lan te òganize, epi li te soutni kòm Prezidan. Lè Legliz la te òganize premye fwa a, sèlman estrikti yo ki te anplas. Òganizasyon an te devlope amezi legliz la te kontinye ap grandi.

Legliz la te òganize avèk menm ofis ki te la yo nan ansyen Legliz la. Òganizasyon sa a te genyen apot, pwofèt, swasanndis, evanjelis (patriyach), pastè (ofisye k ap dirije), gran prèt, ansyen, evèk, enstriktè, ak dyak. Menm ofis sa yo egziste nan legliz li a jodi a (gade Atik lafwa 1:6).

Yon pwofèt, k ap aji sou direksyon Senyè a, dirije legliz la. Pwofèt sa a se Prezidan Legliz la tou. Li gen tout otorite nesesè pou dirije travay Senyè a sou tè a (gade D&A 107:65, 91). De konseye asiste Prezidan an. Douz Apot yo, ki se temwen espesyal Jezikri, anseye levanjil la epi regle zafè Legliz yo nan tout pati nan mond lan. Lòt ofisye jeneral Legliz yo ki gen tach espesyal yo, tankou Episkopa Prezidan an ak Kolèj Swasanndis yo, sèvi sou direksyon Premye Prezidans lan ak Douz yo.

Ofis nan Prètriz la se apot, swasanndis, patriyach, gran prèt, evèk, ansyen, prèt, enstriktè, ak dyak. Sa yo se menm ofis ki te egziste nan legliz primitif la.

Legliz la grandi vin pi plis pase jan l te ye nan epòk Jezi a. Akoz l ap grandi a, Senyè a revele lòt inite òganizasyon andedan legliz la. Lè legliz la totalman òganize nan yon zòn, li gen divizyon yo rele pye. Yon prezidan pye ak de konseye li prezide sou chak pye. Pye a gen 12 manm gran konsèy ki ede fè travay Senyè a nan pye a. Yo òganize kolèj Prètriz Mèlkisedèk yo nan yon pye sou direksyon prezidan pye a (gade chapit 14 nan liv sa a). Chak pye divize an inite pi piti yo rele pawas. Yon evèk ak de konseye prezide sou chak pawas.

Nan rejyon nan mond lan kote legliz la ap devlope, gen distri, ki menmjan ak pye. Distri yo divize an inite pi piti yo rele branch, ki menmjan ak pawas.

Verite enpòtan yo te retabli

  • Ki verite enpòtan ki retounen avèk Retablisman legliz la?

Jodia legliz la anseye menm prensip yo e li akonpli menm òdonans yo jan yo te akonpli nan epòk Jezi a. Premye prensip ak òdonans levanjil yo se lafwa nan Senyè Jezikri, repantans, batèm pa imèsyon, ak enpozisyon men pou don Sentespri a (gade Atik Lafwa 1:4). Verite presye sa yo te retounen nan totalite yo lè legliz la te retabli.

Pa don ak pouvwa Bondye, Joseph Smith te tradui Liv Mòmon an, ki gen verite senp epi presye levanjil yo. Anpil lòt revelasyon te suiv e yo ekri kòm ekriti nan Doktrin ak Alyans yo ak Pèl Gran Pri a (gade chapit 10 nan liv sa a).

Lòt verite enpòtan Senyè a te retabli yo gen ladan yo:

  1. Papa nou ki nan syèl la se yon moun reyèl ki gen yon kò lachè ak zo reyèl epi pafè, ni Jezikri tou. Sentespri a se yon pèsonaj espri.

  2. Nou te egziste nan lavi premòtèl la antanke pitit Bondye.

  3. Prètriz la nesesè pou administre òdonans levanjil yo.

  4. Nou pral resevwa pinisyon pou pwòp peche pa nou men pa pou transgresyon Adan an.

  5. Timoun yo pa bezwen batize anvan yo gen laj responsablite (uitan).

  6. Gen twa wayòm glwa nan syèl la, epi pa lagras Senyè Jezikri, lèzòm apral rekonpanse selon zèv yo sou tè a ak selon dezi kè yo.

  7. Relasyon familyal kapab etènèl gras ak pouvwa sèlman Prètriz la.

  8. Nou bezwen òdonans ak alyans pou nou ka jwenn sali e yo disponib pou ni vivan ni mò yo.

  • Èske verite sa yo te enfliyanse ou menm ak lòt moun?

Legliz Jezikri a p ap janm detwi ankò

  • Ki misyon Legliz la?

Depi retablisman li an 1830 la, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo grandi rapidman nan kantite manm. Gen manm nan prèske chak peyi nan mond lan. Legliz la ap kontinye grandi. Jan Kris la te di a: “Levanjil sa a ki nan wayòm sa a pral preche nan tout mond lan, kòm yon temwayaj pou tout nasyon” (Joseph Smith—Matye 1:31). Legliz la pap janm soti sou tè a ankò. Misyon li se pote verite a bay tout moun. Sa gen dè milye ane, Senyè a te di ke l t apral “mete yon wayòm, ki pap janm detwi; e wayòm nan pap pase sou dominasyon lòt moun, … e l ap kanpe la pou tout tan” (Danyèl 2:44).

  • Èske w te ede nan travay wayòm Bondye a? Kisa w ka fè pou kontinye travay sa a?

Ekriti adisyonèl

Enprime