Liv yo ak Leson yo
Chapit 25: Jèn


Chapit 25

Jèn

Imaj
A Fijian man in an outdoor setting. He is holding a copy of the scriptures and has his eyes closed in prayer.

Kijan pou jene kòrèkteman

  • Kisa nou ka fè pou rann jèn nou yon eksperyans plen lajwa?

Depi nan epòk Adan an, pèp Bondye a toujou jene pou ede yo rapwoche bò kote li ak pou adore li. Jezi te montre enpòtans jèn pa pwòp egzanp li (gade Lik 4:1–4). Atravè revelasyon modèn yo nou aprann ke Senyè a toujou atann pou pèp li a jene ak priye souvan (gade D&A 88:76).

Jene vle di rete san manje ni bwè. Jene tanzantan se yon bon bagay pou kò nou epi sa ede lespri nou vin pi atantif.

Sovè a te anseye nou ke yon jèn reyisi se plis pase rete san manje ak bwè. Nou dwe konsantre sou zafè espirityèl yo tou.

Nou dwe priye lè n ap jene

Lapriyè se yon pati nesesè nan jèn. Atravè ekriti yo, lapriyè ak jèn mansyone ansanm. Jèn nou dwe akonpaye pa priyè sensè, epi nou dwe kòmanse epi fini jèn nou yo pa yon priyè.

Nou dwe jene nan yon bi presi

Jene kapab gen plizyè rezon. Nou ka simonte feblès nou yo oswa pwoblèm nou yo nan jene ak priye. Pafwa nou ka jene ak priye pou n jwenn èd ak gidans pou lòt moun, tankou yon manm fanmi ki malad epi ki bezwen yon benediksyon (gade Mozya 27:22–23). Atravè jèn nou kapab vin konnen verite bagay yo menmjan ak pwofèt Alma nan Liv Mòmon an. Li te di: “M te jene epi m te priye pou anpil jou, pou m te konnen pou tèt pa m. Epi kounyeya, m konnen pou tèt pa m bagay sa yo se verite; paske Senyè Bondye te manifeste yo ban mwen pa mwayen Lespri Sen li a” (Alma 5:46).

Nou ka jene pou ede lòt moun anbrase laverite. Jèn ka ede rekonfòte nou nan moman soufrans ak tristès (gade Alma 28:4–6). Jèn kapab ede nou vin enb ak santi nou pi pre Papa nou ki nan Syèl la (gade Elaman 3:35).

Nou pa dwe jene pou enpresyone lòt moun. Senyè a te konseye:

“Lè n ap fè jèn, pa pran pòz kagou nou tankou ipokrit yo. Y ap mache ak figi yo rale pou tout moun ka wè y ap fè jèn.

“An verite, m ap di nou, yo tou jwenn rekonpans yo.

“Men ou menm, lè w ap fè jèn, penyen tèt ou byen penyen, lave figi ou byen lave; konsa moun pap wè si w ap fè jèn” (Matye 6:16–18).

Lè n ap fè jèn, nou dwe gen kè kontan e nou pa dwe montre lòt moun ke n ap fè jèn.

  • Nan ki fason atitid nou enfliyanse eksperyans nou lè n ap jene?

Jou jèn nan

Sen Dènye Jou yo obsève yon jou jèn chak mwa. Nan jou sa a nou pa ni manje ni bwè pandan de repa youn apre lòt. Si nou te manje Samdi swa, nou pa dwe manje ni bwè jiska Dimanch swa.

Tout manm ki fizikman kapab fè sa dwe jene. Nou dwe ankouraje pitit nou yo pou yo jene lè yo fin batize, men nou pa dwe janm fòse yo. Jou jèn nan se yon jou espesyal pou nou imilye nou devan Senyè a nan jèn ak lapriyè. Se yon jou pou nou priye pou mande padon pou peche nou yo ak pouvwa pou nou korije fot nou yo ak pou padone lòt moun.

Jou Dimanch jèn nan, manm Legliz yo reyini ansanm pou pran Sentsèn. Yo fòtifye tèt yo epi youn fòtifye lòt nan rann temwayaj nan reyinyon jèn ak temwayaj la.

  • Nan ki fason ou te benefisye nan pataje temwayaj ou nan reyinyon jèn ak temwayaj la? Èske ou te benefisye nan tande lòt moun ap pataje temwayaj yo?

Ofrann jèn

  • Poukisa nou bay ofrann jèn?

Lè nou jene chak mwa, Senyè a mande nou pou nou ede moun ki nan bezwen yo. Yon fason nou fè sa se lè nou remèt otorite prètriz ki konsène a lajan nou t ap depanse pou manje pandan de repa yo. Nou dwe bay avèk otan jenewozite nou kapab. Atravè ofrann jèn nou nou vin asosye avèk Senyè a nan satisfè bezwen frè ak sè nou yo ki pa genyen yo.

Nou beni lè nou jene

  • Ki benediksyon nou ka resevwa lè nou jene kòrèkteman?

Ezayi, yon pwofèt Ansyen Testaman an, te ekri bèl pwomès Senyè a te fè moun ki jene ak ede moun ki nan bezwen yo. Yo pwomèt nou lapè, yon pi bon sante, ak gidans espirityèl. Ezayi pale nou de benediksyon ki vini lè nou jene: “Lè sa a, limyè nou va klere tankou solèy k ap leve, gerizon nou ap jèmen; epi jistis mwen va mache devan nou” glwa Senyè a va rekonpans nou. Lè sa a si nou lapriyè nan pye m, ma reponn nou; si nou rele, m a di men mwen” (Ezayi 58:8–9)

Jèn amelyore lavi nou epi li fòtifye nou. Li ede nou viv lòt prensip levanjil yo paske li mennen nou pi pre Senyè a.

Jèn anseye nou metriz

Jèn ede nou jwenn fòs karaktè. Lè nou jene kòrèkteman, n ap aprann kontwole apeti nou ak pasyon nou yon ti jan pi solid paske nou pwouve tèt nou ke nou ka gen metriz. Si nou anseye pitit nou yo pou yo jene, y ap vin devlope fòs espirityèl pou simonte gwo tantasyon yo ki gen pou vini nan lavi nou yo.

Jèn ba nou pouvwa espirityèl

Lè nou jene sajman ak nan lapriyè, nou devlope lafwa nou. Avèk lafwa sa a n ap gen plis pouvwa espirityèl. Pa egzanp, Alma (yon pwofèt Liv Mòmon an) rakonte istwa reyinyon ni avèk pitit gason Mozya yo anpil ane apre konvèsyon mirakile yo a. Li te santi gwo lajwa lè l te aprann ke yo te fòtifye lafwa yo e yo te akeri gwo kapasite espirityèl. Yo te akeri pouvwa sa a paske “yo te lage kò yo nan anpil priyè ak jèn; se poutèt sa, yo te gen lespri pwofesi ak lespri revelasyon” (Alma 17:3).

Pitit gason Mozya yo te preche Lamanit yo pandan 14 ane. Paske pitit gason Mozya yo te jene ak priye, Lespri Senyè a te ogmante puisans pawòl yo. Sa te ba yo gwo siksè nan travay misyonè yo. (Gade Alma 17:4.)

Sovè a te di moun ki jene kòrèkteman yo, “Papa ou, ki la pou kont li avèk ou, se li ase k konn sa” (Matye 6:18).

  • Nan ki fason jèn ogmante kapasite espirityèl nou pou reziste anba tantasyon? pou resevwa revelasyon? pou fè aksyon ki jis?

Ekriti adisyonèl

Enprime