Liv yo ak Leson yo
Chapit 4: Libète pou chwazi


Chapit 4

Libète pou chwazi

Imaj
Man standing at crossroads

Libabit se yon prensip etènèl

  • Si yon moun ta mande ou poukisa li enpòtan pou gen libabit, kisa ou t ap di li?

“Ou kapab chwazi pou tèt pa w, paske ou gen kapasite sa a” (Moyiz 3:17).

Bondye di nou, pa lentèmedyè pwofèt li yo, ke nou lib pou n chwazi ant byen ak mal. Nou gen dwa chwazi libète ak lavi etènèl nan suiv Jezikri. Nou gen dwa chwazi kaptivite ak lanmò tou nan suiv Satan. (Gade 2 Nefi 2:27.) Dwa pou chwazi ant byen ak mal la ak pou aji pou tèt pa nou an rele libabit.

Nan lavi premòtèl nou, nou te gen libète moral. Youn nan bi lavi nou sou tè a se pou montre ki chwa n ap fè (gade 2 Nefi 2:15–16). Si yo fòse nou pou n chwazi bon bagay, nou pap kapab montre ke nou chwazi pou tèt pa nou. Epitou, nou gen plis kontantman pou fè bagay yo lè se nou menm ki fè pwòp chwa pa nou.

Libabit se youn nan pwoblèm prensipal ki te soulve nan Konsèy premòtèl la nan syèl la. Sete youn nan rezon prensipal batay ant disip Kris yo ak disip Satan yo. Satan te di: “Gade, men mwen, voye m, m vle tounen pitit gason ou lan, epi m ap rachte tout limanite, konsa pa menm yon sèl nanm p ap pèdi, epi asireman m ap fè sa; se sa ki fè, ban m onè ou la” (Moyiz 4:1). Lè l te di bagay sa a, li te “revòlte kont [Bondye] epi l te chèche pou detwi lib abit lòm” (Moyiz 4:3). Yo te rejte òf li a, epi yo te chase l soti nan syèl la ansanm ak disip li yo (gade D&A 29:36–37).

Libabit se yon pati nesesè nan Plan Sali a

Libabit rann lavi nou sou tè a yon peryòd eprèv. Lè l t ap planifye kreyasyon pitit li yo nan eta mòtèl la, Bondye te di: “Nou pral pase yo anba [eprèv] sou li, pou nou wè si yo pral fè tout bagay Senyè Bondye yo a pral kòmande yo” (Abraram 3:25). San don libabit la, nou pa t ap kapab montre Papa nou ki nan Syèl la si nou pral fè tout sa li kòmande nou yo. Paske nou gen posiblite pou chwazi, nou responsab pou aksyon nou yo (gade Elaman 14:30–31).

Lè nou chwazi viv selon plan Bondye gen pou nou an, libabit nou ranfòse. Bon chwa yo ogmante kapasite nou pou fè bon chwa.

Lè nou obeyi kòmandman Papa nou yo, n ap devlope sajès ak fòs karaktè. Lafwa nou ap grandi. N ap vin wè l pi fasil pou n fè bon chwa.

Nou te kòmanse fè chwa antanke pitit espri nan prezans Papa nou ki nan Syèl la. Chwa nou yo te rann nou diy pou vini isit la sou tè a. Papa nou ki nan Syèl la vle nou pwogrese nan lafwa, puisans, konesans, sajès, ak tout lòt bon bagay. Si nou respekte kòmandman l yo, epi nou fè bon chwa, n ap aprann epi n ap konprann. N ap vin menmjan avèk li. (Gade D&A 93:28.)

  • Nan ki fason fè bon chwa ede nou fè plis bon chwa toujou?

Libabit mande pou gen posiblite yon chwa

  • Poukisa opozisyon nesesè?

Nou pa ka chwazi byen si tandans opoze byen ak mal yo pa plase devan nou. Leyi, yon pwofèt Liv Mòmon an, te di pitit gason li Jakòb ke pou reyalize objektif etènèl Bondye yo, dwe gen “yon opozisyon nan tout bagay. Si se pa sa, … pa t ap gen lajistis, ni lamechanste, ni lasentete ni lamizè, ni byen ni mal” (2 Nefi 2:11).

Bondye pèmèt Satan opoze ak byen. Bondye te di Satan:

“M te fè chase l;

“Epi li te vin tounen Satan, wi, dyab la menm, papa tout manti yo, pou twonpe epi pou vegle je lèzòm, epi pou mennen yo kaptif dapre volonte l, sa vle di tout moun ki pa koute vwa mwen” (Moyiz 4:3–4).

Satan fè tout sa l kapab pou detwi travay Bondye a. L ap chèche “mizè pou tout limanite. … Li chèche pou l fè tout moun mizerab tankou tèt pa l” (2 Nefi 2:18, 27). Li pa renmen nou. Li pa vle okenn bon bagay pou nou (gade Mowoni 7:17). Li pa vle nou gen kè kontan. Li vle fè nou vin esklav li. Li itilize anpil degizman pou rann nou esklav.

Lè nou suiv tantasyon Satan yo, nou limite chwa nou. Egzanp sa a montre ki fason sa fèt. Imajine ke ou wè yon pano bò lanmè a ki make: “Danje—toubiyon. Entèdiksyon pou benyen la a.” Nou gen dwa panse se yon restriksyon. Men èske se sa? Nou gen anpil lòt chwa. Nou lib pou n al naje yon lòt kote. Nou lib pou mache bò lanmè a ap ranmase kokiyaj. Nou lib pou n gade solèy kouche a. Nou lib pou n ale lakay nou. Nou lib pou inyore pano a tou pou al naje nan kote danjere a tou. Men lè toubiyon an pran nou nan grif li epi antrene nou nan fon, nou pa gen anpil chwa. Nou kapab eseye chape, oubyen nou ka rele mande èd, men nou gen dwa nwaye tou.

Menmsi nou lib pou chwazi kisa nou pral fè, nou pa kapab chwazi konsekans aksyon nou yo. Konsekans yo, keseswa bon ou pa bon, ap otomatikman suiv tout chwa nou fè (gade Galat 6:7; Revelasyon 22:12).

Papa nou ki nan Syèl la te di nou kijan pou n chape anba kaptivite Satan. Nou dwe veye epi priye tout tan, pandan n ap mande Bondye pou l ede nou reziste anba tantasyon Satan yo (gade 3 Nefi 18:15). Papa nou ki nan Syèl la pa p pèmèt ke nou tante plis pase nou kapab sipòte (gade 1 Korentyen 10:13; Alma 13:28).

Kòmandman Bondye yo elwanye nou de danje epi dirije nou vè lavi etènèl. Si nou chwazi avèk sajès, n ap rive nan egzaltasyon, n ap pwogrese etènèlman, epi n ap gen bonè pafè (gade 2 Nefi 2:27–28).

  • Ki kèk egzanp aksyon ki limite chwa nou? Ki kèk egzanp aksyon ki ba nou plis libète?

Ekriti adisyonèl

Enprime