Liv yo ak Leson yo
Chapit 37: Responsablite familyal


Chapit 37

Responsablite familyal

Imaj
An Asian family gathered for scripture study. They are sitting on sofas and the floor.

Responsablite paran yo

  • Ki responsablite mari ak madanm yo pataje nan elve pitit yo?

Chak moun gen yon plas enpòtan nan fanmi li. Pa lentèmedyè pwofèt yo, Senyè a te eksplike kijan pou papa, manman, ak pitit konpòte yo ak kisa pou yo santi youn pou lòt. Antanke mari, madanm, ak pitit, nou bezwen aprann sa Senyè a vle nou fè pou atenn bi nou antanke fanmi. Si nou tout fè pati pa nou an, n ap ini etènèlman.

Nan responsablite sakre sa yo, manman ak papa gen obligasyon pou youn ede lòt kòm asosye egal (“fanmi: yon pwoklamasyon pou mond lan,” Ensign, Nov. 1995, 102). Yo dwe travay ansanm pou founi fanmi yo bezwen espirityèl, emosyonèl, entelektyèl, ak fizik yo.

Gen kèk responsablite ki dwe pataje ant mari a ak madanm nan. Paran yo dwe anseye pitit yo levanjil la. Senyè a te avèti ke si paran yo pa anseye pitit yo lafwa, repantans, batèm, ak don Sentespri a, peche a ap tonbe sou tèt paran yo. Paran yo dwe anseye pitit yo pou yo priye ak obeyi kòmandman Senyè a tou. (Gade D&A 68:25, 28.)

Youn nan pi bon fason paran kapab anseye pitit yo se pa legzanp. Mari ak madanm dwe montre lanmou ak respè youn pou lòt ak pou pitit yo pa aksyon ak an pawòl. Li enpòtan pou nou sonje ke chak manm fanmi an se yon pitit Bondye. Paran yo dwe trete pitit yo avèk lanmou ak respè, yo dwe fèm men janti avèk yo.

Paran yo dwe konprann ke timoun yo fè move chwa pafwa, menm apre yo fin anseye yo la verite. Lè sa rive, paran yo pa dwe abandone. Yo dwe priye anseye pitit yo, eksprime lanmou pou yo, rete bon egzanp pou yo, epi jene ak priye pou yo.

Liv Mòmon an di nou kijan priyè yon papa te ede yon pitit ki te an rebelyon retounen nan chemen Senyè a. Alma, pitit la, te renye ansèyman papa entèg li, Alma, epi li t ap mache chèche detwi legliz la. Papa te priye avèk lafwa pou pitit gason l lan. Yon zanj te vizite Alma, pitit la, epi li te repanti pou move lavi li t ap mennen an. Li te vin tounen yon gwo dirijan nan Legliz la. (Gade Mozya 27:8–32.)

Paran yo ka tabli yon atmosfè reverans ak respè nan fwaye yo si yo anseye ak gide pitit yo avèk lanmou. Paran yo dwe veye pou timoun yo fè eksperyans kè kontan tou.

  • Nan ki fason mari ak madanm youn bay lòt sipò nan wòl yo? Ki kote paran selibatè yo ka vire pou chèche sipò?

Responsablite papa a

  • Ki egzanp pozitif ou konn wè sou papa k ap elve pitit?

“Dapre plan diven an, papa yo dwe dirije fanmi yo avèk lanmou ak jistis epi yo responsab pou yo bay fanmi you tout sa yo bezwen lavi a ak pwoteksyon” (Ensign, Nov. 1995, 102). Yon papa diy ki se yon manm Legliz la gen opòtinite pou detni prètriz la, sa ki fè li vin dirijan prètriz la nan fanmi li. Li dwe gide fanmi li avèk imilite ak jantiyès olye avèk fòs ak kriyote. Ekriti yo anseye ke moun ki detni prètriz yo dwe dirije lòt moun pou pèsyade, avèk jantiyès, amou, ak bonte (gade D&A 121:41–44; Efezyen 6:4).

Papa a pataje benediksyon prètriz yo avèk manm fanmi li. Lè yon gason detni Prètriz Mèlkisedèk la, li ka pataje benediksyon sa yo nan administre malad, ak bay benediksyon prètriz espesyal. Sou direksyon yon dirijan prètriz k ap prezide, li ka beni tibebe, batize, konfime, ak akonpli òdonans prètriz yo. Li dwe tabli yon bon egzanp pou fanmi li nan respekte kòmandman yo. Li dwe asire l tou ke fanmi an priye ansanm defwa pa jou epi yo fè sware familyal.

Papa a dwe pase tan avèk chak timoun endividyèlman. Li dwe anseye pitit li prensip kòrèk, pale avèk yo sou pwoblèm yo ak sousi yo, epi ba yo konsèy avèk amou. N ap jwenn kèk bon egzanp nan Liv Mòmon an (gade 2 Neri 1:14–3:25; Alma 36–42).

Devwa papa a se pou founi bezwen fizik yo pou fanmi li, asire li ke yo gen manje, kay, rad, ak edikasyon. Menmsi li pa kapab bay tout sipò a li menm, li pa dwe abandone responsablite pou pran swen fanmi l la.

Responsablite manman an

  • Ki egzanp pozitif ou konn wè nan manman k ap elve pitit.

Prezidan David O. McKay te di ke apèl manman se apèl ki pi nòb pase tout lòt (gade Enseignements des présidents de l’église: David O. McKay [2003], 156). Se yon apèl sakre, yon asosyasyon avèk Bondye nan mennen pitit lespri l yo nan mond lan. Elve pitit se youn nan pi gwo benediksyon ki egziste. Si pa gen papa nan fwaye a, manman an prezide sou fanmi an.

Prezidan Boyd K. Packer te fè elòj fi ki pa t kapab gen pititi pa yo men ki te chèche pran swen lòt timoun yo. Li te di: “Lè m pale de manman yo, mwen pale non sèlman de sa ki gen pitit yo, men tou de sa ki pran swen pitit lòt moun fè tou, ak anpil lòt fi ki, san yo pa gen pitit poukont pa yo, sèvi kòm manman pou pitit lòt moun” (Mothers [1977], 8).

Pwofèt modèn yo anseye: “Manman yo responsab prensipalman pou nouri pitit yo” (Ensign, Nov. 1995, 102). Yon manman bezwen pase tan avèk pitit li epi anseye yo levenjil la. Li dwe jwe avèk yo epi travay avèk yo pou yo ka dekouvri mond lan ki antoure yo a. Li bezwen ede fanmi li konnen kijan pou fè kay la yon kote plezan tou. Si li plen chalè epi li eman, l ap ede pitit li santi yo byen avèk tèt yo.

Liv Mòmon an dekri yon gwoup 2.000 jènjan ki te rive atenn grandè gras ak ansèyman manman yo (gade Alma 53:16–23). Dirije pa pwofèt Elaman, yo te al nan batay kont enmi yo. Yo te aprann pou yo onèt, brav, ak diy pou konfyans nan men manman yo. Manman yo te anseye yo tou ke si yo pa t doute, Bondye t ap delivre yo (gade Alma 56:47). Yo tout te chape anba lanmò nan batay la. Yo te eksprime lafwa nan ansèyman manman yo, yo te di: “Nou pa doute, manman nou te konn sa” (Alma 56:48). Chak manman ki gen yon temwayaj kapab gen yon efè pwofon sou pitit li.

Responsablite timoun yo

  • Ki fason timoun yo ede paran yo bati yon kay ki gen kè kontan?

Timoun yo pataje avèk paran yo responsablite pou bati yon kay ki gen kè kontan. Yo dwe obeyi kòmandman yo epi kolabore avèk lòt manm fanmi yo. Senyè a pa kontan lè timoun ap goumen (gade Mozya 4:14).

Senyè a kòmande timoun yo pou yo onore paran yo. Li te di: “Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ba nou an” (Egzòd 20:12). Onore paran nou vle di renmen yo ak respekte yo. Sa vle di obeyi yo tou. Ekriti yo di nou pou n “obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Senyè a” (Efezyen 6:1).

Prezidan Spencer W. Kimball te di ke timoun yo dwe aprann travay ak pataje responsablite yo nan fwaye a ak nan lakou a. Yo dwe ba yo tach pou yo kenbe kay la pwòp tou. (Gade Enseignements des présidents de l’église: Spencer W. Kimball [2006], 120.)

  • Kisa timoun yo dwe fè pou onore ak respekte paran yo?

  • Kisa paran ou te fè ki te mennen w onore yo ak respekte yo?

Aksepte responsablite pote benediksyon

  • Kisa chak manm fanmi kapab fè pou rann fwaye a yon kote ki gen lajwa?

Yon fanmi ki eman epi ki gen kè kontan se pa yon bagay ki fèt pa aksidan. Chak moun nan fanmi an dwe fè pati pa l la. Senyè a bay ni paran yo ni timoun yo responsablite sa yo. Ekriti yo anseye ke nou dwe atansyone, ge, ak plen prevwayans pou lòt moun. Lè nou pale, priye, chante, oswa travay ansanm, nou kapab jwi benediksyon amoni nan fanmi nou. (Gade Kolosyen 3.)

  • Ki tradisyon ak pratik ki ka fè yon fwaye yon kote ki gen kè kontan?

Ekriti adisyonèl ak lòt sous

  • Pwovèb 22:6 (elve yon timoun)

  • Efezyen 6:1–3 (timoun yo dwe obeyi paran yo)

  • D&A 68:25–28; Efezyen 6:4 (responsablite paran)

  • “Fanmi: Yon pwoklamasyon pou mond lan,” (disponib nan LDS.org ak nan plizyè piblikasyon legliz la, enkli Ensign, Nov. 1995, paj 102; Pou fòs jèn yo [atik nimewo 36550], paj 44; ak Ankre nan lafwa [atik nimewo 36863], paj 59–61)

  • Gid familyal (atik nimewo 31180)

Enprime