Liv yo ak Leson yo
Chapit 43: Siy Dezyèm Vini yo


Chapit 43

Siy Dezyèm Vini yo

Imaj
The resurrected Jesus Christ (wearing white robes with a magenta sash) standing above a large gathering of clouds. Christ has His arms partially extended. The wounds in the hands of Christ are visible. Numerous angels (each blowing a trumpet) are gathered on both sides of Christ. A desert landscape is visible below the clouds. The painting depicts the Second coming of Christ. (Acts 1:11)

Jezikri ap retounen sou tè a

  • Ki kèk nan siy Dezyèm Vini yo?

Sovè a te di Joseph Smith, “M pral revele tèt mwen depi nan syèl la avèk pouvwa epi gwo laglwa, avèk tout lame syèl yo, pou m rete nan lajistis avèk lèzòm sou tè a pandan mil ane, epi mechan yo p ap kapab kanpe” (D&A 29:11; gade chapit 44 ak 45 nan liv sa a tou Jezi di nou ke gen kèk siy ak evenman ka pral avèti nou lè moman Dezyèm Vini an pwòch.

Pandan dè milye ane, disip Jezikri yo t ap tann dezyèm vini an kòm yon peryòd lapè ak lajwa. Men anvan Sovè a vini, moun sou tè a ap gen pou sibi gwo eprèv ak kalamite. Papa nou ki nan Syèl la vle nou prepare pou twoub sa yo. Li vle pou nou prepare espirityèlman tou lè Sovè a ap vini nan glwa li a. Se poutèt sa, li ba nou siy, ki se evenman ki pral di nou lè Dezyèm Vini Sovè a pwòch. Atravè tout syèk yo, Bondye te revele siy sa yo bay pwofèt li yo. Li te di ke disip fidèl Kris yo ap rekonèt siy yo epi y ap veye lè y ap fèt (gade D&A 45:39). Si nou obeyisan epi fidèl, n ap etidye ekriti yo epi n ap konnen siy yo.

Anpil nan siy ki anonse Dezyèm Vini Jezikri yo deja la oubyen y ap akonpli kounyeya. Gen lòt ki gen pou akonpli nan lefiti.

Mechanste, lagè ak twoub

Anpil nan siy yo terifyan ak redoutab. Pwofèt yo avèti ke tè a pral sibi gwo twoub, mechanste, lagè ak soufrans. Pwofèt Danyèl te di ke tan anvan Dezyèm Vini an se pral yon tan detrès ke tè a pa t janm konnen (gade Danyèl 12:1). Senyè a te di: “Epi lanmou lèzòm pral refwadi, epi inikite pral fè mikalaw” (D&A 45:27). “Epi tout bagay pral toumante; epi … lakrent pral anvayi tout moun” (D&A 88:91). Nou ka atann tranblemandtè, maladi, grangou, gwo tanpèt, ak zeklè, ak loraj (gade Matye 24:7; D&A 88:90). Tanpèt lagrèl pral detwi rekòt latè yo (gade D&A 29:16).

Jezi te di disip li yo ke lagè pral ranpli tè a : “Nou pral tande lagè ak bri lagè. … Paske nasyon pral leve kont nasyon, epi wayòm kont wayòm” (Matye 24:6–7). Pwofèt Joseph Smith te di: “Pa dekouraje lè yo pale nou de tan detrès, paske yo dwe vini, paske epe, grangou, ak pestilans lan ap apwoche. Pral gen gwo destriksyon sou fas tè a, paske ou pa dwe panse ke pwofesi tout pwofèt sen yo ap p ap akonpli, epi gen anpil ki rete pou akonpli toujou” (Teachings of Présidents of the Church: Joseph Smith [2007], 252).

Anpil nan siy sa yo deja akonpli. Mechanste toupatou. Nasyon yo toujou nan lagè. Tranblemandtè ak lòt kalamite ap rive. Anpil moun ap soufri gwo tanpèt, sechrès, grangou, ak maladi devastan kounyeya. Nou mèt sèten ke kalamite sa yo ap vin pi plis anvan Senyè a vini.

Sepandan, se pa tout evenman ki presede Dezyèm Vini yo ki redoutab. Anpil nan yo pote lajwa pou mond lan.

Retablisman levanjil la

Senyè a te di: “Limyè pral jayi pami moun ki chita nan tenèb yo, epi se va plenitid levanjil mwen an” (D&A 45:28). Ansyen pwofèt yo te predi Retablisman levanjil la. Apot Jan te wè ke levanjil la t ap retabli pa yon zanj (gade Revelasyon 14:6–7). Pou akonpli pwofesi sa a, zanj Mowoni ak lòt vizitè selès te pote levanjil Jezikri a bay Joseph Smith.

Aparisyon Liv Mòmon an

Senyè a te di Nefit yo yon lòt siy tou: desandan yo t ap gen pou resevwa Liv Mòmon an (gade 3 Nefi 21). Nan epòk Ansyen Testaman an Pwofèt Ezayi ak Ezekyèl te predi aparisyon Liv Mòmon an (gade Ezayi 29:4–18; Ezekyèl 37:16–20). Pwofesi sa yo ap akonpli kounyeya. Liv Mòmon an parèt epi l ap mache al nan tout mond lan.

Levanjil la preche nan tout mond lan

Yon lòt siy dènye jou ankò sèke “levanjil wayòm nan pral preche nan tout mond lan pou l sèvi kòm temwayaj pou tout nasyon” (Matye 24:14; gade tou Joseph Smith—Matye 1:31). Tout moun ap gen pou tande plenitid levanjil la nan pwòp lang yo (gade D&A 90:11). Depi Retablisman Legliz la, misyonè yo ap mache preche levanjil la. Travay misyonè a ogmante kounyeya rive jodi a a dè milye misyonè k ap preche nan plizyè peyi nan mond lan nan plizyè lang. Anvan Dezyèm Vini an ak pandan Milenyòm nan, Senyè a ap bay mwayen pou pote levanjil la bay tout nasyon.

Vini Eli a

Pwofèt Malachi te pwofetize ke anvan Dezyèm Vini Sovè a, yo t ap voye pwofèt Eli sou tè a. Eli t ap gen pou retabli pouvwa sèlman yo pou fanmi yo te kapab sele ansanm. Li t ap gen pou enspire moun yo pou yo enterese ak zansèt yo ansanm avèk desandan yo. (See Malachi 4:5–6; D&A 2.) Pwofèt Eli te parèt devan Joseph Smith an Avril 1836. Depi moman sa a, enterè nan jeneyaloji ak istwa familyal ogmante. Nou kapab akonpli òdonans sali nan tanp pou vivan yo ak mò yo tou.

Desandan Leyi yo t ap vin yon gwo pèp

Senyè a te di ke lè vini l lan pwòch, Lamanit yo t ap vin yon pèp dwat epi jis. Li te di: “Anvan gran jou Senyè a vini, … Lamanit yo pral fleri tankou yon flè woz” (D&A 49:24). Anpil desandan Leyi ap resevwa benediksyon levanjil yo kounyeya.

Konstriksyon Nouvèl Jerizalèm nan

Prèske nan moman vini Jezikri a, Sen fidèl yo pral bati yon bèl vil jis, yon vil Bondye, ki rele Nouvèl Jerizalèm. Jezikri li menm apral gouvène ladan l. (Gade 3 Nefi 21:23–25; Moyiz 7:62–64; Atik Lafwa 1:10.) Senyè a te di ke vil la ap bati nan eta Missouri nan Etazini (gade D&A 84:2–3).

Sa yo se sèlman kèk nan siy Senyè a banou. Ekriti yo dekri anpil plis ankò.

  • Ki prèv ou wè kimontre ke siy sa yo ap akonpli?

Konnen siy tan yo kapab ede nou

  • Kijan nou ka rete kalm ak anpè lè kèk nan siy yo si terifyan ak redoutab konsa?

An palen de Dezyèm Vini l la, Senyè a te di: “Pèsonn pa konnen lè a ak jou a, ni zanj yo ki nan syèl la” (D&A 49:7). Li te anseye sa avèk parabòl pye fig la. Li te di ke lè nou wè yon pye fig pouse fèy sou pyebwa a, nou ka di ke ete prèske rive. Menmjan tou, lè nou wè siy yo dekri nan ekriti yo, nou ka konnen ke vini li pwòch. (Gade Matye 24:32–33.)

Senyè a bay siy sa yo pou ede nou. Nou ka mete lavi nou annòd epi prepare tèt nou avèk fanmi nou pou bagay sa yo ki gen pou vini yo.

Yo prevni nou sou kalamite yo epi yo mande nou pou nou prepare pou yo, men, nou ka tann vini Sovè a avèk lajwa tou. Senyè a te di: “Pa enkyete, paske lè tout bagay sa yo [siy yo] pral rive, nou kapab konnen pwomès m te fè nou yo pral akonpli” (D&A 45:35). Li te di ke moun ki jis yo pap detwi lè l vini “men y ap sipòte jou a. Epi y ap resevwa tè a kòm eritaj; … epi pitit yo pral grandi san peche nan sali. … Paske Senyè a pral nan mitan yo, epi laglwa li pral sou yo, epi se li k ap wa yo epi k ap ba yo lalwa” (D&A 45:57–59).

Ekriti adisyonèl

Enprime